Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan nou pral libere anba lanmò?

Ki jan nou pral libere anba lanmò?

AKOZ dezobeyisans Adan ak Èv, premye paran nou yo, vin gen peche epi lanmò vin blayi sou tout moun. Sepandan, sa pa t chanje objektif Bondye genyen pou lèzòm. Nan Bib la, Pawòl Bondye te fè ekri a, Bondye pa sispann bay asirans objektif li pa chanje.

  • “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” — Sòm 37:29.

  • “Jewova, Seyè ki Souvren an, ap anglouti lanmò pou toutan. L ap siye dlo nan je tout moun.” — Ezayi 25:8.

  • “Dènye ènmi li gen pou l elimine a se lanmò.” — 1 Korentyen 15:26.

  • “Pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.” — Revelasyon 21:4.

Ki jan Bondye pral “anglouti lanmò” oubyen ki jan l pral “elimine” ènmi sa a? Jan n ka wè sa, Bib la di aklè ‘moun ki jis yo gen pou yo viv pou toutan’. Men, li di tou “pa gen yon moun ki jis sou tè a ki toujou fè sa k byen”. (Eklezyas 7:20.) Men, èske sa vle di Bondye ap pase sou pwòp prensip li yo pou l ka libere nou anba lanmò? Sa pap janm fèt! Paske ‘Bondye pa ka bay manti’. (Tit 1:2.) Donk, ki sa Bondye pral fè pou l reyalize objektif ki plen lanmou li te genyen lè l te kreye lèzòm?

BONDYE “AP ANGLOUTI LANMÒ POU TOUTAN”. — EZAYI 25:8.

SE GRASA RANSON AN NOU LIBERE ANBA LANMÒ

Jewova Dye te pran yon dispozisyon ki demontre lanmou pou l peye yon ranson pou l ka libere nou anba lanmò. An jeneral, yon ranson se yon bagay yo bay pou repare yon seri dega oubyen pou fè sa jistis mande, e li gen yon valè ki egal ak sa l ap ranplase a. Piske tout moun peche e yo kondane pou yo mouri, Bib la di kareman pa gen yon moun “k ap janm kapab delivre yon frè l, oubyen ki kapab bay Bondye yon ranson pou li (ranson pou [l] ta bay pou lavi [l] tèlman gen anpil valè, [li] pap janm ka bay li)”. — Sòm 49:7, 8.

Lè yon moun enpafè mouri, li kapab peye pou peche pa l sèlman. Li pa kapab delivre tèt li e li pa kapab peye pou peche lòt moun (Women 6:7). Nou te bezwen yon moun pafè e ki san peche pou bay lavi l, pa pou peche pa l, men, pou peche pa nou. — Ebre 10:1-4.

Se egzakteman sa Bondye te pran dispozisyon pou l fè. Li te voye Jezi, Pitit Gason l lan, sot nan syèl la pou l vin fèt sou tè a antanke yon moun pafè, ki san peche (1 Pyè 2:22). Jezi te di li vini “pou l bay lavi l kòm ranson pou libere anpil moun”. (Mak 10:45.) Li te mouri pou l peye pou peche nou, epi pou l libere nou anba lanmò, yon fason pou n ka gen lavi. — Jan 3:16.

KI LÈ N AP LIBERE ANBA LANMÒ?

Jodi a, jan pwofesi ki nan Bib la te deja anonse sa, n ap viv nan ‘tan ki di, ki difisil pou moun sipòte’, sa ki pwouve n ap viv nan “dènye jou” sistèm mechan sa a (2 Timote 3:1). Dènye jou sa yo pral fini nan “jou jijman ak destriksyon moun ki pa gen respè pou Bondye yo”. (2 Pyè 3:3, 7.) Men, moun ki renmen Bondye yo ap chape anba destriksyon sa a e y ap jwenn “lavi ki pap janm fini an” kòm benediksyon. — Matye 25:46.

Jezi te vini pou l “bay lavi l kòm ranson pou libere anpil moun”. — Mak 10:45.

Plizyè milyon lòt moun pral resisite pou yo benefisye lavi ki pap janm fini an. Yon lè, pandan Jezi t ap vizite vil Nayin, li te resisite yon moun. Sèl pitit gason yon vèv te genyen te mouri, “kè [Jezi te] fè l mal pou li” epi Jezi resisite l (Lik 7:11-15). Men sa apot Pòl te di: “Men espwa mwen gen nan Bondye [...]: Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis.” Esperans sa a ki sèten, se yon prèv estrawòdinè ki montre lanmou Bondye gen pou lèzòm. — Travay 24:15.

Plizyè milya moun pral kontan viv pou toutan. Labib fè konnen: “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” (Sòm 37:29). Lè sa a, y ap kontan anpil e sa ap ankouraje yo lè yo wè pawòl ki annapre yo, apot Pòl te ekri sa gen anviwon 2 000 an, reyalize: “Lanmò, kote viktwa w la? Lanmò, kote pikan w lan?” (1 Korentyen 15:55). Lèzòm ap resi libere anba lanmò, gwo ènmi yo a.