Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki espwa ki genyen pou moun ki mouri yo?

Ki espwa ki genyen pou moun ki mouri yo?

Lanmò kapab frape nou tout. Men, èske lanmò mete fen nan tout bagay? Èske yo bliye moun ki mouri yo pou toutan? Èske pa gen okenn espwa pou moun ki mouri yo?

ANN EGZAMINE SA BIB LA DI:

YO PA BLIYE MOUN KI MOURI YO

“Tout moun ki nan tonm yo [nan tonm ki fè sonje moun ki mouri yo, nòt] [...] ap soti.” — Jan 5:28, 29.

Bondye sonje moun ki mouri yo; li pral bay moun ki nan memwa l yo lavi ankò.

PRAL GEN YON REZIRÈKSYON SOU TÈ A

“Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis.” — Travay 24:15.

Plizyè milya moun pral reviv ankò e y ap viv pou toutan nan yon lapè total.

NOU MÈT GEN KONFYANS NAN ESPERANS REZIRÈKSYON AN

“[Bondye] konte kantite zetwal ki genyen, li rele yo tout nan non yo.” — Sòm 147:4.

Piske Bondye gen kapasite pou l rele tout zetwal yo nan non yo, li kapab sonje moun li pral resisite yo san pwoblèm.