Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou te fèt pou nou viv pou toutan

Nou te fèt pou nou viv pou toutan

KI MOUN ki pa ta renmen viv pandan anpil tan ak kè kontan? Imajine jan sa t ap bèl pou n ta viv pou toutan, san maladi e ak kè kontan! Nou t ap ka pase plis tan ak moun nou renmen, vwayaje toupatou nan monn nan, aprann anpil bagay, vin gen plis sajès, epi byen aprann kèlkeswa sa nou renmen ak sa k fè nou plezi.

Èske li pa toutafè nòmal pou n vle bagay sa yo? Poukisa moun vle viv pou toutan? Labib fè n konnen se Bondye ki mete anvi sa a nan nou (Eklezyas 3:11). Epi, li di tou “Bondye se lanmou”. (1 Jan 4:8.) Donk, sa pa t ap fè sans pou yon Bondye ki gen lanmou ta fin met anvi pou nou viv pou toutan nan kè nou, apre sa pou l ta fè n pa janm ka satisfè anvi sa a.

Sa klè, lanmò se yon ènmi. Anfèt, selon Labib, se yon “ènmi” ki fè nou anpil mal (1 Korentyen 15:26). Gen kèk moun ki mouri byen jèn, gen lòt ki viv yon bon tan, men finalman, tout moun ap mouri. Anpil moun pa fin twò renmen panse ak lanmò, e genyen ki menm pè panse avè l. Èske n ap janm libere anba ènmi sa a? Èske sa vrèman posib?

PRÈV KI MONTRE NOU TE FÈT POU N VIV POU TOUTAN

Èske w ap sezi aprann se pa t janm objektif Bondye pou moun mouri? Nan liv Jenèz la, ki nan Bib la, nou jwenn bonjan prèv ki montre Bondye te vle pou lèzòm viv pou toutan sou tè a. Jewova Dye te pran san l pou l met tout sa ki nesesè sou tè a pou lèzòm te ka viv sou li ak kè kontan. Epi, li te kreye Adan, li te mete l nan yon jaden ann Edenn ki te yon paradi. Apre sa, “Bondye gade tout sa l fè yo e li wè yo bon anpil”. — Jenèz 1:26, 31.

Lè Bondye te kreye Adan, Adan te pafè (Detewonòm 32:4). Èv, madanm Adan an, te fèt san okenn defo, li te pafè ni nan kò l ni nan lespri l. Jewova te di yo: “Fè pitit, fè anpil pitit, plen tè a ak moun, epi se pou nou gen pouvwa sou tè a. Se pou nou gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè a, sou bèt k ap vole nan syèl la e sou tout lòt bèt k ap fè mouvman sou tè a.” — Jenèz 1:28.

Sa t ap pran tan pou Adan ak Èv te rive plen tè a ak desandan yo. Èv t ap gen pou l fè pitit e pitit li yo t ap vin gen pitit tou jiskaske tout tè a nèt vin chaje ak moun ki rete sou li, jan Bondye te vle sa (Ezayi 45:18). Èske w panse sa fè sans pou Jewova ta fin ofri Adan ak Èv posiblite sa a, epi pou se sèlman pitit yo e petèt pitit pitit yo li te vle yo wè, epi pou yo pa ta janm wè ki jan l reyalize objektif li a?

Fè yon ti reflechi tou ak lòd Bondye te bay Adan pou l gen pouvwa sou tout bèt yo. Bondye te mande l pou l bay tout bèt yo non, e travay sa a t ap pran tan (Jenèz 2:19). Paske, anvan pou Adan ta rive gen pouvwa sou bèt yo, sa t ap mande pou l aprann konnen yo ak ki jan pou l pran swen yo. Se sèten Adan t ap bezwen anpil tan pou l fè travay sa a.

Sa fè n konprann, lè Bondye te bay de premye moun li te kreye yo lòd pou yo plen tè a ak moun epi pou yo gen pouvwa sou bèt yo, li te kreye yo nan objektif pou yo viv anpil tan. Anfèt, Adan te viv anpil anpil tan.

OBJEKTIF BONDYE SE POU LÈZÒM VIV POU TOUTAN NAN YON PARADI SOU TÈ A.

YO TE VIV ANPIL ANPIL TAN

Adan, 930 an

Metouchela, 969 an

Noye, 950 an

Moun yo jodi a, 70-80 an

Labib montre te gen yon lè lèzòm te konn viv pi lontan pase nan epòk pa nou an. Men sa nou li: “Kantite tan Adan te viv te rive 930 an.” Apre sa, Labib bay non sis lòt gason ki te viv plis pase 900 an! Se te Sèt, Enòch, Kenan, Jarèd, Metouchela ak Noye. Yo tout te viv anvan delij ki te fèt nan epòk Noye a. E Noye li menm te gen 600 an anvan delij la (Jenèz 5:5-27; 7:6; 9:29). Ki sa k te fè yo viv tout tan sa a?

Tout moun sa yo te fèt yon ti tan apre Adan ak Èv te vin pa pafè ankò. Petèt, se sa ki te fè yo viv tout tan sa a. Men, ki rapò ki genyen ant pèfeksyon ak viv anpil tan? Ki jan nou pral libere anba lanmò? Pou n jwenn repons kesyon sa yo, toudabò, nou bezwen konprann rezon ki fè nou vyeyi epi nou mouri.