Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa nou vyeyi epi nou mouri?

Poukisa nou vyeyi epi nou mouri?

BONDYE pa t gen nan objektif li pou lèzòm mouri. Lè li te kreye Adan ak Èv, premye paran nou yo, li te ba yo yon kò ak yon lespri ki pafè. Yo te ka vivan toujou jis jounen jodi a. Sa parèt byen klè nan sa Jewova te di Adan konsènan yon pyebwa ki te nan jaden Edenn nan.

Bondye te di Adan: “Jou w manje [nan pyebwa sa a], w ap mouri san mank.” (Jenèz 2:17). Si Bondye te kreye Adan pou l te vin granmoun, apre sa pou l mouri, li pa t ap gen okenn rezon pou l bay Adan lòd sa a. Adan te konnen si l pa t manje fwi nan pyebwa sa a, li pa t ap mouri.

BONDYE PA T GEN NAN OBJEKTIF LI POU LÈZÒM MOURI.

Adan ak Èv pa t bezwen manje fwi nan pyebwa sa a pou yo te viv, dayè, èske jaden an pa t chaje ak pyebwa ki bay fwi (Jenèz 2:9)? Men, si de mesyedam yo pa t manje fwi nan pyebwa sa a, yo t ap montre yo obeyi Sila a ki te ba yo lavi a. Sa t ap montre tou yo rekonèt dwa Bondye genyen pou l di yo sa pou yo fè.

POUKISA ADAN AK ÈV MOURI?

Pou nou rive konprann rezon ki fè Adan ak Èv mouri, nou bezwen egzamine yon konvèsasyon ki gen efè sou nou tout. Satan Ledyab te sèvi ak yon sèpan pou l bay Èv manti nan entansyon pou l fè l mal. Men sa Bib la fè konnen: “Twouve, sèpan se te bèt ki te pi pridan nan tout bèt nan bwa Jewova Dye te fè. Li di fi a: ‘Èske se vre Bondye di nou pa dwe manje fwi nan tout pyebwa ki nan jaden an?’” — Jenèz 3:1.

Èv reponn li, li di l: “Nou gen dwa manje fwi nan pyebwa ki nan jaden an. Men, kanta pou fwi pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye te di: ‘Nou pa dwe manje ladan l, non, nou pa dwe manyen l. Si nou fè sa, n ap mouri.’” Apre sa, sèpan an di fi a: “Nou pap mouri pyès. Paske, Bondye konnen jou nou manje fwi pyebwa sa a je n ap ouvri e n ap vin menm jan ak Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal.” Anfèt, Satan te fè konprann Jewova se yon mantè ki pa vle bon bagay pou Adan ak Èv. — Jenèz 3:2-5.

Èv te kwè sa l te tande a. Li te rete ap gade pyebwa a ki te parèt atiran anpil, e sa te fè l vrèman anvi manje nan fwi l yo. Se sa k fè, li pran youn nan yo e li kòmanse manje l. Bib la fè konnen, “apre sa, li bay mari l ladan l tou lè l vin ansanm avè l, e mari l manje l”. — Jenèz 3:6.

Bondye te di Adan: “Jou w manje ladan l, w ap mouri san mank.” — JENÈZ 2:17.

Se pa ti lapenn sa dwe te fè Bondye lè l wè jan pitit li te renmen anpil yo te fè espre yo dezobeyi l! Ki jan l te reyaji? Men sa Jewova te di Adan: “W [ap] retounen nan tè a, paske se ak pousyè tè ou te fèt. Piske se pousyè w ye, w ap retounen nan pousyè.” (Jenèz 3:17-19). Se poutèt sa, “kantite tan Adan te viv te rive 930 an epi li mouri”. (Jenèz 5:5.) Adan pa t al nan syèl, ni li pa t kontinye viv yon lòt kote antanke yon espri. Adan pa t egziste anvan Jewova te pran pousyè tè pou l te kreye l. Donk, lè l te mouri, li te pèdi lavi l, e kò l te vin tounen pousyè ankò. Li te sispann egziste. Ala tris sa tris!

POUKISA NOU PA PAFÈ?

Etandone Adan ak Èv te fè espre yo dezobeyi Jewova, yo te pèdi lavi pafè yo te genyen an ansanm ak posiblite pou yo viv pou toutan an. Kò yo te vin pa menm jan an ankò, yo te peche e yo te vin enpafè. Men, peche yo te fè akoz dezobeyisans yo a pa t gen efè sou Adan ak Èv sèlman, yo te transmèt peche bay desandan yo tou. Women 5:12 fè konnen: “Akoz yon sèl moun [Adan] peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche.”

Labib dekri peche ak lanmò tankou yon “dra ki vlope tout pèp yo ansanm ak vwal ki kouvri tout nasyon yo”. (Ezayi 25:7.) Dra sa a vlope lèzòm tankou yon lè ki anpwazonnen ki toutotou yo, e pèsonn pa ka chape. Vrèmanvre, “nan Adan tout moun mouri”. (1 Korentyen 15:22.) Menm jan ak apot Pòl, kesyon nou chak ta dwe poze tèt nou se: “Kiyès ki pral delivre m anba kò sa a k ap mennen m nan lanmò a?” Èske gen yon moun ki kapab fè sa? — Women 7:24.