Al gade sa k anndan l

Lavi l te vin gen yon sans

Lavi l te vin gen yon sans

Sa kèk pwoklamatè wayòm nan rakonte

Lavi l te vin gen yon sans

JEZI di li konn mouton l yo (Jan 10:14). Si yon moun gen bon kè e l renmen lapè ak sa ki jis, l ap vin jwenn disip Jezi yo. Lavi moun sa a ap vin gen yon sans, se konsa sa te ye pou yon dam nan peyi Bèljik. Men istwa dam nan.

“Nan moman Temwen Jewova yo te vin frape pòt lakay mwen, mwen te deprime anpil e mwen te vle touye tèt mwen. Mwen te renmen sa Temwen yo te di konsènan solisyon pou pwoblèm k ap sakaje vye monn sa a, men m pa t renmen ide se Bondye k ap pote solisyon an. Sa te fè uitan depi m te sispann al legliz paske m te rayi ipokrizi m te wè ladan l. Men, Temwen Jewova yo te ede m kòmanse wè laverite, e m te vin rann mwen kont, an reyalite, li difisil pou moun viv san Bondye.

“Malerezman, apre kèk vizit, mwen te vin pèdi kontak ak Temwen yo. Mwen te santi m vrèman mal. Mwen te konn fimen de pake sigarèt pa jou e m te menm kòmanse pran dwòg. E kòm mwen te vle pran kontak ak granpè m ki te mouri, mwen te vin gen kontak ak movèzespri. Sa te fè demon pran atake m nan nuit lè m te poukont mwen. Se pa ti pè m te pè! Sa te dire plizyè mwa. Chak swa, mwen te pè anpil pou m ret poukont mwen.

“Epi yon jou, pandan m t al mache, mwen te fè yon wout mwen pa abitye fè e m te tonbe sou chantye yon gwo konstriksyon. Mwen te sezi wè yon pakèt moun sou chantye a. Lè m te pwoche pi pre, mwen te wè se Temwen Jewova yo ki t ap konstwi yon Sal Wayòm. Mwen te vin sonje lè Temwen yo te konn vizite m lakay mwen, e m te panse jan sa t ap bèl si tout moun sou tè a te ka viv jan moun sa yo ap viv la.

“Mwen te vrèman anvi pou Temwen yo rekòmanse vizite m, se sa k fè mwen te pale ak kèk ladan yo ki t ap konstwi Sal la. Mwen te priye Bondye, epi dis jou apre, mesye ki te premye pale avè m nan te frape pòt lakay mwen. Li te ofri m pou n kontinye etid Labib la, m te aksepte ak kè kontan. Menm kote a, li te envite m nan reyinyon nan Sal Wayòm nan. Mwen te dakò ale. Se premye fwa m te wè yon anbyans konsa, sa fè lontan mwen t ap chèche jwenn moun ki renmen youn lòt e ki gen kè kontan. Mwen te resi jwenn yo!

“Apre sa, mwen t ale nan tout reyinyon yo. Apre twa semèn anviwon, mwen te sispann fimen. Mwen te jete liv astwoloji ak anrejistreman mizik ki gen rapò ak demon mwen te genyen yo. Mwen te santi demon yo kòmanse pa gen enfliyans sou mwen ankò. Mwen te mete lavi m annòd selon prensip Jewova yo ki nan Bib la, e apre twa mwa, mwen te kòmanse preche bon nouvèl la. Apre sis mwa, mwen te batize. De jou apre batèm mwen, mwen te kòmanse sèvi kòm pyonye oksilyè.

“Mwen di Jewova mèsi pou tout bon bagay li fè pou mwen. Lavi m resi gen yon sans. Wi, non Jewova se yon fò ki byen solid kote mwen jwenn sekirite ak pwoteksyon (Pwovèb 18:10). Mwen santi m menm jan ak moun ki te ekri Sòm 84:10 la, ki te di: ‘Yon jou nan lakou w yo pi bon pase 1 000 jou nenpòt lòt kote! Mwen chwazi pou m rete nan papòt kay Bondye m nan olye pou m al rete nan tant kote y ap fè mechanste yo.’”

Lavi dam sa a ki gen yon bon kè te vin gen yon sans. E menm bagay la ap rive pou kèlkeswa moun ki gen bon kè ki chèche Jewova.