Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann imite Gran Anseyan an

Ann imite Gran Anseyan an

Ann imite Gran Anseyan an

“ Ale non, epi fè disip [...]. Anseye yo pou yo obsève tout kòmandman mwen ban nou. ” — MATYE 28:19, 20.

1, 2. a) Nan yon sans, ki sa ki fè nou tout nou se anseyan ? b) Nan kesyon anseye a, ki responsablite vrè kretyen yo genyen lòt moun pa genyen ?

ÈSKE w se yon anseyan ? Nan yon sans, nou tout se anseyan. Chak fwa yon moun pèdi, ou montre l wout pou l fè, chak fwa ou montre yon kòlèg ou jan pou l egzekite yon travay yo ba l fè, chak fwa ou esplike yon timoun fason pou l lase soulye l, se anseye w ap anseye. Lè nou rann moun sèvis konsa, nou santi nou kontan. Se pa vre ?

2 Nan kesyon anseye a, tout vrè kretyen gen yon responsablite lòt moun pa genyen. Misyon pa nou se ‘ fè disip [...] epi anseye yo ’. (Matye 28:19, 20.) Anndan kongregasyon an tou, nou gen okazyon pou nou anseye. Pou fòtifye kongregasyon an, gen dèzòm kalifye ki nonmen pou sèvi antanke “ bèje ak anseyan ”. (Efezyen 4:11-13.) Toule jou, nan aktivite fanm yo genyen kòm kretyèn, sa ki gen matirite yo se “ anseyan sa ki byen ” pou sa ki pi jèn yo (Tit 2:3-5). Nou tout nou bezwen ankouraje kretyen parèy nou yo. E nou montre nou pa bliye avètisman sa a, lè nou sèvi ak Labib pou nou bati lòt moun (1 Tesalonisyen 5:11). Ala yon gwo privilèj sa ye pou yon moun se anseyan Pawòl Bondye ! Ala yon gwo privilèj pou w ap pataje ak lòt moun bagay espirityèl enpòtan k ap pote avantaj ki dirab pou yo !

3. Ki jan nou kapab amelyore nou pou nou vin anseyan ki pi efikas ?

3 Sepandan, ki jan nou kapab amelyore nou pou nou vin anseyan ki pi efikas ? Premyèman, nou kapab amelyore nou lè nou imite Jezi, Gran Anseyan an. Petèt gen kèk moun ki kapab mande : ‘ Men, ki jan nou kapab imite Jezi ? Li pa t fèt nan peche li menm. ’ Se vre, nou pap kapab anseyan ki san fay. Toutfwa, kèlkeswa kapasite nou genyen, nou kapab fè tout posib nou pou nou imite fason Jezi te konn anseye. Annou pale sou jan nou kapab sèvi ak kat nan metòd li yo : yon ansèyman ki senp, kesyon ki efikas, rezònman ki lojik ak egzanp ki byen chita.

Bay yon ansèyman ki senp

4, 5. a) Poukisa pawòl senp se yon aspè enpòtan verite ki gen nan Bib la ? b) Pou nou anseye yon fason ki senp, poukisa li enpòtan pou nou veye sou mo n ap itilize ?

4 Pa gen anyen konplike nan verite fondamantal ki nan Pawòl Bondye a. Pandan Jezi t ap priye, men sa l te di : “ An piblik mwen louwe ou, Papa, [...] paske ou kache bagay sa yo pou moun ki save e ki entèlektyèl, e ou revele yo bay timoun piti. ” ​(Matye 11:25). Jewova fè yon jan pou se moun ki sensè e ki gen imilite nan kè yo li revele pwogram li (1 Korentyen 1:26-28). Se sa k fè, pawòl senp se yon aspè enpòtan verite ki gen nan Bib la.

5 Lè n ap kondui yon etid biblik oswa n ap vizite yon moun ki enterese, ki jan nou kapab anseye yon fason ki senp ? Ebyen, ki sa nou te aprann nan men Gran Anseyan an ? Etandone anpil nan moun ki t ap koute Jezi yo se te “ moun ki san enstriksyon, moun klas òdinè ”, li te sèvi ak yon langaj ki senp, yon langaj ki nan nivo yo, pou l te ka fè yo konprann sa l ap di a (Travay 4:13). Donk, pou nou anseye yon fason ki senp, premye bagay nou bezwen fè se veye sou mo n ap itilize. Nou pa bezwen sèvi ak mo ki enpresyonan pou nou fè verite ki nan Pawòl Bondye a pi atiran pou lòt moun. “ Langaj estravagan ” konsa kapab entimide moun, sitou moun ki pa rive lwen lekòl (1 Korentyen 2:1, 2). Egzanp Jezi bay la montre se pawòl ki senp, pawòl ki byen chwazi ki kapab fè moun pi byen konprann verite a.

6. Ki jan nou kapab evite chaje tèt yon etidyan ak twòp esplikasyon ?

6 Pou nou anseye yon fason ki senp, nou bezwen pran prekosyon tou pou nou pa chaje tèt etidyan an ak twòp esplikasyon. Jezi te pran an konsiderasyon sa disip li yo ka kenbe (Jan 16:12). Nou menm tou, nou fèt pou nou pran an konsiderasyon sa etidyan an ka kenbe. Pa egzanp, lè n ap kondui yon etid nan liv Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la, nou pa bezwen esplike chak ti detay. * Nou pa oblije kouri ak etid la nonplis, kòmsi sa ki pi enpòtan an se fè anpil paragraf. Okontrè, li pi bon pou se kapasite etidyan an ak sa l bezwen ki fè nou wè ki kantite paragraf pou nou fè avèk li nan yon etid. Objektif nou se ede etidyan pou l vin yon disip Kris e pou l vin yon adoratè Jewova. Nou bezwen pran kèlkeswa valè tan ki nesesè pou nou ede yon etidyan ki enterese pou l byen konprann sa l ap aprann nan. Konsa, laverite ap rive touche kè li e sa ap pouse l aji. — Women 12:2.

7. Ki sijesyon ki kapab ede nou anseye yon fason ki senp lè n ap bay diskou nan kongregasyon an ?

7 Lè n ap bay diskou nan kongregasyon an, sitou si nan oditwa a gen moun ki fèk kòmanse asiste reyinyon, ki jan nou ka fè pou sa n ap di a “ fasil pou konprann ” ? (1 Korentyen 14:9.) Ann egzamine twa sijesyon ki kapab ede nou. Premyèman, gen mo nou oblije itilize e se pa tout moun ki abitye avèk yo. Nou bezwen esplike mo sa yo. Sa nou rive konnen nan Pawòl Bondye a vin fè nou sèvi ak yon seri espresyon lòt moun pa konprann. Si nou sèvi ak espresyon tankou “ esklav fidèl e eklere a ”, “ lòt mouton ”, “ Gran Babilòn nan ”, petèt nou bezwen sèvi ak mo ki senp pou nou esplike oditwa a espresyon sa yo. Sa ap fè sans lan vin klè pou yo. Dezyèmman, evite di twòp pawòl. Si nou di twòp pawòl, pawòl ki twò konplike, sa ka bwouye oditwa a. Lè nou pale klè, se lè nou elimine tout mo, tout fraz ki pa nesesè. Twazyèmman, pa eseye egzamine twòp ide. Nan rechèch n ap fè, nou ka jwenn anpil detay ki enteresan. Men, li pi bon pou nou chwazi pwen ki pou kore ide prensipal ki nan diskou n ap fè a, pwen n ap kapab devlope yon fason klè nan tan yo akòde nou an.

Sèvi ak kesyon yon fason ki efikas

8, 9. Ki sa k ap ede nou chwazi yon kesyon ki tonbe daplon ak sa ki enterese moun n ap pale avèk li a ? Bay kèk egzanp.

8 Sonje byen, Jezi te trè abil nan sèvi ak kesyon pou l fè disip li yo di sa ki nan lespri yo, e pou l ankouraje yo fè tèt yo travay. Grasa kesyon li te konn poze, se avèk souplès li te rive touche kè yo (Matye 16:13, 15 ; Jan 11:26). Ki jan nou kapab sèvi ak kesyon yon fason efikas menm jan ak Jezi ?

9 Lè n ap preche kay an kay, nou kapab sèvi ak kesyon pou nou fè sa n ap di a enterese moun. Konsa, se wout n ap prepare pou nou pale sou Wayòm Bondye a. Ki sa k ap ede nou chwazi yon kesyon ki tonbe daplon ak sa ki enterese moun n ap pale avèk li a ? Montre nou se bon obsèvatè. Lè n ap antre nan yon kay, gade sa ki alantou kay la. Èske gen jwèt nan lakou a ki fè nou sipoze gen timoun nan kay la ? Si se sa, nou kapab mande moun nan : ‘ Èske w janm mande w ki jan lemonn ap ye lè timoun ou yo vin gran ? ’ ​(Sòm 37:10, 11). Èske w remake gen plizyè kadna nan baryè a, oubyen èske gen yon sistèm sekirite ? Nou kapab mande moun nan : ‘ Èske w panse ap janm gen yon tan kote mwen menm avèk ou n ap kapab santi nou an sekirite, kit se lakay nou, kit se nan lari ? ’ ​(Mika 4:3, 4). Èske gen yon chèz woulant oswa beki ? Nou kapab mande moun nan : ‘ Èske ap janm gen yon tan kote tout moun ap viv an sante ? ’ ​(Izayi 33:24). Nou kapab jwenn anpil lòt sijesyon nan liv Comment raisonner à partir des Écritures la. *

10. Ki jan nou kapab sèvi ak kesyon pou nou ‘ rale ’ sa ki nan panse etidyan an ak sa ki nan kè l, e ki sa nou pa ta dwe bliye ?

10 Ki jan nou kapab byen itilize kesyon lè n ap kondui yon etid biblik ? Nou pa ka li nan kè moun, tankou Jezi te konn fè sa. Sepandan, si nou poze kesyon avèk tak men avèk disènman, sa kapab ede nou ‘ rale ’ sa ki nan panse etidyan an ak sa ki nan kè l (Pwovèb 20:5). Pa egzanp, ann sipoze n ap etidye chapit ki di : “ Viv ann akò ak volonte Bondye pote bonè ” nan liv Konesans lan. Chapit la pale sou pwennvi Bondye konsènan malonètete, fònikasyon ak lòt bagay ankò. Etidyan an kapab bay repons kesyon ki nan liv la kòrèkteman, men èske l dakò ak sa l aprann nan ? Nou kapab mande l : ‘ Èske sa Jewova di sou pwen sa yo sanble rezonab pou ou ? ’ ‘ Kòman ou kapab mete prensip biblik sa yo an pratik nan lavi w ? ’ Kwak sa, nou pap bliye li nesesè pou nou respekte etidyan an, pou nou respekte diyite l. Nou pa ta renmen ni poze kesyon k ap anbarase moun n ap etidye Labib avèk li a, ni poze l kesyon k ap imilye l. — Pwovèb 12:18.

11. Ki jan oratè piblik yo kapab sèvi ak kesyon yon fason ki efikas ?

11 Oratè piblik yo tou kapab sèvi ak kesyon yon fason ki efikas. Yo ka sèvi ak kesyon retorik, kesyon yo poze san yo pa bezwen repons, pou fè oditwa a reflechi e pou ede l rezone. Gen sikonstans Jezi te konn sèvi ak kesyon konsa (Matye 11:7-9). Pou ajoute sou sa, yon oratè, apre l fin di pawòl entwodiksyon yo, kapab sèvi ak kesyon pou l montre ki ide prensipal li pral egzamine nan diskou a. Li kapab di : “ Nan diskou sa a, nou pral jwenn repons kesyon sa yo [...]. ” Apre sa, nan konklizyon an, li kapab retounen sou kesyon sa yo pou l revize ide prensipal yo.

12. Bay yon egzanp ki montre kòman ansyen yo kapab sèvi ak kesyon pou ede yon kretyen parèy yo jwenn rekonfò nan Pawòl Bondye.

12 Antanke bèje, ansyen yo kapab sèvi ak kesyon pou ede yon “ moun ki deprime ” jwenn rekonfò nan Pawòl Jewova (1 Tesalonisyen 5:14). Pa egzanp, pou ede yon moun ki santi l dekouraje, yon ansyen kapab dirije atansyon moun nan sou Sòm 34:18. Li di : “ Jewova tou pre moun ki santi yo kraze nan kè yo, e moun ki santi yo kraze nan lespri yo, l ap sove yo. ” Pou ansyen an asire l moun ki dekouraje a wè kòman tèks la gen rapò ak ka pa l la menm, li kapab mande l : ‘ Jewova tou pre ki jan de moun ? Èske pafwa ou konn santi w “ kraze nan kè ” w, ou konn santi w “ kraze nan lespri ” w ? Si, jan Bib la di a, Jewova tou pre jan de moun konsa, èske sa pa vle di li tou pre w ? ’ Lè se avèk tandrès konsa nou remete moun ki dekouraje a sou ray, sa kapab remonte lespri l. — Izayi 57:15.

Fè rezònman ki lojik

13, 14. a) Ki jan nou kapab rezone ak yon moun ki di li pa kwè nan yon Bondye li pa ka wè ? b) Poukisa nou pa ta dwe atann nou n ap konvenk tout moun ?

13 Nan ministè nou, nou ta renmen touche kè moun avèk rezònman ki solid, rezònman ki kapab konvenk (Travay 19:8 ; 28:23, 24). Èske sa vle di fòk nou sèvi ak rezònman lojik konplike pou nou konvenk lòt moun Pawòl Bondye se laverite ? Pa ditou. Rezònman ki solid pa bezwen konplike. Lè w vini ak agiman lojik yon fason ki senp, byen souvan sa pi efikas. Ann pran yon egzanp.

14 Ki jan nou kapab reponn yon moun ki di li pa kwè nan yon Bondye li pa ka wè ? Nou ka rezone avèk li sou baz prensip ki di tout rezilta gen yon koz. Lè n ap obsève yon rezilta, nou dakò li dwe gen yon koz. Nou ka di : ‘ Si w ta nan yon zòn ki izole e ou ta tonbe sou yon bèl ti kay ki chaje ak manje (rezilta), ou t ap dakò byen fasil gen yon moun (koz) ki te bati kay sa a e ki te plen bifèt yo ak manje. Menm jan an tou, lè nou gade jan lanati byen fèt ak tout kantite manje ki genyen nan “ bifèt ” tè a (rezilta), èske li pa lojik pou nou rekonèt gen yon Moun (koz) ki fè yo la ? ’ Nou jwenn yon agiman senp nan Bib la ki di sa byen klè : “ Nenpòt kay se yon moun ki bati l, men moun ki bati tout bagay se Bondye. ” ​(Ebre 3:4). Sepandan, kèlkeswa jan rezònman nou an kapab solid, se pa tout moun l ap konvenk. Labib raple nou se sèl moun ki “ nan dispozisyon kòrèk ” la k ap vin kwayan. — Travay 13:48 ; 2 Tesalonisyen 3:2.

15. Ak ki fòm rezònman nou kapab sèvi pou nou fè wè bèl kalite Jewova genyen ansanm ak fason li aji, e ki de egzanp ki demontre jan nou kapab sèvi ak rezònman konsa ?

15 Lè n ap anseye, kit se nan predikasyon, kit se nan kongregasyon an, nou kapab sèvi ak rezònman ki lojik pou nou fè wè bèl kalite Jewova genyen ansanm ak fason li aji. Pafwa, Jezi te konn itilize yon fòm rezònman ki gen espresyon ‘ alewè pou ’ ladan l, sa ki te fè rezònman l lan pi efikas toujou (Lik 11:13 ; 12:24). Jan de rezònman sa a baze sou yon diferans e li kapab rete grave nan lespri yon moun. Pou nou montre doktrin dife lanfè a pa gen sans, nou kapab di : ‘ Pa gen papa ki renmen pitit li k ap mete men timoun nan nan dife pou l pini l. Si l pap fè sa, alewè pou Papa nou ki nan syèl la, ki renmen nou an, jan l dwe gen repiyans pou konsepsyon dife lanfè a ! ’ ​(Jeremi 7:31). Pou nou anseye moun jan Jewova pran ka chak grenn sèvitè l yo, nou kapab di : ‘ Si Jewova konnen non chak etwal pami pakèt milya etwal ki genyen yo, alewè pou l pa ta pran ka moun ki renmen l, moun li achte ak san presye Pitit Gason l lan ! ’ ​(Izayi 40:26 ; Travay 20:28). Rezònman ki solid konsa kapab ede nou pou nou touche kè lòt moun.

Chwazi egzanp ki byen chita

16. Poukisa egzanp gen enpòtans lè n ap anseye ?

16 Egzanp ki byen chita se epis pou fè sa n ap anseye a pi apetisan pou lòt moun. Poukisa egzanp gen enpòtans lè n ap anseye ? Men sa yon pwofesè remake, li di : “ Kapasite pou moun reflechi sou sa l pa wè, se youn nan bagay ki pi difisil. ” Egzanp enprime nan lespri nou imaj ki fè sans, e sa ede nou konprann pi byen ide ki nouvo. Jezi pa gen parèy nan fason li te konn sèvi ak egzanp (Mak 4:33, 34). Ann egzamine ki jan nou kapab sèvi ak metòd ansèyman sa a.

17. Di kat bagay k ap fè yon egzanp efikas.

17 Ki sa ki fè yon egzanp efikas ? Premyèman, li fèt pou l apwopriye ak moun n ap pale avèk yo a, sa vle di fò l gen rapò ak sitiyasyon yo byen konnen. Nou raple nou sa, Jezi te konn pran egzanp li yo sou bagay moun k ap koute l yo t ap viv toule jou. Dezyèmman, yon egzanp dwe koresponn defason rezonab ak sa n ap pale de li a. Si sa n ap konpare yo pa koresponn menm youn ak lòt, egzanp lan ap detounen atansyon moun n ap pale avèk yo a. Twazyèmman, yon egzanp pa fèt pou l gen yon bann detay ki pa nesesè. Sonje sa, Jezi te bay detay ki nesesè, men li te pase sou sa k pa esansyèl yo. Katriyèmman, lè n ap sèvi ak yon egzanp, fòk nou veye pou aplikasyon an klè pou moun yo. Si se pa sa, gen moun ki kapab pa konprann sa nou vle di.

18. Ki jan nou kapab fè pou nou jwenn egzanp ki byen chita ?

18 Ki jan nou kapab fè pou nou jwenn egzanp ki byen chita ? Nou pa bezwen rete ap chèche istwa ki long, istwa ki konplike. Egzanp ki kout kapab trè efikas. Eseye reflechi sou egzanp ki anrapò ak sa n ap pale a tou senpleman. Pa egzanp, annou sipoze n ap pale de Bondye ki konn padone, e nou ta renmen bay yon egzanp sou Travay 3:19 kote li montre Jewova “ efase ” oswa li siye erè nou yo. Se yon imaj vivan, men an reyalite, ak ki egzanp nou kapab sèvi pou eklèsi pwen an ? Yon efaswa ? Yon eponj ? Nou kapab di : ‘ Lè Jewova padone peche nou, li efase yo tankou lè ou itilize yon eponj (oswa yon efaswa). ’ Li difisil pou moun pa konprann yon egzanp senp konsa.

19, 20. a) Ki kote nou ka jwenn bèl egzanp ? b) Site kèk nan egzanp efikas nou kapab jwenn nan liv nou yo ? (Gade nan kare a tou.)

19 Ki kote nou ka jwenn egzanp ki apwopriye, tankou esperyans moun te viv ? Chèche nan pwòp vi pa w oswa nan lavi lòt kretyen ak divès esperyans yo fè deja. Anplis de sa, nou kapab pran egzanp sou anpil lòt bagay, sou moun, sou bèt, sou bagay ki gen nan yon kay. Yon evènman moun nan zòn nan byen konnen kapab sèvi tou kòm egzanp. Yon mwayen efikas pou nou jwenn bonjan egzanp se lè nou enterese pou nou ‘ gade bagay k ap pase toule jou nan alantou nou avèk atansyon ’ ​(Travay 17:22, 23). Men sa yon liv referans esplike sou diskou piblik. Li di : “ Oratè k ap gade jan moun ap viv ak divès bagay y ap fè, ki pale ak tout kalite moun, ki fikse atansyon l sou bagay li wè, e k ap poze kesyon jiskaske li rive konprann, l ap gen yon kokenn estòk sijè ki pral sèvi l egzanp k ap trè itil li lè l gen bezwen. ”

20 Lòt kote nou ka jwenn egzanp ki efikas, se nan Toudegad, Réveillez-vous ! ak lòt liv Temwen Jewova yo pwodui. Ou kapab aprann anpil bagay, si ou suiv jan piblikasyon sa yo itilize egzanp. * Ann pran imaj yo itilize nan paragraf 11, chapit 17 liv Konesans lan. Li konpare divès tanperaman moun ki nan kongregasyon an ak divès kalite machin k ap woule sou menm wout avèk ou. Ki sa ki fè egzanp lan efikas ? Remake sa, li chita sou sa k ap pase nan lavi toule jou, li sanble anpil ak ide yo vle fè pase a, epi aplikasyon an klè. Nou kapab sèvi ak egzanp ki nan liv n ap li yo lè n ap anseye. Petèt, nou ka adapte yo selon bezwen yon moun n ap etidye Labib avèk li, oswa nou ka sèvi avèk yo nan yon diskou.

21. Ki rekonpans n ap jwenn si nou efikas nan anseye Pawòl Bondye ?

21 Pou moun ki yon anseyan efikas, rekonpans lan gwo anpil. Lè n ap anseye, se pataje n ap pataje ak lòt moun, se yon pòsyon nan sa nou genyen n ap itilize pou nou ede yo. Lè nou bay konsa, sa pote lakontantman, paske Labib di : “ Gen plis bonè nan bay pase nan resevwa. ” ​(Travay 20:35). Pou anseyan Pawòl Bondye yo, bonè a soti nan lajwa yo jwenn paske yo konnen y ap pataje ak lòt moun yon bagay ki vrè, yon bagay ki gen valè dirab : laverite konsènan Jewova. Nou kapab kontan tou lè nou konnen nou se moun k ap imite Gran Anseyan an, Jezi Kris.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 9 Gade nan seksyon “ Entrées en matière pour la prédication ”, paj 9 a paj 15. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a (fransè).

^ § 20 Pou nou jwenn egzanp, gade nan Index des publications de la Société Watch Tower 1986-1995, nan ribrik “ Exemple ”. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a (fransè).

Èske nou sonje ?

• Ki jan nou kapab anseye yon fason ki senp lè n ap kondi yon etid biblik ? E lè n ap bay yon diskou nan kongregasyon an ?

• Ki jan nou kapab sèvi ak kesyon yon fason ki efikas lè n ap preche kay an kay ?

• Kòman nou kapab sèvi ak rezònman ki lojik pou nou fè wè bèl kalite Jewova genyen ansanm ak fason li aji?

• Ki kote nou kapab jwenn egzanp ki byen chita ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 29]

Èske nou sonje egzanp sa yo ?

Pi ba a nou gen kèk grenn egzanp ki efikas. Pouki nou pa fè yon koudèy nan piblikasyon yo bay la epi pran nòt sou fason egzanp lan souliye pwen n ap egzamine a ?

• Ou ka konpare maryaj ak yon kay w ap bati. Si ou pa gen ni zouti, ni konpetans pou sa, se lave men siye atè. — Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la, paj 140.

• Lè w ap esprime santiman w se menm bagay ak lè w ap voye yon balon ba yon moun. Ou kapab fè pas la dousman pou moun nan ka atrap li byen fasil, oswa ou ka voye l tèlman fò, ou blese l avèk li. — Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la, paj 144.

• Aprann demontre nou gen lanmou se menm bagay ak aprann yon lòt lang. — Toudegad 15 fevriye 1999, paj 18, 22-3 (fransè).

• Tankou yon mak ki grave fon nan wòch, peche a te grave fon nan kòd jenetik premye paran nou yo. — Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la, paj 58.

• Pou demon yo, espiritis se menm bagay ak manje yo mete nan pèlen : li atire moun. — Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la, paj 111.

• Nou ka konpare travay predikasyon an ak yon operasyon sekou. Nou dwe jwenn moun yo epi ede yo pou yo ale nan yon zòn kote ki pa gen danje, anvan l twò ta. — Ministè Wayòm nan, me 2001, paj 1.

• Menm jan ak yon atis ki anvi repare ak tout fòs li yon bèl tablo yon lòt atis ki jalou ta fè règ majigridi l ladan l, se konsa Jewova anvi fè kreyasyon l lan rejwenn bote l te genyen an. — Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la, paj 181.

[Foto nan paj 26]

Vrè kretyen yo se anseyan Pawòl Bondye.

[Foto nan paj 27]

Ansyen yo kapab sèvi ak kesyon pou yo ede kretyen parèy yo jwenn rekonfò nan Pawòl Bondye.