‘ Annou montre nou dispoze pou youn padone lòt ’
‘ Annou montre nou dispoze pou youn padone lòt ’
ÈSKE w kwè Bondye padone peche w ? Pami granmoun k ap viv nan peyi Etazini, pifò ladan yo kwè sa. Loren Toussaint, ki gen yon doktora nan sikoloji, te dirije yon etid nan Enstiti rechèch sosyal ki nan inivèsite Michigan. Selon etid sa a, sou 1 423 Ameriken yo te poze kesyon, 80 pousan ladan yo ki gen plis pase 45 an fè konnen Bondye padone peche yo.
Toutfwa, sa k enteresan an, pami moun sa yo, se sèlman 57 pousan ki di yo konn padone lòt moun. Estatistik sa a raple nou pawòl Jezi te di nan Sèmon sou montay la : “ Si nou padone moun lè yo fè fot, Papa nou ki nan syèl la ap padone nou tou. Tandiske si nou pa padone moun lè yo fè fot, Papa nou pap padone nou nonplis lè nou fè fot. ” (Matye 6:14, 15). Wi, youn nan kondisyon pou Bondye padone peche nou, se si nou dispoze padone lòt moun.
Apot Pòl te fè kretyen Kolòs yo sonje prensip sa a. Men ankourajman li te ba yo : “ Kontinye sipòte nou youn lòt, e kontinye montre nou dispoze pou youn padone lòt, si yon moun gen yon rezon pou l plenyen kont yon lòt. Menm jan Jewova dispoze padone nou, nou menm tou fè menm jan an. ” (Kolosyen 3:13). Avrèdi, sa pa toujou fasil. Pa egzanp, li kapab difisil pou w annik pase sou pawòl moun di san reflechi oswa sou move pawòl moun di, lè se ou menm ki viktim.
Antouka, padone lòt moun pote anpil benediksyon. David R. Williams, ki gen yon doktora nan sosyoloji te fè rechèch pa l. Men sa l di daprè rechèch sa a : “ Pami Ameriken ki gen 50 an oswa plis, nou dekouvri gen yon kokennchenn relasyon ant sante mantal ak dispozisyon yon moun genyen pou l padone lòt moun. ” Sa tonbe daplon ak pawòl sa yo wa Salomon, yon wa ki saj, te ekri sa gen anviwon 3 000 an : “ Yon kè ki poze se lavi pou kò a, men jalouzi se pouriti nan zo. ” (Pwovèb 14:30). Piske lè nou gen yon etadespri ki pouse nou padone lòt moun, sa ankouraje bonjan relasyon ni ak Bondye ni ak pwochen nou, nou gen bon rezon pou nou dispoze padone nou youn lòt ak tout kè nou. — Matye 18:35.