Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Li pa t pale avèk yo san li pa pran egzanp ”

“ Li pa t pale avèk yo san li pa pran egzanp ”

“ Li pa t pale avèk yo san li pa pran egzanp 

“ Se egzanp Jezi te pran pou li [pale ak] foul moun yo. Wi, li pa t pale avèk yo san li pa pran egzanp. ” — MATYE 13:34.

1, 2. a) Poukisa li pa fasil pou w bliye yon egzanp ki efikas ? b) Sou ki fòm Jezi te prezante egzanp li yo, e ki kesyon yon moun ka poze tèt li anrapò ak egzanp Jezi te konn pran yo ? (Gade nòt anba paj la tou.)

ÈSKE ou sonje yon egzanp ou te tande, petèt nan yon diskou piblik, sa gen plizyè ane ? Li pa fasil pou yon moun bliye yon egzanp ki efikas. Gen yon ekriven ki di egzanp “ fè zòrèy tounen je, e yo bay moun k ap tande a posiblite pou l reflechi sou baz imaj ”. Souvan, nou reflechi pi byen lè se imaj ki vin nan lespri nou. Se poutèt sa egzanp pèmèt nou konprann pi byen. Egzanp fè mo vin vivan e yo ban nou leson ki rete grave nan memwa nou.

2 Pa t janm gen okenn anseyan ki te pi maton pase Jezi nan pran egzanp. Li fasil pou nou sonje parabòl li yo, alòske gen prèske de mil ane depi li te bay yo. * Poukisa Jezi te itilize metòd ansèyman espesyal sa a anpil ? E ki sa ki fè egzanp li yo te efikas konsa ?

Rezon ki fè Jezi te konn pran egzanp lè l ap anseye

3. a) Daprè Matye 13:34, 35, ki youn nan rezon ki fè Jezi te konn sèvi ak egzanp ? b) Ki sa ki montre metòd ansèyman sa a gen anpil enpòtans pou Jewova ?

3 Bib la bay de rezon remakab ki fè Jezi te konn sèvi ak egzanp. Premyèman, sa te pèmèt pwofesi yo akonpli. Men ki sa apot Matye te ekri : “ Se egzanp Jezi te pran pou li [pale ak] foul moun yo. Wi, li pa t pale avèk yo san li pa pran egzanp, poutèt pou sa ki te di pa mwayen pwofèt la te kapab akonpli, lè l te di : ‘ M ava fè egzanp soti nan bouch mwen, m ava pwoklame bagay ki te kache depi nan kòmansman an. ’ ” ​(Matye 13:34, 35). “ Pwofèt ” Matye te site a, se li ki te ekri Sòm 78:2 a. Lespri Bondye te enspire salmis la plizyè syèk anvan nesans Jezi pou li ekri pawòl sa yo. Èske se pa estrawòdinè dèske plizyè santèn lane alavans, Jewova te deside pou Pitit li a anseye avèk egzanp ? Nou sèten metòd ansèyman sa a gen anpil enpòtans pou Jewova.

4. Ki esplikasyon Jezi te bay sou rezon ki fè li te konn sèvi ak egzanp ?

4 Dezyèmman, Jezi li menm te esplike li te sèvi ak egzanp pou l te ka ekate moun ki pa gen kè sansib yo. Apre li te fin bay parabòl moun k ap simen an, devan “ gwo foul moun ”, disip li yo te mande l : “ Poukisa menm, ou sèvi ak egzanp pou w pale avèk yo ? ” Jezi te reponn yo : “ Nou menm, yo fè nou favè pou nou konprann sekrè sakre wayòm ki nan syèl la, men, moun sa yo menm, yo pa fè yo favè sa a. Se poutèt sa, mwen sèvi ak egzanp pou m pale avèk yo, poutèt pou lè y ap gade yo gade anven, lè y ap tande yo tande anven, e yo pa pran sans li nonplis. Epi, se pwofesi Izayi a k ap akonpli sou yo, kote li di : ‘ Antan y ap tande, y ap tande men yo pap pran sans li menm, e lè y ap gade, y ap gade men yo pap wè menm. Paske kè pèp sa a vin fèmen, epi yo tande ak zòrèy yo, men yo pa reyaji, epi yo fèmen je yo, yon fason pou yo ka pa janm wè ak je yo, pou yo ka pa janm tande ak zòrèy yo, pou yo ka pa janm pran sans li avèk kè yo e pou yo ka pa janm retounen, pou m pa geri yo. ’ ” — Matye 13:2, 10, 11, 13-15 ; Izayi 6:9, 10.

5. Ki jan egzanp Jezi yo te fè separe moun ki gen imilite ak moun ki ògeye ?

5 Ki jan egzanp Jezi yo te fè separe moun youn ak lòt ? Pafwa, moun ki t ap koute l yo te oblije fouye fon pou yo ka byen konprann pawòl li yo. Moun ki te gen imilite te santi fòk yo chèche konnen plis toujou (Matye 13:36 ; Mak 4:34). Kidonk, egzanp Jezi yo te fè laverite vin klè pou moun ki te swaf laverite. Menm jan an tou, egzanp li yo te bouche laverite pou moun ki ògeye. Jezi te vrèman yon anseyan san parèy ! Annou egzamine kèk rezon ki fè egzanp li yo te efikas konsa.

Li te konn chwazi ki detay pou li bay

6-8. a) Nan premye syèk la, ki posiblite moun ki t ap tande Jezi yo pa t ko genyen ? b) Ki egzanp ki montre Jezi te konn chwazi detay pou li bay ?

6 Èske ou janm mande tèt ou ki jan sa te ye pou disip Jezi yo nan premye syèk la, ki te tande li k ap anseye yo ak pwòp bouch li ? Se vre, se te yon privilèj san parèy yo te genyen, men, yo pa t ko gen posiblite pou yo fè rechèch nan okenn liv pou yo ka sonje sa li te di yo. Okontrè, yo te oblije konsève pawòl Jezi yo nan lespri yo ak nan kè yo. Etandone Jezi te sèvi ak egzanp li yo yon fason ki efikas, sa te fè li pi fasil pou yo sonje sa li te anseye yo. Ki jan li te fè sa ?

7 Jezi te chwazi ki detay pou li bay. Lè gen detay ki enpòtan nan yon parabòl oubyen ki nesesè pou li fè yon ide chita, li te fè tout sa l kapab pou li bay detay sa yo. Pa egzanp, li te di egzakteman konbyen mouton yon mèt mouton te kite pou l al chèche yon grenn ki te pèdi, li te bay egzakteman ki kantite lè ouvriye yo te travay nan jaden rezen an, e li te di egzakteman konbyen talan yo te konfye esklav yo. — Matye 18:12-14 ; 20:1-16 ; 25:14-30.

8 Menm jan an tou, Jezi te pase sou detay ki pa nesesè, detay ki te ka anpeche moun k ap koute l yo pran sans egzanp li yo. Pa egzanp, nan parabòl esklav ki san pitye a, Jezi pa di ki jan esklav la te fè vin gen yon dèt ki te rive 60 000 000 denye. Jezi te vle ensiste sou nesesite pou nou padone. Donk, sa ki te enpòtan, se pa t rezon ki te fè esklav la dwe kòb sa a, men se fason yo te anile dèt la pou li e fason li menm, bò kote pa l, li te aji ak lòt esklav parèy li a ki te dwe li yon monnen (Matye 18:23-35). Jezi te fè menm bagay la nan egzanp pitit gason gaspiyè a. Li pa t bay detay ni sou rezon ki te fè dènye pitit gason an rete konsa li reklame eritaj pa li, ni sou rezon ki te fè li gaspiye eritaj la. Men, Jezi te esplike an detay sa papa a te santi ak fason li te reyaji lè pitit la te repanti e lè li te retounen lakay li. Detay sa yo Jezi te bay konsènan reyaksyon papa a te nesesè pou mesaj li te vle fè pase a : Jewova “ padone anpil ”. — Izayi 55:7 ; Lik 15:11-32.

9, 10. a) Lè Jezi te konn ap dekri moun ki nan egzanp li yo, sou ki sa li te konn plis chita ?b) Ki sa Jezi te fè pou moun ka sonje egzanp li yo ?

9 Jezi te veye tou sou fason li te konn dekri moun ki nan egzanp li yo. Olye pou li bay yon pil detay sou aparans moun sa yo, li te konn plis chita sou sa yo te fè oubyen sou fason yo te reyaji nan istwa li t ap rakonte a. Pa egzanp, olye pou l te bay detay sou aparans bon Samariten an, li te bay detay sou lòt bagay ki pi enpòtan. Li te esplike ki jan Samariten an, ak anpil konpasyon, te vin osekou yon Juif yo te maltrete e yo te lage atè nan lari a. Jezi te bay detay ki nesesè pou l anseye leson sa a : se tout moun ki pwochen nou, se tout moun nou dwe renmen, menm moun ki pa soti nan menm peyi avèk nou, oubyen ki pa gen menm koulè po avèk nou. — Lik 10:29, 33-37.

10 Etandone Jezi te veye sou ki detay l ap bay, egzanp li yo te kout e yo te senp. Konsa, ni moun ki te tande l ap pale nan premye syèk la, ni pil moun ki t ap gen pou yo li Evanjil yo apre sa, t ap sonje egzanp li yo pi fasil. Epitou, li t ap pi fasil pou yo sonje leson ki gen ladan yo.

Li te pran egzanp ki gen rapò ak lavi moun

11. Montre ki jan egzanp Jezi yo pale de bagay li dwe te wè pandan li t ap grandi an Galile.

11 Jezi se te mèt nan sèvi ak egzanp ki gen rapò ak lavi moun. Anpil nan egzanp li yo pale de sa li dwe te wè pandan li t ap grandi an Galile. Reflechi yon ti moman sou lè li te jèn. Toutan, li te konn wè manman l k ap fè pen. Manman an te konn sèvi ak yon rès pat ledven pou l te ka fè pen an leve (Matye 13:33). Se pa ni de ni twa fwa Jezi te wè pechè pwason k ap lage nas yo nan bèl dlo lanmè Galile (Matye 13:47), e se pa ni de ni twa fwa li te wè latriye timoun k ap jwe nan mache (Matye 11:16). Sanble Jezi te obsève lòt sitiyasyon moun abitye viv, e li te sèvi avèk yo nan egzanp li yo, tankou moun k ap simen semans, moun k ap distrè yo nan resepsyon maryaj oswa ble k ap mi sou pye anba solèy. — Matye 13:3-8 ; 25:1-12 ; Mak 4:26-29.

12, 13. Nan parabòl ble ak move zèb la, ki sa ki montre Jezi te byen konnen sitiyasyon moun ki t ap viv nan zòn nan ?

12 Donk, sa pa etone nou, lè nou wè egzanp Jezi te pran yo chaje ak sitiyasyon ki gen rapò ak lavi moun. E pou nou ka pi byen konprann ki jan Jezi te maton nan sèvi ak metòd ansèyman sa a, li bon pou nou egzamine ki sans pawòl li yo te genyen pou Juif ki t ap koute l yo. Annou egzamine de nan egzanp li yo.

13 Premyèman, nan parabòl ble ak move zèb la, Jezi te pale de yon mesye ki te simen bon semans nan jaden li, men gen “ yon lènmi ” ki antre nan jaden an e ki simen move zèb pami ble a. Pou ki rezon menm, se yon mechanste konsa Jezi te chwazi pran kòm egzanp ? Ebyen, pa bliye li te bay egzanp sa a toupre lanmè Galile, e pifò Galileyen yo se kiltivatè yo te ye. Ki sa ki te ka plis kontrarye yon kiltivatè pase sa : yon lènmi vini an kachèt nan jaden li, epi li simen yon semans nuizib pami bon semans lan ? Lwa ki te an vigè nan epòk sa a, fè nou konnen jan de mechanste sa yo te konn fèt. Èske sa pa parèt byen klè, Jezi te prezante yon sitiyasyon moun k ap koute l yo te kapab konprann ? — Matye 13:1, 2, 24-30.

14. Ki sa ki montre se pa san rezon Jezi te pale de wout ki ‘ soti Jerizalèm pou ale Jeriko ’ a pou l fè mesaj li a pase ?

14 Dezyèmman, reflechi sou parabòl bon Samariten an. Jezi te kòmanse l ak pawòl sa yo : “ Te gen yon mesye ki t ap desann soti Jerizalèm pou l ale Jeriko e li tonbe nan mitan yon ekip vòlè. Yo pran tout sa l te genyen, yo benyen l ak kou, epi yo ale, yo kite l twaka mò. ” ​(Lik 10:30). Se pa san rezon Jezi te pale de wout ki ‘ soti Jerizalèm pou ale Jeriko ’ pou l fè mesaj li a pase. Lè li t ap bay parabòl sa a, li te an Jide, toupre Jerizalèm. Donk, siman moun ki t ap koute l yo te konn wout sa a byen. Tout moun te konnen li riske pou yon moun pase nan wout sa a, sitou si li poukont li. Wout sa a te gen yon pakèt koub, e yon bon pati ladan l te tankou yon savann dezole. Se sa k fè te gen anpil kote pou vòlè kache pou yo atake moun.

15. Poukisa pèsonn pa t ka jwenn eskiz pou endiferans prèt la ak Levit la te montre nan parabòl bon Samariten an ?

15 Gen yon lòt bagay ankò pou nou remake. Jezi di wout la te ‘ desann sot Jerizalèm pou ale Jeriko ’. Dapre parabòl la, te genyen toudabò yon prèt, e apre sa yon Levit, ki t ap pase nan wout sa a tou, kwak yo pa t rete pou ede viktim nan (Lik 10:31, 32). Prèt yo te konn sèvi nan tanp lan, nan Jerizalèm, e Levit yo se te adjwen yo. Te gen anpil prèt ak Levit ki te rete Jeriko lè yo pa t desèvis nan tanp lan, paske te gen apeprè 23 kilomèt sèlman ki te separe Jeriko ak Jerizalèm. Donk, sètènman yo te abitye pase nan wout sa a. Remake yon lòt bagay ankò : ni prèt la, ni Levit la t ap ‘ soti Jerizalèm ’, donk yo t ap kite tanp lan dèyè. * Pou rezon sa a, pèsonn pa t ka jwenn eskiz pou endiferans mesye sa yo, pèsonn pa t ka di konsa : ‘ Bon, si yo pa t okipe mesye ki te blese a, se paske yo te panse li mouri, e yo pa t vle manyen yon kadav, sa ki t ap fè yo vin endiy, pandan yon tan, pou yo sèvi nan tanp lan (Levitik 21:1 ; Nonb 19:11, 16) ’. Èske li pa fasil pou nou wè, nan egzanp sa a, Jezi te sèvi ak bagay moun k ap koute l yo te byen konnen ?

Li te pran egzanp ki gen rapò ak kreyasyon Jewova

16. Sa k fè nou sèten Jezi te byen konnen kreyasyon Jewova ?

16 Anpil nan egzanp Jezi te pran yo montre li te gen konesans sou plant, sou bèt, sou meteyowoloji (Matye 6:26, 28-30 ; 16:2, 3). Ki kote li te pran konesans sa yo ? Nou sèten, tout pandan Jezi t ap grandi an Galile, li te gen okazyon pou li obsève kreyasyon Jewova. Anplis de sa, Jezi se “ premye nan tout kreyasyon ”, e Jewova te sèvi avèk li kòm “ ouvriye abil ” lè Li t ap kreye tout bagay (Kolosyen 1:15, 16 ; Pwovèb 8:30, 31). Pa gen dout sou sa, Jezi te byen konnen kreyasyon Jewova, e li te sèvi ak konesans sa a ak anpil ladrès nan ansèyman li. Annou wè ki jan li te fè sa.

17, 18. a) Ki jan pawòl Jezi yo ki nan Jan chapit 10 la, montre li te byen konnen konpòtman mouton ? b) Ki sa moun ki te vizite peyi biblik yo remake konsènan atachman ki genyen ant bèje ak mouton pa yo ?

17 Pami egzanp Jezi yo, pami sa ki pi touchan yo, gen sa nou jwenn nan Jan chapit 10 la. Nan egzanp sa a, li konpare relasyon ki egziste ant li menm ak disip li yo ak relasyon ki egziste ant yon bèje ak mouton li. Pawòl Jezi yo montre li te byen konnen konpòtman mouton. Li te di mouton se bèt ki kite moun mennen yo fasilman, e yo suiv bèje yo fidèlman (Jan 10:2-4). Gen yon atachman espesyal ki egziste ant bèje ak mouton, e moun ki vizite peyi biblik yo remake sa. Nan 19yèm syèk la, gen yon byolojis ki rele H. B. Tristram ki te fè remak sa a : “ Yon fwa, mwen te gen okazyon suiv yon bèje k ap jwe ak twoupo mouton li. Li fè kòmsi l ap sove, mouton yo pousuiv li epi yo antoure l. [...] Finalman, mouton yo ansèkle l, epi yo tonbe ponpe bò kote l ”.

18 Poukisa mouton toujou suiv bèje pa yo ? Jezi di se “ paske yo konnen vwa li ”. (Jan 10:4.) Èske mouton konnen vwa bèje pa yo toutbonvre ? Nan liv ki rele Jeyografi istorik Tè Sakre a (anglè), men ki sa George A. Smith ekri sou sa li te gen okazyon obsève : “ Pafwa, se te yon plezi pou nou, lè midi rive, pou n al pran repo bò kote youn nan pi ki an Jide yo. Gen twa ou kat bèje ki abitye mennen twoupo mouton yo la. Lè nou wè tout mouton yo melanje youn ak lòt, nou mande tèt nou ki jan chak bèje ap fè konnen ki mouton ki pou li. Men, apre mouton yo fin bwè dlo e yo fin jwe, chak bèje ale nan zòn pa li nan vale a, epi yo chak yo rele nan fason pa yo. Lè sa a, mouton yo separe, chak mouton al jwenn bèje pa li, epi twoupo mouton yo al fè wout yo annòd, jan yo te vini an. ” Li difisil pou Jezi ta jwenn yon pi bon egzanp pase sa pou l fè mesaj li a pase. Si nou asepte ansèyman Jezi yo, si nou obeyi li e si nou suiv direksyon li ban nou, n ap benefisye tandrès ak afeksyon nan men “ bonjan bèje a ”. — Jan 10:11.

Li te sèvi ak evènman moun k ap koute l yo konnen

19. Ki jan Jezi te sèvi ak yon evènman moun te konnen pou li te demanti yon ansèyman ?

19 Esperyans moun te fè, e ki gen leson ou ka tire ladan yo, kapab sèvi tou kòm egzanp ki efikas. Yon fwa, Jezi te pran kòm egzanp yon evènman ki te fèk pase, pou li te ka demanti lide ki di se sèlman moun ki merite chatiman k ap jwenn chatiman. Li di : “ E dizuit moun sa yo, tou Silowam nan te tonbe sou yo e li te tou touye yo a, èske nou panse yo te pi koupab [gen plis peche] pase tout lòt moun ki abite Jerizalèm yo ? ” ​(Lik 13:4). Se te yon bèl agiman kont ansèyman ki di chak moun gen yon desten e tout bagay ki rive te deja predi. Dizuit nanm sa yo pa t peri akoz yon peche kèlkonk ki te fè Bondye fache avèk yo. Okontrè, lanmò trajik sa a se te rezilta tan ak evènman enprevi (Eklezyas 9:11). Konsa, Jezi te site yon evènman moun ki t ap koute l yo te konnen, pou li te ka demanti yon ansèyman.

20, 21. a) Pou ki rezon Farizyen yo te kritike disip Jezi yo ? b) Ki egzanp biblik Jezi te pran pou l montre Bondye pa t janm vle moun egzajere nan fason yo aplike lwa sou saba a ? c) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

20 Jezi te konn sèvi tou ak egzanp biblik lè l ap anseye. Sonje pa egzanp, lè Farizyen yo te kritike disip li yo paske yo te rache kèk zepi e yo t ap manje yo yon jou saba. An reyalite, disip yo pa t peche kont Lalwa Bondye, men yo te peche kont entèpretasyon Farizyen yo te fè, yo menm ki te estrik depase konsènan sa moun pa gen dwa fè pandan saba a. Pou li te ka montre Farizyen yo Bondye pa t janm vle moun egzajere nan fason y ap aplike lwa sou saba a, Jezi te rakonte yon istwa ki nan 1 Samyèl 21:3-6. Lè David ak konpayon l yo te grangou, yo te pase nan tabènak la e yo te manje pen prezantasyon yo prèt yo te fèk ranplase ak lòt. An jeneral, pen ki te la anvan yo, yo te mete yo apa pou prèt yo manje. Men, nan sitiyasyon sa a, David ak konpayon l yo pa t sibi okenn kondanasyon dèske yo te manje pen sa yo. Li enteresan pou nou remake se sèl kote Bib la montre gen moun ki pa t prèt e ki te manje pen prezantasyon yo. Jezi te konnen egzakteman ki istwa pou l rakonte, e sètènman, Juif ki t ap koute l yo te konn istwa sa a byen. — Matye 12:1-8.

21 Vrèmanvre, Jezi se te yon Gran Anseyan ! Nou pa ka pa admire kapasite san parèy li te genyen pou l transmèt yon seri verite ki enpòtan, yon fason pou moun k ap koute l yo konprann. Men, ki jan nou menm nou ka imite Jezi nan fason n ap anseye ? Se sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Jezi te prezante egzanp li yo sou plizyè fòm, tankou konparezon ak metafò. Tout moun konnen li te konn sèvi ak parabòl. Yon parabòl se yon istwa ki pa reyèl, ki kout e ki gen yon verite moral oubyen yon verite biblik ladan l.

^ § 15 Jerizalèm te pi wo pase Jeriko. Donk, lè yon moun t ap “ sot Jerizalèm pou l ale Jeriko ”, tankou jan parabòl la di, se desann li t ap “ desann ”.

Èske nou sonje ?

• Poukisa Jezi te konn pran egzanp lè l ap anseye ?

• Ki sa ki montre Jezi te konn pran egzanp moun k ap koute l yo te ka konprann ?

• Ki sa, nan egzanp Jezi yo, ki montre li te byen sèvi ak konesans li te genyen sou kreyasyon Jewova ?

• Kòman Jezi te sèvi ak evènman moun ki t ap koute l yo te konnen ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 21]

Jezi te pale de yon esklav ki te refize padone yon esklav parèy li ki te dwe l yon monnen. Li te pale tou de yon papa ki te padone yon pitit gason l ki te gaspiye tout pòsyon eritaj pa l.

[Foto nan paj 22]

Ki mesaj Jezi te vle fè pase nan parabòl bon Samariten an ?

[Foto nan paj 23]

Èske vrèmanvre mouton yo konnen vwa bèje pa yo ?