“ Mwen trase yon modèl pou nou ”
“ Mwen trase yon modèl pou nou ”
“ Nou ta dwe gentan anseyan, lè nou konsidere tan an. ” — EBRE 5:12.
1. Poukisa li nòmal pou pawòl nou jwenn nan Ebre 5:12 la fè yon kretyen santi l yon ti jan enkyè ?
ETAN w ap li pawòl enspire ki nan vèsè prensipal etid sa a, èske w santi w yon ti jan enkyè pou tèt ou ? Si se konsa, se pa ou menm sèl ki nan sitiyasyon sa a. Antanke moun k ap suiv Jezi Kris, nou konnen nou dwe anseye lòt moun (Matye 28:19, 20). Nou konnen nan tan sa a n ap viv la, li ijan pou nou fè tout sa nou kapab pou nou maton nan fason n ap anseye. E nou konnen fason nou anseye moun yo ka lakòz yo jwenn lavi oswa lanmò (1 Timote 4:16). Piske se konsa, li nòmal pou nou poze tèt nou kesyon sa yo : “ Èske m se kalite anseyan mwen ta dwe ye a ? Ki sa m ka fè pou m amelyore tèt mwen ? ”
2, 3. a) Ki jan yon pwofesè te esplike baz yon bon ansèyman ? b) Ki modèl Jezi te kite pou nou nan zafè ansèyman ?
2 Enkyetid konsa pa bezwen dekouraje nou. Si nou panse, anseye lòt moun se sèlman aplike yon seri teknik, nou ka santi l difisil pou nou fè pwogrè nan domèn sa a. Toutfwa, baz yon bon ansèyman se pa teknik, men se yon bagay ki pi enpòtan lontan pase sa. Sou pwen sa a, gade ki sa yon pwofesè ki gen anpil esperyans te ekri nan yon liv : “ Bon ansèyman an, se pa yon kesyon bon teknik, bon stil, bon metòd oswa bon taktik [...]. Ansèyman se yon aktivite ki chita toudabò sou lanmou. ” Se vre, pwofesè sa a pa t ap pale de ansèyman nan zafè relijyon, men nou menm, nan ansèyman n ap bay kòm kretyen, nou ka aplike sa l di a pi plis toujou. Poukisa nou di sa ?
3 Modèl nou nan domèn ansèyman se pa lòt moun se Jezi Kris, ki te di disip li yo : “ Mwen trase yon modèl pou nou. ” (Jan 13:15). Lè Jezi te di sa a, li t ap pale de egzanp imilite li te ba yo, men nou mèt sèten modèl sa a gen ladan l tou prensipal travay li te konn fè lè l t ap viv kòm moun sou tè a, travay anseye moun yo bon nouvèl Wayòm Bondye a (Lik 4:43). Kounye a, si w ta gen pou w chwazi yon sèl mo pou w esplike ministè Jezi a, ou pa panse se mo “ lanmou ” ou ta chwazi (Kolosyen 1:15 ; 1 Jan 4:8) ? Lanmou Jezi pou Papa l Jewova se bagay ki te pi enpòtan pou li (Jan 14:31). Toutfwa, antanke anseyan, Jezi te manifeste lanmou de lòt fason ankò. Li te renmen verite li t ap anseye yo, e li te renmen moun li t ap anseye yo. Annou fè yon ti chita sou de aspè sa yo nou jwenn nan modèl li te kite pou nou an.
Yon lanmou ki la depi lontan pou verite Bondye yo
4. Ki jan Jezi te devlope yon lanmou pou ansèyman Jewova yo ?
4 Fason yon anseyan wè sijè l ap anseye a gen gwo efè sou kalite ansèyman l ap bay la. Depi sa Izayi 50:4, 5 nou jwenn pawòl sa yo ki byen tonbe : “ Se Jewova menm, Souvren Seyè a, ki ban mwen lang moun ki jwenn ansèyman, yon fason pou m konnen avèk ki pawòl pou m reponn yon moun ki fatige. Chak maten, li reveye, wi, li reveye zòrèy mwen pou m ka tande menm jan ak moun ki jwenn ansèyman. Se Jewova menm, Souvren Seyè a, ki ouvri zòrèy mwen, e mwen menm, bò kote pa m, mwen pa t fè rèd. Mwen pa t vire nan sans kontrè. ”
pa fin twò enterese l, sa ap parèt klè e sa ka rejayi sou elèv yo. Jezi pa t endiferan konsènan bèl verite li t ap anseye sou Jewova ak sou Wayòm nan. Lanmou Jezi pou verite sa yo te pwofon anpil, e se yon lanmou li te gentan devlope depi lè l t ap aprann nan men Papa l. Pandan tout tan sèl Pitit Bondye te fè a t ap viv nan syèl la anvan l te vin sou tè a, li te toujou swaf pou l aprann. Nan5, 6. a) Ki esperyans Jezi dwe te fè lè l t ap batize, e ki efè sa te genyen sou li ? b) Ki diferans nou jwenn ant Jezi ak Satan, nan fason yo te konn sèvi ak Pawòl Bondye a ?
5 Tout lè Jezi t ap grandi antanke moun sou tè a, li te kontinye renmen sajès ki soti nan Bondye (Lik 2:52). Ansuit, nan moman li t ap batize, li te fè yon esperyans san parèy. Selon Lik 3:21, ‘ syèl la te ouvri ’. Sanble lè sa a, Jezi te vin ka raple l lavi l t ap mennen nan syèl la anvan l te vin sou tè a. Apre sa, li te pase 40 jou ap fè jèn nan dezè a. Ou mèt sèten sa te fè l plezi anpil pou l ap medite sou tout seyans fòmasyon li te benefisye nan syèl la nan men Jewova. Toutfwa, sa pa t pran lontan pou lanmou li genyen pou verite Bondye yo te pase anba eprèv.
6 Satan te pwofite moman Jezi te fatige, moman l te grangou, pou l eseye tante l. Se pa ti diferans ki genyen ant de pitit Bondye sa yo ! Yo toule de te site Ekriti ebrayik yo, men, avèk yon espri ki totalman diferan. Satan te tòde sans Pawòl Bondye a, e li te sèvi avè l pou l satisfè entansyon egoyis li. An reyalite, rebèl sa a se meprize l te toujou ap meprize verite Bondye yo. Bò kote pa l, sa klè Jezi te konn site vèsè biblik yo avèk amou. Li te konn itilize Pawòl Bondye a kòrèkteman nan chak repons l ap bay. Se vre, Jezi te egziste lontan anvan yo te ekri pawòl enspire sa yo, men li te gen anpil respè pou yo. Li te konsidere yo kòm verite ki enpòtan anpil ki soti nan Papa l ki nan syèl la ! Li te di Satan, pawòl sa yo ki soti nan Jewova pi enpòtan pase manje (Matye 4:1-11). An verite, Jezi te renmen tout verite Jewova te anseye l yo. Men, antanke anseyan, ki jan l te demontre lanmou sa a ?
Yon lanmou pou verite li t ap anseye yo
7. Poukisa Jezi te pran prekosyon pou l pa t envante pwòp ansèyman pa l ?
7 Lanmou Jezi te genyen pou verite li t ap anseye yo te toujou parèt klè. Nou ka konprann sa, li te ka vin ak pwòp ide pa l byen fasil piske li te gen anpil konesans ak anpil sajès (Kolosyen 2:3). Okontrè, de tanzantan li te fè moun ki t ap koute l yo sonje, tout sa l ap anseye yo pa soti nan li menm, men se nan Papa l yo soti (Jan 7:16 ; 8:28 ; 12:49 ; 14:10). Li te twò renmen verite ki soti nan Bondye yo pou l ta ranplase yo ak pwòp panse pa l.
8. Nan kòmansman ministè Jezi a, ki modèl li te kite pou l montre li fè Pawòl Bondye a konfyans ?
8 Depi lè Jezi te fè sa l kòmanse ministè li a, li tou trase yon modèl. Pa egzanp, gade ki jan l te aji lè l t ap fè pèp Bondye a konnen pou premye fwa, se li menm ki Mesi yo te pwomèt la. Èske l te annik parèt devan foul moun yo, li di se li ki Kris la, epi li fè gwo mirak pou l pwouve sa ? Now. Li te ale nan yon sinagòg kote pèp Bondye a abitye li Ekriti Sakre yo. Lè l rive, li li pwofesi ki nan Izayi 61:1, 2 a byen fò, epi li esplike se sou limenm verite pwofetik sa yo akonpli (Lik 4:16-22). Pakèt mirak li te fè yo te pèmèt li montre toutbonvre Jewova t ap soutni l. Men malgre sa, li te toujou apiye sou Pawòl Bondye a nan ansèyman l t ap bay.
9. Nan fason Jezi te konn aji ak Farizyen yo, ki jan l te montre li gen yon lanmou fidèl pou Pawòl Bondye a ?
9 Lè advèsè relijye Jezi yo te konn pwovoke l, li pa t konn antre nan polemik avèk yo, menmsi l ta ka venk yo byen fasil. Olye de sa, li te kite se Pawòl Bondye a ki montre yo nan erè. Raple nou pa egzanp sa k te pase lè Farizyen yo t ap akize disip Jezi yo kòm kwa yo t ap vyole lwa sou saba a, paske yo te rache kèk zepi e yo Matye 12:1-5). Natirèlman, mesye sa yo ki santi yo jis daprè yo menm, te kapab byen li pòsyon istwa sa a ki rapòte nan 1 Samyèl 21:1-6. Si yo te fè sa, te gen yon leson enpòtan ladan l yo pa t rive konprann. Jezi bò kote pa l, pa t kontante l pou l li istwa a sèlman, li te reflechi sou sa l te li a, e li te asepte prensip ki te ladan l yo. Li te renmen prensip Jewova anseye nan pasaj sa a. Donk, li te sèvi avè l kòm yon egzanp nan Lalwa Moyiz la, pou l montre nan ki pwen Lalwa ekilibre. Menm jan an tou, atachman total Jezi te genyen pou Pawòl Bondye a te pouse l defann Pawòl sa a kont efò chèf relijye yo t ap fè pou yo tòde l nan pwòp avantaj pa yo, oswa pou yo antere l anba yon pil tradisyon lèzòm fè.
t ap manje yo pandan yo t ap pase nan yon jaden. Men repons Jezi te ba yo : “ Èske nou pa li sa David ak mesye l yo te fè lè yo te grangou ? ” (10. Ki jan Jezi te akonpli divès pwofesi ki gen rapò ak bon kalite ansèyman li yo ?
10 Jezi te tèlman renmen verite li te konn anseye yo, li pa t ap janm kontante l anseye yo pa woutin, yon fason ki pou ta fè yon moun santi l annuiye, oswa yon fason ki mekanik. Selon pwofesi ki nan Bib la, Mesi a t ava pale avèk ‘ pawòl ki gen cham ’. Wi, li t ava sèvi ak “ pawòl ki bèl ” (Sòm 45:2 ; Jenèz 49:21). Jezi te akonpli pwofesi sa yo, piske mesaj li t ap bay yo te toujou enteresan, e yo te toujou gen vi ladan yo. Kòm li te renmen verite li t ap anseye yo, li te konn itilize “ bèl pawòl ” nan ansèyman l (Lik 4:22). Pa gen dout nan sa, depi sou figi l ou wè l ap viv sa l ap di a e lè w gade je l ou wè l ap pale sou yon sijè ki enteresan anpil pou li. Se te yon reyèl plezi pou yon moun ret ap koute l, e se yon bèl egzanp nou ka suiv lè n ap pale ak lòt moun sou sa nou aprann.
11. Poukisa kapasite Jezi te genyen kòm anseyan pa t janm fè l santi l pa kamarad pèsonn ?
11 Jezi te konprann verite Bondye yo fen e byen, e se yon moun ki te konn pale. Men, èske sa te fè l santi l pa kamarad pèsonn ? Sa konn rive souvan nan ka kote se lèzòm k ap anseye. Toutfwa, nou bezwen sonje, sajès Jezi a te mache avèk krent li genyen pou Bondye. E yon sajès konsa pa kite plas pou ògèy, piske “ se lakay moun ki modès nou jwenn sajès ” (Pwovèb 11:2). Anplis de sa, te gen yon lòt bagay ki te fè Jezi pa t vin sekwa oswa ògeye.
Jezi te renmen moun li te konn anseye yo
12. Kòman Jezi te montre li pa t vle met disip li yo mal alèz ?
12 Gwo lanmou Jezi te gen pou moun, te toujou parèt klè nan fason li te konn anseye. Ansèyman l yo pa t janm met moun mal alèz. Nou pa ka di menm jan an pou ansèyman moun ki panse yo pi enpòtan pase lòt moun (Eklezyas 8:9). Apre Pyè te fin temwen youn nan mirak Jezi yo, sezisman te pran l, li pa t konn sa pou l fè, epi li met ajenou nan pye Jezi. Men Jezi pa t vle disip li yo gen yon krent egzajere pou li. Avèk jantiyès, li di : “ Ou pa bezwen pè ankò ”, e li tou pwofite mete Pyè okouran bèl travay fè disip li ta gen pou l patisipe ladan l lan (Lik 5:8-10). Jezi te vle pou se lanmou disip yo genyen pou bèl verite Bondye yo ki pou pouse yo aji. Li pa t vle pou yo aji paske yo pè anseyan yo a.
13, 14. Ki jan Jezi te montre li konn mete l nan plas lòt moun ?
13 Lanmou Jezi pou moun li t ap anseye yo te parèt klè tou nan fason l te konn mete l nan plas yo. “ Lè l wè foul moun yo, li santi kè l fè l mal pou yo, paske yo te depafini e yo te gaye Matye 9:36). Li te pran lapenn pou yo lè l wè nan ki eta yo te ye, e sa te pouse l ede yo.
tankou mouton ki san bèje. ” (14 Gade yon lòt egzanp ki montre ki jan Jezi te konn mete l nan plas lòt moun. Te gen yon fi ki te gen yon emoraji. Pandan Jezi te nan mitan yon foul moun, fi a pwoche bò kote l, li touche pwent rad Jezi, epi mirak fèt, fi a geri. Jezi te santi yon pisans soti nan li, men li pa t wè moun ki te geri a. Li te ensiste pou l jwenn fi a. Poukisa ? Se pa t pou l te kritike l paske l te vyole Lalwa oubyen paske l te vyole règ eskrib yo ak Farizyen yo te mete, tankou fi a te ka sipoze. Okontrè, li di l : “ Pitit fi m, se lafwa w ki fè w refè. Ou mèt ale ak kè poze, ou jwenn bonjan lasante anba gwo maladi w la. ” (Mak 5:25-34). Ann egzamine pawòl sa yo pou nou wè ki jan Jezi te konn mete l nan plas lòt moun. Li pa t annik di : “ Ou geri ”. Okontrè, li di : “ Ou jwenn bonjan lasante anba gwo maladi w la. ” Nan vèsè sa a, Mak sèvi ak yon mo ki kapab vle di “ bat ”, tankou yon fwèt yo konn sèvi pou bat moun. Donk, Jezi rekonèt maladi a te ka bay fi a anpil soufrans nan kò l e sa te ka fè l gen gwo lapenn. Jezi te mete l nan plas fi a.
15, 16. Bay kèk esperyans Jezi te fè pandan ministè l la ki montre se bagay ki bon li te konn chèche lakay moun.
15 Jezi te montre li renmen moun tou, lè li chèche wè sa ki bon lakay yo. Ann gade sa k te rive lè l te rankontre Natanayèl ki t apral vin yon apot. “ Jezi wè Natanayèl k ap vin bò kote l, epi men sa l di de li : ‘ Gade ! Men yon vrè Izrayelit ki pa gen tou nan manch. ’” Jezi te fè yon mirak, li te wè sa k nan kè Natanayèl, e se sa k fè li te konn anpil bagay sou li. Epoutan, sa klè Natanayèl pa t pafè. Li te gen defo pa l tankou tout moun. Dayè, lè l te tande pale de Jezi, kareman, li di : “ Ki bon bagay ki ka soti Nazarèt ? ” (Jan 1:45-51). Sepandan, menmsi yo te ka di anpil lòt bagay sou Natanayèl, Jezi te chwazi di yon bagay pozitif sou li, li te pito chita sou onètete misye.
16 Menm jan an tou, lè yon ofisye lame (petèt yon Janti, yon Women) te mande Jezi pou l geri yon esklav li ki te malad, Jezi te konnen sòlda sa a gen defo. Sanble nan epòk sa a, yon ofisye lame te konn fè anpil move zak, tankou fè vyolans, vèse san, adore fo dye. Poutan, Jezi te pito konsantre l sou yon bagay ki bon lakay li, sou fwa san parèy mesye sa a te genyen (Matye 8:5-13). Apre sa, lè Jezi t ap pale ak malfektè a yo te pann sou poto bò kote l la, li pa t repwoche misye poutèt krim li te fè yo, men li te ankouraje l, li te ba l yon espwa pou demen (Lik 23:43). Jezi te konnen byen, plede kritike moun, di bagay mal sou do moun, t ap gen yon sèl konsekans, dekouraje yo. Pa gen dout nan sa, efò Jezi te fè pou l chèche sa ki bon kay lòt moun, te konn ankouraje yo amelyore.
Li te byen dispoze sèvi lòt moun
17, 18. Ki jan Jezi te demontre li te byen dispoze sèvi lòt moun lè l te asepte misyon pou l vin sou tè a ?
17 Yon lòt gwo prèv ki montre aklè Jezi te renmen moun li t ap anseye yo, se jan li te byen dispoze sèvi yo. Anvan menm Pitit Bondye a te vin sou tè a, li te gentan gen anpil afeksyon pou limanite (Pwovèb 8:30, 31). Antanke “ Pawòl ” oswa pòtpawòl Jewova, ou mèt si, li te an kontak souvan avèk moun, e li te byen apresye sa (Jan 1:1). Sepandan, pou Jezi te ka vin anseye moun yo pi dirèk, “ li te rabese tèt li, li te pran fòm yon esklav ”, e l te kite gwo pozisyon li te gen nan syèl la (Filipyen 2:7 ; 2 Korentyen 8:9). Pandan Jezi t ap viv sou tè a, li pa t atann pou se moun k ap vin sèvi l. Okontrè, li te di : “ Pitit Gason lòm nan te vini, se pa pou [moun] sèvi l, men pou l sèvi [moun], e pou l bay nanm li kòm ranson pou anpil moun. ” (Matye 20:28). Jezi te viv ann amoni ak pawòl sa yo nètale.
18 Jezi te konn mete l osèvis moun l ap anseye yo, epi li te konn fè sa avèk imilite. Li te toujou prè pou l depanse l pou yo. Li te konn apante Latè pwomiz, li fè plizyè santèn kilomèt ap mache preche sot nan yon zòn al nan yon lòt. Se te yon fason pou l rive pale ak plis moun posib. Kontrèman ak Farizyen yo ak eskrib yo ki te ògeye, Jezi te enb, e moun te kapab abòde l fasil. Tout kalite moun te ka apwoche Jezi san kè sote. Pami yo nou jwenn zotobre, sòlda, avoka, fi, timoun, pòv, malad, e menm moun sosyete a te meprize. Menmsi Jezi te pafè, li te konn fatige tankou tout moun, e li te konn grangou. Toutfwa, menm lè l fatige oswa li santi l ta pran yon ti repo, oubyen li bezwen rete yon ti kote apa pou l lapriyè, li te konn wè avantaj lòt moun anvan l wè avantaj pa l. — Mak 1:35-39.
19. Ki modèl imilite, pasyans ak jantiyès Jezi kite nan fason li te konn aji avèk disip li yo ?
19 Jezi te dispoze sèvi disip li yo menm jan an tou. Li te fè sa nan fason li te anseye yo avèk jantiyès, avèk pasyans. Lè yo te mal pou kapte kèk ansèyman ki gen anpil enpòtans, li pa t dekouraje, li pa t konn pèdi metriz li, ni non plis li pa t konn fè yo repwòch. Li te kontinye chèche lòt fason pou l esplike yo sa l te vle yo konprann nan. Pa egzanp, ann reflechi sou kantite fwa disip yo te konn ap fè diskisyon pou konnen kiyès ki pi gran pami yo. Plizyè fwa, menm jis nan jou swa anvan yo te egzekite Jezi a, li te jwenn yon lòt fason pou l montre disip li yo nesesite pou yo enb nan fason y ap boule youn ak lòt. Sou kesyon imilite a, tankou nan tout lòt sitiyasyon, san pwoblèm, Jezi te kapab di : “ Mwen trase yon modèl pou nou .” — Jan 13:5-15 ; Matye 20:25 ; Mak 9:34-37.
20. Ki metòd ansèyman Jezi te sèvi ki te fè l pa t menm ak Farizyen yo, e poukisa metòd sa a te efikas ?
20 N ap remake, Jezi pa t annik kontante l pou l di disip li yo sa yon modèl ye, li ‘ trase modèl la ’. Li te anseye yo grasa egzanp li ba yo. Lè Jezi t ap pale ak disip li yo, li pa t konn fè yo konprann li plis pase yo, kòm kwa sa l t ap di yo fè yo, se pa bagay pou gwo li menm ta fè. Non ! Sa a se metòd Farizyen ! Dayè, men sa Jezi te di etan l t ap pale de mesye sa yo : “ Yo di, men yo pa fè. ” (Matye 23:3). Avèk imilite, Jezi te montre elèv li yo egzakteman sans ansèyman l yo. Li viv yo, li mete yo an pratik. Se konsa, lè li te ankouraje disip li yo pou yo mennen yon vi ki senp, ki libere anba tandans materyalis, yo pa t bezwen fè devinèt pou yo konprann sa l te vle di. Yo te kapab verifye pawòl sa yo Jezi te di : “ Rena yo gen tou wòch yo, e zwazo nan syèl yo gen nich yo, men Pitit Gason lòm nan pa gen kote pou l poze tèt li. ” (Matye 8:20). Jezi te mete l osèvis disip li yo lè l trase yon modèl pou yo avèk imilite.
21. Ki kesyon nou pral analize nan atik ki vin apre a ?
21 Pa gen dout nan sa, Jezi se pi gran Anseyan ki pase sou tè a ! Lanmou li te genyen pou sa l t ap anseye yo, e lanmou li te genyen pou moun li t ap anseye yo te parèt klè pou tout moun ki gen bon kè, ki te wè l, e ki te tande l. Sa parèt klè pou nou menm tou jodi a k ap etidye modèl li te trase a. Men, ki jan nou kapab suiv egzanp pafè Kris kite pou nou an ? Atik ki vin apre a pral pale sou sa.
Ki repons nou ta bay ?
• Ki baz yon bon ansèyman ? E kiyès ki te pwouve sa ?
• Kòman Jezi te demontre li renmen verite li te konn anseye yo ?
• Ki jan Jezi te montre li renmen moun li te konn anseye yo ?
• Ki egzanp ki montre Jezi te byen dispoze sèvi moun l ap anseye yo avèk imilite ?
[Kesyon]
[Foto nan paj 5]
Ki jan Jezi te montre li renmen prensip ki nan Pawòl Bondye yo ?