Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Pa janm gen yon lòt moun ki pale konsa ”

“ Pa janm gen yon lòt moun ki pale konsa ”

“ Pa janm gen yon lòt moun ki pale konsa ”

“ Tout moun t ap pale an byen de li. Yo te sezi devan bèl pawòl ki t ap soti nan bouch li. ” — LIK 4:22.

1, 2. a) Poukisa gad yo te voye al arete Jezi yo te retounen de men vid ? b) Ki jan nou fè konnen se pa sou gad yo sèlman ansèyman Jezi a te fè efè ?

GAD yo te voye yo pa t rive ranpli misyon yo. Yo te voye yo al arete Jezi, men, yo retounen de men vid. Prèt an chèf ak Farizyen yo mande yo pou yo rann kont. Yo mande gad yo : “ Poukisa menm nou pa vin avè l ? ” Se vre, poukisa gad yo pa t rive arete yon nonm ki pa t ap menm reziste ? Men sa gad yo te reponn : “ Pa janm gen yon lòt moun ki pale konsa. ” Ansèyman Jezi a te tèlman fè gwo efè sou yo, yo pa t gen kouraj pou yo arete yon nonm pezib konsa. * — Jan 7:32, 45, 46.

2 Se pa sou gad sa yo sèlman ansèyman Jezi a te fè efè. Bib la di se an foul moun te konn ale kot Jezi, sèlman pou yo te tande l ap pale. Moun nan vil kote li te fèt la ‘ te sezi lè yo wè bèl pawòl ki t ap soti nan bouch li ’. (Lik 4:22.) Li te monte plizyè fwa sou yon kannòt pou l te ka pale avèk gwo foul moun ki te vin rasanble arebò lanmè Galile a (Mak 3:9 ; 4:1 ; Lik 5:1-3). Yon lè, te gen yon “ gwo foul moun ” ki te rete avè l pandan plizyè jou, malgre yo pa t gen manje pou yo manje. — Mak 8:1, 2.

3. Ki rezon prensipal ki fè Jezi te yon anseyan san parèy ?

3 Ki sa ki fè Jezi te yon anseyan san parèy ? Rezon prensipal la, se lanmou li te gen lakay li. Li te renmen laverite li t ap anseye a, e li te renmen moun li t ap anseye yo tou. Anplis, Jezi te konn itilize yon seri de metòd ansèyman ki byen mache. Nan rès atik ki nan jounal sa a, n ap pale sou bon metòd Jezi te konn itilize, e sou fason nou ka imite l.

Li te bay yon ansèyman ki senp e ki klè

4, 5. a) Poukisa Jezi te sèvi ak mo ki senp lè l t ap anseye, e sa k fè se yon bagay ki estrawòdinè li te fè la a ? b) Ki jan Sèmon sou montay la montre Jezi te anseye yon fason ki senp ?

4 Sa rive souvan pou moun ki save sèvi ak mo moun pa konprann fasil. Men, si nou pa pale yon fason pou moun konprann, ki jan konesans nou genyen an ka sèvi yo ? Antanke anseyan, Jezi te toujou pale pou moun konprann sa l ap di. Èske nou imajine kantite mo Jezi dwe te gen nan tèt li, konsènan tout kalite sijè ? Malgre li te gen gwo konesans, se pa tèt li l te wè, men li te wè moun li t ap pale avèk yo a. Li te konnen anpil ladan yo “ se moun ki san enstriksyon, moun klas òdinè ”. (Travay 4:13.) Pou l te ka touche kè moun sa yo, li te sèvi ak mo yo ka konprann. Se vre, li te sèvi ak mo senp, men, konesans ki te anndan mo sa yo pa t piti.

5 Ann pran egzanp Sèmon sou montay la, yon diskou nou jwenn nan Matye chapit 5:3 jiska chapit 7:27. Petèt Jezi te pran 20 minit sèlman pou l bay diskou sa a. Poutan, li te anseye pwen ki pwofon sou gwo sijè, tankou adiltè, divòs ak materyalis (Matye 5:27-32 ; 6:19-34). Sepandan, li pa t sèvi ak mo ki konplike oubyen mo ki estravagan. An reyalite, nan diskou sa a, se anba redi pou w ta jwenn yon mo yon timoun pa ta ka konprann fasilman. Nan foul ki t ap tande Jezi a, te gen divès kalite moun tankou kiltivatè, gadyen bèt ak pechè pwason. Nou pa bezwen mande pou ki rezon lè l te fini, foul la “ te rete bouch ouvè devan fason li anseye ”. — Matye 7:28.

6. Bay kèk fraz ki kout Jezi te sèvi avèk yo pou l esplike koze ki senp, men ki chaje sans.

6 Jezi te sèvi souvan ak yon seri de fraz ki klè, fraz ki kout, pou l esplike koze ki senp, men ki chaje sans. Konsa, nan yon epòk yo pa t ko konn enprime liv, Jezi li menm te enprime mesaj li a ni nan kè, ni nan lespri moun ki t ap koute l yo yon fason pou l pa ka efase. Annou site kèk egzanp. Li te di : “ Pèsonn pa ka travay kòm esklav pou de mèt. [...] Nou pa kapab travay kòm esklav pou Bondye ansanm ak Larichès. ” “ Sispann jije pou yo pa jije nou. ” “ Se fwi moun sa yo pwodui k ap fè nou rekonèt yo. ” “ Si yon moun an sante, li pa bezwen doktè. Se moun malad ki bezwen doktè. ” “ Tout moun ki pran epe ap peri anba epe. ” “ Remèt Seza sa k pou Seza, men remèt Bondye sa k pou Bondye. ” “ Gen plis bonè nan bay pase nan resevwa. ” * (Matye 6:24 ; 7:1, 20 ; 9:12 ; 26:52 ; Mak 12:17 ; Travay 20:35). Jis jodi a, prèske 2000 an apre Jezi te fin di pawòl sa yo, pawòl ki fè gwo efè, se pa fasil pou moun bliye yo.

Li te sèvi ak kesyon

7. Poukisa Jezi te konn poze kesyon ?

7 Jezi te konn byen sèvi ak kesyon. Li te fè sa souvan, menm lè li te ka tou di moun yo sa l ap di a, sa ki t ap fè l pèdi mwens tan. Men, poukisa Jezi te konn poze kesyon ? Pafwa, li te konn poze kesyon ki pwofon, yon fason pou l demaske entansyon lènmi l yo, dekwa pou l fè yo fèmen bouch yo (Matye 12:24-30 ; 21:23-27 ; 22:41-46). Sepandan, nan anpil ka, Jezi te konn pran tan pou l poze kesyon, yon fason pou l anseye verite, pou l fè yon moun di sa k nan kè l e pou l ede disip li yo reflechi. Annou egzamine de egzanp, kote apot Pyè enplike nan toule de.

8, 9. Ki jan Jezi te sèvi ak kesyon pou l ede Pyè gen yon bon pwennvi sou kesyon peye taks pou tanp lan ?

8 Toudabò, annou pran ka lè pèseptè yo te mande Pyè si Jezi peye taks pou tanp lan. * Kòm Pyè se yon moun ki te twò prese pafwa, li te kouri reponn “ wi ”. Sepandan, tousuit apre, Jezi te fè yon rezònman avè l, li te di l : “ ‘ Sa w panse Simon ? Nan men kilès wa ki sou latè yo resevwa enpo oubyen taks sou tèt chak moun ? Nan men pitit pa yo oubyen nan men etranje ? ’ Lè l di : ‘ Nan men etranje ’, Jezi di l : ‘ Vrèman donk, pitit yo pa peye taks. ’ ” ​(Matye 17:24-27). Siman, Pyè te byen konprann rezon ki fè Jezi te poze kesyon sa yo. Ki sa ki fè sa ?

9 Lè Jezi te sou tè a, fanmi wa yo pa t konn peye taks. Se sa ki fè, kòm Jezi se sèl Pitit Wa ki nan syèl la, e se Wa sa a yo t ap adore nan tanp lan, nòmalman li pa t oblije peye taks. Men, remake byen olye pou Jezi annik bay Pyè bon repons lan, avèk souplès, li poze l kèk bonjan kesyon. Li te fè sa yon fason pou li ede Pyè rive gen yon bon pwennvi sou kesyon an, e petèt li te vle ede l wè li bezwen pi byen reflechi anvan l pale.

10, 11. Ki jan Jezi te reyaji lè Pyè te koupe zòrèy yon mesye jou swa fèt Pak ane 33 a, e kòman sa montre jan Jezi te konprann enpòtans poze kesyon genyen ?

10 Dezyèm egzanp lan gen rapò ak sa ki te pase jou swa fèt Pak ane 33 a, lè yon foul moun vyolan te vin arete Jezi. Disip Jezi yo te mande l si yo ta dwe batay pou li (Lik 22:49). Pyè pa menm kite Jezi reponn, li gentan rale yon epe, li koupe zòrèy yon mesye (petèt se pa zòrèy la sèlman li te gen entansyon koupe). Men, sa Pyè te fè a, se pa sa mèt la te vle, piske li te deja byen prepare l pou l rann tèt li. Ki jan Jezi te reyaji ? Avèk menm pasyans li abitye demontre a, li poze Pyè twa kesyon. Li mande l : “ Gode Papa m ban mwen an, èske m pa ta dwe bwè l kanmenm ? ” “ Oubyen èske w panse mwen pa ka rele Papa m pou l ban m plis pase douz lejyon zanj kounye a menm ? ” “ Nan ka sa a, kòman pawòl ki te ekri a ta fè akonpli, pawòl ki te di se konsa pou bagay yo fèt ? ” — Jan 18:11 ; Matye 26:52-54.

11 Annou reflechi yon ti moman sou sa k te pase a. Te gen yon foul moun an kòlè ki te antoure Jezi e li te konnen ki sa ki te chita sou do l : lave non Papa l epi sove limanite. Epoutan, li te pwofite yon moman ki apwopriye, kote l te sèvi ak kesyon pou l te grave verite ki enpòtan nan lespri Pyè. Èske sa pa montre byen klè nan ki pwen Jezi te konprann enpòtans poze kesyon genyen ?

Li te sèvi ak ipèbòl ki frapan

12, 13. a) Ki sa yon ipèbòl ye ? b) Ki ipèbòl Jezi te itilize pou l montre jan sa pa gen sans pou nou ta kritike frè nou yo poutèt ti defo yo genyen ?

12 Lè Jezi t ap preche, li te konn sèvi ak yon lòt metòd ansèyman ki efikas, yon metòd yo rele ipèbòl. Ki sa yon ipèbòl ye ? Se lè w egzajere yon bagay w ap di pou w ensiste sou yon ide. Jezi te sèvi ak ipèbòl pou l kreye, nan lespri yon moun, yon imaj moun nan pap bliye fasil. Annou egzamine kèk egzanp.

13 Nan Sèmon sou montay la, pou Jezi te ka ensiste sou ide pou yon moun “ sispann jije ” moun parèy li, li te di : “ Donk, poukisa w ap gade pay ki nan je frè w la, men ou pa egzamine pout bwa ki nan je pa w la ? ” ​(Matye 7:1-3). Èske w wè imaj la ? Yon moun ki gen tandans kritike, ap ofri tèt li pou l retire yon vyepti pay ki gen nan “ je ” frè l. Moun k ap kritike a ka pretann frè l la pa fin wè byen, donk, li pa ka fè bon jijman. Men, moun k ap kritike a ka gen yon “ pout bwa ” nan je l (yon lat oubyen yon travès yo konn sèvi pou kenbe twati yon kay) ki domaje kapasite l genyen pou l jije. Se te yon fason pou Jezi montre jan sa pa gen sans pou nou ta kritike frè nou poutèt ti defo yo genyen, alòske nou menm nou ka gen gwo defo lakay nou. Li fè sa yon fason pou nou pa janm bliye.

14. Lè Jezi te di Farizyen yo ap evite vale moustik men y ap vale chamo, sa k fè ipèbòl l sa a se yon ipèbòl ki frapan ?

14 Yon lòt lè, Jezi te denonse Farizyen yo. Li te rele yo ‘ bann gid ki avèg, k ap evite vale yon moustik men k ap vale yon chamo. ’ ​(Matye 23:24). Se yon ipèbòl frapan li te itilize la a. Sa k fè sa ? Se paske diferans ki genyen ant yon ti moustik ak yon chamo, se yon bagay ki enpresyonan anpil. Chamo se youn nan pi gwo bèt moun Jezi t ap pale avèk yo a te konnen. Daprè estimasyon yo fè, yon mwayèn chamo gen menm pwa ak 70 milyon moustik reyini ansanm ! Jezi te konnen tou Farizyen yo abitye koule diven nan yon paswa an twal. Mesye sa yo ki t ap suiv règ nan tout ti detay, te fè sa pou yo evite vale moustik, sa ki t ap fè yo enpwòp selon egzijans Lalwa. Epoutan, nan yon sans senbolik, menm yo menm nan t ap vale chamo, yon bèt ki te enpwòp tou (Levitik 11:4, 21-24). Mesaj Jezi te vle fè pase a te byen klè : Pandan Farizyen yo t ap chèche akonpli tout ti detay ki te gen nan Lalwa, yo te meprize egzijans ki pi enpòtan yo, anpalan de “ jistis, mizerikòd ak fidelite ”. (Matye 23:23.) Wi, Jezi te fè tout moun wè kiyès Farizyen yo ye toutbonvre !

15. Ki leson ipèbòl Jezi yo te pèmèt li anseye.

15 Jezi te konn sèvi byen souvan ak ipèbòl pandan tout ministè li. Ann egzamine kèk egzanp : ‘ Lafwa ki gwosè yon grenn moutad ’ kapab deplase yon mòn. Li t ap difisil pou Jezi ta jwenn yon lòt fason ki ka pi byen montre jan yon ti kras lafwa ka akonpli anpil bagay (Matye 17:20). Li te pale tou de yon gwo papa chamo k ap pase nan yon je zegui. Jezi te vle montre li difisil pou yon moun sèvi Bondye pandan l ap mennen yon vi materyalis, e li te di sa yon bèl fason (Matye 19:24). Èske w pa tonbe ann admirasyon devan imaj vivan ki gen nan pawòl Jezi yo ? Èske w pa rete bouch ouvè devan kapasite l te genyen pou l sèvi ak yon ti kantite mo pou l pwodui gwo efè ?

Li te konn fè rezònman lojik moun pa ka konbat

16. Jezi te konn sèvi ak kapasite mantal li te genyen an pou l fè ki sa ?

16 Piske Jezi te gen yon kapasite mantal ki san fay, li te fò nan fè rezònman lojik. Poutan, li pa t janm mal sèvi ak kapasite sa a. Lè l te konn ap anseye, li te konn sèvi avèk kapasite mantal li te genyen an pou l fè moun konnen laverite. Pafwa, li te konn sèvi ak gwo rezònman lojik pou l defann tèt li anba fo akizasyon lènmi l yo lage sou do l. Nan anpil ka, li te sèvi avèk rezònman lojik pou l te bay disip li yo fòmasyon ki enpòtan. Ann egzamine kapasite Jezi te genyen kòm moun ki te fò nan fè rezònman lojik.

17, 18. Ak ki rezònman lojik frapan Jezi te sèvi pou l defann tèt li kont fo akizasyon Farizyen yo te lage sou do l ?

17 Ann pran lè Jezi te geri yon mesye ki te gen demon sou li. Mesye sa a te avèg e li pa t ka pale. Lè Farizyen yo tande pale de gerizon sa a, yo di : “ Se Beyèlzeboub sèlman [anpalan de Satan], chèf demon yo, ki pou ta fè nonm sa a chase demon. ” Remake Farizyen yo te admèt yon moun bezwen yon fòs ki siperyè pou l chase demon. Sepandan, pou yo fè moun yo pa kwè nan Jezi, yo di se Satan ki ba l fòs li genyen an. Pou Jezi montre yo agiman yo a pa gen okenn baz lojik, li di yo : “ Nenpòt wayòm ki gen divizyon anndan l, gen pou l devaste. E nenpòt vil oswa nenpòt kay ki gen divizyon anndan l pap ret kanpe. ” ​(Matye 12:22-26). Anfèt, se kòmsi Jezi te di : ‘ Si, tankou jan nou di a, m ta yon ajan Satan k ap defèt sa Satan fè, se kòmsi Satan ap travay kont pwòp enterè l. Pakonsekan, li pral tonbe talè konsa. ’ Sa a se yon rezònman lojik ki frapan, se pa vre ?

18 Apre sa, Jezi pouse rezònman an pi lwen. Li te konnen gen moun nan klan Farizyen yo ki konn chase demon. Se sa ki fè, li poze yon kesyon ki byen senp men ki chavire yo. Li mande yo : “ Si se Beyèlzeboub ki fè m ap chase demon, se kilès ki fè pitit nou yo chase yo ? ” ​(Matye 12:27). Nan yon sans, men ki agiman Jezi te prezante : ‘ Si, anfèt, se pisans Satan ki fè mwen chase demon, se menm pisans sa a ki fè disip pa nou yo chase demon tou. ’ Ki sa Farizyen yo te ka di ? Yo pa t ap janm dakò disip pa yo ap aji anba pisans Satan. Avèk yon lojik moun pa ka kontredi, Jezi te montre akizasyon yo a pa kanpe sou anyen.

19, 20. a) Ki jan Jezi te sèvi ak rezònman lojik pou l bay ankourajman ? b) Pou Jezi te reponn disip li yo ki te mande l pou l aprann yo priye, ki jan li te sèvi ak yon fòm rezònman ki gen espresyon ‘ alewè pou ’ ladan l ?

19 Jezi te konn sèvi ak rezònman lojik pou l fè lènmi l yo fèmen bouch yo. Non sèlman sa, li te konn sèvi avèk yo tou pou l anseye bèl verite konsènan Jewova, verite ki bay ankourajman ak rekonfò. Plizyè fwa, li te sèvi ak yon fòm rezònman ki gen espresyon ‘ alewè pou ’ ladan l. Li te konn fè sa pou l ede moun k ap koute l yo gen plis konviksyon an rapò ak yon verite yo te deja konnen. Annou pran de sikonstans.

20 Yon lè, Jezi t ap reponn disip li yo ki te fèk mande l pou l aprann yo priye. Li te rakonte yo istwa yon moun ki tenas. Nan “ tenas ” moun nan, li rive fè yon zanmi l ki pa t gen volonte pou sa, oblije ba li sa l bezwen an. Jezi te pale tou de jan yon paran gen volonte pou l ‘ bay pitit li bonjan kado ’. Apre sa li tire yon konklizyon avèk yo, li di : “ Si nou menm, malgre nou mechan, nou konnen pou nou bay pitit nou bonjan kado, alewè pou Papa a ki nan syèl la ! Tout moun ki mande l lespri sen, l ap ba yo l.” ​(Lik 11:1-13). Konparezon Jezi te fè pase la a pa baze sou yon resanblans, men li baze sou yon diferans. Si yon zanmi, malgre li pa gen bon volonte, li bay yon vwazen l sa l bezwen, si yon paran ki pechè ka bay pitit li sa l bezwen, alewè pou Papa a ki nan syèl la ! Li pap pa bay sèvitè fidèl li yo lespri sen, alòske y ap priye l avèk imilite.

21, 22. a) Ki rezònman Jezi te fè pou l te bay konsèy sou fason pou nou debwouye nou anba pwoblèm nou ka jwenn lè n ap chèche lavi a ? b) Piske nou fin wè kèk nan metòd ansèyman Jezi yo, se ki sa nou ka di ?

21 Jezi te sèvi ak menm kalite rezònman sa a pou l te bay konsèy sou fason pou nou debwouye nou anba pwoblèm nou ka jwenn lè n ap chèche lavi a. Men sa l te di : “ Gade kaw yo byen : yo pa ni simen grenn, ni rekòlte, yo pa gen ni grenye ni depo manje, e malgre sa Bondye ba yo manje. Èske nou pa gen plis valè lontan pase zwazo ? Gade byen ki jan lis yo grandi : yo pa travay di e yo pa koud nonplis. [...] Kidonk, si se konsa Bondye abiye plant ki nan raje, ki egziste jodi a epi demen yo jete l nan fou, alewè pou nou menm, pou li pa ta abiye nou, nou menm ki gen tikras lafwa ! ” ​(Lik 12:24, 27, 28). Wi, si Jewova pran swen zwazo ak flè, alewè pou l pa ta pran swen sèvitè l yo ! Yon si bèl rezònman, yon rezònman ki si frapan, pa t ka pa touche kè moun Jezi t ap pale avèk yo a.

22 Apre nou fin wè kèk nan metòd ansèyman Jezi yo, nou ka di je fèmen, gad yo te voye al arete l yo pa t egzajere ditou lè yo te di : “ Pa janm gen yon lòt moun ki pale konsa. ” Men, metòd ansèyman pi fò moun konnen Jezi te plis konn itilize, se egzanp oubyen parabòl. Poukisa li te konn sèvi ak metòd sa a ? Ki sa ki te konn fè egzanp li yo efikas ? Se kesyon sa yo lòt atik la pral reponn.

[Nòt anba paj]

^ § 1 Petèt gad sa yo se te ajan Sanedren an yo te ye e yo te souzòd prèt an chèf yo.

^ § 6 Fraz sa a nou jwenn nan Travay 20:35 lan, se apot Pòl sèlman ki site li, kwak nou jwenn mesaj ki kache dèyè l la nan tout Evanjil yo. Petèt Pòl te tande pawòl sa a ak zòrèy li (swa nan bouch yon disip, swa nan bouch Jezi apre rezirèksyon l) oubyen li te jwenn li nan yon revelasyon. — Travay 22:6-15 ; 1 Korentyen 15:6, 8.

^ § 8 Yo te konn fè Juif yo peye yon taks chak ane pou tanp lan. Taks sa a se te de drak (ki reprezante salè de jou travay anviwon). Lajan sa a te sèvi pou antretyen tanp lan, pou sèvis yo te konn fè ladan l e pou yo ofri sakrifis chak jou an favè nasyon an.

Èske nou sonje ?

• Bay kèk egzanp ki montre Jezi te anseye yon fason ki senp e ki klè ?

• Poukisa Jezi te konn sèvi ak kesyon lè l ap anseye ?

• Ki sa yon ipèbòl ye, e ki jan Jezi te sèvi avèk metòd ansèyman sa a ?

• Ak ki fòm rezònman lojik Jezi te konn sèvi pou l anseye bèl verite konsènan Jewova ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 15]

Jezi te konn sèvi ak mo ki senp, mo moun klas òdinè ka konprann.

[Foto nan paj 16]

Farizyen yo te konn ‘ evite vale moustik, men yo te konn vale chamo ’.