Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou montre nou obeyisan etandone lafen an ap pwoche

Annou montre nou obeyisan etandone lafen an ap pwoche

Annou montre nou obeyisan etandone lafen an ap pwoche

“ Se pou [Chilo] obeyisans pèp yo ap ye. ” — JENÈZ 49:10.

1. a) Nan tan lontan, pou yon moun obeyi Jewova, ki sa sa te konn mande byen souvan ? b) Ki pwofesi Jakòb te fè anrapò ak obeyisans ?

BYEN souvan, obeyi Jewova te konn mande pou moun obeyi reprezantan l yo. Pafwa, reprezantan sa yo se te zanj, patriyach, jij, prèt, pwofèt, oswa wa. Yo te menm rele twòn wa ann Izrayèl yo twòn Jewova (1 Kwonik 29:23). Epoutan, sa fè lapenn pou wè sa, plizyè dirijan ann Izrayèl te dezobeyi Bondye, e yo te rale malediksyon ni sou yo menm, ni sou moun ki te anba dominasyon yo. Men, Jewova pa t kite fidèl li yo sanzespwa. Li te konsole yo grasa pwomès li te fè pou l enstale yon Wa ki pap janm kite moun kòwonp li, yon Wa moun ki jis yo t ava obeyi ak kè kontan (Izayi 9:6, 7). Yon ti kras tan anvan patriyach Jakòb mouri, men sa l te pwofetize konsènan chèf sa a ki gen pou vini an : “ Baton wa a pap kite Jida, ni baton kòmandan an pap kite mitan pye l, jiskaske Chilo vini. E se pou li obeyisans pèp yo ap ye. ” — Jenèz 49:10.

2. Ki sa mo “ Chilo ” a vle di, e sou ki moun dominasyon wayal Chilo a t apral etann li ?

2 “ Chilo ” se yon mo ebre ki vle di : “ Moun se pou li l ye a ”, oswa “ Moun ki mèt li a ”. Wi, sa Chilo t ap eritye a se pa t ap yon ti bagay piti, se te dwa pou l dirije ak pouvwa pou l kòmande. Se baton wa a ki te senbolize dwa pou l dirije, e se baton kòmandan an ki te senbolize pouvwa pou l kòmande. An plis de sa, se pa sou desandan Jakòb yo sèlman dominasyon wayal li a t ap etann li, men se sou moun ki soti nan tout “ pèp ”. Sa tonbe daplon ak pwomès sa a Jewova te fè Abraram : “ Semans ou pral pran posesyon pòtay lènmi l yo. E pa mwayen semans ou, tout nasyon sou tè a pap manke pa beni tèt yo. ” ​(Jenèz 22:17, 18). Jewova te konfime idantite semans sa a an lan 29 nan epòk nou an, lè l te wenn Jezi de Nazarèt avèk lespri sen. — Lik 3:21-23, 34 ; Galat 3:16.

Premye Wayòm Jezi a

3. Ki wayòm Jezi te resevwa lè l te monte nan syèl la ?

3 Lè Jezi te monte nan syèl la, li pa t kòmanse gouvène limanite tousuit (Sòm 110:1). Toutfwa, li te resevwa yon “ wayòm ” e li te gen moun k ap obeyi l. Apot Pòl te pale de wayòm sa a lè l te ekri pawòl sa yo : “ [Bondye] delivre nou [kretyen ki wen ak lespri yo] anba pouvwa fènwa a epi li transfere nou nan wayòm Pitit Gason lanmou li an. ” ​(Kolosyen 1:13). Delivrans sa a te kòmanse nan Pannkòt ane 33 nan epòk nou an, lè yo te vide lespri sen sou disip fidèl Jezi yo. — Travay 2:1-4 ; 1 Pyè 2:9.

4. Ki fason premye disip Jezi yo te montre yo obeyisan, e ki jan Jezi te rele yo antanke gwoup ?

4 Antanke “ anbasadè ki reprezante Kris ” e antanke moun ki obeyisan, disip wen Jezi yo te kòmanse rasanble lòt moun ki t apral vin “ gen menm sitwayènte ” avèk yo nan wayòm espirityèl sa a (2 Korentyen 5:20 ; Efezyen 2:19 ; Travay 1:8). An plis de sa, yo ta dwe toujou “ byen ini nan menm panse, nan menm entansyon ”, pou yo ka jwenn apwobasyon Wa yo a, Jezi Kris (1 Korentyen 1:10). Antanke gwoup, yo te vin yon “ esklav fidèl ki prevwayan ”, oswa yon entandan fidèl. — Matye 24:45 ; Lik 12:42.

Yo jwenn benediksyon paske yo obeyi “ entandan ” Bondye a

5. Depi lontan, kòman Jewova te toujou anseye pèp li a ?

5 Jewova te toujou bay pèp li a moun ki pou anseye l. Pa egzanp, apre Juif yo te retounen sot Babilòn, Ezra ak yon seri lòt mesye ki kalifye pa t annik li Lalwa Bondye a bay pèp la. Yo te “ esplike ” lwa sa a, ‘ yo te bay siyifikasyon l, e yo te kontinye fè moun konprann ’ Pawòl Bondye a. — Neyemya 8:8.

6, 7. Ki jan esklav la fè pou l bay manje espirityèl nan moman apwopriye grasa Kolèj santral li a, e poukisa li bon pou nou soumèt nou devan esklav la ?

6 Nan premye syèk nan epòk nou an, nan ane 49, lè yo te soulve kesyon sikonsizyon an, Kolèj santral la ki te alatèt esklav sa a, ki pa t la depi twò lontan, te egzamine kesyon an nan lapriyè, e li te rive jwenn yon konklizyon ki ann amoni ak Ekriti yo. Lè yo te ekri lèt pou fè konnen ki desizyon yo pran, kongregasyon yo te obeyi e Bondye te beni yo anpil (Travay 15:6-15, 22-29 ; 16:4, 5). Menm jan an tou, nan tan modèn nan, esklav fidèl la, grasa Kolèj santral li a, byen esplike yon seri kesyon enpòtan tankou kesyon netralite, kesyon san ki sakre, kesyon dwòg ak kesyon fimen (Izayi 2:4 ; Travay 21:25 ; 2 Korentyen 7:1). Jewova te rekonpanse sèvitè l yo paske yo te obeyi Pawòl li e yo te obeyi esklav fidèl la.

7 Lè pèp Bondye a soumèt li devan esklav la, se devan Mèt la, Jezi Kris, li soumèt li. Yon soumisyon konsa gen plis enpòtans toujou nan tan modèn nan, paske Jezi vin gen plis otorite, jan sa te predi nan pwofesi Jakòb te fè sou kabann li anvan l te mouri.

Chilo vin dirijan lejitim tè a

8. Ki jan e ki lè Kris te vin gen plis otorite ?

8 Pwofesi Jakòb la te predi se pou Chilo “ obeyisans pèp yo ” t ava ye. Sa klè, dominasyon Kris la pa t ap rete sèlman sou Izrayèl espirityèl la. Jis ki kote li t ap rive ? Men repons nou jwenn nan Revelasyon 11:15 : “ Wayòm monn nan vin tounen wayòm Seyè nou an ak Kris li a. E li pral gouvène kòm wa pou tout tan. ” Bib la fè konnen Jezi te resevwa otorite sa a an 1914, nan finisman “ sèt tan ” pwofetik la, “ tan ki fikse pou nasyon yo ”. * (Danyèl 4:16, 17 ; Lik 21:24.) Nan ane sa a, “ prezans ” envizib Kris la antanke Wa mesyanik te kòmanse. Nan menm moman an tou, lè a te rive pou l al “ gouvène nan mitan lènmi [l] yo ”. — Matye 24:3 ; Sòm 110:2.

9. Ki sa Jezi te fè lè li te resevwa Wayòm li an, e ki efè sa te vin genyen sou limanite, espesyalman sou disip li yo ?

9 Premye aksyon Jezi te fè apre li fin resevwa pouvwa wayal la, se te pimpe Satan, wa dezobeyisans lan, ansanm ak demon l yo, “ desann sou tè a ”. Depi lè sa a, espri mechan sa yo pa sèlman lakòz gwo malè ap frape limanite, men tou, yo aji sou monn nan yon fason ki fè li vin difisil anpil pou yon moun obeyi Jewova (Revelasyon 12:7-12 ; 2 Timote 3:1-5). Anfèt, moun Satan plis vize nan lagè l ap mennen an, se sèvitè wen Jewova yo “ k ap obsève kòmandman Bondye yo e k ap fè travay sa a : bay temwayaj pou Jezi ”. E li vize konpayon kretyen wen yo tou, anpalan de “ lòt mouton ” yo. — Revelasyon 12:17 ; Jan 10:16.

10. Se akonplisman ki pwofesi nan Bib la ki ban nou garanti Satan ap echwe nan lagè l ap mennen kont vrè kretyen yo ?

10 Men vle pa vle, Satan ap echwe kanmèm, paske nou “ nan jou Seyè a ”, e anyen pa ka anpeche Jezi “ fè viktwa l vin total ”. (Revelasyon 1:10 ; 6:2.) Pa egzanp, l ap fin met so sou 144 000 Izrayelit espirityèl yo. Epitou li pral pwoteje “ yon gwo foul moun pesonn pa t ka konte ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang ”. (Revelasyon 7:1-4, 9, 14-16.) Toutfwa, moun sa yo se sou tè a yo pral viv anba dominasyon Jezi, sa ki diferan pou wen yo, konpayon yo (Danyèl 7:13, 14). Prezans yo sou tè a jodi a deja bay bonjan prèv Chilo se Chèf “ wayòm monn nan ” li ye toutbonvre. — Revelasyon 11:15.

Se moman pou moun “ obeyi bon nouvèl la ”

11, 12. a) Ki sèl moun k ap chape lè sistèm de choz sa a ap fini ? b) Ki tanperaman ki devlope lakay moun ki kite “ lespri monn nan ” anvayi yo ?

11 Tout moun ki vle gen lavi etènèl dwe aprann obeyi, paske Bib la fè konnen aklè ‘ moun ki pa konnen Bondye e moun ki pa obeyi bon nouvèl konsènan Jezi, Seyè nou an ’ pap chape nan jou vanjans Bondye a (2 Tesalonisyen 1:8). Sepandan, anviwònman mechan n ap viv ladan l lan ak lespri rebelyon monn nan ki kont lwa ak prensip biblik yo fè li difisil anpil pou moun obeyi bon nouvèl la.

12 Etadespri sa a moun yo genyen pou yo rebele kont Bondye, Bib la rele l “ lespri monn nan ” ​(1 Korentyen 2:12). Lè apot Pòl t ap ekri kretyen Efèz yo, men ki sa l te di pou l esplike ki efè etadespri sa a gen sou moun : “ Te gen yon lè se nan bagay sa yo nou t ap mache, selon sistèm de choz monn sa a, selon chèf otorite lè a, lespri k ap aji kounye a nan pitit dezobeyisans. Wi, pami yo, te gen yon lè nou tout te konn aji ann amoni avèk dezi lachè nou, nou te konn fè yon seri bagay ni lachè ni lide te vle nou fè, e natirèlman nou te timoun kòlè, wi, menm jan ak lòt yo. ” — Efezyen 2:2, 3.

13. Kòman kretyen yo fè pou yo reziste kòmsadwa anba lespri monn nan, e ki bon rezilta sa bay ?

13 Erezman, kretyen Efèz yo pa t rete esklav lespri dezobeyisans sa a. Olye de sa, yo te soumèt yo bay lespri Bondye e yo te rekòlte bèl fwi lespri sa a ann abondans, sa ki te pèmèt yo devni pitit Bondye ki obeyisan (Galat 5:22, 23). Menm jan an tou jodi a, lespri Bondye, fòs ki pi pisan nan linivè a, ap ede plizyè milyon moun obeyi Jewova, e kòm rezilta, yo genyen “ yon asirans total kapital sou esperans lan jouk sa kaba. ” — Ebre 6:11 ; Zekarya 4:6.

14. Ki jan Jezi te mete tout kretyen ki t ava viv nan dènye jou yo okouran yon seri bagay byen presi ki t ava teste obeyisans yo ?

14 Anplis de sa, nou dwe sonje Chilo ap kore nou avèk fòs. Ni li menm, ni Papa l pap kite okenn lènmi, kit se demon kit se moun, fè obeyisans nou sibi yon eprèv ki plis pase sa nou ka sipòte (1 Korentyen 10:13). Anfèt, pou Jezi ede nou nan lagè espirityèl n ap mennen an, li te dekri yon seri pwoblèm byen presi nou ta gen pou nou rankontre pandan dènye jou sa yo. Nou jwenn sa nan sèt lèt li te bay apot Jan nan yon vizyon (Revelasyon 1:10, 11). An reyalite, yo gen konsèy ki trèzenpòtan pou kretyen ki t ap viv nan epòk sa a, men, prensipal aplikasyon yo se “ nan jou Seyè a ” ki kòmanse an 1914. Donk, li vrèman apwopriye pou nou koute mesaj sa yo avèk anpil atansyon ! *

Evite pou nou pa refwadi, evite imoralite, evite materyalis

15. Poukisa nou dwe veye pou pwoblèm ki te rive kongregasyon Efèz la pa rive nou tou, e ki jan nou ka fè sa (2 Pyè 1:5-8) ?

15 Premye lèt Jezi a, se te pou kongregasyon Efèz. Apre Jezi fin felisite kongregasyon an pou andirans li, li di : “ Toutfwa, men sa mwen genyen kont ou : ou kite lanmou w te genyen okòmansman an. ” ​(Revelasyon 2:1-4). Menm jan an tou jodi a, gen kretyen ki te zele e ki vin pèdi kokenn lanmou yo te genyen pou Bondye. Lè sa rive yon moun, sa ka febli relasyon li genyen avèk Bondye, e li dwe chèche rezoud pwoblèm sa a. Ki jan yon lanmou konsa ka retounen anfòm ankò ? Sa ki nesesè, se etid biblik regilye, asistans reyinyon, lapriyè ak meditasyon (1 Jan 5:3). Se vre, sa mande “ bonjan efò ”, men, nou mèt sèten sa vo lapenn (2 Pyè 1:5-8). Si, apre w fin egzamine tèt ou onètman, ou rann ou kont lanmou w vin refwadi, ebyen, se pou w korije sitiyasyon an tousuit. Si w fè sa, se obeyi ou obeyi Jezi ki te bay egzòtasyon sa a : “ Sonje kote w soti pou w tonbe la a, se pou w repanti e se pou w fè aksyon ou te konn fè lontan yo. ” — Revelasyon 2:5.

16. Ki move enfliyans espirityèl ki te egziste nan kongregasyon Pègam ak Tiyati, e poukisa pawòl Jezi te di konsènan kongregasyon sa yo apwopriye tou jounen jodi a ?

16 Yo te felisite kretyen ki nan kongregasyon Pègam ak Tiyati yo pou fidelite yo, pou andirans yo ak zèl yo (Revelasyon 2:12, 13, 18, 19). Epoutan, yo t ap sibi enfliyans kèk moun ki te gen menm etadespri Balaam ak Jezabèl te genyen an. N ap sonje, de mesye dam sa yo te sèvi ak imoralite seksyèl e yo te sèvi ak adorasyon Baal pou yo egzèse move enfliyans sou Izrayèl nan tan lontan an (Nonb 31:16 ; 1 Wa 16:30, 31 ; Revelasyon 2:14, 16, 20-23). Men, e pou epòk pa nou an, nan “ jou Seyè a ”, èske li klè nou jwenn menm move enfliyans sa yo ? Wi, pa gen dout nan sa, paske pami pèp Bondye a, imoralite se rezon ki plis fè moun eskli. Donk, nou pa bezwen mande jan sa enpòtan pou nou evite frekante moun ki ka gate nou, kit se anndan, kit se deyò kongregasyon an (1 Korentyen 5:9-11 ; 15:33) ! Moun ki vle viv anba dominasyon Chilo ap egzante divètisman ki pa fin kòdjòm, ansanm avèk pònografi, kit se nan liv kit se sou Entènèt. — Amòs 5:15 ; Matye 5:28, 29.

17. Ki diferans ki te genyen ant jan moun Sad yo ak moun Lawodise yo te wè kondisyon espirityèl yo ak jan Jezi li menm te wè sa ?

17 Anwetan kèk grenn moun, kongregasyon Sad la pa t jwenn felisitasyon ditou. Li te “ pote non ” oswa li te gen aparans li vivan, men li te tèlman vin refwadi, se kòmsi li te “ mouri ” dapre Jezi. Se te prèske pa woutin yo t ap obeyi bon nouvèl la. Ala yon akizasyon papa (Revelasyon 3:1-3) ! Kongregasyon Lawodise a te nan menm sitiyasyon an. Li t ap vante tèt li kòmkwa ‘ li rich ’, epoutan, nan je Kris, li te ‘ nan yon eta mizerab, li te fè moun gen pitye pou li, li te pòv, li te avèg e li te toutouni ”. — Revelasyon 3:14-17.

18. Ki jan yon moun ka evite vin tyèd espirityèlman nan je Bondye ?

18 Jodi a tou, gen kèk kretyen ki te fidèl nan tan lontan e ki vin tonbe nan menm chemen dezobeyisans lan. Petèt yo kite lespri monn nan wonyen chalè yo te genyen an, sa ki fè yo vin tyèd anrapò ak etid biblik, lapriyè, reyinyon ak predikasyon (2 Pyè 3:3, 4, 11, 12). Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou moun sa yo obeyi Kris lè yo chèche genyen richès espirityèl, wi, lè yo “ achte nan men [Kris] lò yo pirifye nan dife ” ​(Revelasyon 3:18) ! Bonjan richès sa a gen ladan l vin ‘ rich nan fè bèl zèv, vin donan epi dispoze pou pataje ’. Lè nou chèche genyen richès espirityèl sa yo ki gen anpil valè, se ranmase ‘ n ap ranmase yon trezò mete sou kote pou nou menm, yon bon fondman pou lavni, dekwa pou nou kenbe lavi toutbon an fèm. ’ —1 Timote 6:17-19.

Yo felisite yo pou obeyisans yo

19. Ki felisitasyon ak ki egzòtasyon Jezi te bay kretyen Smin yo ak kretyen Filadèlfi yo ?

19 Kongregasyon Smin ak Filadèlfi bay bèl egzanp obeyisans, paske Jezi pa fè yo okenn repwòch. Men sa l di kretyen Smin yo : “ Mwen konnen tribilasyon w ak pòvrete w, men ou rich. ” ​(Revelasyon 2:9). Se pa menm pawòl ditou ak sa l te di kretyen Lawodise yo ki t ap vante tèt yo pou richès yo genyen nan monn nan, men ki te pòv an reyalite. Natirèlman, Dyab la pa t kontan ditou pou l wè gen moun ki montre fidelite yo ak obeyisans yo pou Kris. Se sa k fè Jezi te bay avètisman sa a : “ Ou pa bezwen pè bagay ki pral fè w soufri yo. Gade ! Dyab la pral kontinye voye kèk nan nou nan prizon, pou nou ka jwenn yon eprèv total e pou nou ka jwenn tribilasyon pandan dis jou. Se pou ou montre ou fidèl menm devan lanmò, e m ap ba ou kouwòn lavi a. ” ​(Revelasyon 2:10). Menm jan an tou, Jezi te felisite chak kretyen nan Filadèlfi, li di yo : “ Ou te kenbe pawòl mwen e ou pa t trayi non mwen. M ap vini byen vit. Kontinye kenbe sa w genyen an fèm, pou pèsonn pa pran kouwòn ou. ” — Revelasyon 3:8, 11.

20. Ki jan plizyè milyon moun k ap viv jodi a montre yo kenbe pawòl Jezi a, e malgre ki sikonstans yo rive aji konsa ?

20 Nan “ jou Seyè a ” ki kòmanse an 1914, yon rès kretyen ki fidèl mete ansanm avèk konpayon yo, lòt mouton yo, ki plizyè milyon kounye a, pou yo kenbe pawòl Jezi a. Yo montre yo zele nan travay predikasyon an, e yo kenbe fidelite yo fèm. Menm jan ak frè yo ki t ap viv nan premye syèk la, gen ladan yo ki soufri paske yo obeyi Kris. Yo menm voye kèk ladan yo nan prizon oswa nan kan konsantrasyon. Gen lòt, pou yo ka obeyi sa Jezi te di a, yo kenbe ‘ je yo senp ’ malgre nan zòn kote y ap viv la, gen anpil byen materyèl e moun yo afre (Matye 6:22, 23). Wi, nan kèlkeswa anviwònman vrè kretyen yo ap viv, nan kèlkeswa sitiyasyon yo ye, yo kontinye fè Jewova kontan grasa obeyisans yo. — Pwovèb 27:11.

21. a) Ki travay espirityèl esklav la ap kontinye fè ? b) Ki jan nou ka montre nou vle obeyi Chilo toutbonvre ?

21 Tout pandan n ap pwoche pi pre gwo tribilasyon an, “ esklav fidèl ki prevwayan an ” byen deside pou l obeyi Mèt la, Kris, san l pa fè konpwomi. Sa gen ladan l prepare manje espirityèl pou kòt fanmi Bondye a. Donk, annou kontinye montre rekonesans nou pou bèl òganizasyon teyokratik Jewova a, e pou sa li ban nou. Konsa, n ap demontre nou soumèt tèt nou bay Chilo, li menm k ap bay moun ki obeyi l yo lavi etènèl kòm rekonpans. — Matye 24:45-47 ; 25:40 ; Jan 5:22-24.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Si nou vle jwenn plis esplikasyon sou pwofesi “ sèt tan ” an, gade nan chapit 10 liv Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Se Temwen Jewova yo ki pibliye liv sa a.

^ § 14 Si nou bezwen gen detay sou sèt lèt sa yo, ale nan liv La Révélation : le grand dénouement est proche ! (fransè), soti nan paj 33 a kontinye. Se Temwen Jewova yo ki pibliye liv sa a.

Èske nou sonje ?

• Ki wòl Jezi t apral jwe selon sa Jakòb te pwofetize sou kabann li anvan l mouri ?

• Ki jan n ap montre nou rekonèt Jezi kòm Chilo, e ki etadespri nou dwe evite ?

• Ki konsèy apwopriye pou epòk n ap viv la nou jwenn nan lèt yo te ekri pou sèt kongregasyon yo site nan liv Revelasyon an ?

• Ki jan nou ka imite kretyen nan tan lontan yo ki te nan kongregasyon Smin ak Filadèlfi ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 27]

Jewova beni sèvitè l yo paske yo obeyi “ entandan ” fidèl la.

[Foto nan paj 28]

Enfliyans Satan fè li difisil pou moun obeyi Bondye.

[Foto nan paj 30]

Bonjan relasyon avèk Jewova ap ede nou pou nou obeyi l.