Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘ Bay yon atansyon ki plis pase sa nou abitye bay ’

‘ Bay yon atansyon ki plis pase sa nou abitye bay ’

‘ Bay yon atansyon ki plis pase sa nou abitye bay ’

“ Nou fèt pou nou bay sa nou te tande yo yon atansyon ki plis pase sa nou abitye bay, yon fason pou anyen pa janm pote n ale. ” — EBRE 2:1.

1. Bay yon egzanp pou montre kòman lè yon moun distrè sa ka lakòz gwo dezas.

AKSIDAN otomobil touye plis pase 37 000 moun chak ane Ozetazini sèlman. Dapre sa espè yo deklare, yo te ka evite pifò nan lanmò sa yo si chofè yo te fè plis atansyon ak wout la. Gen kèk chofè ki kite afich, pankat oswa telefòn selilè distrè yo. Gen lòt menm ki pwofite manje pandan y ap kondui. Nou rann nou kont, nan tout sitiyasyon sa yo, lè yon moun distrè sa ka lakòz gwo dezas.

2, 3. Ki avètisman apot Pòl te bay kretyen ebre yo, e poukisa konsèy li a te byen tonbe ?

2 Anviwon 2 000 an anvan yo te envante otomobil, apot Pòl te site yon bagay ki te ka koze malè kretyen ebre yo si yo ta kite l distrè yo. Pòl te souliye pwen sa a : Jezi Kris, apre l fin resisite, te vin gen yon pi gwo pozisyon pase zanj yo paske li te chita adwat Bondye. Apre sa, apot la te deklare : “ Se sa k fè, nou fèt pou nou bay sa nou te tande yo yon atansyon ki plis pase sa nou abitye bay, yon fason pou anyen pa janm pote n ale. ” — Ebre 2:1.

3 Poukisa kretyen ebre yo te bezwen ‘ bay sa yo te tande konsènan Jezi yo yon atansyon ki plis pase sa yo abitye bay ’ ? Se paske sa te fè prèske 30 an depi Jezi te kite tè a. Pandan absans Mèt yo a, gen kèk kretyen ebre ki te kòmanse kite vrè lafwa a tikras pa tikras. Jidayis la, ansyen relijyon yo a, te gen tandans detounen atansyon yo.

Yo te bezwen bay sa yo te tande yo plis atansyon

4. Ki sa ki te ka fè kèk kretyen ebre anvi retounen nan relijyon jidayis la ?

4 Ki sa ki te ka fè yon kretyen anvi retounen nan relijyon jidayis la ? Ebyen, sistèm adorasyon ki te gen sou Lalwa a te gen ladan l yon seri bagay moun te ka wè. Pèp la te ka wè prèt yo e yo te ka pran sant sakrifis yo k ap boule. Toutfwa, nan kèk domèn, krisyanis la te diferan nèt. Kretyen yo te gen Jezi kris kòm Gran Prèt, men sa te fè trant an depi yo pa t wè l sou tè a ankò (Ebre 4:14). Yo te gen yon tanp, men se nan syèl la menm li te ye (Ebre 9:24). Alòske sikonsizyon ki te anba Lalwa a te fizik, sikonsizyon kretyen yo se te ‘ sikonsizyon nan kè, pa mwayen lespri ’. (Women 2:29.) Donk, pou kretyen ebre yo krisyanis la te ka kòmanse parèt yon ti jan flou.

5. Kòman Pòl te montre sistèm adorasyon Jezi te met sou pye a te pi siperyè pase sa ki te gen sou Lalwa a ?

5 Kretyen ebre yo te bezwen pran konsyans de yon bagay trèzenpòtan konsènan sistèm adorasyon Kris te met sou pye a. Sistèm sa a te plis baze sou lafwa pase sou sa moun wè, sepandan li te pi siperyè pase lwa yo te bay pa mwayen pwofèt Moyiz la. Pòl te ekri : “ Si san bouk kabrit ansanm ak san towo bèf ak sann ti gazèl bèf yo wouze moun ki te enpwòp te ka sangtifye yo jiskaske chè yo vin pwòp, ou pa bezwen mande ki jan san Kris la, ki grasa yon espri etènèl, te ofri tèt li san tach bay Bondye, pral netwaye konsyans nou pou li retire zèv ki san valè yo yon fason pou nou ka bay Bondye vivan an yon sèvis ki sakre. ” ​(Ebre 9:13, 14). Wi, padon moun ka jwenn grasa lafwa yo mete nan sakrifis Jezi Kris la pi siperyè lontan pase padon moun te ka jwenn grasa sakrifis yo te konn ofri sou Lalwa. — Ebre 7:26-28.

6, 7. a) Ki sitiyasyon ki te fè li vin ijan pou kretyen ebre yo ‘ bay sa yo te tande yo yon atansyon ki plis pase sa yo abitye bay ’ ? b) Lè Pòl te ekri lèt pou Ebre yo, konbyen tan ki te rete pou Jerizalèm detwi (Gade nòt anba paj la) ?

6 Gen yon lòt rezon ki fè kretyen ebre yo te bezwen bay sa yo te tande sou Jezi yo yon atansyon espesyal. Jezi te predi Jerizalèm ta gen pou l detwi. Li te di : “ Paske gen yon tan k ap vini sou ou, lè sa a, lènmi ou yo va bati yon gwo lantouray avèk pikèt toutotou w epi y ava ansèkle w e y ava toumante w tout kote, epi y ap vide w atè ansanm ak pitit ou yo ki nan mitan w, epi yo pap kite yon wòch kanpe sou yon lòt wòch anndan w, paske ou pa t konprann moman yo te enspekte w la. ” — Lik 19:43, 44.

7 Ki lè sa t apral rive ? Jezi pa t di ni ki jou ni ki lè. Okontrè, li te ba yo enstriksyon sa yo : “ Lè nou va wè lame ki kanpe antoure Jerizalèm, alò se pou nou konnen dezolasyon li ap mache vin pi pre. Lè sa a, se pou moun ki nan Jide kòmanse kouri al sou tèt mòn yo, epi se pou moun ki anndan l wete kò yo, epi se pou moun ki andeyò yo, pa antre anndan l ”. (Lik 21:20, 21.) Anviwon 30 an te pase depi Jezi te di pawòl sa yo, e pandan tan sa a gen kèk kretyen nan Jerizalèm ki te bliye nesesite pou yo aji vit e yo te vin distrè. Yo te vin tankou yon chofè ki pap gade kote l prale. Si yo pa t korije etadespri yo, malè t ap rive yo kanmèm. Kit yo te konprann sa, kit yo pa t konprann sa, destriksyon Jerizalèm te prèt pou rive ! * Erezman konsèy Pòl la te sekwe kretyen Jerizalèm yo ki t ap dòmi espirityèlman.

Jodi a, annou bay “ yon atansyon ki plis pase sa nou abitye bay ”

8. Poukisa nou bezwen bay verite ki gen nan Pawòl Bondye a “ yon atansyon ki plis pase sa nou abitye bay ” ?

8 Menm jan ak premye kretyen yo, nou bezwen bay verite ki gen nan Pawòl Bondye a “ yon atansyon ki plis pase sa nou abitye bay ”. Poukisa ? Paske nou menm tou nou anfas yon destriksyon ki prèt pou rive e se pa yon sèl nasyon l ap frape, men se tout yon sistèm de choz (Revelasyon 11:18 ; 16:14, 16). Natirèlman, nou pa konnen egzakteman ni ki jou ni ki lè Jewova pral fè aksyon sa a (Matye 24:36). Toutfwa, gen pwofesi biblik k ap akonpli devan je nou e ki montre yon fason klè se nan “ dènye jou yo ” n ap viv (2 Timote 3:1-5). Se sa ki fè, nou ta dwe fè atansyon ak kèlkeswa bagay ki ta ka distrè nou. Nou bezwen bay Pawòl Bondye a atansyon nou e nou pa ta dwe janm bliye nesesite pou nou aji vit. Se sèlman lè nou fè sa, n ap “ ka rive chape anba tout bagay sa yo ki dwe rive a ”. — Lik 21:36.

9, 10. a) Kòman nou kapab montre nou enterese nan bagay espirityèl ? b) Kòman Pawòl Bondye a se ‘ yon lanp pou pye nou ak yon limyè pou wout nou’ ?

9 Nan tan kritik sa a, ki jan nou ka montre nou bay bagay espirityèl yo “ yon atansyon ki plis pase sa nou abitye bay ” ? Youn nan fason nou ka fè sa, se lè nou regilye nan reyinyon yo ak nan asanble yo. Anplis de sa, nou ta dwe chofe pou n etidye Bib la pou nou ka vin pi pre Jewova, li menm ki te fè ekri l (Jak 4:8). Si nou chèche gen konesans sou Jewova pa mwayen etid pèsonèl ak reyinyon, n ap vin menm jan ak salmis la ki te di Bondye : “ Pawòl ou se yon lanp pou pye mwen, yon limyè pou wout mwen. ”— Sòm 119:105.

10 Labib sèvi kòm ‘ yon limyè pou wout nou ’ lè li di nou objektif Bondye genyen pou lavni. Li se ‘ yon lanp pou pye nou ’ tou. Sa vle di li ka ede nou konnen ki jan pou nou reyaji lè nou anfas pwoblèm lavi a ki fè nou soufri. Se poutèt sa li enpòtan pou nou “ bay yon atansyon ki plis pase sa nou abitye bay ” lè nou reyini ansanm avèk konpayon kretyen nou yo pou nou resevwa enstriksyon e lè n ap fè lekti pèsonèl nan Pawòl Bondye a. Konesans n ap ranmase yo ap ede nou pou nou pran desizyon ki saj e ki nan avantaj nou, desizyon k ap fè Jewova plezi e k ap fè kè l kontan (Pwovèb 27:11 ; Izayi 48:17). Ki sa nou ka fè pou nou rete konsantre pandan pi lontan lè nou nan reyinyon ak lè n ap fè etid pèsonèl dekwa pou nou tire pwofi o maksimòm nan dispozisyon espirityèl Bondye pran yo ?

Konsantre plis sou sa n ap tande nan reyinyon yo

11. Poukisa li pa toujou fasil pou nou rete konsantre lè nou nan reyinyon ?

11 Li pa toujou fasil pou nou rete konsantre lè nou nan reyinyon. Fasilman nou ka dekonsantre akoz yon timoun k ap kriye oswa yon retadatè k ap chèche plas pou l chita. Apre yon gwo jounen travay nou kapab fatige. Oratè ki sou estrad la gen dwa se pa youn nan meyè oratè ki genyen, e anvan nou rann nou kont de sa, nou kapab ap reve je klè, alewè menm n ap kabicha ! Etandone sijè y ap devlope nan reyinyon yo enpòtan anpil, nou ta dwe fè tout sa nou kapab pou nou ogmante kapasite konsantrasyon nou lè nou nan reyinyon. Men, kòman nou ka fè sa ?

12. Ki sa ki ka fè li pi fasil pou nou rete konsantre nan reyinyon yo ?

12 An jeneral li pi fasil pou nou rete konsantre nan reyinyon yo si nou byen prepare. Donk, poukisa nou pa rezève yon ti tan alavans pou nou reflechi sou sijè yo pral egzamine yo ? Sa pran kèk minit sèlman chak jou pou nou li e pou nou medite sou yon moso nan lekti Labib yo prevwa pou semèn nan. Avèk kèk planifikasyon nou kapab jwenn tan tou pou nou prepare etid liv ak etid Toudegad. Kèlkeswa pwogram nou chwazi, gen yon bagay ki sèten : preparasyon ap kapab ede nou pou nou konsantre sou sijè yo pral konsidere nan reyinyon yo.

13. Ki sa ki kapab ede nou pou nou rete konsantre sou sijè yo pral devlope nan reyinyon yo ?

13 Anplis yon bon preparasyon, gen kèk moun ki konstate lè yo chita toupre estrad la, li pi fasil pou yo rete konsantre. Lòt bagay ankò ki ka anpeche nou distrè, se lè nou fikse je nou sou oratè a, lè nou suiv vèsè li site yo nan bib nou, e lè nou pran nòt. Sepandan, prepare kè nou pi enpòtan lontan pase nenpòt ki teknik konsantrasyon. Nou bezwen konprann pou ki rezon nou reyini ansanm. Rezon prensipal la, se pou nou adore Jewova ansanm ak frè ak sè nou yo (Sòm 26:12 ; Lik 2:36, 37). Reyinyon yo se yon mwayen enpòtan pou nou jwenn manje espirityèl (Matye 24:45-47). Anplis de sa, yo ban nou posiblite ‘ pou youn pouse lòt gen lanmou, [pou youn pouse lòt] fè bon zèv ’. — Ebre 10:24, 25.

14. Ki sa ki ka fè yon reyinyon reyisi vrèman ?

14 Nou ka gen tandans jije kalite yon reyinyon sou baz kapasite moun k ap anseye yo. Si oratè yo anfòm, nou gen tandans di reyinyon an te bèl. Men, si nou gen enpresyon te gen ti fay nan ansèyman an, nou gen tandans di lekontrè. Se vre, moun k ap patisipe nan pwogram reyinyon kongregasyon an dwe fè tout sa yo kapab pou yo montre yo maton nan fason y ap anseye, e sitou pou yo touche kè moun yo (1 Timote 4:16). Sepandan, nou menm k ap koute, nou pa ta dwe twò kritik. Menmsi konpetans oratè yo konte, se pa sèl rezon ki fè reyinyon yo anfòm. Sa k ta dwe enterese nou an premye, se pa chèche konnen si oratè a ap bay yon bon diskou, men se si nou menm n ap byen koute. Ou pa dakò ? Lè n ap asiste reyinyon e n ap konsantre nou sou sa y ap di a, lè sa a n ap adore Bondye jan li vle l la. E se sa ki fè reyinyon yo anfòm. Si nou chofe pou nou ranmase konesans sou Bondye, n ap tire pwofi nan reyinyon yo kèlkeswa kapasite yon oratè (Pwovèb 2:1-5). Donk, annou kontinye fè tout sa nou kapab pou nou “ bay yon atansyon ki plis pase sa nou abitye bay ” lè nou nan reyinyon.

Tire yon pwofi total nan etid pèsonèl nou

15. Kòman etid ak meditasyon kapab pwofitab pou nou ?

15 Nou tire anpil pwofi nan etid pèsonèl ak meditasyon lè nou ‘ ba yo yon atansyon ki plis pase sa nou abitye bay ’. Lè nou li Labib ak piblikasyon biblik yo, e lè nou medite sou yo, sa ban nou bèl okazyon pou nou fè verite ki nan Pawòl Bondye a chita nan kè nou. Yon lòt kote, sa ap gen yon gwo efè sou fason n ap panse e sou fason n ap aji. An reyalite, sa ap ede nou pou nou jwenn plezi nan fè volonte Jewova (Sòm 1:2 ; 40:8). Se poutèt sa, nou bezwen devlope kapasite konsantrasyon nou yon fason pou l kapab byen itil nou lè n ap etidye. Li tèlman fasil pou nou distrè ! Nenpòt ti deranjman, tankou yon telefòn k ap sonnen oswa yon lòt bwi ki fèt, kapab fè nou pèdi konsantrasyon nou. Li ka difisil tou pou nou rete konsantre pandan lontan. Nou ka chita ak tout bòn volonte nou pou nou nouri nou espirityèlman, epi yon tikras tan apre lespri nou tonbe ap vagabonde. Kòman nou kapab “ bay yon atansyon ki plis pase sa nou abitye bay ” pandan n ap fè etid pèsonèl nan Pawòl Bondye a ?

16. a) Poukisa li enpòtan pou nou pwograme tan pou etid pèsonèl nou ? b) Kòman ou menm ou te kreye tan pou w etidye Pawòl Bondye a ?

16 Li pwofitab pou nou gen yon pwogram e pou nou chwazi yon kote apwopriye pou nou etidye. Pou pifò nan nou, li pa fasil pou nou jwenn yon ti tan ki rele n pa n. Parapò ak evènman k ap pase yo e ki gen tandans pote nou ale, nou ka santi nou tankou yon ti branch bwa yon rivyè ap pote ale byen vit. Vrèman, se kòmsi n ap naje monte nan yon rivyè k ap desann epi n ap chèche yon ti kote pou n kochte. Nou pa dwe chita ap tann yon okazyon pou nou etidye, san nou pa fè efò. Olye de sa, nou bezwen vin mèt sitiyasyon an, e n ap montre sa lè nou kreye tan pou nou etidye (Efezyen 5:15, 16). Gen moun ki rezève yon ti moman nan maten lè yo gen mwens posiblite pou yo distrè. Gen lòt ki twouve leswa se pi bon moman pou yo. Nou pa ta dwe bliye li enpòtan anpil pou nou chèche gen yon konesans egzak sou Bondye ak Pitit li a (Jan 17:3). Pakonsekan, annou pwograme tan pou etid pèsonèl nou epi annou respekte pwogram nou fè a.

17. Ki sa yo rele meditasyon, e ki pwofi nou jwenn lè nou medite ?

17 Li enpòtan anpil pou nou reflechi sou sa nou fin etidye. Se sa yo rele meditasyon. Lè nou medite, sa ede nou pran panse Bondye ki gen nan piblikasyon yo epi mete yo nan kè nou. Meditasyon ede nou pou nou wè kòman pou nou aplike konsèy Bib la bay yon fason pou nou kapab vin tounen “ pratikan pawòl la ”. (Jak 1:22-25.) Anplis de sa, meditasyon ap ede nou pwoche pi pre Jewova, paske sa ban nou posiblite pou nou reflechi sou kalite Jewova yo e pou nou rann nou kont ki jan kalite sa yo parèt aklè nan sijè n ap etidye a.

18. Nan ki kondisyon nou bezwen ye pou nou fè yon bon meditasyon ?

18 Pou nou tire yon pwofi total nan etid pèsonèl ak meditasyon, fòk nou pa kite anyen distrè nou. Lè n ap medite, nou bezwen bliye tout sa ki abitye distrè nou, yon fason pou nou ka kite konesans nou fèk pran an antre anndan nou. Se vre, sa mande pou nou pase yon ti tan poukont nou, toutfwa sa vrèman reba nou fòs lè nou manje manje espirityèl e lè nou bwè dlo laverite nou jwenn nan Pawòl Bondye a !

19. a) Anrapò ak etid pèsonèl, ki sa ki ede kèk moun ogmante tan konsantrasyon yo ? b) Ki atitid nou ta dwe genyen konsènan etid, e ki pwofi n ap jwenn nan aktivite enpòtan sa a ?

19 Ki sa pou nou fè si nou pa ka rete konsantre twò lontan epi lespri nou kòmanse ap vagabonde apre yon tikras tan nou fè ap etidye ? Gen moun ki twouve yo kapab ogmante kapasite konsantrasyon yo pandan y ap etidye. Men ki jan yon fè : okòmansman, yo pase yon ti tan tou kout ap etidye, epi ofiramezi tan ap pase, yo etidye pandan plis tan. Objektif nou se ta dwe pase yon bon ti tan ap etidye olye pou nou kouri rabache sa n ap etidye a. Nou bezwen mete tout kè nou nan sijè n ap egzamine a. Nou kapab fè plis rechèch lè nou sèvi ak pakèt zouti esklav fidèl ki prevwayan an ban nou. Li enpòtan anpil pou nou fouye nan “ bagay pwofon Bondye yo ”. (1 Korentyen 2:10.) Lè nou fè sa, sa ap pèmèt nou ogmante konesans nou sou Bondye epi devlope kapasite konpreyansyon nou (Ebre 5:14). Epitou, si nou etidye Pawòl Bondye a afon, n ap ‘ kalifye kòmsadwa pou nou anseye lòt moun ’. — 2 Timote 2:2.

20. Ki sa nou kapab fè pou nou devlope yon relasyon entim avèk Jewova Dye, e kòman nou kapab kenbe relasyon sa a ?

20 Asiste reyinyon epi fè etid pèsonèl ap itil nou anpil pou nou devlope e pou nou konsève yon relasyon entim avèk Jewova. Sa sanble ak sitiyasyon pa salmis la ki te di Bondye : “ Ala renmen mwen renmen lwa w ! Tout lajounen li nan lespri m. ” ​(Sòm 119:97). Annou fè tout sa nou kapab pou nou asiste reyinyon yo ak asanble yo regilyèman. Annou rachte tan pou nou etidye Labib e pou nou medite. Si nou fè sa, n ap jwenn anpil satisfaksyon, paske n ap montre nou bay Pawòl Bondye a “ yon atansyon ki plis pase sa nou abitye bay ”.

[Nòt anba paj]

^ § 7 Sanble yo te ekri lèt pou Ebre yo an 61 nan epòk pa nou an. Si se sa, se te sèlman senk an apre, lame Sestiyis Galis la te kanpe toutotou Jerizalèm. Yon tikras tan apre, lame sa a te fè demi tou, sa ki te pèmèt kretyen veyatif yo chape poul yo. Katran apre, lame women an, ki te gen jeneral Titis alatèt li, te detwi vil la.

Èske nou sonje ?

• Ki sa k fè kèk kretyen ebre te sou wout kite vrè lafwa a ?

• Kòman nou kapab rete konsantre nan reyinyon yo ?

• Ki sa ki pral ede nou tire pwofi lè n ap fè etid pèsonèl nan Bib la e lè n ap medite ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 11]

Kretyen ebre yo te dwe veyatif anrapò ak destriksyon Jerizalèm ki te prèt pou rive.

[Foto nan paj 13]

Paran yo kapab ede pitit yo tire pwofi nan reyinyon yo.