Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jèn ki tankou gout lawouze rafrechisan

Jèn ki tankou gout lawouze rafrechisan

“ Vin jwenn mwen, [...] epi m ap reba nou fòs ”

Jèn ki tankou gout lawouze rafrechisan

SAN dout Jezi Kris te panse ak jèn disip li yo tou lè l te di pawòl sa a : “ Vin jwenn mwen, [...] epi m ap reba nou fòs. ” ​(Matye 11:28). Lè pèp la te kòmanse mennen timoun yo ba li, disip li yo te eseye bloke yo. Men Jezi te di yo : “ Kite timoun yo vin jwenn mwen, pa eseye bloke yo. ” Jezi te menm ‘ pran timoun yo nan bra li, epi li kòmanse beni yo ’. (Mak 10:14-16.) Se sèten, Jezi te bay jèn yo anpil enpòtans.

Bib la pale de gason ak fi ki fidèl, menm jan li pale de jèn ak timoun piti ki bay trè bèl egzanp nan sèvis Bondye. Liv Sòm nan te predi t apral gen yon “ gwoup jèn ” ki rafrechisan tankou gout lawouze e li pale tou de “ jèn gason ” ak “ vyèj ” k ap louwe non Jewova. — Sòm 110:3 ; 148:12, 13.

Yon andwa pou jèn yo fleri

Konparezon ki fèt ant jèn yo ak gout lawouze a byen apwopriye, paske lawouze makònen ak bondans ak benediksyon (Jenèz 27:28). Gout lawouze yo agreyab e yo rafrechisan. Nan epòk prezans Kris la, yon pil jèn kretyen ofri tèt yo avèk jwa, avèk devouman. Tankou gout lawouze ki rafrechisan, anpil jèn gason ak jèn fi sèvi Bondye ak kè kontan epi yo soutni lòt adoratè parèy yo. — Sòm 71:17.

Jèn kretyen yo pa sèlman yon sous ankourajman pou lòt moun, men yo menm tou, yo jwenn ankourajman nan sèvi Bondye. Òganizasyon Bondye a ofri yon anviwònman kote yo kapab fleri. Piske yo kenbe yon nivo moral ki wo, jèn gason ak jèn fi yo gen yon relasyon entim avèk Bondye (Sòm 119:9). Anndan kongregasyon an, yo patisipe nan aktivite ki agreyab e yo jwenn bonjan zanmi, sa ki ede yo mennen yon vi ki bay satisfaksyon e ki gen yon sans.

‘ Yon gerizon ak yon rafrechisman ’

Èske jèn kretyen yo santi yo tankou “ gout lawouze ” ? Ann pran egzanp Tànya, yon jèn fi ki trè aktif nan kongregasyon l e ki byen kontan bay plis pase 70 èdtan chak mwa nan predikasyon. Kòman l santi l ? Men sa li di : “ Mwen santi m gen fòs e mwen santi m kontan. Genyen m genyen Jewova ak òganizasyon l lan nan lavi m se ‘ yon gerizon ak yon rafrechisman ’ pou mwen. ” — Pwovèb 3:8.

Aryèl, yon lòt jèn fi ki nan sèvis a plen tan, apresye manje espirityèl li resevwa anndan kongregasyon an. Men sa l di : “ Lè m al nan reyinyon oswa lè m al nan kongrè epi mwen gen posiblite manje nan tab espirityèl Jewova a, sa vrèman reban m fòs. Epi, sa fè m kontan dèske mwen konnen toupatou nan monn nan gen lòt moun k ap fè menm travay avèk mwen. ” Lè l ap pale de pi gwo sous ankourajman ki egziste, men ki sa li di : “ Sa ankouraje m anpil dèske mwen gen Jewova kòm zanmi, sitou lè m ap tande oswa lè m ap gade kòman sistèm sa a ap toufounen moun yo. ” — Jak 2:23.

A 20 an, Abichayi ap sèvi kòm sèvitè a plen tan e kòm asistan ministeryèl nan kongregasyon l. Men kòman li pale de eksperyans pa l : “ Mwen santi m kontan paske mwen konnen ki jan pou m debat anba pil pwoblèm jèn yo ap rankontre jodi a. Verite ki nan Bib la ede m pou mwen konsantre m sou sa mwen bezwen fè pou m sèvi Jewova ak tout nanm mwen. ”

Lè Antwàn te fèk antre nan adolesans li, li te konn fache pou ti krik ti krak. Yon lè, li te bay yon kondisip li yon kout chèz, epi li te foure yon kreyon nan kò yon lòt elèv. Antwàn pa t yon moun ki dou menm ! Men, ansèyman li jwenn nan Bib la fè l chanje konpòtman. Kounye a li gen 19 an, l ap sèvi kòm asistan ministeryèl e kòm minis a plen tan nan kongregasyon l. Men ki sa li di : “ Mwen remèsye Jewova poutèt li pèmèt mwen konnen l, e poutèt li ede m wè nesesite pou m gen metriz e pou m chanje konduit. Sa pèmèt mwen evite anpil pwoblèm. ”

Gen lòt moun ki remake bèl konpòtman jèn kretyen yo genyen. Mateo se yon jèn Temwen nan peyi Itali. Yon bon jou, pwofesè li deside kèlkeswa moun nan klas la ki di yon betiz, l ap gen pou l peye yon amann. Kèk tan apre, timoun yo mande pou yo anile lwa a paske, dapre sa yo di, “ li enposib pou yon moun pa di vye pawòl ”. Toutfwa, men ki sa Mateo rakonte : “ Pwofesè a te demanti yo, epi li pran m antanke Temwen Jewova kòm egzanp, li fè lwanj pou mwen devan tout klas la, paske mwen gen yon langaj ki pwòp. ”

Nan yon klas nan peyi Tayilann kote elèv yo dezòd anpil, pwofesè a rele Racha, yon ti gason ki gen 11 an, pou l vin kanpe devan klas la e li fè lòt elèv yo bat bravo pou bèl konpòtman Racha genyen, epi li di yo : “ Poukisa nou tout nou pa suiv egzanp li ? Li travay byen lekòl e li gen bon konpòtman. ” Apre sa li di elèv yo : “ Mwen panse nou ta dwe vin Temwen Jewova menm jan ak Racha, pou nou ka korije konduit nou. ”

Se yon plezi pou nou wè plizyè milye jèn kretyen k ap chèche ogmante konesans yo genyen sou Jewova e k ap fè volonte l. Jèn sa yo, ki bay bon egzanp, montre yo gen yon sajès ki depase laj yo. Bondye kapab ede yo pou yo reyisi vi yo gen kounye la a, e li pral ba yo yon pi bèl vi nan nouvo sistèm ki gen pou vini an (1 Timote 4:8). Nan sistèm kounye a ki chaje ak jèn k ap benyen nan desepsyon ak mekontantman, nan yon sistèm ki tankou yon dezè espirityèl, jèn kretyen yo tankou dlo fre k ap koule !