Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova beni moun ki obeyisan e li pwoteje yo

Jewova beni moun ki obeyisan e li pwoteje yo

Jewova beni moun ki obeyisan e li pwoteje yo

“ Kanta pou moun ki koute m, l ap viv an sekirite, l ap viv trankil, san l pa pè okenn malè. ” — PWOVÈB 1:33.

1, 2. Poukisa li enpòtan pou nou obeyi Bondye ? Bay yon egzanp.

TI POUL yo tou jòn, plim yo swa tankou vlou. Yo la ap beke grenn manje yo jwenn nan yon ti touf zèb. Yo pa menm sispèk si gen yon malfini k ap viwonnen anlè a. Bridsoukou, manman poul la pouse yon kri ak yon vwa pike pou l avèti yo, epi li louvri zèl li. Ti poul yo kouri vin jwenn li epi, an de tan twa mouvman, yo gentan kache anba plim zèl li. Malfini an menm tou kite sa. * Ki leson nou tire nan istwa sa a ? Men leson an : obeyisans ka sove lavi !

2 Leson sa a enpòtan anpil pou kretyen nan epòk nou an, paske Satan ap fè tout sa l kapab pou l fè dappiyanp sou pèp Bondye a (Revelasyon 12:9, 12, 17). Satan ap chèche detwi relasyon nou genyen ak Jewova, pou nou ka pèdi favè Jewova epi pèdi posiblite pou nou jwenn lavi etènèl (1 Pyè 5:8). Toutfwa, si nou rete pwòch Bondye, e si nou suiv san pèdi tan enstriksyon li ban nou pa mwayen Pawòl li ak òganizasyon l lan, nou kapab sèten l ap pwoteje nou. Salmis la te di sa : “ Avèk plim zèl li l ap bare wout ki mennen kote ou ye a, epi anba zèl li ou va kache. ” — Sòm 91:4.

Yo fè dappiyanp sou yon nasyon dezobeyisan

3. Etandone Izrayèl pa t sispann fè rebèl, ki konsekans sa te genyen ?

3 Lè nasyon Izrayèl la te obeyi Jewova, Jewova te toujou voye je sou li. Malerezman, plizyè fwa, Izrayelit yo te vire do bay Kreyatè yo a pou y al sèvi dye ki fèt ak bwa, dye ki fèt ak wòch, “ blòf ki pa itil e ki pa ka delivre moun ”. (1 Samyèl 12:21.) Apre yo fin pase plizyè syèk ap fè rebèl konsa, tout nasyon an te vin tèlman ap benyen nan apostazi, pa t gen reparasyon pou li ankò. Se sa k fè Jezi te pouse jemisman sa a : “ Jerizalèm, Jerizalèm, vil k ap asasinen pwofèt e k ap lapide moun yo voye kote l, se pa ni de ni twa fwa mwen te vle rasanble pitit ou yo, menm jan yon manman poul rasanble ti poul li anba zèl li ! Men, nou pa t vle sa. Gade ! Kay ou a, yo abandone l ba ou. ” — Matye 23:37, 38.

4. Nan ane 70 nan epòk nou an, sa k fè tout moun te ka wè Jewova te abandone Jerizalèm ?

4 Nan ane 70 nan epòk nou an, sa te fè lapenn pou wè ki jan Jewova te abandone Izrayèl rebèl la toutbonvre. Nan ane sa a, militè women yo, drapo yo byen wo nan men yo, drapo ki gen foto èg sou yo, debake Jerizalèm pou yo fè yon masak tèrib. Lè sa a, vil la te chaje ak moun ki te vin fete fèt Pak. Men, pil sakrifis yo t ap fè yo pa t pèmèt yo jwenn favè Bondye. Nan moman detrès sa a, yo pa t ka pa sonje pawòl sa yo Samyèl te di Sayil, wa dezobeyisan an : “ Èske menm plezi Jewova jwenn nan olokos ak sakrifis se menm plezi sa a tou li jwenn lè yon moun obeyi vwa Jewova ? Gade ! Obeyi gen plis valè pase sakrifis, epi lè yon moun konn koute, sa gen plis valè pase grès belye. ” — 1 Samyèl 15:22.

5. Ki kalite obeyisans Jewova mande, e ki sa ki montre li posib pou nou manifeste yon obeyisans konsa ?

5 Byenke Jewova pa janm sispann mande pou moun obeyi l, li rekonèt nou gen limit nou antanke moun ki enpafè (Sòm 130:3, 4). Li mande pou nou sensè, e li mande pou obeyisans n ap ba li a chita sou lafwa, sou lanmou ak sou krent nou genyen pou nou pa fè l fache, krent ki pwofitab pou nou (Detewonòm 10:12, 13 ; Pwovèb 16:6 ; Izayi 43:10 ; Mika 6:8 ; Women 6:17). Egzanp ‘ yon gwo nyaj temwen ki t ap viv sou tè a anvan Kris ’ montre li posib pou nou manifeste yon obeyisans konsa. Temwen sa yo te rete entèg devan eprèv tèrib, e menm devan lanmò (Ebre 11:36, 37 ; 12:1). Se pa ti kontan yo te fè kè Jewova kontan (Pwovèb 27:11) ! Malerezman, gen lòt moun ki te fidèl okòmansman epi, rive yon lè, yo sispann aji kòm moun ki obeyisan. Yewoach, yon wa peyi Jida tan lontan an, se youn ladan yo.

Move frekantasyon lage yon wa nan tchouboum

6, 7. Ki jan de wa Yewoach te ye tout pandan Yewoyada te vivan ?

6 Ti moso yo te asasinen wa Yewoach lè li te tou piti. Lè Yewoach te vin gen setan, Yewoyada, gran prèt la, te met gason sou li pou l te fè Yewoach soti nan kachèt li te ye a e pou l te fè l wa. Yewoyada, yon nonm ki te krenn Bondye, te sèvi kòm yon papa ak yon konseye pou Yewoach. Kòm rezilta, jèn wa a “ te kontinye fè sa ki dwat nan je Jewova, pandan tout peryòd Yewoyada te prèt ”. — 2 Kwonik 22:10–23:1, 11 ; 24:1, 2.

7 Pami bon aksyon Yewoach te fè, nou ka site reparasyon tanp Jewova a, yon aksyon ‘ kè Yewoach te pouse l fè ’. Li te raple Yewoyada, gran prèt la, nesesite pou yo ranmase enpo pou tanp lan nan Jida ak Jerizalèm, jan ‘ Moyiz te preskri sa ’, pou yo ka jwenn lajan pou travay reparasyon yo. Sanble Yewoyada te reyisi fè jèn wa a etidye Lalwa Bondye epi mete l an pratik. Kòm rezilta, reparasyon tanp lan ak preparasyon batri kuizin pou tanp lan te fini byen vit. — 2 Kwonik 24:4, 6, 13, 14 ; Detewonòm 17:18.

8. a) Ki sa ki te plis fè Yewoach pèdi favè Bondye ? b) Finalman, ki kote dezobeyisans wa a te mennen l ?

8 Malerezman, Yewoach pa t kontinye obeyi Jewova. Poukisa ? Men sa Pawòl Bondye a di nou : “ Apre lanmò Yewoyada, prens Jida yo vini pou yo te ka pwostène devan wa a. Lè sa a wa a te koute yo. E tikras pa tikras, yo vin kite mezon Jewova, Bondye zansèt yo a, epi yo kòmanse sèvi poto sakre ak zidòl. Sa te vin fè te gen endiyasyon kont Jida ak Jerizalèm, akoz aksyon koupab sa a yo te komèt la. ” Move enfliyans prens Jida yo te fè wa a bouche zòrèy li pou l pa koute pwofèt Bondye yo. Youn ladan yo se te Zekarya, pitit gason Yewoyada, ki te gen ase kran pou l kondane Yewoach ak pèp la pou dezobeyisans yo. Olye pou Yewoach repanti, li pito fè touye Zekarya anba kout wòch. Vrèmanvre, Yewoach te vin tounen yon nonm dezobeyisan, yon nonm san kè, tout sa paske li te pran nan pyèj move frekantasyon ! — 2 Kwonik 24:17-22 ; 1 Korentyen 15:33.

9. Fason istwa Yewoach ak prens yo fini an montre nou dezobeyisans se yon foli. Esplike.

9 Piske Yewoach ansanm ak tout akolit li yo, prens mechan yo, te abandone Jewova, ki sa k te rive yo ? Fòs lame Siryen yo, yon “ ti kantite moun ”, te anvayi Jida epi “ yo elimine tout prens pèp la ”. Anplis de sa, anvayisè yo te fòse wa a pou l bay tout sa l te posede ansanm ak lò ak ajan ki te gen nan tanp lan. Se vre Yewoach te chape vivan, men li te vin tounen yon nonm ki pèdi fòs, yon nonm malad. Yon ti kras tan apre, pwòp sèvitè l yo monte yon konplo, yo asasinen l (2 Kwonik 24:23-25 ; 2 Wa 12:17, 18). Sa montre Jewova pa t bay manti lè l te di Izrayèl pawòl sa yo : “ Si w pa koute vwa Jewova, Bondye w la, sa vle di si w pa veye pou w pratike tout kòmandman l yo ak dekrè lwa l yo [...] malediksyon pap manke pa vin sou ou epi frape w sanzatann. ” — Detewonòm 28:15.

Obeyisans sove lavi yon sekretè

10, 11. a) Poukisa li itil pou nou reflechi sou konsèy Jewova te bay Bawouk la ? b) Ki konsèy Jewova te bay Bawouk ?

10 Èske pafwa ou konn santi w dekouraje paske, pami moun ou rankontre nan predikasyon, se yon tikras ki enterese nan bon nouvèl la ? Èske pafwa ou konn santi w anvye jan de vi y ap mennen an, paske yo gen lajan e yo anmezi pou yo ofri tèt yo tout sa k fè yo plezi ? Si se ka pa w, reflechi sou egzanp Bawouk, sekretè Jeremi an, e reflechi sou yon konsèy Jewova te ba li avèk amou.

11 Jewova te konsantre atansyon l sou Bawouk nan moman Bawouk t ap ekri yon mesaj pwofetik. Poukisa ? Se paske Bawouk te kòmanse plenyen sò l e li te kòmanse ap fè kalkil pou l jwenn yon bagay ki miyò pase privilèj li te genyen nan sèvis Bondye. Jewova te wè etadespri Bawouk ap chanje e se sa ki fè li te ba l konsèy sa a ki klè e ki t ap bon pou li : “ Ou kontinye ap chèche gwo zafè pou ou. Pa kontinye chèche. Paske mwen gen yon malè m ap voye sou tout kreyati, [...] e mwen va ba ou nanm ou kòm yon byen, tout kote ou gen pou w ale. ” — Jeremi 36:4 ; 45:5.

12. Poukisa nou pa ta dwe ap chèche “ gwo zafè ” pou nou menm nan sistèm sa a ?

12 Èske ou santi nan pawòl Jewova te di Bawouk yo ki jan l te gen sousi pou bon gason sa a ki te sèvi l ak anpil fidelite e ak anpil kouraj bò kote Jeremi ? Menm jan an tou jodi a, Jewova gen anpil sousi pou moun ki anvi lage kò yo nan aktivite yo panse k ap fè yo fè plis kòb nan sistèm sa a. Erezman, menm jan ak Bawouk, anpil nan yo rele sou kò yo, lè lòt frè ki gen matirite chèche redrese yo avèk amou (Lik 15:4-7). Wi, se pou nou tout rekonèt pa gen okenn avni pou moun k ap chèche “ gwo zafè ” pou yo menm nan sistèm sa a. Non sèlman moun sa yo pap ka jwenn vrè bonè a, men sa ki pi rèd la, y ap detwi talè konsa ansanm avèk monn sa a ak tout dezi li yo. — Matye 6:19, 20 ; 1 Jan 2:15-17.

13. Ki leson istwa Bawouk la anseye nou sou imilite ?

13 Istwa Bawouk la anseye nou tou yon bèl leson sou imilite. Remake Jewova pa t konseye Bawouk dirèkteman. Li te sèvi ak Jeremi e Bawouk te byen konnen enpèfeksyon Jeremi ak vye mani li te genyen (Jeremi 45:1, 2). Malgre sa, Bawouk pa t kite ògèy anvayi l, men avèk imilite, li te rekonèt se Jewova ki ba l konsèy la (2 Kwonik 26:3, 4, 16 ; Pwovèb 18:12 ; 19:20). Donk, si nou ta ‘ fè yon fopa anvan nou pran konsyans de sa ’ epi nou jwenn konsèy ki baze sou Pawòl Bondye, se pou nou imite matirite Bawouk, disènman li ak imilite li. — Galat 6:1.

14. Poukisa li nan enterè nou pou nou obeyi moun k ap dirije nou yo ?

14 Si nou manifeste jan de imilite sa a, sa ap ede moun k ap konseye nou yo tou. Annefè, men ki sa Ebre 13:17 deklare : “ Se pou n obeyi moun k ap dirije nou yo, e se pou n soumèt nou, paske y ap veye tout tan sou nanm nou kòm moun ki gen kont pou rann, dekwa pou yo fè l ak lajwa e non pa nan plenyen, paske sa t ava mal pou nou. ” Se tout tan ansyen yo ap sipliye Jewova pou l ba yo kouraj, sajès ak souplès ki nesesè pou yo ka akonpli aspè difisil sa a nan travay yo antanke bèje. Annou “ rekonèt valè jan de moun sa yo ”. — 1 Korentyen 16:18.

15. a) Ki jan Jeremi te montre li fè Bawouk konfyans ? b) Ki rekonpans Bawouk te jwenn dèske li te obeyi ak imilite ?

15 Èske Bawouk te korije etadespri li ? Nou sèten li te fè sa, paske Jeremi te vin konfye li yon misyon ki pa t fasil ditou : ale nan tanp lan epi li mesaj jijman Jeremi te dikte l la byen fò. Èske Bawouk te obeyi ? Wi, li te fè “ tout sa pwofèt Jeremi te òdone l pou l fè ”. Li te menm al li mesaj sa a deyò tanp lan, pou prens Jerizalèm yo te ka tande. Vrèman, sa te mande anpil kouraj (Jeremi 36:1-6, 8, 14, 15) ! Lè vil la te vin tonbe anba men Babilonyen yo, anviwon 18 an apre, imajine nan ki pwen Bawouk dwe te kontan ! Annefè, li te chape vivan paske li te koute konsèy Jewova te ba li e li te sispann chèche “ gwo zafè ” pou li menm. — Jeremi 39:1, 2, 11, 12 ; 43:6.

Obeyisans sove lavi moun nan yon vil yo ansèkle

16. Lè Babilonyen yo te ansèkle Jerizalèm an 607 anvan epòk nou an, ki jan Jewova te montre li gen konpasyon pou Juif ki t ap viv nan vil sa a ?

16 Lè lafen an te rive pou Jerizalèm an 607 anvan epòk nou an, tout moun te ka wè yon lòt fwa ankò Bondye gen konpasyon pou moun ki obeyisan. Nan moman menas la vin pi rèd, Jewova di Juif yo : “ Gade ! M ap mete chemen lavi ak chemen lanmò devan nou. Moun ki ret chita nan vil sa a, l ap mouri anba epe, anba grangou, anba lapès. Men, moun ki sot deyò e ki janbe al jwenn Kaldeyen yo ki ansèkle nou, moun sa a ap kontinye viv e, wè pa wè, l ap gen nanm li kòm byen pa l. ” ​(Jeremi 21:8, 9). Kwak moun ki t ap viv nan Jerizalèm yo te merite detwi, Jewova te montre li gen konpasyon pou moun ki obeyi li, menm nan dènye moman sa a, nan moman kritik sa a. *

17. a) Jewova te di Jeremi pou li mande Juif yo pou yo “ janbe al jwenn ” Kaldeyen yo. Ki de rezon ki fè se te yon eprèv pou obeyisans Jeremi ? b) Ki jan nou ka tire pwofi de egzanp Jeremi ki te obeyi avèk kouraj ?

17 Mande Juif yo pou yo rann tèt yo, se te sètènman yon eprèv tou pou obeyisans Jeremi. Youn nan rezon yo, se paske li te jalou pou non Bondye. Li pa t vle, si lènmi yo pote laviktwa, pou yo ta meprize non Bondye, e pou yo ta panse se vye idòl san vi yo ki ba yo viktwa sa a (Jeremi 50:2, 11 ; Lamantasyon 2:16). Anplis de sa, Jeremi te konnen li mete vi li an danje lè l ap di moun yo pou yo rann tèt yo, paske anpil moun t ap entèprete pawòl li yo kòm pawòl k ap ankouraje rebelyon. Toutfwa li pa t kraponnen, men li te fè konnen deklarasyon Jewova yo e li te fè sa avèk obeyisans (Jeremi 38:4, 17, 18). Menm jan ak Jeremi, nou menm tou n ap preche yon mesaj moun pa renmen tande, e se pou menm mesaj sa a yo te meprize Jezi (Izayi 53:3 ; Matye 24:9). Donk, annou bat pou nou pa “ tranble devan moun ”. Men, menm jan ak Jeremi, annou obeyi Jewova avèk kouraj epi ann mete tout konfyans nou nan li. — Pwovèb 29:25.

Obeyisans nan moman atak Gòg la

18. Ki eprèv sèvitè Jewova yo gen pou yo sibi, eprèv ki vize obeyisans yo ?

18 Talè konsa, tout sistèm mechan Satan an pral disparèt nan yon “ gwo tribilasyon ” ki pa t janm gen parèy li anvan sa (Matye 24:21). Sètènman, ni anvan moman sa a, ni pandan moman sa a, sèvitè Bondye yo pral sibi gwo eprèv k ap vize lafwa yo ak obeyisans yo. Pa egzanp, Bib la fè nou konnen Satan, k ap aji antanke “ Gòg ki sot nan peyi Magòg ”, pral mete tout lame li yo deyò pou l fè yon kokenn atak sou sèvitè Jewova yo. Lame sa yo tankou “ yon fòs ame ki gen anpil moun [...], tankou nyaj k ap kouvri peyi a ”. (Ezekyèl 38:2, 14-16.) Sèvitè Bondye yo, ki pap anpil e ki pap gen zam, va chèche refij anba “ plim zèl ” Jewova, ki li menm va louvri “ plim zèl ” li pou l pwoteje moun ki obeyisan yo.

19, 20. a) Lè yo te rive nan lanmè Wouj, poukisa li te enpòtan anpil pou Izrayelit yo montre yo obeyisan ? b) Ki byenfè nou ka jwenn jodi a si nou reflechi sou sa ki te pase nan lanmè Wouj la e si nou lapriyè sou sa ?

19 Sitiyasyon sa a fè nou sonje lè pèp Izrayèl la t ap soti ann Ejip. Apre Jewova te fin frape peyi Ejip ak dis plè ki te fè ravaj nan peyi a, li pa t fè pèp li a pase nan wout ki pi kout la pou l mennen l nan Latè pwomiz, men li te fè l desann al pase nan lanmè Wouj, kote yo te ka kwense yo fasil, si yo ta atake yo. Selon taktik militè, se te yon deplasman ki t ap fini an katastwòf. Si ou te la lè sa a, èske ou t ap obeyi pawòl Jewova te mete nan bouch Moyiz ? Èske ou t ap desann ale nan lanmè Wouj avèk konfyans, menmsi ou ta konnen Latè pwomiz se nan yon lòt direksyon li ye ? — Egzòd 14:1-4.

20 Lè nou li nan Egzòd chapit 14, nou wè ki jan Jewova te montre fòs li yon fason ki estrawòdinè e li te delivre pèp li a. Vrèmanvre, jan de istwa sa yo pa ka pa fòtifye lafwa nou, si nou pran tan pou nou etidye yo e pou nou medite sou yo (2 Pyè 2:9). E lè nou vin gen yon fwa ki solid, sa ap ranfòse detèminasyon nou pou nou obeyi Jewova, menm lè egzijans li yo ta sanble yo depaman ak rezònman lèzòm (Pwovèb 3:5, 6). Donk, mande tèt ou : ‘Èske m ap travay pou m fè lafwa m vin pi solid ? Èske, nan objektif sa a, mwen etidye Labib afon, mwen lapriyè, mwen medite epi mwen frekante pèp Bondye a regilyèman ? ’ — Ebre 10:24, 25 ; 12:1-3.

Obeyisans fè nou gen espwa

21. Ki rekonpans moun ki obeyi Jewova yo ap jwenn ni jodi a ni demen ?

21 Moun ki pran abitid obeyi Jewova, yo wè Pwovèb 1:33 akonpli nan lavi yo. Vèsè sa a di : “ Kanta pou moun ki koute m [avèk obeyisans], l ap viv an sekirite, l ap viv trankil, san l pa pè okenn malè. ” Vrèmanvre, pawòl rekonfòtan sa yo pral akonpli yon fason estrawòdinè nan jou vanjans Jewova a, jou ki gen pou vini an ! Wi, Jezi te di disip li yo : “ Lè bagay sa yo kòmanse rive, kanpe dwat epi leve tèt nou, paske delivrans nou ap pwoche. ” ​(Lik 21:28). Pa gen dout sou sa, se sèlman moun ki abitye obeyi Bondye k ap kapab obeyi pawòl sa yo avèk konfyans. — Matye 7:21.

22. a) Poukisa sèvitè Jewova yo gen rezon pou yo fè l konfyans ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

22 Men yon lòt rezon ankò nou genyen pou nou fè Jewova konfyans : “ Jewova, Souvren Seyè a, pap fè yon bagay san li pa t devwale sekrè li bay sèvitè l yo, pwofèt yo. ” ​(Amòs 3:7). Jodi a, Jewova pa enspire okenn pwofèt, jan li te konn fè sa nan tan lontan. Okontrè, li mandate yon gwoup moun, yon esklav fidèl, pou bay kòt fanmi li a manje espirityèl nan moman apwopriye (Matye 24:45-47). Kidonk, li enpòtan anpil pou nou montre nou obeyisan devan “ esklav ” sa a. Jan atik ki vin apre a pral fè nou wè sa, obeyisans sa a se yon siy tou ki montre ki jan nou konsidere Jezi, mèt “ esklav ” la. Se pou li “ obeyisans pèp yo ap ye ”. — Jenèz 49:10.

Èske nou sonje ?

• Etandone Izrayèl pa t sispann fè rebèl, ki konsekans sa te genyen ?

• Ki enfliyans moun wa Yewoach t ap frekante yo te gen sou li, ni lè l te jèn, ni lè l te vin granmoun ?

• Ki leson egzanp Bawouk la anseye nou ?

• Alòske lafen sistèm de choz sa a ap pwoche, poukisa pèp Jewova a ki obeyisan pa gen anyen pou li pè ?

[Kesyon]

[Nòt anba paj]

^ § 1 Yo abitye pran manman poul pou yon bèt ki kapon. Poutan, yon òganizasyon ki la pou pwoteje bèt pibliye yon liv ki deklare : “ Yon manman poul ka goumen jiskaske li mouri pou l anpeche malè rive ti poul li yo. ”

^ § 16 Jeremi 38:19 montre gen kèk Juif ki te “ janbe al jwenn ” Kaldeyen yo. Yo te chape anba lanmò, men yo te mennen yo ann egzil. Nou pa konnen si se konsèy Jeremi an yo te suiv epi yo te rann tèt yo. Toutfwa, yo pa t pèdi lavi yo, e sa pwouve pwofèt la pa t bay manti.

[Foto nan paj 22]

Lè Yewoach te jèn, li te konn obeyi Jewova grasa konsèy Yewoyada te konn ba li.

[Foto nan paj 24]

Move frekantasyon te pouse Yewoach fè touye pwofèt Bondye a.

[Foto nan paj 25]

Èske ou t ap obeyi Jewova ? Èske ou t ap rann temwayaj pou pisans estrawòdinè li genyen, pisans ki kapab sove moun ?