Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kontinye mete bagay nou aprann yo an pratik

Kontinye mete bagay nou aprann yo an pratik

Kontinye mete bagay nou aprann yo an pratik

“ Bagay nou te aprann yo, ansanm ak sa nou te asepte yo, sa nou te tande yo ak sa nou te wè yo, ki gen rapò avèk mwen, mete yo an pratik. Konsa, Bondye lapè a ap avèk nou. ” — FILIPYEN 4:9.

1, 2. An jeneral, èske Bib la egzèse yon enfliyans sou lavi moun ki di y ap sèvi Bondye ? Esplike.

“ RELIJYON ap pran pye, moralite ap pèdi pye ”. Tit sa a te parèt nan yon bilten ki rele Emerging Trends e li byen rezime rezilta yon ankèt nasyonal yo te fè Ozetazini. Sanble nan peyi sa a, te vin gen plis moun k al legliz e ki fè konnen relijyon gen yon plas enpòtan nan lavi yo. Toutfwa, men ki sa rapò a deklare : “ Malgre gwo chif sa yo, anpil Ameriken ap mande tèt yo èske vrèman relijyon gen yon enfliyans sou lavi moun yo e sou sosyete a an jeneral. ”

2 Se pa yon grenn peyi ki nan sitiyasyon sa a. Nan lemonnantye, anpil moun ki di yo kwè nan Bib la e k ap suiv yon relijyon pa kite Bib la dirije lavi yo toutbonvre (2 Timote 3:5). Men ki sa chèf yon gwoup rechèch deklare : “ Jiska prezan nou gen anpil estim pou Bib la. Men, kanta pou nou pran tan pou nou li l, etidye l epi mete l an pratik, sa pa alamòd ankò. ”

3. a) Ki sa ki montre Bib la gen yon enfliyans sou lavi vrè kretyen yo ? b) Ki jan disip Jezi yo mete konsèy Pòl te bay nan Filipyen 4:9 la an pratik ?

3 Toutfwa, sitiyasyon an diferan lakay vrè kretyen yo. Yo menm, yo aplike konsèy yo jwenn nan Pawòl Bondye a, e kòm rezilta, mantalite yo ak konpòtman yo vin chanje. E lòt moun kapab wè fasilman yo gen yon lòt pèsonalite (Kolosyen 3:5-10). Pou disip Jezi yo, Bib la pa yon liv ki pou ap manje pousyè sou yon etajè. Okontrè, men ki sa apot Pòl te di kretyen Filip yo : “ Bagay nou te aprann yo, ansanm ak sa nou te asepte yo, sa nou te tande yo ak sa nou te wè yo, ki gen rapò avèk mwen, mete yo an pratik. Konsa, Bondye lapè a ap avèk nou. ” ​(Filipyen 4:9). Kretyen yo pa sèlman kwè nan verite ki nan Pawòl Bondye a. Yo aji ann amoni ak sa yo aprann yo e yo kontinye aplike konsèy biblik yo nan lavi fanmi yo, nan travay yo, nan kongregasyon yo ak nan tout lòt domèn nan lavi yo.

4. Poukisa li difisil pou nou mete lwa Bondye yo an pratik ?

4 Li pa fasil pou nou mete lwa ak prensip Bondye yo an pratik. N ap viv nan yon monn ki anba pouvwa Satan Ledyab, e dapre Bib la, se li ki “ dye sistèm de choz sa a ”. (2 Korentyen 4:4 ; 1 Jan 5:19.) Se poutèt sa, li enpòtan anpil pou nou veye pou anyen pa anpeche nou kontinye rete entèg devan Jewova Dye. Men, ki jan nou ka rete entèg ?

Rete kole sou “ modèl pawòl ki pwofitab yo ”

5. Lè Jezi te di “ suiv mwen nètale ”, ki sa li te vle di ?

5 Mete sa nou aprann yo an pratik mande pou nou soutni vrè adorasyon an fidèlman, menm lè nou jwenn opozisyon nan men enkwayan yo. Nou pap ka andire san nou pa fè efò. Jezi te di : “ Si yon moun vle mache dèyè m, se pou l renye tèt li, se pou l pran poto soufrans li e se pou l suiv mwen nètale. ” ​(Matye 16:24). Jezi pa di nou dwe suiv li sèlman pandan yon semèn, yon mwa oswa on ane, okontrè li di : “ Suiv mwen nètale ”. Pawòl Jezi yo montre nou pa ka disip li sèlman pandan yon ti peryòd nan vi nou oswa gen yon atachman pou li pou de twa jou sèlman. Si nou vle montre nou gen yon atachman san fay pou vrè adorasyon an, fòk nou pèsevere fidèlman nan chemen nou chwazi a, kèlkeswa sa k rive. Kòman nou ka fè sa ?

6. Pòl te anseye premye kretyen yo yon modèl pawòl ki pwofitab. Ki sa modèl sa a ye ?

6 Men ki ankourajman Pòl te bay Timote, konpayon travay li : “ Kontinye konsève modèl pawòl ki pwofitab yo, sa ou te tande nan bouch mwen yo, ansanm ak lafwa ak lanmou ki gen rapò ak Kris Jezi. ” ​(2 Timote 1:13). Ki sa Pòl te vle di ? Mo “ modèl ” ki nan vèsè sa a se tradiksyon yon mo grèk ki gen rapò dirèkteman ak premye chema yon atis fè anvan l fè yon tablo. Menm si chema sa a pa gen anpil detay ladan l, rebò imaj yo parèt byen klè. Konsa, yon moun ki byen gade ka gentan konprann ki jan tablo a pral soti. Menm jan an tou, modèl laverite sa a Pòl te anseye Timote ansanm ak kèk lòt moun, pa t la pou bay yon repons presi pou chak kesyon yon moun ka poze. Men, menm jan ak premye chema yon atis, gwoup ansèyman sa yo bay ase enstriksyon pou moun ki sensè yo ka konprann sa Jewova vle yo fè. Natirèlman, pou yo fè Bondye plezi, li t apral nesesè pou yo rete kole sou modèl laverite sa a. Se poutèt sa yo te dwe mete sa yo aprann yo an pratik.

7. Ki jan kretyen yo ka montre yo rete kole sou modèl pawòl ki pwofitab yo ?

7 Nan premye syèk la, te gen yon seri moun tankou Imene, Aleksann ak Filèt ki t ap pwopaje kèk ansèyman ki pa t konfòm ak “ modèl pawòl ki pwofitab yo ”. (1 Timote 1:18-20 ; 2 Timote 2:16, 17.) Ki sa premye kretyen yo te ka fè pou aposta yo pa t twonpe yo ? Yo te dwe etidye ekriti enspire yo afon e yo te dwe mete yo an pratik nan lavi yo. Moun ki t ap suiv egzanp Pòl e ki t ap suiv egzanp kèk lòt sèvitè fidèl te anmezi pou yo rekonèt e pou yo rejte tout sa ki pa t ann amoni ak modèl laverite yo te anseye yo a (Filipyen 3:17 ; Ebre 5:14). Olye pou moun sa yo vin ‘ malad mantalman paske y ap plede poze kesyon e y ap fè gwo diskisyon sou mo ’, yo te kontinye avanse nan bon chemen yo te chwazi a, chemen atachman pou Bondye a (1 Timote 6:3-6). Se menm bagay la nou fè lè nou kontinye mete sa nou aprann yo an pratik. Vrèman, sa fòtifye lafwa nou lè nou wè plizyè milyon moun k ap sèvi Jewova toupatou sou latè ! Wi, sa fòtifye lafwa nou lè nou wè moun sa yo kontinye rete byen kole sou modèl laverite yo te aprann nan Bib la ! — 1 Tesalonisyen 1:2-5.

Rejte “ lejann ” yo

8. a) Pa ki mwayen Satan ap chèche kraze lafwa nou jodi a ? b) Ki avètisman Pòl ban nou nan 2 Timote 4:3, 4 ?

8 Satan ap chèche simen dout nan lespri nou, anrapò ak sa nou aprann yo, pou l wè si l ta ka anpeche nou rete entèg. Jodi a, tankou nan premye syèk la, aposta yo ak lòt ankò ap chèche kraze lafwa moun ki sensè yo (Galat 2:4 ; 5:7, 8). Pafwa, yo sèvi ak laprès pou yo simaye enfòmasyon yo tòde oswa menm yo bay manti kri sou metòd sèvitè Jewova yo itilize ak rezon k ap pouse yo aji. Pòl te bay yon avètisman kote l te di gen moun yo t apral fè kite laverite. Men ki sa li te ekri : “ Gen yon moman k ap rive kote yo pap tolere ansèyman ki pwofitab la, men, selon pwòp dezi pa yo, yo va rasanble yon pil anseyan pou yo menm, pou satiyèt zòrèy yo. E yo va detounen zòrèy yo pou yo pa tande laverite, alòske y ap vire ale nan lejann. ” — 2 Timote 4:3, 4.

9. Ki sa Pòl dwe te gen nan lespri li lè li te pale de “ lejann ” ?

9 Gen kèk moun ki te kite “ lejann ” atire yo olye pou yo te rete kole sou modèl pawòl ki pwofitab yo. Ki sa lejann sa yo te ye ? Petèt Pòl t ap panse a yon seri istwa ki pa reyèl, tankou istwa nou jwenn nan liv Tobit la, yon liv apokrif. * Pami lejann sa yo tou, petèt te gen pawòl san fondman ak nouvèl ki fè moun etone men ki pa vre. Epitou gen kèk moun, “ selon pwòp dezi pa yo ”, ki te kite lòt moun blofe yo. Blofè sa yo se moun ki te pran prensip Bondye yo alalejè e ki t ap kritike moun ki alatèt nan kongregasyon an (3 Jan 9, 10 ; Jid 4). Kèlkeswa rezon ki te ka fè kèk moun trebiche, sanble moun sa yo te pito kwè nan blòf, olye pou yo kwè nan verite ki nan Pawòl Bondye a. Sa pa t pran anpil tan pou yo sispann pratike sa yo te aprann yo, e sa te nuizib pou yo espirityèlman. — 2 Pyè 3:15, 16.

10. Site kèk lejann ki egziste jodi a, epi di kòman Jan te souliye nesesite pou nou pridan.

10 Jodi a, nou ka evite tonbe nan lejann si nou triye sa pou nou koute ak sa pou nou li e si nou byen egzamine yo. Pa egzanp, yo ankouraje imoralite nan televizyon, nan radyo, nan jounal. Anpil moun ankouraje lòt moun pou yo vin agnostik oswa ate. Moun ki patizan lawotkritik, lè yo tande moun di Bib la se Pawòl Bondye, yo pase sa nan rizib. Mete sou sa, aposta yo pa sispann fè efò pou yo simen dout nan lespri kretyen yo, dekwa pou yo chavire lafwa yo. Nan premye syèk la, etandone te gen yon danje konsa ki te prezante, e se fo pwofèt ki te lakòz, men ki avètisman apot Jan te bay : “ Byenneme, pa kwè tout pawòl ki enspire, men, verifye pawòl ki enspire yo pou nou wè si yo soti nan Bondye, paske gen anpil fo pwofèt ki lage nan monn nan. ” ​(1 Jan 4:1). Pou tout rezon sa yo, nou bezwen pridan.

11. Site youn nan fason nou ka egzamine tèt nou pou nou wè si nou nan lafwa.

11 Men ki sa apot Pòl te ekri sou kesyon sa a : “ Kontinye verifye si nou nan lafwa. ” ​(2 Korentyen 13:5). Apot la ankouraje nou pou nou kontinye egzamine tèt nou pou nou wè si vrèman nou rete kole sou tout ansèyman ki pou kretyen yo. Si nou gen tandans koute moun ki mekontan, nou bezwen egzamine tèt nou epi lapriyè sou sa (Sòm 139:23, 24). Èske nou gen tandans chèche defo lakay sèvitè Jewova yo ? Si wi, pou ki rezon ? Èske pawòl oswa aksyon yon moun te fè nou mal ? Si nou nan ka sa a, èske nou gen yon bon pwennvi sou sitiyasyon an ? Sonje sa, kèlkeswa tribilasyon nou rankontre nan sistèm sa a, se pou yon ti tan li la (2 Korentyen 4:17). Menm si se anndan kongregasyon an nou ta jwenn eprèv, ki rezon nou genyen pou nou ta sispann sèvi Bondye ? Si yon bagay fè nou fache, èske li pa pi bon lontan pou nou fè tout sa nou kapab pou nou rezoud pwoblèm nan epi, apre sa, kite sa nan men Jewova ? — Sòm 4:4 ; Pwovèb 3:5, 6 ; Efezyen 4:26.

12. Ki bèl egzanp Bereyen yo kite pou nou ?

12 Olye pou nou gen tandans ap kritike, annou kite lespri Bondye gide nou pou nou ka kenbe yon pwennvi ki kòrèk sou konesans nou ranmase ni nan etid pèsonèl ni nan reyinyon (1 Korentyen 2:14, 15). Olye pou nou gen dout sou Pawòl Bondye a, li pi bon lontan pou nou fè menm jan ak Bereyen yo, nan premye syèk la, ki te egzamine Pawòl Bondye a afon (Travay 17:10, 11). Apre nou fin fè sa, li bon pou nou aji ann amoni ak sa nou aprann yo, pou nou rejte lejann yo e pou nou rete kole sou laverite.

13. Esplike ki jan nou ka simaye manti san nou pa rann nou kont ?

13 Nou bezwen fè atansyon ak yon lòt kalite lejann. Gen yon bann istwa dwòl ki konn ap sikile pa mwayen kourye elektwonik. Fòk nou pridan ak istwa sa yo, sitou si nou pa konnen egzakteman ki kote yo soti. Menm si se yon kretyen ki gen bon repitasyon ki voye yon enfòmasyon ban nou, li ka pa konnen egzakteman ki jan bagay la te pase. Se poutèt sa, li enpòtan pou nou pa kouri bay oubyen kouri transmèt enfòmasyon nou pa verifye. Se sèten nou pa ta renmen rakonte “ istwa san sans ” oswa “ lejann ki pwofane bagay ki sakre ”. (1 Timote 4:7 ; Bib la.) Etandone fòk nou di laverite lè n ap pale youn ak lòt, n ap aji ak sajès si nou evite tout bagay ki ka fè nou simaye manti san nou pa rann nou kont. — Efezyen 4:25.

Mete laverite an pratik bay bon rezilta

14. Ki byenfè n ap jwenn si nou mete sa nou aprann nan Pawòl Bondye a an pratik ?

14 N ap jwenn anpil byenfè si nou mete sa nou aprann nan etid pèsonèl nou ak sa nou aprann nan reyinyon yo an pratik. Pa egzanp, nou ka wè relasyon nou ak fanmi nou nan lafwa vin amelyore (Galat 6:10). Lè nou aplike prensip ki nan Bib la, n ap vin gen yon pi bon tanperaman (Sòm 19:8). Mete sou sa, lè nou mete sa nou aprann yo an pratik, nou ‘ anbeli ansèyman Bondye a ’ e nou anmezi pou nou atire lòt moun nan vrè adorasyon an. — Tit 2:6-10.

15. a) Ki jan yon jèn te ranmase kouraj li pou li preche nan lekòl li ? b) Ki leson ou tire nan eksperyans sa a ?

15 Pami Temwen Jewova yo, gen anpil jèn ki mete an pratik sa yo aprann nan etid pèsonèl yo fè nan Bib la, sa yo aprann nan lòt piblikasyon ki baze sou Bib la, ak sa yo aprann nan reyinyon yo asiste regilyèman. Bèl konduit jèn sa yo se yon trè bon temwayaj pou pwofesè yo ak kamarad lekòl yo (1 Pyè 2:12). Annou egzamine egzanp Lesli, yon jèn tifi 13 an k ap viv Ozetazini. Li rekonèt li te konn wè li difisil pou l pale ak kondisip li yo sou kwayans li, men, yon jou, sa te chanje. Men ki sa li di : “ Elèv yo t ap pale sou fason moun konn ap chèche vann kèk bagay. Gen yon tifi ki leve men l epi li site Temwen Jewova yo kòm egzanp moun ki konn fè sa. ” Antanke Temwen, ki jan Lesli te reyaji ? Li di : “ Mwen te defann fwa m, e m konnen sa te fè anpil moun sezi, etandone m pa renmen pale lè m nan lekòl la. ” Lesli te montre li gen kran. Ki rezilta sa te bay ? Men ki sa l reponn : “ Sa te pèmèt mwen kite yon bwochi ak yon feyè nan men elèv la, piske li te gen lòt kesyon li t ap poze. ” Ala kontan Jewova dwe kontan lè jèn yo, ki mete sa yo aprann yo an pratik, ranmase kouraj yo pou yo preche nan lekòl yo ! — Pwovèb 27:11 ; Ebre 6:10.

16. Montre ki jan yon jèn Temwen te tire pwofi nan Lekòl ministè teyokratik.

16 Ann egzamine kounye a egzanp Elizabèt, yon lòt jèn tifi. Depi lè l te gen setan, e tout pandan li nan primè, li te konn envite pwofesè li yo pou yo vini nan Sal Wayòm nan chak fwa li te gen yon patisipasyon nan Lekòl ministè teyokratik. Lè yon pwofesè pa t kapab vini, Elizabèt te rete nan lekòl la apre yo fin lage epi li fè diskou a devan pwofesè a. Lè Elizabèt rive nan dènye ane lekòl li, li fè yon redaksyon 10 paj sou byenfè moun ka jwenn nan Lekòl ministè teyokratik e li li redaksyon an devan yon gwoup kat pwofesè. Yo te mande l pou l prezante, kòm echantiyon, yon diskou ki sanble ak sa yo konn prezante nan Lekòl ministè teyokratik, e li te chwazi sijè ki di “ Poukisa Bondye pèmèt mechanste ? ” Wi, Elizabèt te tire pwofi nan Lekòl ministè teyokratik, yon pwogram fòmasyon Temwen Jewova yo mete sou pye. Elizabèt se jis yon egzanp pami plizyè lòt jèn kretyen k ap louwe Jewova dèske yo mete sa yo aprann nan Pawòl li an pratik.

17, 18. a) Ki konsèy Bib la bay sou onètete ? b) Ki jan yon mesye te benefisye onètete yon Temwen Jewova ?

17 Labib egzòte kretyen yo pou yo onèt nan tout sa y ap fè (Ebre 13:18). Si nou pa onèt, sa ka detwi relasyon nou genyen ak lòt moun, e sa ki pi rèd, sa ka detwi relasyon nou genyen ak Jewova (Pwovèb 12:22). Yon konpòtman ki san repwòch pwouve nou mete sa nou aprann yo an pratik, e yon konpòtman konsa fè plizyè moun vin gen plis respè pou Temwen Jewova yo.

18 Gade sa ki te rive yon militè ki rele Filip. Li te pèdi yon chèk li te deja siyen, men ki pa t gen okenn non ni okenn montan sou li, e se lè yon moun poste chèk la voye pou li, li vin rann li kont chèk la te pèdi. Se yon Temwen Jewova ki te jwenn chèk la. Te gen yon ti nòt nan anvlòp la, e ti nòt sa a te esplike se kwayans moun nan, antanke kretyen, ki te pouse l voye chèk la tounen. Filip pa t gen bouch pou l pale ! Li di : “ Ou imajine sa, yo te ka rale jiska 9 000 dola ameriken nan kont an bank mwen, epi yo t ap blanchi l nèt wi ! ” Nan yon lòt sikonstans, Filip te choke dèske yo te vòlè chapo l pandan li te anndan yon legliz. Sanble se yon moun ki te konnen l ki te vòlè chapo a, alòske yon moun ki pa t konnen l te voye yon chèk ki te vo plizyè milye dola tounen ba li ! Pa gen dout sou sa, tout kretyen ki onèt onore Jewova !

Kontinye mete sa nou aprann yo an pratik

19, 20. Ki benediksyon n ap jwenn si nou aji ann amoni ak sa nou aprann nan Bib la ?

19 Moun ki mete sa yo aprann nan Pawòl Bondye a an pratik ap jwenn anpil benediksyon. Disip Jak te ekri : “ Moun ki fikse je l nan lwa pafèt la, lwa libète a, e ki pèsevere ladan l, l ap fè l ak kè kontan, paske li pa vin tounen yon moun k ap koute pou l bliye, men, li vin tounen yon moun k ap fè travay la. ” ​(Jak 1:25). Wi, si nou aji ann amoni ak sa nou aprann nan Bib la, n ap jwenn bonjan kè kontan e n ap plis anmezi pou nou fè fas ak presyon lavi a. E sa ki pi enpòtan, n ap gen favè Jewova e n ap ka espere jwenn lavi etènèl ! — Pwovèb 10:22 ; 1 Timote 6:6.

20 Donk, fè tout sa nou kapab pou nou kontinye etidye Pawòl Bondye a afon. Frekante lòt moun k ap adore Jewova regilyèman epi konsantre sou sijè y ap prezante nan reyinyon yo. Mete sa nou aprann yo an pratik, e pa sispann fè sa. Konsa, “ Bondye lapè a ap avèk nou ”. — Filipyen 4:9.

[Nòt anba paj]

^ § 9 Anndan liv Tobit la, yon liv yo te ekri petèt nan twazyèm syèk anvan epòk nou an, gen yon lejann ki chaje ak sipèstisyon konsènan yon Juif ki rele Tobyas. Yo te pretann li gen pouvwa pou l geri moun e pou l chase demon, e yo te pretann tou li sèvi ak kè, ak fyèl, ak fwa yon gwo tonton pwason pou l fè sa.

Èske nou sonje ?

• “ Modèl pawòl ki pwofitab yo ”, se ki sa li ye e ki jan nou ka montre nou kontinye rete kole sou li ?

• Ki “ lejann ” nou bezwen rejte ?

• Ki benediksyon k ap tonbe sou moun ki mete sa yo aprann nan Pawòl Bondye a an pratik ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 17]

Ki sa premye kretyen yo te ka fè pou aposta yo pa t twonpe yo ?

[Foto nan paj 18]

Dout ka anvayi nou pa mwayen laprès, Entènèt ak aposta.

[Foto nan paj 19]

Li pa saj pou nou transmèt enfòmasyon nou pa verifye.

[Foto nan paj 20]

Kit se nan travay, kit se lekòl oswa nenpòt lòt kote, Temwen Jewova yo aplike sa yo li nan Pawòl Bondye a.