Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Kote dlo a koule poze, se la li mennen m ”

“ Kote dlo a koule poze, se la li mennen m ”

“ Kote dlo a koule poze, se la li mennen m ”

NAN peyi biblik yo, lè se sezon chalè, mouton bezwen bwè dlo chak jou. Se sa k fè, youn nan pati enpòtan nan travay yon bèje se jwenn dlo pou twoupo bèt li. Gendefwa, bèje yo mennen twoupo yo bwè nan yon pi. Yo vide dlo a nan yon abrevwa yon fason pou mouton yo kapab bwè (Jenèz 29:1-3). Sepandan, sitou nan sezon lapli, se nan zòn ki alantou ti kouran dlo ak larivyè yo jwenn trankilite, se la yo “ pran repo kote ki byen wouze ”. — Sòm 23:2.

Yon bon bèje fèt pou l konnen ki bò pou l jwenn dlo ak bon patiray pou twoupo l. Lè l byen konnen yon zòn, se yon garanti pou l sove lavi mouton l yo. David, ki te pase anpil ane ap gade mouton nan ti mòn Jide yo, te konpare jan Bondye ap dirije moun, nan domèn espirityèl, ak jan yon bèje ap mennen mouton l yo al kote ki chaje ak bon zèb ak bon dlo. Men sa l di : “ Kote dlo a koule poze, se la li mennen m. ” — Sòm 23:1-3, Bib la.

Kèk ane apre, Jewova te sèvi ak pwofèt Ezekyèl pou l bay yon egzanp menm jan an. Li te pwomèt pou l rasanble pèp li a pou l fè yo soti nan tout peyi kote yo te ye, menm jan yon bèje ap rasanble mouton l. Men asirans li te ba yo, li di : “ Mwen pral fè yo soti [...] vin sou pwòp tè pa yo e m ap ba yo manje sou mòn Izrayèl yo ki pre pas dlo. ” — Ezekyèl 34:13.

Jewova Dye santi se yon devwa pou li tou pou l ban nou dlo nan domèn espirityèl. Liv Revelasyon an esplike gen “ yon gwo larivyè dlo lavi ” k ap koule sot nan twòn Bondye a (Revelasyon 22:1). Se tout pèp, yo envite vin bwè dlo nan larivyè sa a. “ Nenpòt moun ki vle [kapab] pran dlo lavi a gratis. ” — Revelasyon 22:17.

Dlo lavi senbolik sa a reprezante dispozisyon Bondye pran pou l bay lavi etènèl. Nenpòt moun kapab kòmanse bwè nan dlo sa a. Sèlman, ‘ se pou yo aprann konnen sèl vrè Bondye a ak sila li te voye a, Jezi Kris. ’ — Jan 17:3.