Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rekonfò nan peryòd latwoublay

Rekonfò nan peryòd latwoublay

Rekonfò nan peryòd latwoublay

PA GEN dout, sèjousi nouvèl yo pa pote rekonfò. Men sa yon mesye di : “ Evènman k ap pase yo tèlman boulvèsan, souvan nou pa ka fin deside si wi ou non n ap gen kouraj pou nou fè nouvèl. ” Monn nan chaje ak pwoblèm tankou lagè, zak k ap fè moun tranble, soufrans, krim ak maladi. Tout mal sa yo kapab pa pran tan pou yo frape nou nou menm tou, si sa pa deja fèt.

Se egzakteman sitiyasyon sa a Bib la te predi. Lè Jezi t ap esplike sa k ta pral rive nan epòk nou an, li te di gen gwo lagè ki ta pete, ta gen epidemi, rate manje, ak tranblemanntè (Lik 21:10, 11). Menm jan an tou, apot Pòl te ekri konsènan ‘ tan ki t ap difisil anpil ’. Li di lè sa a lèzòm ta fewòs, zanmi lajan, san lanmou pou sa ki byen. Li te rele epòk sa a “ dènye jou yo ”. — 2 Timote 3:1-5.

Kidonk, nan nouvèl entènasyonal k ap dekri sitiyasyon monn nan, gen kèk evènman yo rakonte ki sanble tèt koupe ak sa Bib la te predi, men sa pa ale pi lwen pase sa. Bib la fè nou wè yon lòt aspè nan bagay yo nouvèl yo pa bay. Nan Pawòl Bondye enspire a, nou kapab konprann nonsèlman poukisa gen anpil mechanste, men tou, ki sa ki pral genyen nan tan k ap vini an.

Ki sa Bondye panse de mechanste

Bib la esplike nou ki sa Bondye panse de sitiyasyon penib ki egziste jounen jodi a. Menmsi Bondye te anonse latwoublay nou wè yo, li pa ni dakò avèk yo ni gen entansyon tolere yo nètale. “ Bondye se lanmou ”, se sa apot Jan ekri (1 Jan 4:8). Jewova gen sousi pou moun ki sou tè a anpil anpil, e li rayi tout mechanste. Se toutafè nòmal pou se bò kote Bondye nou ale pou nou jwenn rekonfò piske li gen bonte ak konpasyon, e li gen pouvwa ak volonte pou l elimine mechanste sou tè a. Salmis la ki t ap ekri di : “ [Wa selès Bondye nome a] pral delivre pòv k ap kriye o sekou a, moun ki aflije a tou ak nenpòt moun ki pa gen pèsonn pou ede l. Li pral gen pitye pou moun ki piti ak moun ki pòv, e l ap sove nanm pòv yo. Anba kraze zo ak vyolans l ap delivre nanm yo, epi san yo pral gen valè nan je li. ” — Sòm 72:12-14.

Petèt ou konn santi sa fè w mal lè ou wè moun ap soufri, pa vre ? Konpasyon se yon kalite Jewova mete nan nou paske li te kreye nou pòtre ak li (Jenèz 1:26, 27). Pakonsekan, nou kapab gen konfyans Jewova pa ensansib devan soufrans lèzòm. Jezi, ki konnen Jewova pi byen pase tout moun, anseye nou si se pou enterese, Jewova enterese anpil nan nou e li chaje ak tandrès ak konpasyon. — Matye 10:29, 31.

Nan kreyasyon an li menm, nou gen prèv Bondye sousye de limanite. Jezi te di Bondye “ fè solèy li a leve sou moun ki mechan ak sou moun ki bon yo, e li fè lapli tonbe sou moun ki jis ak sou moun ki enjis yo. ” ​(Matye 5:45.) Pou moun ki t ap viv nan lavil Lis, men sa apot Pòl te di : “ [Bondye] pa t kite yo san li pa t bay temwayaj sou li menm paske li fè byen avèk nou, li ban nou lapli ki soti nan syèl avèk bon sezon, li ranpli kè nou ak manje ak lakontantman. ” — Travay 14:17.

Kilès ki lakòz gen mechanste ?

Sa Pòl di moun Lis yo la a, merite kapte atansyon nou tou. Li di yo : “ Nan jenerasyon tan lontan yo, [Bondye] te pèmèt tout nasyon yo suiv chemen pa yo. ” Konsa, nasyon yo oswa moun yo, yo menm, yo pou bokou nan pifò sitiyasyon difisil yo twouve yo. Se pa sou Bondye tò a tonbe. — Travay 14:16.

Poukisa Jewova kite bagay ki pa bon ap fèt ? Èske li pap janm fè anyen pou sa ? Se nan Pawòl Bondye a sèlman nou kapab jwenn repons kesyon sa yo. Rezon an, se paske gen yon lòt pèsonaj, yon espri ki enplike nan repons lan, ansanm ak yon pwoblèm li te soulve nan monn espri envizib yo.

[Foto nan paj 4]

Lèzòm gen konpasyon. Èske Bondye gen mwens kè sansib pase nou devan lasoufrans ?

[Liy kredi pou foto nan paj 2]

PREMYE PAJ : Cha blende : foto Nasyonzini 158181/J. Isaac ; tranblemanntè : San Hong R-C Picture Company

[Liy kredi pou foto nan paj 3]

Anwo agoch, Kwoasi : foto Nasyonzini 159208/S. Mezon Blanch; timoun ki grangou : foto Nasyonzini 146150, O. MONSEN