Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se konesans egzak sou Bondye ki bay rekonfò

Se konesans egzak sou Bondye ki bay rekonfò

Se konesans egzak sou Bondye ki bay rekonfò

SA Bib la di sou lanmou ak mizèrikòd Bondye fè kèk moun ap poze kesyon ki chaje tèt yo. Y ap mande : si Bondye vle retire mechanste, si l konnen jan pou l retire l, e si l gen pouvwa nan men l pou l fè l, poukisa mechanste kontinye ap ogmante konsa ? Pou yo menm, pwoblèm nan se fè twa ide nou pral site la yo mache ansanm : 1) Bondye toupisan. 2 ) Bondye gen lanmou e li bon. 3) Krim kontinye ap fèt sou tè a. Yo fè kwè, piske nou pa ka nye twazyèm ide a se yon verite, kanmèm gen omwen youn nan de lòt yo ki pa ka verite. Pou yo menm, se swa Bondye pa kapab retire mechanste, oubyen sa pa enterese l.

Kèk jou apre yo te fin kraze World Trade Center nan Nouyòk, yon dirijan legliz Ozetazini ki gen gwo renome fè yon deklarasyon kote li di : “ Se pa ni youn ni de fwa nan lavi m, mwen mande tèt mwen poukisa Bondye pèmèt moun ap soufri konsa. Mwen oblije admèt avèk tout senserite, mwen pa konn repons lan nèt, menm pwòp tèt mwen, mwen pa rive konvenk. ”

Anrapò ak deklarasyon sa a, gen yon pwofesè teyoloji ki ekri pou l di li toujou renmen tande “ bèl teyoloji ” dirijan legliz sa a konn ap preche. Epitou, li di li dakò ak sa yon moun ki save sou kesyon relijyon te ekri kote li di : “ Sa k fè moun pa ka konprann poukisa gen soufrans, se paske toudabò li difisil pou moun konprann kilès Bondye ye. ” Men, èske se vre li enposib pou yon moun konprann sa ki fè Bondye pèmèt gen soufrans ?

Ki kote mechanste soti ?

Kontrèman ak sa dirijan legliz yo fè konprann, Bib la pa montre li enposib pou yon moun konnen sa ki fè Bondye kite mal ap fèt. Yon pwen fondamantal k ap pèmèt nou konprann kesyon sa a, se lè nou sonje Bondye pa t kreye yon monn mechan. Li te kreye premye mesyedam yo san defo, san peche. Lè Jewova t ap kreye, li te egzamine travay li fè a, li te wè l “ bon nèt ”. ( Jenèz 1:26, 31.) Jewova te gen nan pwogram li pou Adan ak Èv laji paradi ki te ann Edenn nan sou tout tè a. Li te vle tou pou yo plen tè a ak moun, moun k ap viv alèz anba pwoteksyon otorite siprèm li a, yon otorite li egzèse avèk lanmou. — Izayi 45:18.

Se yon espri, yon kreyati nan syèl la ki vini avèk mechanste, malgre li te fidèl devan Bondye okòmansman. Li te devlope yon anvi lakay li pou l resevwa adorasyon (Jak 1:14, 15). Li te demontre rebelyon l lan sou tè a lè l te pouse mesyedam yo vin pran pozisyon kont Bondye menm jan avè l. Olye pou Adan ak Èv te suiv lòd Bondye te ba yo pou yo pa manje oswa pou yo pa touche fwi nan pyebwa ki rele konesans sa ki bon ak sa ki mal la, yo te prefere pran fwi a epi yo manje l (Jenèz 3:1-6). Lè yo te fè aksyon sa a, yo pa t sèlman dezobeyi Bondye, men tou, yo te montre yo vle pran endepandans yo anba otorite l.

Yon kesyon ki gen rapò ak prensip

Rebelyon ki te fèt ann Edenn nan te soulve yon kesyon ki gen rapò ak prensip e ki gen yon empòtans inivèsèl. Moun rebèl yo te fè vin gen dout pou konnen si Jewova byen itilize dwa li genyen pou l dirije kreyati l yo. Èske Kreyatè a gen dwa pou l mande limanite pou yo obeyi l san kondisyon ? Èske lèzòm pa t ap ka viv pi byen si yo dirije tèt yo pou kont yo ?

Jan Jewova leve defi ki gen rapò ak fason li dirije a montre li gen yon ekilib san fay nan jan li demontre lanmou l, jistis li, sajès li ak pisans li. Li te ka sèvi ak pisans li pou l kraze rebelyon sa a imedyatman. E sa t ap parèt jis, piske Bondye gen dwa pou l fè sa. Men, si l te fè sa, sa pa t ap rezoud kesyon ki te soulve yo. Yon lòt bò, Bondye ta gen dwa annik pase sou peche a li fini. Jodi a gen moun ki panse si Bondye te aji konsa pito, se sa ki t ap montre li renmen nou. Poutan, sa pa t ap rezoud pwoblèm Satan soulve a, lè l te pretann lèzòm ka dirije tèt yo pi byen pou kont yo. Met sou sa, èske sa pa t ap menm ankouraje lòt kreyati pou yo kite chemen Jewova a ? Rezilta sa t ap pote, se t ap soufrans nètale.

Jewova, nan sajès li, kite lèzòm dirije tèt yo jan yo vle pou yon bout tan, menmsi sa te mande pou l pèmèt mechanste fèt pandan yon tan. Men, sa bay lèzòm posiblite pou yo pwouve si yo ka byen dirije tèt yo pou kont yo san yo pa bezwen Bondye, pou se yo menm, nan fason pa yo, ki pou deside sa ki bon ak sa ki mal pou pwòp tèt yo. Ki rezilta sa bay ? Se lagè, se enjistis, se zak maspinay ak soufrans nou jwenn nan istwa lèzòm. Rebelyon kont Jewova a pral jwenn yon echèk final, e sa pral reponn kesyon ki te soulve ann Edenn yo yon fason definitif.

Antretan, Bondye demontre li renmen nou, paske li voye Jezi Kris, Pitit li a, bay lavi l kòm ranson pou nou. Sa pèmèt moun ki obeyisan vin libere anba kondanasyon peche ak lanmò dezobeyisans Adan an lage sou do yo a. Ranson an ouvri pòt pou lavi etènèl bay tout moun ki egzèse lafwa nan Jezi. — Jan 3:16.

Jewova ban nou yon garanti ki rekonfòte nou, kote nou konnen soufrans lèzòm ap andire jodi a se pou yon ti bout tan li la. Men ki sa yon Salmis ekri : “ E nan yon tikras tan ankò, mechan an pap la ankò. Wi, w ap gade kote l te ye a, e li pap la. Men moun ki dou yo, yo menm, pral posede tè a. E vrèmanvre, yo pral jwenn anpil plezi nan abondans lapè ki pral genyen an. ” — Sòm 37:10, 11.

Yon demen k ap satisfè tout moun e k ap pote kè kontan

Lè nou konsidere pwofesi biblik k ap akonpli yo, sa montre tan kote Bondye ap vin elimine maladi, lapenn ak lanmò a prèske rive. Annou gade yon bèl apèsi yo te bay apot Jan nan yon vizyon sou sa ki gen pou vini. Men ki sa li ekri sou sa : “ Mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf, paske ansyen syèl la ak ansyen tè a te disparèt, epi pa gen lanmè ankò [...] E Bondye li menm ap avèk [lèzòm]. Epi li pral siye tout dlo nan je yo, e lanmò pap la ankò, ni dèy, ni rèl, ni doulè pap la ankò. Bagay ansyen tan yo disparèt. ” Pou yo te bay Jan garanti pwomès sa yo merite konfyans, yo di l : “ Ekri, paske pawòl sa yo fidèl epi yo veridik. ” — Revelasyon 21:1-5.

Men, ki sa ki rezève pou kantite milya moun inosan ki mouri depi lè rebelyon Edenn nan fin fèt la ? Jewova pwomèt l ap bay moun ki mouri yo lavi ankò. Men sa apot Pòl di sou sa : “ Mwen gen espwa sa a nan Bondye [...] pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis. ” ​(Travay 24:15). Sa moun sa yo gen devan yo, se pou yo viv nan yon monn kote “ lajistis pral blayi ”. — 2 Pyè 3:13.

Menm jan yon papa ki renmen pitit li ap kite l fè yon operasyon k ap fè l soufri, paske li konnen timoun nan pral an sante pi lontan, se menm jan an tou, Jewova pèmèt lèzòm sibi mechanste sou tè a pou yon bout tan. Men, benediksyon k ap tann moun k ap fè volonte Bondye pap janm fini. Men esplikasyon Pòl bay, Li di : “ Kreyasyon an te soumèt san l pa vle anba bagay ki pa vo anyen, men se akoz sila a ki te soumèt li a, nan lespwa kreyasyon an li menm tou, pral libere anba esklavaj kòripsyon e li pral jwenn libète pitit Bondye yo nan laglwa. ” — Women 8:20, 21.

Se sa a ki rele nouvèl. Se pa kalite nouvèl nou konn fè nan televizyon, nan radyo, oubyen nan jounal, men se yon bon nouvèl. Se yon nouvèl ki pa rete ak nouvèl e se “ Bondye konsolasyon an ”, Bondye ki gen sousi pou nou an ki voye l ban nou. — 2 Korentyen 1:3.

[Foto nan paj 6]

Listwa montre lèzòm pa ka byen dirije tèt yo pou kont yo san Bondye.

[Liy kredi]

Yon fanmi nan Somali : foto Nasyonzini 159849/M. GRANT ; Bonm atomik : foto USAF ; kan konsantrasyon : foto Achiv nasyonal Etazini