Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Chèche toujou gen yon bon konduit pami nasyon yo ”

“ Chèche toujou gen yon bon konduit pami nasyon yo ”

“ Chèche toujou gen yon bon konduit pami nasyon yo ”

“ Onore tout kalite moun, renmen tout kominote frè yo nèt, krenn Bondye, onore wa a. ” — 1 PYÈ 2:17.

1, 2. a) Ki kòmantè korespondan yon jounal te fè sou Temwen Jewova yo ? b) Poukisa Temwen Jewova yo fè tout sa yo kapab pou yo kenbe prensip moral ki wo nivo ?

SA GEN kèk ane, korespondan yon jounal ki nan yon vil o Tegzas, Etazini, yon vil yo rele Amarillo, te vizite divès legliz nan zòn nan. Apre sa, li te fè yon repòtaj sou sa li dekouvri. Nan tout relijyon li te gen posiblite frekante, gen youn ki te enpresyone l. Men ki sa li rapòte : “ Mwen fè twazan ap asiste kongrè distri Temwen Jewova yo òganize nan sant minisipal Amarillo. M pa sonje m te janm wè yon moun swa limen yon sigarèt, swa debouche yon boutèy byè. M pa sonje m te janm tande yon moun di yon mo deplase. Se moun yo ki pwòp, ki gen bon konduit, ki abiye senp, ki gen bon tanperaman. Franchman, mwen pa janm rankontre moun tankou yo. ” Se pa premye fwa laprès fè kòmantè konsa sou Temwen Jewova. Men, kesyon n ap poze se poukisa moun ki pa gen menm kwayans ak Temwen Jewova yo toujou ap fè lwanj pou yo konsa ?

2 Byen souvan, sèvitè Bondye yo jwenn felisitasyon pou bon konduit yo genyen. Alòske, an jeneral, prensip moral ap pèdi fil nan monn nan, Temwen Jewova yo, yo menm, yo konsidere se yon obligasyon pou yo kenbe prensip moral ki wo nivo. Yo santi sa gen anpil enpòtans nan adorasyon y ap bay Bondye. Yo konnen aksyon yo rejayi sou Jewova, aksyon yo rejayi sou frè yo. Epitou, yo pa bliye lè yo gen yon bon konduit se yon fason pou yo bay verite y ap preche a jarèt (Jan 15:8 ; Tit 2:7, 8). Piske se konsa, annou wè ki sa nou ka fè pou nou toujou gen yon bon konduit, yon fason pou nou ka toujou soutni bèl repitasyon Jewova ak Temwen li yo genyen an. Apre sa nou pral wè ki byenfè nou ka tire lè nou aji konsa.

Anndan fanmi nou

3. Kont ki bagay yon kretyen bezwen pwoteje fanmi l ?

3 Ann pran konduit yon moun sipoze genyen anndan fanmi l. Nan yon liv ki rele Yon lòt kalite enkizisyon : Libète ak jalouzi nan relijyon (alman), men ki sa Gerard Besier ak Erwin K. Scheuch di : “ Pou [Temwen Jewova yo] si gen yon bagay ki merite pwoteksyon se fanmi. ” Sa yo di la a se vre. E jodi a, fanmi yo bezwen pwoteksyon kont anpil danje. Gen timoun ki “ dezobeyi paran yo ”, gen granmoun ki san “ afeksyon natirèl ” oswa ki “ san metriz ”. (2 Timote 3:2, 3.) Sa nou jwenn anndan fanmi yo, se mari ak madanm k ap fè vyolans youn ak lòt, se paran k ap fè timoun yo sa yo pa ta sipoze fè yo oswa ki neglije yo, se timoun ki rebèl, ki tonbe nan dwòg, ki tonbe nan imoralite oubyen tou ki sove kite kay yo. Tout bagay sa yo rive akoz ‘ tandans monn nan ’ ki pa bon menm. (Efezyen 2:1, 2.) Nou fèt pou nou pwoteje fanmi nou kont tandans sa a. Ki jan nou ka fè sa ? Se lè nou suiv konsèy ak direksyon Jewova bay pou fanmi yo.

4. Antanke kretyen, ki responsablite nou genyen youn anvè lòt anndan fanmi nou ?

4 Kretyen ki marye yo rekonèt yo gen responsablite pou youn pran swen lòt, kit se nan domèn afektif, nan domèn espirityèl oubyen nan domèn materyèl (1 Korentyen 7:3-5 ; Efezyen 5:21-23 ; 1 Pyè 3:7). Paran yo, bò kote pa yo, gen gwo responsablite pou yo pran swen pitit yo (Pwovèb 22:6 ; 2 Korentyen 12:14 ; Efezyen 6:4). Epi, etan timoun ki nan fwaye kretyen yo ap grandi, yo aprann yo menm tou yo gen devwa pa yo pou yo akonpli (Pwovèb 1:8, 9 ; 23:22 ; Efezyen 6:1 ; 1 Timote 5:3, 4, 8). Pou yon moun akonpli devwa li genyen anndan fanmi l, sa mande efò, sa mande detèminasyon, sa mande lanmou e sa mande pou l fè sakrifis. Sepandan, tank tout moun nan fanmi an ap fè sa Bondye mande, se tank yo vin tounen yon benediksyon youn pou lòt e yo vin tounen yon benediksyon pou kongregasyon an. Sa ki pi enpòtan an, lè konsa yo onore Jewova Dye, Li menm ki kreye tout fanmi. — Jenèz 1:27, 28 ; Efezyen 3:15.

Nan mitan frè nou yo

5. Ki benediksyon nou jwenn dèske nou frekante moun ki kretyen parèy nou ?

5 Antanke kretyen, nou gen responsablite anvè lòt kwayan ki nan kongregasyon an tou, e, finalman, nou gen responsablite anvè “ tout kominote frè nou yo ki nan monn nan ”. (1 Pyè 5:9.) Si nou vle anfòm nan domèn espirityèl, li enpòtan anpil pou nou gen bon relasyon ak kongregasyon an. Lè nou frekante moun ki kretyen parèy nou, sa ban nou posiblite pou nou apresye ankourajman nou jwenn dèske nou ansanm ak yo, e sa ban nou posiblite pou nou apresye manje espirityèl nourisan “ esklav fidèl ki prevwayan an ” prepare pou nou (Matye 24:45-47). Si nou gen pwoblèm, nou kapab al jwenn frè yo pou nou ka resevwa bonjan konsèy ki baze sou Bib la (Pwovèb 17:17 ; Eklezyas 4:9 ; Jak 5:13-18). Lè nou nan bezwen, frè yo pa lage nou. Èske se pa yon benediksyon sa ye dèske nou fè pati òganizasyon Bondye a ?

6. Ki jan Pòl montre nou gen responsablite anvè lòt kretyen yo ?

6 Toutfwa, si nou nan kongregasyon an, se pa sèlman pou nou resevwa. Nou la tou pou nou bay. Jezi te gen rezon lè l te di : “ Gen plis kè kontan lè w bay pase lè w resevwa. ” ​(Travay 20:35). Apot Pòl te montre enpòtans pou nou devlope yon mantalite ki pouse nou bay. Men ki sa l te ekri : “ Annou kenbe deklarasyon piblik esperans nou an fèm, san nou pa balanse, paske moun ki fè pwomès la fidèl. Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bon zèv, pandan nou pap abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun, men pou nou ankouraje youn lòt, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche. ” — Ebre 10:23-25.

7, 8. Ki jan nou ka montre nou renmen bay, kit se nan kongregasyon nou, kit se pou kretyen k ap viv nan lòt peyi ?

7 Nou fè “ deklarasyon piblik esperans nou ” nan kongregasyon an, lè nou fè kòmantè nan reyinyon oswa lè nou patisipe ladan yo lòt fason. Lè nou fè sa, sa pap manke pa ankouraje frè nou yo. Yon lòt fason ankò nou ka ankouraje yo, se lè nou aranje nou pou nou fè yon ti pale avèk yo, swa anvan swa apre reyinyon. Se nan moman sa yo nou kapab fòtifye moun ki fèb, nou kapab konsole moun ki dekouraje e nou kapab rekonfòte moun ki malad (1 Tesalonisyen 5:14). Vrè kretyen yo donan nan domèn sa a. Se sa ki fè gen anpil moun ki etone, lè yo vin asiste reyinyon pou premye fwa e yo wè nan ki pwen youn renmen lòt. — Sòm 37:21 ; Jan 15:12 ; 1 Korentyen 14:25.

8 Men, sa nou sot di anvan an pa vle di lanmou nou chita anndan kongregasyon nou sèlman. Li etann sou tout kominote frè nou yo ki genyen nan lemonnantye. Se sa k fè, pa egzanp, nan chak Sal Wayòm, gen yon bwat ofrann ki pèmèt moun kontribye pou Fon konstriksyon Sal Wayòm. Sal Wayòm pa nou an gen dwa pa gen okenn pwoblèm, men nou konnen gen plizyè milye konpayon kretyen nan lòt peyi, ki pa gen yon kote apwopriye pou yo fè reyinyon. Konsa, lè nou mete kòb pou konstriksyon Sal Wayòm, se montre nou montre nan ki pwen nou renmen frè ak sè sa yo, menmsi, pèsonèlman, nou pa konnen yo.

9. Pou ki rezon prensipal gen lanmou nan mitan Temwen Jewova yo ?

9 Sa k fè gen lanmou nan mitan Temwen Jewova yo konsa ? Pou yon rezon byen senp : se Jezi ki mande yo sa (Jan 15:17). Epitou, lanmou youn genyen pou lòt la se yon prèv ki montre lespri Bondye avèk yo, kit ou pran yo grenn pa grenn, kit ou pran yo antanke gwoup. Lanmou se yon pati nan “ fwi lespri a ”. (Galat 5:22, 23.) Kòm Temwen Jewova yo etidye Bib la, yo asiste reyinyon, e yo kenbe la ap priye Bondye, lanmou vin yon kalite natirèl lakay yo, aktout y ap viv nan yon monn kote ‘ lanmou yon gwo valè moun vin rafredi ’. — Matye 24:12.

Fason n ap aji nan monn nan

10. Ki responsablite nou genyen anvè moun ki nan monn nan ?

10 Lè Pòl pale de “ deklarasyon piblik esperans nou an ”, sa fè nou sonje yon lòt responsablite nou genyen. Deklarasyon piblik sa a gen travay predikasyon an ladan l, kote n ap pale de bon nouvèl la ak moun ki poko frè nou nan lafwa (Matye 24:14 ; 28:19, 20 ; Women 10:9, 10, 13-15). Lè nou preche konsa, se yon lòt fason ankò nou kapab bay. Pou nou patisipe nan aktivite sa a, sa mande pou nou sèvi ak tan nou, fòs nou, sa mande preparasyon ak fòmasyon, e sa mande pou nou sèvi ak sa nou posede. Men, pa bliye sa Pòl te di : “ Mwen gen yon dèt ni pou Grèk ni pou etranje, ni pou moun ki gen lespri, ni pou moun ki pa gen lespri. Se sa ki fè, mwen gen yon anpresman pou m anonse nou bon nouvèl la tou, nou menm k ap viv Wòm. ” ​(Women 1:14, 15). Annou fè menm jan ak Pòl : annou peye “ dèt ” sa a san grate tèt.

11. Nou jwenn de verite biblik ki dirije nou nan relasyon nou ak monn nan. Ki de verite sa yo, e ki sa sa pa anpeche nou rekonèt ?

11 Èske nou gen lòt responsablite ankò anvè moun ki pa gen menm kwayans avèk nou ? Pa gen dout sou sa. Natirèlman, nou rekonèt se ‘ anba pouvwa mechan an lemonnantye ye ’. (1 Jan 5:19.) Nou konnen, anpalan de disip yo, Jezi te di : “ Yo pa fè pati monn nan, tankou mwen menm mwen pa fè pati monn nan. ” Men, anmenmtan, se nan monn nan n ap viv, se la n ap degaje nou e se la tou nou jwenn sa ki nesesè pou lavi a mache (Jan 17:11, 15, 16). Pou tout rezon sa yo, nou gen devwa anvè monn nan. Ki devwa yo ye ? Apot Pyè ede n reponn kesyon sa a. Yon tikras tan apre Jerizalèm te fin detwi, li te ekri yon lèt voye bay kretyen ki t ap viv Azi Minè yo, e nan lèt sa a, gen yon pasaj ki ede nou gen ekilib nan relasyon nou ak monn nan.

12. Nan ki sans nou kapab di kretyen yo se “ etranje ” yo ye e yo “ gen yon rezidans tanporè ”, e piske se konsa, ki sa yo ta dwe evite ?

12 Pou kòmanse, Pyè di : “ Byenneme, mwen egzòte nou, antanke etranje e antanke moun ki gen yon rezidans tanporè, pou nou kontinye evite dezi lachè, paske se yo menm menm k ap goumen ak nanm nan. ” ​(1 Pyè 2:11). Se vre, nou konnen nan yon sans espirityèl, kretyen yo se “ etranje ” yo ye, yo “ gen yon rezidans tanporè ”, piske veritab objektif yo se espwa lavi etènèl la. Y ap jwenn lavi etènèl nan syèl, si yo wen ak lespri sen, y ap jwenn li nan paradi ki pral genyen sou tè a, si yo fè pati “ lòt mouton ” yo (Jan 10:16 ; Filipyen 3:20, 21 ; Ebre 11:13 ; Revelasyon 7:9, 14-17). Men, e dezi lachè yo pale nan vèsè a, ki sa yo ye ? Sa gen ladan l anvi yon moun genyen pou l rich, anvi pou l toujou devan nan tout bagay, anvi seksyèl ki imoral ak anvi ki antre nan kategori “ jalouzi ” ak “ konvwatiz ”. — Kolosyen 3:5 ; 1 Timote 6:4, 9 ; 1 Jan 2:15, 16.

13. Nan ki sans dezi lachè ‘ ap goumen ak nanm nou ’ ?

13 Tout anvi sa yo ‘ ap goumen toutbonvre ak nanm nan ’. Yo minen relasyon nou ak Bondye, e sa ka fè nou pèdi espwa nou genyen antanke kretyen (nou ka pèdi “ nanm ” nou oswa vi nou). Pa egzanp, si n ap chèche enterese nan bagay ki imoral, ki jan n ap fè “ prezante kò nou kòm yon sakrifis vivan, ki sen, ki agreyab pou Bondye ” ? Si nou tonbe nan pyèj materyalis, ki jan n ap fè ‘ chèche Wayòm nan an premye ’ ? (Women 12:1, 2 ; Matye 6:33 ; 1 Timote 6:17-19.) Pi bon chwa nou te ka fè, se suiv egzanp Moyiz. N ap rive fè sa lè nou vire do bay atirans nou jwenn nan monn nan e lè nou mete sèvis Jewova an premye nan lavi nou (Matye 6:19, 20 ; Ebre 11:24-26). Sa a se yon pwen nou bezwen byen konprann si nou vle kenbe ekilib nou nan relasyon nou ak monn nan.

‘ Chèche toujou gen yon bon konduit ’

14. Antanke kretyen, poukisa nou fè efò pou nou toujou gen yon bon konduit ?

14 Nou jwenn yon lòt gid ankò nan pawòl Pyè vin di ansuit yo : “ Chèche toujou gen yon bon konduit pami nasyon yo. Nan fason sa a, sou bagay y ap pale nou mal, tankou se malfektè nou ta ye, y ap vin bay Bondye glwa nan jou enspeksyon li a, poutèt yo wè ak je yo bèl aksyon nou fè. ” ​(1 Pyè 2:12). Antanke kretyen, nou fè tout efò nou pou nou bay bon egzanp. Nan lekòl nou, nou travay byen. Nan travay nou, nou efikas, nou onèt, menm si patwon nou ta montre li pa rezonab. Nan yon kay kote moun yo pa gen menm kwayans, mari oswa madanm ki kwayan an fè yon efò espesyal pou li mete prensip kretyen yo an pratik. Li pa toujou fasil, men nou konnen lè nou bay bon egzanp nan konduit nou, non sèlman sa fè Jewova plezi, men tou sa gen yon bon efè sou moun ki pa Temwen yo. — 1 Pyè 2:18-20 ; 3:1.

15. Ki jan nou fè konnen se toupatou sou tè a yo rekonèt Temwen Jewova yo se moun ki gen prensip wo nivo nan konduit yo ?

15 Pifò Temwen Jewova reyisi bay bon egzanp kòm moun k ap suiv prensip, e nou ka wè sa lè nou konsidere kòmantè kèk ekriven fè sou yo pandan plizyè ane. Pa egzanp, men ki pawòl II Tempo, yon jounal italyen, rapòte : “ Moun ki gen kòlèg yo ki Temwen Jewova dekri yo kòm moun ki onèt, kòm moun ki si tèlman kwè nan sa y ap anseye, w a di yo se fanatik. Sepandan, yo merite respè paske se moun yo, moralman, ki san repwòch. ” Gen yon lòt jounal ki soti Bwenozè, nan peyi Ajantin, yon jounal yo rele Herald, ki di : “ Tout ane ki pase yo, Temwen Jewova yo demontre yo se moun ki travay di, ki serye, ki ekonòm e ki gen lakrentif pou Bondye. ” Gen yon istoryen ris yo rele Sèj Ivanyenko, ki di li menm : “ Toupatou sou tè a, yo konnen Temwen Jewova yo se moun ki respekte lalwa kòrèkteman. Yo konnen yo sitou pou bèl efò yo fè nan kesyon peye taks. ” Nan peyi Zimbabwe, direktris yon lokal Temwen Jewova yo abitye lwe pou yo fè kongrè, te fè deklarasyon sa a : “ Mwen te wè Temwen k ap ranmase fatra, k ap netwaye twalèt. Lè yo kite kote yo t ap sèvi yo, yo kite yo pi pwòp pase jan yo te ye anvan. Jèn nou yo se moun ki gen prensip. M pa konn sa m ta bay pou tout tè a ta plen ak Temwen Jewova. ”

Soumisyon nou antanke kretyen

16. Ki atitid nou devan otorite ki genyen nan monn nan, e poukisa ?

16 Pyè pale tou de relasyon nou ak otorite ki genyen nan monn nan. Men ki pawòl li di : “ Poutèt Seyè a, soumèt nou devan tout moun Bondye kreye, kit se yon wa antanke siperyè, kit se gouvènè antanke moun li voye pou pini malfektè, men tou, pou felisite moun k ap fè bon bagay. Paske, volonte Bondye se pou nou rive mete baboukèt pou inyoransk ap soti nan bouch moun ki derezonab etan n ap fè sa ki byen. ” ​(1 Pyè 2:13-15). Nou apresye byenfè nou jwenn nan men yon gouvènman ki la pou l met lòd. E nou suiv sa Pyè di a, nou peye enpo nou sipoze peye. Nou rekonèt se Bondye ki bay gouvènman yo dwa pou yo pini moun ki pa mache dapre sa lalwa di. Men, si nou soumèt nou devan otorite ki genyen nan monn nan, se sitou “ poutèt Seyè a ”. Se Bondye ki mande sa. Mete sou sa, nou pa ta vle resevwa yon chatiman paske nou mal aji. Si sa ta rive, sa t ap fè nou sal non Jewova. — Women 13:1, 4-7 ; Tit 3:1 ; 1 Pyè 3:17.

17. Lè gen “ moun derezonab ” ki opoze ak nou, ki sa nou pa dwe janm bliye ?

17 Malerezman, gen kèk “ moun ki derezonab ” pami otorite yo, ki pèsekite nou oswa ki opoze ak nou divès fason. Pa egzanp, genyen ki ankouraje kanpay moun ap fè pou denigre nou. Men, pa bliye : kou lè Jewova fikse a rive, moun toujou dekouvri se manti y ap fè, e konsa, nou ‘ rive met baboukèt pou inyorans k ap sot nan bouch yo ’. Bon repitasyon nou genyen kòm kretyen pale pou nou, li demontre ki moun k ap bay laverite. Se pou rezon sa a, souvan, reprezantan kèk gouvènman, reprezantan ki onèt, konn felisite nou kòm moun k ap fè sa ki byen. — Women 13:3 ; Tit 2:7, 8.

Nou se esklav Bondye

18. Antanke kretyen, ki jan nou ka fè pou nou pa mal sèvi ak libète nou genyen an ?

18 Men ki avètisman Pyè bay kounye a : “ Se pou nou konpòte nou antanke moun ki lib, men se pa pou nou sèvi ak libète nou an tankou yon vwal pou kache mechanste, men se pou nou sèvi avè l antanke esklav Bondye. ” ​(1 Pyè 2:16 ; Galat 5:13). Jodi a, konesans nou genyen nan Bib la libere nou anba fo kwayans ki genyen nan relijyon yo (Jan 8:32). E se pa sa sèlman, nou gen libète pou n deside, e nou kapab chwazi sa nou vle fè. Men, malgre sa, nou fè efò pou nou pa mal sèvi ak libète nou. Lè pou nou chwazi ak ki moun n ap fè zanmi, ki rad n ap mete, ki kout peny n ap pran, ki sa n ap fè kòm divètisman, e menm ki sa n ap manje ak ki sa n ap bwè, nou toujou sonje, antanke vrè kretyen, se esklav Bondye nou ye. Nou pa la pou nou fè tèt nou plezi. Nou prefere sèvi Jewova pase pou nou vin esklav dezi lachè oswa pou nou vin esklav tandans ak mòd ki genyen nan monn nan. — Galat 5:24 ; 2 Timote 2:22 ; Tit 2:11, 12.

19-21. a) Ki jan nou wè moun ki gen otorite nan monn nan ? b) Ki jan kèk Temwen Jewova montre yo “ renmen tout kominote frè yo nèt ” ? c) Ki responsablite nou genyen ki pi enpòtan ?

19 Pyè kontinye, li di : “ Se pou n onore tout kalite moun, se pou n renmen tout kominote frè yo nèt, se pou n krenn Bondye, se pou n onore wa a. ” ​(1 Pyè 2:17). Piske se Jewova Dye ki pèmèt moun okipe divès kalite pozisyon kòm otorite, nou bay moun sa yo yon onè ki apwopriye. Nou menm priye pou yo, yon fason pou nou ka jwenn posiblite pou nou pousuiv aktivite predikasyon an an pè, antanke moun ki gen atachman pou Bondye (1 Timote 2:1-4). Men, anmenmtan tou, nou “ renmen tout kominote frè yo nèt ”. Tout sa nou fè, se pou byen frè yo nou fè l.

20 Pa egzanp, nan yon peyi Afrik vyolans etnik t ap ravaje, Temwen Jewova yo pa t fè menm jan ak rès moun yo. Men ki sa yon jounal suis (Reformierte Presse) rapòte : “ An 1995, yon òganizasyon ki rele African Rights [...] te rive pwouve se tout legliz ki te patisipe [nan chirepit la], esepte Temwen Jewova yo. ” Lè nouvèl sou sitiyasyon an te kòmanse gaye aletranje, rapidman, Temwen Jewova ewopeyen yo te voye manje, yo te voye medikaman, non sèlman bay frè yo, men tou bay lòt moun k ap viv nan zòn sinistre sa a (Galat 6:10). Yo aplike pawòl nou jwenn nan Pwovèb 3:27 la, ki di : “ Pa refize fè byen pou moun ou dwe sa, chak fwa ou gen pouvwa nan men w pou w fè sa. ”

21 Men, ou konnen, gen yon responsablite nou genyen ki pi enpòtan pase onè nou dwe bay otorite ki genyen nan monn nan. Se yon responsablite ki pi enpòtan menm pase lanmou nou dwe genyen pou frè nou yo. Ki responsablite li ye ? Pyè deklare : “ Se pou nou gen lakrentif pou Bondye. ” Nou gen plis devwa lontan anvè Jewova pase sa nou genyen anvè nenpòt lòt moun. Poukisa nou di sa ? E ki jan nou ka fè pou nou jwenn ekilib ant responsablite nou genyen anvè Bondye ak devwa nou genyen anvè otorite ki genyen nan monn nan ? N ap reponn kesyon sa yo nan lòt atik la.

Èske nou sonje ?

• Ki responsablite yon kretyen genyen anndan fanmi l ?

• Ki jan nou ka montre, anndan kongregasyon an, nou se moun ki renmen bay ?

• Ki devwa nou anvè monn nan ?

• Site kèk byenfè nou jwenn lè nou fè efò pou nou toujou suiv prensip wo nivo nan konduit nou.

[Kesyon]

[Foto nan paj 19]

Ki jan yon kretyen ka jwenn gwo kè kontan anndan fanmi l ?

[Foto nan paj 20]

Poukisa Temwen Jewova yo gen lanmou youn pou lòt ?

[Foto nan paj 20]

Èske nou ka montre nou renmen frè nou menm lè nou pa konnen yo ?