Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova gen sousi pou nou

Jewova gen sousi pou nou

Jewova gen sousi pou nou

“ Lage tout tèt chaje nou sou [Bondye], paske li gen sousi pou nou. ” — 1 PYÈ 5:7.

1. Bay kèk domèn enpòtan kote Jewova ak Satan konplètman diferan ?

JEWOVA ak Satan konplètman diferan nan tanperaman yo. Nenpòt moun ki santi Jewova atire l, pa ka pa gen repiyans pou Dyab la. Encyclopædia Britannica (1970) souliye diferans sa a. Anpalan de aktivite Satan, jan sa mansyone nan liv Jòb la, men sa ansiklopedi sa a di : ‘ Travay Satan se sikile sou tout tè a pou l chèche aksyon pou l kritike, oswa moun pou l akize. Nan sans sa a, travay li opoze ak travay “ Seyè a ” ki gen “ je ” l k ap sikile sou tout tè a pou l soutni tout sa ki bon (II Chron. xvi, 9). Satan pretann lòm pa ka fè bon bagay san l pa gen yon enterè l ap defann. E li jwenn pèmisyon pou l chèche demontre sa, men, se anba otorite Bondye l ap aji, sou kontwòl li, ak nan limit Bondye ba li. ’ Ala yon gwo diferans ! — Jòb 1:6-12 ; 2:1-7.

2, 3. a) Montre ki jan nou jwenn sans mo “ Dyab ” la nan sa k te rive Jòb la ? b) Ki jan Bib la montre Satan kontinye ap akize sèvitè Jewova yo sou tè a ?

2 Mo “ Dyab ” la se tradiksyon yon mo grèk ki vle di “ moun k ap pote fo akizasyon ”, “ moun k ap fè medizans ”. Liv Jòb la montre Satan te akize Jòb, sèvitè fidèl Jewova a, kòmkwa se pou enterè l ap sèvi Jewova. Men sa Satan te di : “ Èske se pou granmesi Jòb gen lakrentif pou Bondye ? ” ​(Jòb 1:9). Istwa nou jwenn nan liv Jòb la montre, malgre Jòb t ap sibi yon tès e li te anba eprèv, li te vin pi pre Jewova pase anvan (Jòb 10:9, 12 ; 12:9, 10 ; 19:25 ; 27:5 ; 28:28). Apre eprèv la, Jòb di Bondye : “ Se tande m te konn tande pale de ou, men kounye a mwen wè w ak pwòp je m. ” — Jòb 42:5.

3 Èske Satan sispann akize sèvitè fidèl Jewova yo depi apre epòk Jòb la ? Non. Liv Revelasyon an montre, nan tan lafen an, Satan kontinye ap akize frè wen Kris yo e sètènman konpayon fidèl wen yo tou (2 Timote 3:12 ; Revelasyon 12:10, 17). Kidonk, sa ki pi enpòtan pou nou antanke vrè kretyen, se soumèt tèt nou devan Jewova, Bondye ki gen sousi pou nou an, epi sèvi l avèk yon lanmou ki pwofon. Konsa, n ap pwouve akizasyon Satan an se yon fo akizasyon, e n ap fè kè Jewova kontan. — Pwovèb 27:11.

Jewova chèche tout mwayen pou l ede nou

4, 5. a) Kontrèman ak Satan, ki sa Jewova ap chèche sou tè a ? b) Ki sa nou dwe fè bò kote pa nou pou nou benefisye favè Jewova ?

4 Dyab la ap sikile sou tè a, l ap chèche moun pou l akize ak moun pou l devore (Jòb 1:7, 9 ; 1 Pyè 5:8). Kontrèman ak Satan, Jewova li menm, se chèche l ap chèche ede moun ki bezwen fòs. Men sa pwofèt Anani te di wa Aza : “ Kanta pou Jewova, je l ap sikile toupatou sou tè a pou l ka montre fòs li anfavè moun ki ba li tout kè yo. ” ​(2 Kwonik 16:9). Ala yon gwo diferans ki genyen ant Satan k ap egzamine nou afon paske li rayi nou ak Jewova k ap egzamine nou avèk atansyon paske li renmen nou !

5 Jewova pap espyonnen nou yon fason pou l rive dekouvri chak fot ak chak defo nou gen lakay nou. Salmis la ekri : “ Si se te fot ou t ap chèche, o Ya, o Jewova, kilès ki t ap ka kanpe ? ” ​(Sòm 130:3). Repons lan se : pèsonn (Eklezyas 7:20). Si nou pwoche bò kote Jewova ak tout kè nou, je l ap sou nou, se pa pou l kondane nou, men pou l wè efò n ap fè, epi pou l reponn priyè nou fè pou mande l èd ak padon. Men sa apot Pyè te ekri : “ Je Jewova sou moun ki jis yo, e zòrèy li la ap koute siplikasyon yo. Men fas Jewova vire kont moun k ap fè sa k pa bon. ” — 1 Pyè 3:12.

6. Ki jan egzanp David la ka rekonfòte nou e anmenmtan sèvi nou avètisman ?

6 David te fèt nan peche e li te fè fot ki trè grav (2 Samyèl 12:7-9). Men, li te vide kè l bay Jewova e li te pwoche bò kote l nan lapriyè (Sòm 51:1-12, entwodiksyon). Jewova te tande priyè l e li te padone l, menmsi David te sibi konsekans dezagreyab peche l te fè a (2 Samyèl 12:10-14). Egzanp sa a dwe rekonfòte nou, anmenmtan li dwe sèvi nou avètisman tou. Sa rekonfòte nou lè nou konnen Jewova dakò pou l padone peche nou si nou repanti toutbonvre, men li enpòtan pou nou sonje sa : byen souvan peche gen konsekans ki trè grav (Galat 6:7-9). Si nou vle vin pi pre Jewova, nou dwe rete pi lwen posib tout bagay ki pa fè l plezi. — Sòm 97:10.

Jewova atire sèvitè li yo vin jwenn li

7. Ki kalite moun Jewova bay atansyon l, e ki jan li atire moun sa yo pou yo vin jwenn li ?

7 Men pawòl nou jwenn nan youn nan sòm David te ekri yo : “ Jewova byen wo, epoutan li wè moun ki enb lan. Men moun ki ògeye a se sèlman de lwen li rekonèt li. ” ​(Sòm 138:6). Nan menm sans lan, men sa yon lòt sòm di : “ Ki moun ki tankou Jewova, Bondye nou an, li menm ki fè kay li sou wotè ? Li bese pou l gade syèl la ak tè a, li leve moun ki piti a soti nan pousyè. Li leve pòv la byen wo soti nan twou sann nan menm. ” ​(Sòm 113:5-7). Wi, Kreyatè linivè a, Kreyatè toupisan an, bese pou l gade tè a, e je li wè “ moun ki enb lan ”, “ moun ki piti a ”, moun ki ap “ soupire e ki ap jemi parapò ak tout bagay detestab moun ap komèt ”. (Ezekyèl 9:4.) Jewova atire moun sa yo vin jwenn li pa mwayen Pitit li a. Men sa Jezi te di lè l te sou tè a : “ Pèsonn pa ka vin jwenn mwen, si Papa a ki voye m nan pa atire l [...] pèsonn pa ka vin jwenn mwen amwenske Papa a akòde l sa. ” — Jan 6:44, 65.

8, 9. a) Poukisa nou tout bezwen vin jwenn Jezi ? b) Ki sa ki estrawòdinè nan dispozisyon Bondye te pran pou l bay ranson an ?

8 Tout moun ta dwe vin jwenn Jezi epi mete lafwa yo nan sakrifis li bay kòm ranson an, paske yo tout fèt nan peche e yo tout te lwen Bondye (Jan 3:36). Yo bezwen vin rekonsilye ak Bondye (2 Korentyen 5:20). Bondye pa tann pou se pechè yo ki vin sipliye l pou l pran dispozisyon ki te ka pèmèt yo fè lapè avèk li. Gade sa apot Pòl ekri : “ Se konsa Bondye rekòmande nou pwòp lanmou li : alòske nou te toujou pechè, Jezi mouri pou nou. [...] Paske, si lè nou te lènmi, nou te vin rekonsilye ak Bondye grasa lanmò Pitit li a, alewè pou kounye a nou vin rekonsilye, nou kapab sove grasa lavi Pitit li a. ” — Women 5:8, 10.

9 Anpalan de Bondye k ap rekonsilye lèzòm avèk li, men sa apot Jan te ekri pou li sètifye gwo verite sa a : “ Nan ka pa nou, se pa mwayen sa a Bondye te montre li renmen nou, paske Bondye te voye sèl Pitit li te fè a nan monn nan, pou nou ka jwenn lavi grasa li. Lanmou nan ka sa a, se pa nou ki te renmen Bondye, men se li ki te renmen nou epi ki voye Pitit li a kòm sakrifis li bay ann echanj pou peche nou. ” ​(1 Jan 4:9, 10). Se Bondye ki te fè premye pa a, se pa t lèzòm. Èske nou pa santi yon Bondye konsa atire nou, yon Bondye ki montre tout lanmou sa a pou nou menm lèzòm ki pa t sèlman “ pechè ”, men ki te “ lènmi ” l tou. — Jan 3:16.

Nou bezwen chèche Jewova

10, 11. a) Ki sa nou dwe fè pou nou chèche Jewova ? b) Kòman nou dwe konsidere sistèm Satan an ?

10 Natirèlman, Jewova pa fòse pèsonn vin jwenn li. Nou dwe chèche l, ‘ nou dwe tatonnen pou nou jwenn li, e nou dwe jwenn li vre, kwak an reyalite li pa lwen okenn nan nou ’. (Travay 17:27.) Nou dwe rekonèt Jewova gen dwa pou l mande nou pou nou soumèt nou devan l. Men sa disip Jak ekri : “ Donk, soumèt nou devan Bondye, men kenbe tèt ak Dyab la, e l ap kouri kite nou. Pwoche bò kote Bondye, l ap pwoche bò kote nou. Netwaye men nou, pechè, epi pirifye kè nou, moun ki gen de lide. ” ​(Jak 4:7, 8). Nou pa dwe pè pran yon pozisyon fèm kont Dyab la, epi pran yon pozisyon fèm pou Jewova.

11 Sa vle di se pou nou kenbe distans nou ak sistèm mechan Satan an. Jak te ekri tou : “ Èske nou pa konnen vin zanmi monn nan se vin lènmi Bondye ? Donk yon moun ki vle zanmi monn nan fè tèt li lènmi Bondye. ” ​(Jak 4:4). Yon lòt bò, si nou vle vin zanmi Bondye, nou dwe atann nou monn Satan an ap rayi nou. — Jan 15:19 ; 1 Jan 3:13.

12. a) Ki pawòl rekonfòtan David te ekri ? b) Ki avètisman Jewova te bay pa mwayen pwofèt Azarya ?

12 Lè monn Satan an ap pèsekite nou nan yon domèn byen patikilye, se lè sa a nou plis bezwen pwoche bò kote Jewova nan lapriyè pou nou mande l èd li. David, ki te santi jan men Jewova te avèk li pou delivre l yon kantite fwa, te ekri pawòl sa yo pou rekonfòte nou : “ Jewova pre tout moun ki envoke li, wi tout moun ki envoke l avèk verite. L ap reyalize dezi moun ki krenn li. L ap tande rèl yo fè pou mande l sekou, e l ap delivre yo. Jewova ap pwoteje tout moun ki renmen l yo, men li pral aneyanti tout mechan yo. ” ​(Sòm 145:18-20). Sòm sa a montre nou Jewova kapab delivre nou menmsi se nou menm sèl ki anba eprèv, epitou li montre nou lè “ gwo tribilasyon an ” rive, l ap sove tout pèp li a ansanm (Revelasyon 7:14). Jewova ap toujou rete pwòch nou si nou rete pwòch li. “ Lespri Bondye ” te pouse pwofèt Azarya di pawòl sa yo ki reprezante yon verite jeneral : “ Jewova avèk nou toutotan nou montre nou avèk li. E si nou chèche l, l ap kite nou jwenn li. Men, si nou kite l, l ap kite nou tou. ” — 2 Kwonik 15:1, 2.

Jewova dwe yon pèsòn reyèl pou nou

13. Ki jan nou ka montre Jewova se yon pèsòn reyèl pou nou ?

13 Anpalan de Moyiz, apot Pòl ekri : “ Li te kontinye tennfas, kòmsi li te wè Sila ki envizib la. ” ​(Ebre 11:27). Natirèlman, Moyiz pa t janm wè Jewova (Egzòd 33:20). Men, Jewova te tèlman yon pèsòn reyèl pou li, se kòmsi li te wè l. Menm jan an tou, apre eprèv li yo, se avèk je lafwa Jòb te rive wè Jewova pi klè. Li te wè se yon Bondye ki pèmèt sèvitè l yo ki fidèl sibi eprèv, men ki pa janm abandone yo (Jòb 42:5). Labib di Enòk ak Noye t ap ‘ mache avèk Bondye ’. Yo te fè sa, lè yo te chèche fè Bondye plezi e lè yo te obeyi l (Jenèz 5:22-24 ; 6:9, 22 ; Ebre 11:5, 7). Si Jewova se yon pèsòn reyèl pou nou, menm jan li te reyèl pou Enòk, Noye, Jòb ak Moyiz, n ap “ sonje li ” nan tout wout nou, e l ap “ fè chemen nou dwat pou nou. ” — Pwovèb 3:5, 6.

14. Ki sa ‘ kenbe Jewova fèm ’ vle di ?

14 Yon tikras tan anvan Izrayelit yo te antre nan Latè pwomiz, men konsèy Moyiz te ba yo : “ Se dèyè Jewova Bondye nou an nou dwe mache, se li nou dwe krenn, se kòmandman l nou dwe suiv, se vwa l nou dwe koute, se li nou dwe sèvi, e se li nou dwe kenbe fèm. ” ​(Detewonòm 13:4). Yo te dwe suiv Jewova, krenn li, obeyi li epi kenbe l fèm. Men sa yon biblis di konsènan mo ebre espresyon “ kenbe fèm ” nan tradui a : “ Nan lang ebre a, mo sa a endike yon relasyon sere kole ki entim ”. Salmis la di : “ Entimite avèk Jewova se pou moun ki gen lakrentif pou li. ” ​(Sòm 25:14). Bonjan relasyon sa a, relasyon sere kole sa a, n ap genyen l avèk Jewova, si l se yon pèsòn reyèl pou nou, e si pwofondè lanmou nou gen pou li anpeche nou fè mwenn ti bagay ki ka fè l fache. — Sòm 19:9-14.

Èske nou konsyan Jewova gen sousi pou nou ?

15, 16. a) Ki jan Sòm 34 montre nou Jewova gen sousi pou nou ? b) Ki sa nou dwe fè si li pa fasil pou nou raple nou bon aksyon Jewova te fè pou nou ?

15 Jewova, Bondye nou an, toujou pran swen sèvitè l yo ki fidèl. Men, youn nan fent Satan se eseye fè nou bliye sa. David, wa Izrayèl, te konte sou bra Jewova pou pwoteje l menm lè l te devan gwo danje. Lè l te oblije pran pòz moun fou l devan Akich, wa Gat la, li te konpoze yon chante, yon sòm ki bèl anpil ki gen pawòl sa yo ladan l, pawòl ki esprime lafwa li : “ O, annou glorifye Jewova avèk mwen, annou leve non l byen wo ansanm. Mwen kesyone Jewova, e li reponn mwen, li delivre m anba tout sa ki fè m pè. Zanj Jewova a kanpe toutotou moun ki krenn li, e li delivre yo. Goute e n a wè jan Jewova bon. Gason vanyan ki chèche refij nan li gen kè kontan. Jewova toupre moun ki santi yo kraze nan kè yo. E moun ki santi yo kraze nan lespri yo, l ap sove yo. Moun ki jis la jwenn anpil kalamite, men Jewova delivre l anba yo tout. ” — Sòm 34:3, 4, 7, 8, 18, 19 ; 1 Samyèl 21:10-15.

16 Èske nou kwè toutbonvre Jewova gen pouvwa pou sove nou ? Èske nou konsyan zanj li yo ap pwoteje nou ? Èske nou menm pèsonèlman nou goute epi nou wè jan Jewova bon ? Ki dènye fwa ou te santi toutbonvre Jewova te montre li bon pou ou ? Eseye fè yon ti sonje. Èske se nan dènye kay ou te antre lè w t ap preche epi ou te santi ou pa t ka fè anyen ankò a ? Petèt, lè sa a, ou te rive gen yon bèl konvèsasyon ak moun ou te rankontre nan kay la. Èske w te sonje di Jewova mèsi paske li te ba ou fòs anplis ou te bezwen an, epi paske li te beni w (2 Korentyen 4:7) ? Yon lòt bò, ou ka mal pou raple w kèk bon aksyon Jewova te fè pou ou. Petèt ou ta dwe fè bak tounen semèn pase, oubyen mwa pase, oubyen ane pase oubyen pi lontan toujou. Si se ka pa w, poukisa ou pa fè yon bonjan efò pou w vin pi pre Jewova epi eseye wè ki jan l ap gide w, ki jan l ap dirije w ? Men egzòtasyon apot Pyè te bay kretyen yo : “ Imilye tèt nou anba pisans men Bondye, [...] pandan n ap lage tout tèt chaje nou sou li, paske li gen sousi pou nou. ” ​(1 Pyè 5:6, 7). Konsa, w ap sezi wè nan ki pwen Jewova gen sousi pou ou ! — Sòm 73:28.

Kontinye chèche Jewova

17. Ki sa ki nesesè pou nou fè si nou vle kontinye chèche Jewova ?

17 Nou pa dwe janm sispann fè efò pou nou konsève bonjan relasyon nou genyen avèk Jewova. Men sa Jezi te di Papa l nan yon priyè : “ Men sa lavi etènèl la siyifi : se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Bondye a ak sila ou te voye a, Jezi Kris. ” ​(Jan 17:3). Aprann konnen Jewova ak pitit li a mande pou nou toujou ap fè efò. Nou bezwen èd lapriyè ak èd lespri sen pou nou ka konprann “ bagay pwofon Bondye yo ”. (1 Korentyen 2:10 ; Lik 11:13.) Nou bezwen direksyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ” tou, pou nou ka nouri espri nou ak manje espirityèl “ nan moman apwopriye ”. (Matye 24:45.) Pa mwayen esklav la, Jewova ban nou konsèy pou nou li Labib chak jou, pou nou asiste reyinyon kongregasyon an regilyèman epi pou nou patisipe ak tout kè nou nan preche ‘ bon nouvèl konsènan wayòm nan ’. (Matye 24:14.) Se lè nou aji konsa, n ap kontinye chèche Jewova, Bondye ki gen sousi pou nou an.

18, 19. a) Ki sa nou dwe detèmine pou nou fè ? b) Si nou kanpe tennfas kont Dyab la, epi nou kontinye chèche Jewova, ki benediksyon n ap jwenn ?

18 Satan ap fè tout sa ki nan pouvwa l pou l fè pèsekisyon, opozisyon ak presyon soti tribòbabò vin sou sèvitè Jewova yo. L ap eseye entèwonp lapè nou genyen an, epi l ap eseye detwi bonjan repitasyon nou genyen devan Bondye a. Li pa ta renmen pou nou kontinye travay nou an : jwenn moun ki gen bon kè yo epi ede yo vin pran pozisyon bò kote Jewova nan kesyon souvrènte inivèsèl la. Men, nou dwe detèmine pou nou rete fidèl devan Jewova, epi mete konfyans nou nan li pou l delivre nou anba mechan an. Si nou kite pawòl Bondye a gide nou, e si nou kontinye mache ansanm ak òganizasyon vizib li a, nou mèt sèten Jewova ap toujou la pou l soutni nou. — Izayi 41:8-13.

19 Kidonk, annou tout kanpe tennfas kont Dyab la ak tout fent li yo. Annou toujou kontinye chèche Jewova, Bondye nou renmen an, li menm ki pap janm sispann ‘ fè nou djanm, fè nou solid ’. (1 Pyè 5:8-11.) Konsa, n ap “ rete la nan lanmou Bondye, pandan n ap tann mizèrikòd Jezi Kris, Seyè nou an, avèk je nou fikse sou lavi etènèl. ” — Jid 21.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki sa mo “Dyab” la vle di, e ki jan Dyab la aji ki montre yo byen fèt rele l konsa ?

• Ki jan Jewova montre li pa menm ak Dyab la nan fason l ap gade moun ki abite sou tè a ?

• Poukisa yon moun dwe asepte ranson an pandan l ap pwoche bò kote Jewova ?

• Ki sa ‘kenbe Jewova fèm’ vle di, e ki jan nou ka kontinye chèche Jewova ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 15]

Malgre Jòb te anba eprèv, li te rive rekonèt Jewova gen sousi pou li.

[Foto nan paj 16]

Li Labib chak jou, asiste reyinyon regilyèman, preche avèk zèl, tout sa fè nou sonje Jewova gen sousi pou nou.