Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Kenbe tèt ak Dyab la ”

“ Kenbe tèt ak Dyab la ”

“ Kenbe tèt ak Dyab la ”

“ Kenbe tèt ak Dyab la, e l ap kouri kite nou. ” — JAK 4:7.

1. Ki jan nou kapab dekri monn sa a, e poukisa kretyen wen yo ansanm ak konpayon yo bezwen vijilan ?

“BONDYE pa la ankò, men Dyab la toujou la ”. Pawòl sa yo, se yon ekriven fransè ki rele André Malraux ki te di yo, e yo byen sanble ak sitiyasyon ki egziste nan monn n ap viv la. Lè n ap gade sa lèzòm reyalize, nou plis wè plan Dyab la ladan yo, olye pou nou ta wè volonte Bondye. Satan ap vire lòlòj lèzòm e, pou l fè sa, li sèvi “ ak tout kalite èv pisans, ansanm ak siy ak prediksyon k ap twonpe moun, ansanm ak tout kalite twonpri ki enjis pou moun k ap peri yo ”. (2 Tesalonisyen 2:9, 10.) Toutfwa, nan “ dènye jou ” sa yo, Satan konsantre tout efò li sou sèvitè Bondye yo. L ap fè lagè ak kretyen wen yo “ k ap obsève kòmandman Bondye yo e k ap fè travay sa a : bay temwayaj pou Jezi ”. (2 Timote 3:1 ; Revelasyon 12:9, 17.) Temwen sa yo, ansanm ak konpayon yo ki gen yon esperans terès, bezwen vijilan.

2. Ki jan Satan te sedui Èv, e ki krent apot Pòl te di li genyen ?

2 Se pa ti mantè non, Satan mantè ! Li te kache dèyè yon sèpan e li te blofe Èv lè l te fè l panse li ka viv ak plis kè kontan si l pa rete anba kontwòl Bondye (Jenèz 3:1-6). Anviwon kat mil an apre sa, apot Pòl te di kretyen wen ki t ap viv nan vil Korent yo, ki jan li te pè pou yo pa viktim anba riz Satan. Men ki sa li te ekri : “ Mwen pè, yon fason oswa yon lòt, menm jan sèpan an te sedui Èv avèk riz, pou entèlijans nou pa vin kòwonpi lwen senserite ak konduit pwòp nou genyen grasa Kris la. ” ​(2 Korentyen 11:3). Satan kòwonp lespri lèzòm e li defòme fason yo panse. Menm jan li te sedui Èv, li ka fè kretyen yo fè fo rezònman e li ka fè yo panse bonè yo depann de yon bagay Jewova ak Pitit li a dezapwouve.

3. Pa ki mwayen Jewova pwoteje nou kont Dyab la ?

3 Nou ka konpare Satan ak yon chasè ki tann pyèj pou l pran zwazo ki enpridan. Pou nou evite pyèj Satan yo, nou bezwen “ abite nan kachèt Trèwo a ”, yon andwa senbolik kote n ap jwenn pwoteksyon nan men Jewova. Se yon pwoteksyon li bay moun ki rekonèt souvrènte inivèsèl li e ki soumèt yo anba souvrènte sa a nan tout sa y ap fè (Sòm 91:1-3). Nou bezwen tout pwoteksyon Jewova bay pa mwayen Pawòl li, lespri sen l ak òganizasyon l lan. Konsa, n ap “ ka kenbe fèm kont manèv Dyab la ”. (Efezyen 6:11.) Mo “ manèv ” la se tradiksyon yon mo grèk ki ka vle di tou “ fent ” oswa “ trik ”. Pa gen dout sou sa, Dyab la sèvi ak anpil trik, ak anpil fent, nan efò l ap fè pou l pran sèvitè Jewova yo nan pyèj.

Pyèj Satan te tann pou premye kretyen yo

4. Nan ki kalite anviwònman premye kretyen yo t ap viv ?

4 Kretyen ki t ap viv nan premye ak dezyèm syèk nan epòk nou an t ap viv nan moman Anpi women an te plis ap mennen. Pax Romana a (lapè womèn) te pèmèt komès devlope. Grasa pwosperite sa a, moun ki te opouvwa yo te gen anpil tan pou yo pran plezi yo, e dirijan yo te veye pou mas pèp la jwenn tout kalite divètisman dekwa pou yo pa revòlte. Pafwa, pandan kèk peryòd, moun yo te gen menm kantite jou ferye ak jou travay. Dirijan yo te sèvi ak lajan leta pou yo bay pèp la manje ak banbòch. Konsa, vant moun yo te plen e yo te bliye tout pwoblèm.

5, 6. a) Poukisa li pa t apwopriye pou kretyen yo ale nan teyat ak anfiteyat women yo ? b) Ki trik Satan te itilize, e ki jan kretyen yo te ka evite li ?

5 Èske sitiyasyon sa a te reprezante yon danje pou premye kretyen yo ? Gen yon seri ekriven, tankou Tètilyen, ki t ap viv apre epòk apot yo, ki te pale sou sitiyasyon sa a. Dapre sa yo te ekri, pifò divètisman ki te genyen nan epòk sa a te chaje ak danje pou kretyen yo, ni nan domèn moral, ni nan domèn espirityèl. Youn nan rezon ki fè sa, se paske pifò fèt ak pifò jwèt yo te konn òganize an piblik, se te pou onore fo dye (2 Korentyen 6:14-18). Nan teyat yo, menm espektak òdinè yo te chaje swa ak zak ki imoral nan dènye degre, swa ak vyolans kote anpil san t ap koule. Ofiramezi tan ap pase, moun yo te vin pèdi gou pou divètisman klasik yo e yo te pito al gade dans ak pyès teyat ki te ankouraje imoralite seksyèl. Nan yon liv ki rele Lavi nan Wòm nan tan lontan (anglè), men ki sa istoryen Jérôme Carcopino deklare : “ Nan espektak sa yo, yo te pèmèt aktris yo pou yo dezabiye yo nèt [...] Anpil san te koule. [...] E te gen yon pèvèsyon dènye degre ki te chame mas pèp ki t ap viv nan kapital la. Yo pa t gen okenn repiyans pou sèn imoral sa yo, paske masak efreyan yo te konn wè nan anfiteyat yo te gentan fè konsyans yo vin ensansib, e sa te pèvèti tout tandans yo . ” — Matye 5:27, 28.

6 Nan yon seri gwo estad yo te rele anfiteyat, te gen gladyatè ki te konn goumen swa ak lòt gladyatè parèy yo, swa ak bèt sovaj, jiskaske youn touye lòt. Yo te konn pran kriminèl ki kondane amò epi yo lage yo bay bèt fewòs, e gen anpil kretyen ki te sibi menm sò a. Menm nan tan sa a, trik Satan se te diminye repiyans moun yo pou imoralite ak vyolans, jiskaske bagay sa yo vin popilè, e jiskaske mas pèp la te vin ap reklame yo. Sèl fason pou yon moun te evite pyèj sa a, se mete pou l pa t mete pye l ni nan teyat yo ni nan anfiteyat yo. — 1 Korentyen 15:32, 33.

7, 8. a) Poukisa yon kretyen ki ta ale nan kous charyo t ap montre li manke disènman ? b) Kòman Satan te ka sèvi ak douch piblik women yo pou l pran kretyen yo nan pyèj ?

7 Te gen kous charyo ki te konn fèt nan gwo estad ki gen fòm oval yo te rele arèn. San dout, kous sa yo te enteresan anpil, men yo pa t konvnab pou kretyen, paske gwo deblozay te konn pete pami foul espektatè yo. Yon ekriven ki t ap viv nan twazyèm syèk nan epòk nou an fè konnen espektatè yo te konn goumen youn ak lòt e, dapre Carcopino, nan chak ouvèti ki nan arèn nan “ astwològ yo ak pwostitye yo te gen plas pa yo pou yo mennen biznis yo ”. Pa gen diskisyon sou sa, arèn women yo se pa t kote pou kretyen yo te ale. — 1 Korentyen 6:9, 10.

8 Ki sa nou ka di de selèb douch piblik women yo ? Natirèlman, pa t gen anyen ki mal pou yon moun benyen pou kò l rete pwòp. Men, anpil nan douch piblik women yo se te gwo konstriksyon ki gen sal pou fè masaj, jimnazyòm pou moun fè espò, sal pou moun jwe, ak lòt kote pou moun manje e pou moun bwè. An prensip, yo te fikse ki lè pou gason vin benyen e ki lè pou fi vin benyen. Men, souvan, yo te dakò pou gason ak fi benyen ansanm. Men ki sa Kleman d Aleksandri te ekri : “ Douch yo ouvè ni pou fi ni pou gason e yo mete yo toutouni pou yo ka gen yon konpòtman deprave. ” Konsa, Satan te ka sèvi fasilman ak yon etablisman piblik ki legal epi fè l tounen yon pyèj pou kretyen yo. Sa ki te gen disènman yo pa t frekante kote konsa.

9. Ki pyèj premye kretyen yo te dwe evite ?

9 Nan moman Anpi women an te plis ap mennen, jwèt aza se youn nan distraksyon moun yo te plis renmen. Pou premye kretyen yo te ka evite tonbe nan fè paryaj ki te konn fèt nan kous charyo yo te òganize nan arèn yo, se sèlman ale pou yo pa t ale ladan yo. Te gen ti paryaj tou ki te konn fèt ilegalman, an kachèt, nan ti chanm ki te genyen nan kafe yo ak obèj yo. Te gen jwè ki te konn parye sou kantite wòch oswa kantite ti zo ki te nan men yon lòt jwè. Yo te dwe di si kantite a se yon chif ki enpè oswa yon chif ki pè. Jwèt aza te fè moun yo kontan viv, paske sa te ba yo espwa pou yo fè lajan san yo pa fè efò (Efezyen 5:5). Anplis de sa, moun ki t ap sèvi nan kafe ak obèj sa yo, byen souvan se pwostitye yo te ye. Sa te ogmante danje pou moun tonbe nan imoralite seksyèl. Sa nou sot wè la yo se kèk nan pyèj Satan te tann pou kretyen ki t ap viv nan vil yo nan Anpi women an. Èske bagay yo diferan jodi a ?

Pyèj Satan tann jodi a

10. Montre ki jan fason moun yo ap viv jodi a sanble tèt koupe ak fason moun yo t ap viv nan Anpi women an.

10 An gwo, soti nan tan lontan jis rive jodi a, trik Satan yo pa chanje. Kretyen Korent yo t ap viv nan yon vil kòwonpi. Avèk fèmte, apot Pòl te konseye yo pou yo pa ‘ kite Satan twonpe yo ’. Li te di yo tou : “ Nou pa inyore objektif [Satan yo]. ” ​(2 Korentyen 2:11). Jodi a, nan anpil peyi devlope, fason moun yo ap viv sanble tèt koupe ak fason moun yo t ap viv nan Anpi women an nan moman li te plis ap mennen. Anpil moun gen plis tan pou yo distrè yo pase anvan. Grasa lotri nasyonal, menm pòv yo wè yo gen yon ti espwa. Gen anpil divètisman ki pa koute chè ki kenbe lespri moun yo okipe. Estad kote match ap jwe pa gen kote pou pike zepeng, moun yo ap parye, pafwa espektatè yo vin vyolan, e souvan jwè yo vin vyolan tou. Se mizik avilisan moun yo plis renmen koute. Anplis de sa, nan teyat, nan sinema, nan televizyon, yo prezante espektak ki gen imoralite chokan. Gen kèk peyi kote li fasil pou w jwenn gason mele ak fi k ap pran beny vapè nan yon chanm cho ki rele sona oswa k ap benyen nan sous ki bay dlo cho, san nou pa bliye plaj kote moun ap benyen toutouni. Nan epòk krisyanis la te fèk kòmanse fleri, Satan te eseye kapte sèvitè Bondye yo pa mwayen plezi ki gen nan monn nan. Jodi a, se egzakteman menm bagay la l ap chèche fè.

11. Anvi pou nou detann nou e pou nou pran plezi nou ka fè nou tonbe nan ki kalite pyèj ?

11 Nan yon monn kote tout moun anba presyon, li toutafè nòmal pou yon moun anvi detann li oubyen al pran yon ti plezi pou l manyè dechaje tèt li. Toutfwa, fòk nou pa bliye douch piblik women yo te gen kèk aspè ki te reprezante yon reyèl danje pou premye kretyen yo. Menm jan an tou jodi a, anpil moun rann yo kont Satan sèvi ak kèk kote yo amenaje pou moun al fè vakans kòm pyèj pou l fè kretyen yo tonbe swa nan imoralite, swa nan bwè alkòl depase limit. Men ki sa Pòl te ekri kretyen Korent yo : “ Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon detwi abitid ki pwofitab. Reveye nou, reprann bonsans nou ann amoni ak sa ki jis, epi pa pratike peche, paske gen moun ki pa gen konesans sou Bondye. ” — 1 Korentyen 15:33, 34.

12. Site kèk nan trik Satan itilize jodi a pou l pran sèvitè Jewova yo nan pyèj.

12 Nan ka Èv, nou wè ki jan Satan te sèvi ak riz pou l kòwonp lespri li (2 Korentyen 11:3). Jodi a tou, youn nan pyèj Satan itilize, se fè kretyen yo panse si yo chèche aji menm jan ak moun ki nan monn nan, pou yo montre pa gen diferans ant Temwen Jewova ak lòt moun, sa ap pèmèt yo mennen kèk moun nan laverite. Pafwa, yo ale twò lwen e se lekontrè ki fèt (Agayi 2:12-14). Yon lòt trik Satan se pouse kretyen yo viv ak de fas, kit yo jèn kit yo pa jèn, epi pouse yo “ bay lespri sen Bondye lapenn ”. (Efezyen 4:30.) Gen kèk moun ki tonbe nan pyèj sa a paske yo sèvi ak Entènèt nan move entansyon.

13. Site yon pyèj degize ki fè pati fent Satan yo e di ki konsèy apwopriye liv Pwovèb la bay sou sa.

13 Yon lòt pyèj Satan itilize se pratik mistik degize. Pa gen okenn vrè kretyen k ap chwazi al patisipe, menmsi se an jwèt, nan satanis oswa espiritis. Poutan, gen kèk kretyen, san yo pa rann yo kont, ki manke vijilan anrapò ak fim, pwogram televizyon, jwèt videyo, e menm liv pou timoun ak desen anime k ap montre vyolans ak maji. Tout sa ki gen rapò ak pratik mistik, menmsi se nan yon ti degre piti, nou bezwen ba yo yon bwa long kenbe. Gen yon pwovèb ki chaje ak sajès ki di : “ Pikan ak pèlen, se sa ki sou wout moun ki pa dwat. Moun k ap veye sou nanm li ap rete lwen yo. ” ​(Pwovèb 22:5). Etandone se Satan ki “ dye sistèm de choz sa a ”, li kapab kache youn nan pyèj li yo dèyè nenpòt ki aktivite anpil moun renmen. — 2 Korentyen 4:4 ; 1 Jan 2:15, 16.

Jezi te kenbe tèt ak Dyab la

14. Ki jan Jezi te reziste devan premye tantasyon Dyab la ?

14 Jezi te kenbe tèt ak Dyab la e li fè l al fè wout li. Nan sans sa a li kite yon bèl egzanp pou nou. Apre Jezi te fin batize e apre li te fin jene pandan 40 jou, Dyab la te tante li (Matye 4:1-11). Nan premye tantasyon an, piske Jezi te fin jene, e nòmalman li te grangou, Dyab la te chèche pwofite de sa. Satan te mande Jezi pou l fè premye mirak li pou l tou bay tèt li manje. Jezi te site Detewonòm 8:3, e konsa li te refize sèvi ak pouvwa li nan yon bi egoyis e li te montre li bay manje espirityèl plis valè pase manje materyèl.

15. a) Ak ki anvi natirèl Satan te sèvi pou l tante Jezi ? b) Jodi a, ki pi gwo fent Satan itilize kont sèvitè Bondye yo, men ki jan nou ka kenbe tèt ak li ?

15 Gen yon bagay ki enteresan pou nou remake nan tantasyon sa a : Satan pa t chèche pouse Jezi komèt yon peche ki gen rapò avèk sèks. Piske lè yon moun grangou, natirèlman li anvi manje, sanble se te pi gwo anvi ki te ka sèvi pou tante Jezi nan sikonstans sa a. E jodi a, ak ki tantasyon Dyab la sèvi pou l atire sèvitè Bondye yo ? Gen tout kalite. Men, nan efò l ap fè pou l anpeche sèvitè Jewova yo rete entèg, youn nan pi gwo fent li itilize, se tantasyon ki gen rapò avèk sèks. Si nou imite Jezi, n ap ka kenbe tèt ak Dyab la e n ap ka reziste devan tantasyon l yo. Menm jan Jezi te sèvi ak vèsè ki apwopriye pou l repouse atak Dyab la, lè nou anfas tantasyon, nou ka medite sou kèk vèsè tankou Jenèz 39:9 ak 1 Korentyen 6:18.

16. a) Ki jan Satan te tante Jezi yon dezyèm fwa ? b) Nan ki domèn Satan ka chèche tante nou epi fè nou mete Jewova aleprèv ?

16 Apre sa, Satan bay Jezi yon defi. Li mande l pou l sot sou tèt tanp lan epi lage kò l anba, dekwa pou l mete Jewova aleprèv, pou l wè si Jewova kapab sèvi ak zanj li yo pou l pwoteje li. Jezi te site Detewonòm 6:16, e konsa li te refize mete Papa l aleprèv. Pou Satan tante nou, petèt li pap mande pou nou sot anlè tèt yon tanp epi lage kò nou anba, men, li ka pouse nou mete Jewova aleprèv. Èske nou konn anvi wè jis nan ki pwen nou ka imite sa ki alamòd nan monn nan, nan domèn teni ak kwafi, san nou pa mande konsèy ? Èske nou konn anvi al goute nan divètisman ki pa kòdjòm ? Si se ta sa, petèt se mete n ap mete Jewova aleprèv. Si nou gen tandans sa yo lakay nou, olye pou Dyab la kouri kite nou, li ka ret kole sou nou e li ka toujou ap chèche fè nou vin nan kan pa l.

17. a) Ki jan Dyab la te tante Jezi yon twazyèm fwa ? b) Ki sa nou dwe fè pou Jak 4:7 reyalize nan lavi nou ?

17 Lè Satan te ofri Jezi pou l ba li tout wayòm ki nan monn nan si l fè yon senp jès adorasyon nan pye l, Jezi te site vèsè ki nan Bib la ankò. Konsa, li te kenbe tèt ak Dyab la e li te pran yon pozisyon ki fèm anrapò ak adorasyon sèl Papa l merite a (Detewonòm 5:9 ; 6:13 ; 10:20). Petèt Satan pap ofri nou tout wayòm ki gen nan monn nan, men toutan l ap fè objektif materyalis parèt bèl devan je nou, pou l ka tante nou. Li ka menm fè nou panse nou ka gen pwòp ti wayòm pa nou. Èske nou reyaji menm jan ak Jezi ? Èske nou bay Jewova yon atachman san pataj ? Si se sa nou fè, n ap jwenn menm rezilta Jezi te jwenn nan. Matye di : “ Apre sa, Dyab la al kite l. ” ​(Matye 4:11). Si nou raple nou ki prensip biblik ki apwopriye ak sikonstans nou ye a e si nou mete yo an pratik, n ap ka reziste devan Satan depyefèm e li pral fè wout li. Men ki sa disip Jak te ekri : “ Kenbe tèt ak Dyab la, e l ap kouri kite nou. ” ​(Jak 4:7). Men ki sa yon kretyen te ekri biwo filyal Temwen Jewova yo nan peyi Lafrans : “ Satan gen anpil riz. Malgre tout bòn volonte m, m wè li difisil pou m metrize panse m ak dezi m. Toutfwa, grasa kouraj mwen, pasyans mwen, e sitou grasa èd Jewova ban mwen, m rive rete entèg e m rive kenbe laverite byen fèm. ”

Nou ekipe totalman pou nou kenbe tèt ak Dyab la

18. Ki ekipman espirityèl ki fè nou ame pou nou kenbe tèt ak Dyab la ?

18 Jewova ban nou yon ekipman sòlda ki konplè, yon ekipman espirityèl k ap pèmèt nou “ kenbe fèm kont manèv Dyab la ”. (Efezyen 6:11-18.) Lanmou nou genyen pou laverite ap mobilize nou, oswa l ap prepare nou pou travay nou gen pou n fè antanke kretyen. Detèminasyon nou genyen pou nou rete kole sou prensip wo nivo Jewova yo, prensip jistis li yo, ap tankou yon kiras k ap pwoteje kè nou. Si bon nouvèl la tankou yon soulye ki byen lase nan pye nou, n ap patisipe nan predikasyon regilyèman, e sa ap fòtifye nou epi pwoteje nou espirityèlman. Si lafwa nou solid, l ap tankou yon gwo boukliye k ap pwoteje nou kont “ tout boulèt flanm mechan an ”, anpalan de fent li yo ak tantasyon l yo. Konfyans nou genyen nan akonplisman pwomès Jewova yo ap tankou yon kas k ap pwoteje kapasite nou genyen pou n reflechi e k ap fè lespri nou anpè (Filipyen 4:7). Si nou vin maton nan fason n ap sèvi ak Pawòl Bondye a, l ap tankou yon epe nou kapab itilize pou nou libere moun Satan mete anba kòd espirityèlman. Wi, nou menm tou nou ka reyisi defann tèt nou, menm jan Jezi te reyisi defann tèt li, lè li te jwenn tantasyon.

19. Anplis n ap “ kenbe tèt ak Dyab la ”, ki lòt bagay ki nesesè ?

19 Si nou toujou genyen “ ekipman sòlda Bondye bay la ” sou nou e si nou pa janm sispann lapriyè, nou kapab sèten Jewova ap pwoteje nou lè Satan atake nou (Jan 17:15 ; 1 Korentyen 10:13). Men, Jak te montre li pa sifi pou nou annik “ kenbe tèt ak Dyab la ”. Gen yon lòt bagay ki pi enpòtan toujou nou bezwen fè : nou bezwen “ soumèt nou devan Bondye ”, li menm ki gen sousi pou nou (Jak 4:7, 8). Atik ki vin apre a pral montre nou ki jan nou ka fè sa.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki pyèj Satan premye kretyen yo te dwe evite ?

• Ak ki fent Satan sèvi jodi a pou l pran sèvitè Jewova yo nan pyèj ?

• Ki jan Jezi te reziste devan tantasyon Dyab la ?

• Ki ekipman espirityèl k ap pèmèt nou kenbe tèt ak Dyab la ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 9]

Jezi te kenbe tèt ak Dyab la tennfas.

[Foto nan paj 10]

Premye kretyen yo te refize patisipe nan divètisman ki vyolan e ki imoral.

[Liy kredi]

The Complete Encyclopedia of Illustration/J. G. Heck.