Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Si yon moun parye pou yon ti monnen sèlman, ki mal ki gen nan sa?

Pawòl Bondye a pa bay anpil detay sou kesyon jwèt aza, men sa nou jwenn ladan l sifi pou fè nou konprann pwen sa a : depi se jwèt aza ki egziste, yo tout, yo depaman ak prensip ki nan Bib la. * Pa egzanp, tout moun konnen jwèt aza ankouraje moun gen gwo tanta. Pwen sa a sèlman dwe fè yon kretyen reflechi anpil, piske Bib la di ‘ moun ki gen gwo tanta ’ pap eritye Wayòm Bondye a. Epitou, yo klase konvwatiz pami idolatri. — 1 Korentyen 6:9, 10 ; Kolosyen 3:5.

Yon lòt bò, jwèt aza pouse moun vin egoyis, li ankouraje yon tandans pou moun fè konpetisyon ki nuizib, li fè w toujou bezwen genyen. Apot Pòl te mete nou an gad kont bagay sa yo lè l te ekri pawòl sa a : “ Pa pran pòz nou plis pase lòt moun, pa antre an konpetisyon youn ak lòt, pinga youn rayi sò lòt. ” ​(Galat 5:26). E se pa sa sèlman. Jwèt aza ankouraje moun kwè nan chans tou. Moun ki jwe aza yo konn vin kwè nan tout kalite sipèstisyon, e yo konn panse sa ka rale chans vin sou yo. Yo fè nou sonje Izrayelit enfidèl yo ki te konn ‘ ranje yon tab pou dye Chans lan, e ki te konn ranpli yon koup diven melanje pou dye Desten an. ’ — Izayi 65:11.

Gen moun ki panse depi se yon ti monnen yo parye pandan y ap jwe kat, oswa lòt jwèt tankou damye, lido, ak zanmi yo oswa ak fanmi yo, pa gen okenn mal nan sa. Se vre, yon moun ki parye yon ti monnen gen dwa pa pran tèt li pou yon moun ki gen gwo tanta, yon moun k ap fè wè, ki toujou bezwen genyen oswa yon moun ki kwè nan sipèstisyon. Men, ki efè jwèt aza l ap jwe a ka fè sou moun k ap jwe avèk li yo ? Fò n pa bliye : anpil moun ki vin esklav jwèt aza jodi a, se jis pou plezi yo te konn jwe lè yo te fèk kòmanse (Lik 16:10). Konsa, nan ka pa yo, yon senp distraksyon w a di ki pa gen okenn mal ladan l, vin lakòz gwo dega nan vi yo.

Sa nou di la a se vre, sitou nan ka timoun. Lè anpil timoun parye yon ti monnen e yo genyen, sa fè yo vin pran gou, e yo anvi mize plis kòb (1 Timote 6:10). Gen yon asosyasyon nan Arizona ki la pou ede moun ki vin esklav jwèt aza. Asosyasyon sa a te fè yon ankèt Ozetazini ki te dire yon bon kou tan. Rezilta yo jwenn vin kore lide sa a : anpil moun, jodi a, ki esklav jwèt aza, pa t konn parye gwo kòb o kòmansman. Se “ yon ti monnen sèlman yo te konn parye lè y al nan match oswa etan y ap jwe kat ak zanmi yo oubyen ak fanmi yo ”. Gen lòt enfòmasyon ki fè konnen “ an jeneral, timoun yo kòmanse jwe aza lakay, nan jwe kat ak zanmi yo ak fanmi yo. ” Menm rapò sa a ajoute : “ Trant pousan timoun ki jwe aza te kòmanse fè sa anvan yo gen onzan. ” Gen yon etid ki te fèt sou tèm sa a : Poukisa moun fè eksè nan jwèt aza : maladi ak pwoblèm ki gen nan sa (ann anglè). Selon etid sa a, anpil jèn ki jwe aza tonbe nan fè krim ak imoralite pou yo ka jwenn kòb pou yo pratike vis yo a. Yon bagay o kòmansman ki ta sanble san pwoblèm, sa k ta di se tout danje sa yo li ta gen ladan l !

Piske n ap viv nan yon monn ki deja benyen ak pyèj ak tantasyon, ou kwè l ta nesesè pou nou ta al chèche yon lòt mete sou sa (Pwovèb 27:12) ? Depi yon moun ap jwe aza, kit se an prezans timoun, kit pa gen timoun ki la, kit se pou yon ti monnen, kit se pou anpil kòb, se espirityalite l l ap mete an danje. Li ta dwe evite sa. Sipozon yon kretyen vle jwe kat oswa lòt jwèt tankou damye, lido, pou l distrè l, li ta pi bon pou l ekri rezilta jwèt la, oubyen pou l annik jwe pou plezi, san l pa make okenn rezilta. Kretyen ki gen sajès e ki gen sousi pou espirityalite yo ak espirityalite zanmi yo ak fanmi yo ap evite jwe aza, li te mèt pou yon ti monnen.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Gen yon ansiklopedi (The World Book Encyclopedia) ki defini jwèt aza kòm “ paryaj moun fè sou fason yon jwèt oubyen yon chanpyona ap fini, oswa sou yon lòt bagay ki rive sou chans. ” Pi devan, menm ansiklopedi a di : “ An jeneral, moun ki jwe aza renmen parye sou [...] yon seri jwèt chans tankou lotri, jwèt kat ak jwèt zo. ”