Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Netralite : Ki jan sa ye pou kretyen k ap viv nan dènye jou yo ?

Netralite : Ki jan sa ye pou kretyen k ap viv nan dènye jou yo ?

Netralite : Ki jan sa ye pou kretyen k ap viv nan dènye jou yo ?

“ Yo pa fè pati monn nan, tankou mwen menm mwen pa fè pati monn nan. ” — JAN 17:16.

1, 2. Ki sa Jezi te di konsènan rapò disip li yo genyen ak monn nan, e ki kesyon sa fè nou poze ?

DÈNYE jou swa Jezi te fè sou tè a avan li mouri antanke moun ki san defo, li te fè yon bon bout tan ap priye, e disip li yo t ap tande. Nan priyè sa a, li te di yon bagay ki montre ki jan lavi tout vrè kretyen t apral ye. Anpalan de disip li yo, men sa l te di : “ Mwen ba yo pawòl ou a, men monn nan rayi yo paske yo pa fè pati monn nan, menm jan mwen menm mwen pa fè pati monn nan. Sa m mande w, se pa pou w retire yo nan monn nan, men se pou w veye sou yo akoz mechan an. Yo pa fè pati monn nan, menm jan mwen menm mwen pa fè pati monn nan. ” — Jan 17:14-16.

2 Jezi di an de fwa, disip li yo pa t ap fè pati monn nan. Anplis de sa, separasyon sa a t apral lakòz yo jwenn difikilte, monn nan t apral rayi yo. Men, kretyen yo pap bezwen pè, Jewova ap veye sou yo (Pwovèb 18:10 ; Matye 24:9, 13). An rapò avèk sa Jezi Kris di a, men ki kesyon nou ta dwe poze : ‘ Poukisa vrè Kretyen yo pa fè pati monn nan ? Lè Jezi di pou nou pa fè pati monn nan, ki sa sa vle di ? Piske monn nan rayi kretyen yo, ki atitid yo menm yo genyen pa rapò ak monn nan ? Ki atitid yo genyen pa rapò ak gouvènman yo an patikilye ? ’ Repons Bib la bay sou kesyon sa yo enpòtan, paske se nou tout sa konsène.

“ Se nan Bondye nou soti ”

3. a) Site youn nan rezon ki fè nou pa fè pati monn nan. b) Ki sa ki montre monn nan se “ anba pouvwa mechan an ” li ye ?

3 Youn nan rezon ki fè nou pa fè pati monn nan, se relasyon sere nou genyen avèk Jewova. Men ki sa apot Jan di : “ Nou konnen se nan Bondye nou soti, men lemonnantye anba pouvwa mechan an. ” ​(1 Jan 5:19). Klè pase sa se twòp. Jodi a, moun yo fè lagè, yo san pitye, yo maspinen moun, yo malonèt, yo imoral, e chak jou ki pase, sitiyasyon an ap vin pi mal. Sa montre se pa anba pouvwa Bondye yo ye, men se anba pouvwa Satan (Jan 12:31 ; 2 Korentyen 4:4 ; Efezyen 6:12). Lè yon moun vin Temwen Jewova, piske li pa ni pratike bagay konsa, nitou li pa dakò avèk yo, sa fè li pa fè pati monn nan. — Women 12:2 ; 13:12-14 ; 1 Korentyen 6:9-11 ; 1 Jan 3:10-12.

4. Ki sa nou fè ki montre se byen pa Jewova nou ye ?

4 Pou Jan montre diferans ki genyen ant monn nan ak kretyen yo, li di ‘ se nan Bondye kretyen yo soti ’. Tout moun ki vwe vi yo bay Jewova, se byen li yo ye. Men sa apot Pòl di : “ Si n ap viv, n ap viv pou Jewova, e si nou mouri, nou mouri pou Jewova. Se sa ki fè, kit n ap viv, kit nou mouri, se byen Jewova nou ye. ” ​(Women 14:8 ; Sòm 116:15). Piske se byen pa Jewova nou ye, nou ba l yon atachman san pataj (Egzòd 20:4-6). Se sa k fè, yon vrè kretyen pap konsakre tout vi l ap defann enterè monn nan. Li respekte anblèm nasyonal yo, men li pap adore yo ni dirèkteman, ni nan fason li panse. Li pap adore gran jwè. Li pap adore sa monn nan pran pou idòl. Natirèlman, li respekte dwa lòt moun genyen pou yo fè sa yo vle, men li menm, se Kreyatè a sèlman li adore (Matye 4:10 ; Revelasyon 19:10). Sa a tou se yon lòt rezon ankò ki fè li separe ak monn nan.

“ Wayòm pa m nan pa fè pati monn sa a ”

5, 6. Piske nou se sitwayen Wayòm Bondye a, nan ki sans sa fè nou separe ak monn nan ?

5 Yon lòt rezon ki fè kretyen yo pa fè pati monn nan, se paske yo se disip Jezi e yo se sitwayen Wayòm Bondye a. Men sa Jezi te di lè yo te mennen l jije devan Pons Pilat : “ Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a. Si wayòm mwen an te fè pati monn sa a, sèvitè m yo ta konbat poutèt pou yo pa livre mwen bay Juif yo. Men vwala, wayòm mwen an pa sot la a. ” ​(Jan 18:36). Wayòm nan se mwayen Jewova sèvi pou l sangtifye non l, pou l jistifye tèt li antanke Souvren e pou volonte l fèt sou tè a menm jan l fèt nan syèl la (Matye 6:9, 10). Tout pandan Jezi t ap akonpli ministè l sou tè a, li te preche bon nouvèl Wayòm nan e li te fè konnen disip li yo t ap kontinye fè sa jiskaske sistèm sa a fini (Matye 4:23 ; 24:14). An 1914, pwofesi ki nan Revelasyon 11:15 lan te reyalize. Men ki sa l di : “ Wayòm monn nan vin tounen wayòm Seyè nou an ak Kris li a. E li pral gouvènen kòm wa pou toutan. ” Talè konsa, se sèl Wayòm selès sa a ki pral dirije limanite (Danyèl. 2:44). Gen yon moman k ap rive, moun k ap dirije sou tè a pral oblije asepte dominasyon Wayòm nan. — Sòm 2:6-12.

6 Tout sa nou sot di la a fè nou wè, vrè kretyen yo se sitwayen Wayòm Bondye a, y ap suiv konsèy Jezi te bay pou yo “ kontinye chèche Wayòm nan ak jistis li an premye ”. (Matye 6:33.) Sa pa vle di yo trayi nasyon kote y ap viv la, men sa fè yo separe ak monn nan nan yon sans espirityèl. Jodi a, premye devwa yon kretyen, se pou l fè menm jan ak kretyen premye syèk yo, pou l ‘ preche wayòm Bondye a byen preche’. (Travay 28:23.) Se Bondye ki mande pou travay sa a fèt, e se pa dwa okenn gouvènman pou yo ba l baryè.

7. Ki sa ki fè vrè kretyen yo net e ki jan yo demontre sa ?

7 Piske Temwen Jewova yo se byen Jewova yo ye, yo se disip Jezi e yo soumèt yo anba dominasyon Wayòm Bondye a, sa fè yo toujou net ni nan konfli lokal, ni nan konfli entènasyonal ki fèt nan 20yèm ak nan 21yèm syèk la. Yo pa pran pozisyon pou okenn kan. Yo pa pran zam pou y al batay ak pèsonn. Yo pa fè pwopagann pou monn nan. Yo demontre yo se moun ki gen lafwa toutbon devan opozisyon yo jwenn, yon opozisyon ki sitèlman tèrib, w a di anyen pa t ka kraze l. Se kokenn lafwa sa a ki pèmèt yo suiv prensip ki soti nan yon deklarasyon kèk ladan yo te fè devan dirijan nazi Almay yo an 1934. Yo te di : “ Politik pa enterese nou, okontrè nou vwe tèt nou bay Wayòm Bondye a, Wayòm Kris ap dirije a. Nou pa la pou nou fè pyès moun mal. Se ta tout plezi nou pou nou viv an pè e pou nou rann tout moun sèvis selon posiblite nou. ”

Anbasadè ak reprezantan k ap travay nan plas Kris

8, 9. Jodi a, nan ki sans Temwen Jewova yo se anbasadè ak reprezantan, e ki pozisyon sa fè yo pran pa rapò ak nasyon yo ?

8 Pòl te pale de tèt li e de lòt disip wen yo kòm ‘ anbasadè k ap travay nan plas Kris, kòmsi Bondye sèvi avèk yo pou l fè yon siplikasyon ’. (2 Korentyen 5:20 ; Efezyen 6:20.) Depi 1914, li toutafè apwopriye pou yo pale de kretyen wen yo, ‘ pitit Wayòm ’ Bondye a, kòm anbasadè Wayòm sa a (Matye 13:38 ; Filipyen 3:20 ; Revelasyon 5:9, 10). Anplis, Jewova fè “ yon gwo foul ” “ lòt mouton ” soti anndan nasyon yo. Yo gen esperans pou yo viv sou tè a. Jewova fè yo vin soutni pitit Wayòm sa yo ki wen ak lespri, nan travay y ap fè antanke anbasadè (Revelasyon 7:9 ; Jan 10:16). Yo ka rele “ lòt mouton ” sa yo reprezantan Wayòm Bondye a.

9 Yon anbasadè avèk ekip k ap travay avèk li a pa mele nan biznis peyi kote y ap sèvi a. Menm jan an tou, kretyen yo toujou net, yo pa nan politik. Yo pa ni pou ni kont okenn nasyon, okenn ras, okenn klas sosyal, okenn gwoup ekonomik (Travay 10:34, 35). Olye de sa, yo “ fè byen ak tout moun ”. (Galat 6:10.) Piske Temwen Jewova yo net, pèsonn pa ka di se paske yo pran pozisyon pou yon kan oubyen pou yon lòt sou kesyon divizyon rasyal, divizyon nasyonal oswa divizyon tribal, ki fè yo rejte mesaj yo a.

Yo idantifye yo grasa lanmou

10. Ki enpòtans lanmou genyen pou yon kretyen ?

10 Yon lòt rezon ki fè kretyen yo pa mele nan zafè monn nan, se relasyon yo genyen ak kretyen parèy yo. Men sa Jezi te di disip li yo : “ Se nan konsa tout moun ap konnen nou se disip mwen, si nou gen lanmou nan mitan nou. ” ​(Jan 13:35). Yon moun pa ka kretyen, si l pa renmen kretyen parèy li (1 Jan 3:14). Pou yon kretyen gen yon relasyon ki byen sere ak kretyen parèy li, sa depann de relasyon li genyen avèk Jewova e avèk Jezi. E se pa sèlman frè ki nan kongregasyon kote l ye a li renmen. Sa anglobe “ tout kominote frè nou yo ki nan monn nan ”. — 1 Pyè 5:9.

11. Piske Temwen Jewova yo gen lanmou youn pou lòt, ki efè sa fè sou fason yo aji ?

11 Jodi a, Temwen Jewova yo akonpli pawòl ki nan Izayi 2:4 la, e konsa yo demontre lanmou yo genyen pou frè yo. Men ki sa vèsè a di : “ Yo gen pou fè epe yo tounen pyès chari, e yo gen pou fè lans yo tounen sekatè. Yon nasyon pap leve epe kont yon nasyon, e yo pap aprann lagè ankò. ” Piske se Jewova ki enstwi vrè kretyen yo, sa fè yo an pè avèk Bondye, sa fè yo viv an pè youn ak lòt (Izayi 54:13). Yo tèlman renmen Bondye, yo tèlman renmen frè yo, menm imajine yo pa t ap ka imajine yo menm k ap pran zam pou y al touye kretyen parèy yo, oubyen lòt moun k ap viv nan yon lòt peyi. Lapè ak linyon yo genyen an se yon pati enpòtan nan adorasyon y ap bay la, se yon prèv ki montre yo gen lespri Bondye avèk yo toutbonvre (Sòm 133:1 ; Mika 2:12 ; Matye 22:37-39 ; Kolosyen 3:14). ‘ Y ap chèche jwenn lapè, y ap kouri dèyè l, piske yo konnen je Jewova sou moun ki jis yo. ’ — Sòm 34:14, 15.

Jan kretyen yo konsidere monn nan

12. Ki jan Jewova aji avèk monn nan, e ki jan Temwen Jewova yo imite l ?

12 Jewova bay monn nan santans li deja, men li poko jije chak grenn moun ki ladan l. Li pral sèvi ak Jezi pou l fè sa nan moman Li fikse pou sa (Sòm 67:3, 4 ; Matye 25:31-46 ; 2 Pyè 3:10). Annatandan, li montre li renmen limanite anpil. Li menm bay sèl pitit li fè a, yon fason pou tout moun ka gen opòtinite jwenn lavi etènèl (Jan 3:16). Antanke kretyen, pou nou imite lanmou Jewova, n al pale moun yo de dispozisyon Li pran pou nou sove, menm si trè souvan yo refize tande nou.

13. Ki atitid nou ta dwe genyen devan dirijan yo ?

13 Ki atitid nou ta dwe genyen devan dirijan yo ? Pòl te reponn kesyon sa a. Men sa l di : “ Se pou tout nanm soumèt anba otorite siperyè yo, paske pa gen otorite esepte si Bondye bay. Otorite ki egziste yo se Bondye ki mete yo nan pozisyon yo youn pa rapò ak lòt. ” ​(Women 13:1, 2). Si gen moun ki nan pozisyon chèf, se paske Bondye ki gen tout pouvwa a pèmèt sa. (Kit se ti chèf, kit se gwo chèf, yo toujou nan pozisyon enferyè pa rapò ak Jewova.) Yon kretyen soumèt li devan otorite ki nan monn nan paske sa fè pati obeyisans li dwe Jewova. Men, e lè gen konfli ant sa Bondye mande ak sa gouvènman yo mande ?

Lwa Bondye ak lwa Seza

14, 15. a) Ki sa Danyèl te fè pou l ka evite konfli sou kesyon soumisyon an ? b) Ki pozisyon twa Ebre yo te pran lè yo te nan yon sitiyasyon kote yo pa t ka evite konfli sou kesyon obeyisans lan ?

14 Danyèl ansanm ak twa zanmi l yo kite yon bèl egzanp sou fason pou nou fè ekilib ant soumisyon nou dwe gouvènman yo ak soumisyon nou dwe Bondye. Etan kat ti mesye Ebre sa yo te ann egzil Babilòn, yo te obeyi lwa peyi a, e san pèdi tan, gouvènman an te chwazi yo pou ba yo yon fòmasyon espesyal. Lè Danyèl konprann fòmasyon y ap pran an ka mete yo nan sitiyasyon pou yo vyole lwa Jewova, l al pale sou sa ak chèf ki responsab yo a. Kòm rezilta, yo te pran dispozisyon espesyal pou respekte konsyans kat Ebre yo (Danyèl 1:8-17). Temwen Jewova yo kopye sou Danyèl, yo esplike otorite yo pozisyon yo avèk prekosyon, yo fè sa pou yo ka evite pwoblèm initilman.

15 Sepandan, yon lòt sitiyasyon t apral prezante kote te vin gen yon konfli sou kesyon soumisyon an, e yo pa t ka evite l. Wa Babilòn nan te fè yon gwo estati byen wo nan yon plèn ki rele Doura. Li bay lòd pou gwo chèf yo, san wete administratè distri yo, vin nan inogirasyon an. E piske, lè sa a, twa zanmi Danyèl yo te gentan vin administratè distri, sa vle di yo menm tou yo te dwe la. Pandan dewoulman seremoni an, gen yon moman ki rive kote tout moun ki la dwe mete ajenou devan estati a. Men, Ebre yo konnen sa an dezakò avèk lwa Bondye (Detewonòm 5:8-10). Se sa k fè, kou tout moun met ajenou, yo menm yo ret kanpe. Yo te riske mouri yon fason trajik lè yo dezobeyi lòd wa a. Si se pa t mirak Bondye te fè, yo pa t ap chape. Men, yo t ap pito mouri tan pou yo ta dezobeyi Jewova. — Danyèl 2:49–3:29.

16, 17. Ki sa apot yo te di lè yo te pase yo lòd pou yo sispann preche, e poukisa yo te di sa ?

16 Nan premye syèk la, yo te trennen apot Jezi yo devan dirijan Juif yo, e yo te pase yo lòd pou yo sispann preche nan non Jezi. Ki jan apot yo te reyaji ? Se Jezi ki te ba yo misyon pou y al fè disip nan tout nasyon, e Jide te ladan l tou. Li te di yo tou pou yo sèvi l temwen ni Jerizalèm, ni nan tout lòt kote ki sou tè a (Matye 28:19, 20 ; Travay 1:8). Apot yo te konnen, sa Jezi te di yo fè a, se sa Bondye te vle yo fè (Jan 5:30 ; 8:28). Se sa k fè yo te reponn : “ Nou dwe obeyi Bondye kòm chèf pase pou nou obeyi lèzòm. ” — Travay 4:19, 20 ; 5:29.

17 Lè apot yo te reponn jan yo te reponn nan, se pa rebèl yo te rebèl (Pwovèb 24:21). Annefè, lè dirijan yo te entèdi yo fè sa Bondye mande, yo pa t reponn yo lòt jan, yo te annik di : ‘ Se Bondye pou nou obeyi, se pa moun. ’ Selon sa Jezi di, nou dwe ‘ remèt Seza sa k pou Seza, men nou dwe remèt Bondye sa k pou Bondye. ’ ​(Mak 12:17). Si Bondye mande nou fè yon bagay, epi nou pa fè l paske moun pa vle, se kòmsi nou pran sa k pou Bondye a, nou bay moun li. Olye pou nou ta fè sa, se vre nou bay Seza sa k pou li, men nou rekonèt pi gwo otorite a se Bondye. Se li menm ki Souvren nan tout linivè, se li menm ki Kreyatè, se nan li menm tout otorite soti. — Revelasyon 4:11.

N ap kenbe fèm

18, 19. Ki bèl egzanp anpil frè ak sè bay, e ki jan nou ka imite yo ?

18 Nan moman n ap pale la a, pifò gouvènman rekonèt Temwen Jewova yo se moun ki net, e nou apresye sa. Men, kanmenm, gen peyi kote Temwen Jewova yo ap kontre ak yon opozisyon rèd. Depi lè 20yèm syèk la kòmanse a, e jis rive jodi a, gen frè ak sè k ap konbat avèk kouraj. Nan yon sans espirityèl, y ap “ konbat pou bèl konba lafwa a ”. — 1 Timote 6:12.

19 Ki jan nou ka fè pou nou kenbe fèm menm jan avèk yo ? Premyèman, nou bezwen sonje n ap jwenn opozisyon. Lè sa rive, nou pa ta dwe panike, menm etone sa pa ta dwe etone nou. Men ki sa Pòl te di Timote sou sa : “ Tout moun ki vle viv nan atachman devwe pou Bondye ann amoni ak Kris Jezi, ap jwenn pèsekisyon tou. ” ​(2 Timote 3:12 ; 1 Pyè 4:12). Nan yon monn kote se Satan k ap domine, kòman w ta vle pou nou pa ta jwenn opozisyon (Revelasyon 12:17) ? Toutotan nou rete fidèl, “ sa ap toujou toumante kèk moun e yo pap sispann pale nou mal. ” — 1 Pyè 4:4.

20. Ki rapèl nou jwenn ki ban nou fòs ?

20 Dezyèmman, nou gen konviksyon Jewova ansanm ak zanj li yo ap soutni nou. Tankou jan Elicha te di, “ kantite ki avèk nou an pi plis pase kantite ki avèk yo a ”. (2 Wa 6:16 ; Sòm 34:7.) Petèt Jewova gen rezon pa l ki fè li kite opozan yo ap ban nou presyon pou yon ti tan. Kèlkeswa opozisyon nou jwenn, Jewova ap toujou ban nou fòs nou bezwen pou nou andire (Izayi 41:9, 10). Gen nan nou yo touye, men sa pa fè nou pè. Jezi di : “ Se pa pou nou pè moun ki ka touye kò a, men ki pa ka touye nanm nan. Men pito se pou nou pè sila ki ka detwi ni nanm nan ni kò a nan jeyèn nan. ” ​(Matye 10:16-23, 28). Se “ rezidans tanporè ” nou genyen nan sistèm nan. Nou itilize tan nou pou nou “ kenbe lavi toutbon an fèm ”, wi, lavi etènèl nan monn nouvo Bondye a (1 Pyè 2:11 ; 1 Timote 6:19). Nanpwen moun ki ka anpeche nou jwenn rekonpans sa a toutotan nou rete fidèl devan Bondye.

21. Ki sa nou dwe toujou sonje ?

21 Piske se konsa, annou sonje privilèj nou genyen pou nou gen relasyon avèk Jewova Dye. Annou toujou apresye privilèj nou genyen pou nou disip Jezi e pou nou sitwayen Wayòm nan. Annou renmen frè nou yo a tout kè nou. Annou montre nou kontan pou lanmou yo demontre yo gen pou nou. Sa ki pi enpòtan an, annou suiv konsèy nou jwenn nan pawòl salmis la. Men sa l te di : “ Met espwa w nan Jewova. Met kouraj ou sou ou epi pa kite kè w kase. Wi, met espwa w nan Jewova. ” ​(Sòm 27:14 ; Izayi 54:17). Se sa k ap pèmèt nou kenbe esperans nou an fèm, antanke kretyen ki fidèl, ki net e ki pa fè pati monn nan, menm jan anpil kretyen ki t ap viv anvan nou te rive fè sa.

Ki jan nou t ap esplike sa ?

• Sa k fè relasyon nou genyen ak Jewova separe nou ak monn nan ?

• Antanke sitwayen Wayòm Bondye a, ki jan nou demontre nou net nan zafè monn nan ?

• Ki jan lanmou nou gen pou frè nou yo, fè nou separe ak monn nan ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

Lè nou soumèt nou devan Wayòm Bondye a, ki efè sa fè sou relasyon nou genyen ak monn nan ?

[Foto nan paj 26]

Yon Outou ak yon Toutsi ki byen kontan pou yo travay ansanm.

[Foto nan paj 27]

Yon Temwen juif ak yon Temwen arab.

[Foto nan paj 27]

Ni Temwen sèb, ni Temwen bosnyak, ni Temwen kwowat, youn alèz ak lòt.

[Foto nan paj 28]

Sa pou nou fè lè dirijan yo mande nou pou nou vyole lwa Bondye bay ?