Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa li difisil konsa pou moun mande eskiz ?

Poukisa li difisil konsa pou moun mande eskiz ?

Poukisa li difisil konsa pou moun mande eskiz ?

AN JIYÈ 2000, Ozetazini, kò lejislatif eta Kalifòni te adopte yon lwa ki montre lè de moun fè aksidan, se pa paske sa k pa gen pwoblèm nan prezante viktim nan eskiz ki fè l antò pou sa. Poukisa yo te fè yon lwa konsa ? Yo remake lè gen aksidan kote gen moun ki viktim oswa gen dega ki fèt, byen souvan moun pè mande eskiz pou sa pa sèvi kont yo nan tribinal, kòmkwa yo te tou admèt yo antò. Yon lòt bò, moun ki santi fòk yo ta mande l eskiz tousuit la ka vin tèlman fache, sa ka fè yon aksidan ki pa grav mennen yon gwo chirepit.

Natirèlman, li pa nesesè pou w mande eskiz pou yon aksidan ou pa responsab. E gendelè, li saj pou w fè atansyon ak pawòl k ap sot nan bouch ou. Gen yon ansyen pwovèb ki di : “ Nan pale anpil, moun pap manke pa peche, men moun ki kenbe bouch li aji ak prevwayans. ” ​(Pwovèb 10:19 ; 27:12). Menm nan yon sikonstans konsa, nou ka toujou montre nou gen politès e nou ka toujou montre nou sèvyab.

Toutfwa, èske se pa vre gen anpil moun ki sispann mande eskiz menm lè se pa nan domèn ki konsène lajistis ? Nan yon kay, yon madanm kapab ap plenyen konsa : “ Mari m se moun ki pa janm mande eskiz. ” Nan travay, yon chèf ekip kapab ap plenyen : “ Mesye k ap travay avèk mwen yo pa janm admèt yo fè erè, e se raman y ap di ‘ eskize m ’ . ” Nan yon lekòl, yon pwofesè kapab di : “ Timoun yo pa resevwa fòmasyon pou yo di ‘ eskize m ’ . ”

Youn nan rezon ki fè yon moun konn ezite pou l mande eskiz se petèt paske l pè pou moun pa meprize l. Lide pou moun ta vin frèt avè l tèlman ba l pwoblèm, sa ka fè l pa esprime santiman ki nan kè l toutbonvre. Anfèt, moun ki sibi tò a kapab vle kenbe distans li nèt avèk sa k antò a e sa fè l vin pi difisil pou yo rekonsilye.

Yon lòt rezon ki ka fè kèk moun ezite mande eskiz, se mank konsiderasyon pou santiman lòt moun. Yo ka menm di : ‘ Padon pa geri maleng. ’ Anplis de sa, gen lòt ki ezite pou yo di “ eskize m ” paske yo krenn konsekans sa ka antrene. Yo mande tèt yo : ‘ Èske yo pap konsidere se mwen menm ki responsab epi mande m pou m fè dedomajman ? ’ Sepandan, pi gwo obstak pou yon moun admèt li antò se ògèy. Si yon moun twò ògeye pou l di “ eskize m ”, se kòmsi li vle di : ‘ Mwen pap rabese figi m devan moun pou m rekonèt mwen antò. Sa ka fè m pèdi prestij mwen. ’

Kèlkeswa rezon ki fè sa, anpil moun twouve li difisil pou yo mande eskiz. Men, èske l nesesè vre pou moun mande eskiz ? Ki avantaj sa gen ladan l ?

[Foto nan paj 3]

“ Timoun yo pa resevwa fòmasyon pou yo di ‘ eskize m ’. ”

[Foto nan paj 3]

“ Mari m se moun ki pa janm mande eskiz. ”

[Foto nan paj 3]

“ Mesye k ap travay avèk mwen yo pa janm admèt yo fè erè. ”