Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou w “ vin saj demen ”

Se pou w “ vin saj demen ”

Se pou w “ vin saj demen ”

“ Pifò moun sou tè a sèvi ak kòmansman lavi yo yon fason ki rann finisman lavi yo mizerab. ” Deklarasyon sa a se yon ekriven fransè yo rele Jean de La Bruyère, ki te viv o 17yèm syèk, ki te fè l. Annefè, jèn ki mal pou pran desizyon anrapò ak chwa yo gen pou yo fè ap rekòlte mekontantman ak desepsyon. Yon lòt bò, yon jèn ki gen tèt di kapab pèsiste nan yon konpòtman ki pa saj, e sa ka anpeche l viv ak kè kontan demen. Kidonk, si yon moun pa fè sa l te dwe fè oswa si l fè sa l pa t dwe fè, ni youn ni lòt ka lage l nan tchouboum.

Ki sa k ka ede nou pou nou pa tonbe nan yon sitiyasyon konsa ? Men egzòtasyon Pawòl Bondye bay tout jèn ki mal pou pran desizyon : “ Sonje Gran Kreyatè w la pandan ou jèn, anvan jou k ap pote malè yo vini, oubyen anvan ane yo rive kote w pral di : ‘ Mwen pa jwenn anyen ki fè m plezi nan yo. ’ ” ​(Eklezyas 12:1). Si w se yon jèn, fè efò pou w aprann konnen “ Gran Kreyatè w la ” pandan w jèn.

Ki jan Bib la ap ede jèn yo pou yo evite aji kòm moun ki san sèvèl ? Bib la di : “ Koute konsèy epi asepte disiplin, pou w ka vin saj demen. ” ​(Pwovèb 19:20). Anplis de sa, Bib la montre aklè lè yon moun rejte sajès Bondye akoz neglijans oubyen rebelyon li fè nan jenès li oswa nan yon lòt moman nan lavi l, sa gen konsekans dezagreyab (Pwovèb 13:18). Tandiske lè yon moun fè sa Bondye di l fè, sa pote “ anpil jou, anpil ane pou viv, ak lapè ”, sa vle di yon vi ki bay satisfaksyon ak kè kontan. — Pwovèb 3:2.