Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Tout moun bezwen felisitasyon

Tout moun bezwen felisitasyon

Tout moun bezwen felisitasyon

JOUNEN an te byen pase pou tifi a. Se vre li te konn merite disiplin kèk lòt fwa, men nan jou n ap pale la a, konpòtman l se te dis sou dis. Epoutan, nan aswè, apre manman tifi a fin mete l kouche, li tande l k ap kriye. Lè manman an mande l sa l genyen, ak dlo nan je, tifi a pete yon rèl, li di : “ Èske m pa t fè bèl tifi jodi a ? ”

Kesyon sa a te tankou yon kout kouto pou manman an. Li pa t janm rate yon okazyon pou l disipline pitit li. Men nan jou sa a, aktout manman an te remake tout efò pitit li a te fè pou l te fè bon timoun, li pa t okipe sa, li pa t menm felisite l.

Se pa timoun sèlman ki bezwen felisitasyon ak ankourajman. Nou tout nou bezwen sa, menm jan nou bezwen konsèy ak disiplin.

Ki jan nou santi nou lè yon moun felisite nou ak tout kè l ? Èske sa pa fè nou plezi, èske sa pa ankouraje nou ? Siman, nou byen kontan wè gen yon moun ki te remake sa n te fè a, gen yon moun ki pa t ret endiferan. Sa ban nou asirans sa nou te fè a te vo lapèn, e sa motive nou pou demen, pou nou travay di menm jan an. Yon moun ki felisite nou ak tout kè l, yon moun ki pran tan pou l di nou yon bagay ki ankourajan, se pa etonan pou nou wè byen souvan, yon moun konsa atire nou. — Pwovèb 15:23.

Jezi te rekonèt nesesite pou nou felisite lòt moun. Nan parabòl talan yo, mèt la (ki reprezante Jezi) felisite toule de esklav ki fidèl yo, li di yo : “ Konpliman, esklav ki bon e ki fidèl ! ” Ala touchan ! Menmsi youn te gen plis kapasite pase lòt, menmsi youn te bay plis rannman pase lòt, Jezi te felisite yo toule de menm jan. — Matye 25:19-23.

Donk, annou pa bliye sa k te rive manman tifi a. Nou pa bezwen tann moun yo kriye anvan pou nou felisite yo. Olye de sa, annou chèche tout okazyon pou nou felisite lòt moun. Wi, nou gen bonjan rezon pou nou pwofite tout okazyon pou nou felisite lòt moun ak tout kè nou.