Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann kontinye sèvi Jewova kòtakòt

Ann kontinye sèvi Jewova kòtakòt

Ann kontinye sèvi Jewova kòtakòt

“ Paske lè sa a, m ap chanje lang pèp yo, m ap fè l tounen yon lang pwòp dekwa pou yo tout ka envoke non Jewova, pou yo sèvi l kòtakòt. ” — SEFÀNYA 3:9.

1. Ki jan nou wè Sefànya 3:9 ap akonpli jodi a ?

JODI a, moun pale anviwon 6 000 lang sou tè a. E apa de sa, nan anpil lang, gen divès kalite patwa, oswa mòd pale lokal. Lè w konsidere kantite lang moun pale sou tè a, soti nan arab rive nan zoulou, ou wè anpil nan yo pa sanble ditou. Sepandan, nan domèn sa a, Bondye reyisi fè yon gwo travay. Li fè moun toupatou sou tè a rive aprann pale yon sèl lang : lang pwòp la. Sa ki rive a se akonplisman yon pwofesi nou jwenn nan liv pwofèt Sefànya a. Men sa pwofesi sa a di : “ [Mwen menm Jewova,] m ap chanje lang pèp yo, m ap fè l tounen yon lang pwòp, [mo pou mo, “ yon bouch pwòp ”], dekwa pou yo tout ka envoke non Jewova, dekwa pou yo ka sèvi l kòtakòt. ’ ” — Sefànya 3:9.

2. Ki sa lang pwòp la ye, e ki sa li rann posib ?

2 “ Lang pwòp ” yo pale nan vèsè sa a se verite Bondye revele nou nan Pawòl li, Labib. Pou n pi presi, se verite ki konsène Wayòm Bondye a, Wayòm ki pral sangtifye non Jewova a, ki pral defann dwa l kòm Chèf Souvren e ki pral beni limanite (Matye 6:9, 10). Nan yon sans espirityèl, se yon sèl lang pwòp la ki genyen, e gen moun tout nasyon ak moun tout ras ki pale l. Li pèmèt moun sa yo sèvi Jewova kòtakòt. Konsa yo rive “ mete tèt yo ansanm ” pou yo sèvi l. — Bib la.

Pa gen plas pou paspouki

3. Ki sa ki pèmèt nou sèvi Jewova nan tèt ansanm ?

3 Antanke kretyen, nou rekonesan pou bèl kowoperasyon ki egziste nan mitan nou, aktout nou pale divès kalite lang. Se vre n ap preche bon nouvèl la nan yon dividal lang moun pale sou tè a, men sa pa anpeche nou sèvi Bondye nan tèt ansanm (Sòm 133:1). Si sa rive fèt, se paske, kèlkeswa kote n ap viv sou tè a, nou pale yon sèl lang : lang pwòp la, e sa fè louwanj pou Jewova.

4. Poukisa pa sipoze gen paspouki nan mitan pèp Bondye a ?

4 Pa sipoze gen paspouki nan mitan pèp Bondye a. Apot Pyè pa t kite okenn dout sou sa. Nan yon ti pale li te fè nan ane 36 anvan epòk nou an lakay Kònèy, yon ofisye lame ki pa t Juif, li te santi nesesite pou l di : “ Vrèman, mwen rann mwen kont Bondye pa gen patipri, men, nan tout nasyon, yon moun ki gen krentif pou li e ki pratike sa ki jis, li pran plezi nan li. ” ​(Travay 10:34, 35). Piske se konsa, pa gen plas ni pou paspouki, ni pou klan, anndan kongregasyon an.

5. Poukisa li mal pou yon moun ankouraje klan anndan kongregasyon an ?

5 Gen yon demwazèl, yon etidyan nan inivèsite, ki te vizite yon Sal Wayòm. Men ki deklarasyon li fè sou sa : “ An jeneral, legliz se yon kote ki atire moun ki nan yon sèten ras, oswa yon sèten gwoup etnik. [...] Temwen Jewova yo, yo menm, yo tout yo chita ansanm, yo pa fè klan. ” Sepandan, gen kèk moun nan kongregasyon Korent ki te konn fè ti gwoup apa. Piske sa te vin lakòz hinghang, se kòmsi yo t ap bloke travay lespri sen Bondye nan kongregasyon an, yon lespri ki la pou l favorize tèt ansanm ak lapè (Galat 5:22). Si nou ta lage kò nou nan fè klan nan kongregasyon an, nou t ap tankou moun k ap anpeche lespri sen dirije nou. Donk, pinga nou janm bliye pawòl apot Pòl te ekri kretyen Korent yo. Men ki sa l te di yo : “ Mwen egzòte nou, frè m yo, nan non Jezi Kris Seyè nou an, pou nou tout gen menm langaj, pou pa gen divizyon nan mitan nou, men pou nou byen ini nan menm panse, nan menm entansyon. ” ​(1 Korentyen 1:10). Pòl te ekri Efezyen yo tou pou l montre enpòtans tèt ansanm genyen. — Efezyen 4:1-6, 16.

6, 7. Ki konsèy Jak te bay pou montre nou pa dwe nan paspouki, e ki jan nou ka aplike konsèy sa a ?

6 Labib te toujou mande pou kretyen yo pa nan paspouki (Women 2:11). O premye syèk, te gen kèk kretyen ki te konn montre yo nan paspouki parapò ak moun ki rich yo. Se poutèt sa, disip Jak te di : “ Frè m yo, lafwa Jezi Kris, Seyè nou an, glwa nou an, nou pa posede l pou n ap fè patipri avè l, pa vre ? Paske, sipozon yon nonm ki gen bag lò nan dwèt li e ki gen bèl rad sou li vin nan reyinyon nou, epi gen yon malere ki antre tou avèk yon rad sal sou li, si nou byen gade moun ki gen bèl rad la, nou di l : ‘ Chita la a, nan bon plas sa a ’, men nou ta di malere a konsa : ‘ Ou menm, ou mèt ret kanpe ’, oubyen nou di l : ‘ Chita la a anba ti ban ki anba pye m nan ’, se distenksyon klas nou vin ap fè nan mitan nou, e nou vin tounen jij k ap bay move santans. Èske se pa sa ? ” — Jak 2:1-4.

7 Si te gen yon moun ki pa kretyen ki vin nan reyinyon, yon moun ki rich, ki gen bag lò nan dwèt li e ki gen bèl rad sou li, li pa t konn resevwa menm akèy ak yon malere ki gen vye rad sou li. Yo te konn mete sa ki rich la nan yon “ bon plas ”, tandiske yo te konn di sa ki malere a pou l chita atè, nan pye yon moun. Men, lè Bondye te pran dispozisyon pou Jezi bay lavi l an sakrifis kòm ranson pou l rachte limanite, li te fè sa ni pou moun ki rich, ni pou moun ki pòv (Jòb 34:19 ; 2 Korentyen 5:14). Donk, si nou vle fè Jewova plezi, si nou vle sèvi l kòtakòt, nou pa sipoze montre nou se moun ki nan paspouki oswa ki ‘ admire yon seri moun nan pwòp avantaj nou ’. — Jid 4, 16.

Pinga nou plede ap plenyen

8. Ki sa ki te rive Izrayelit yo poutèt yo te toujou ap plenyen ?

8 Pou nou ka toujou viv nan tèt ansanm, pou nou ka toujou gen favè Bondye, nou bezwen suiv konsèy Pòl te bay la. Men ki sa l te di : “ Kontinye fè tout bagay san nou pa plenyen. ” ​(Filipyen 2:14, 15). Gen Izrayelit, apre yo te fin jwenn liberasyon yo anba esklavaj ann Ejip, ki te vin enfidèl. Yo te lage kò yo nan plenyen kont Moyiz ak Arawon. Nan sans sa a, nou ka di se menm kont Jewova Dye yo t ap plenyen. Poutèt yo te aji konsa, okenn gason ki gen 20 an oswa plis pase sa pa t antre nan Latè pwomiz, eksepte Jozye, Kalèb ak Levit yo, ki te fidèl yo menm. Yo tout te mouri pandan 40 an Izrayèl te fè ap monte desann nan dezè a (Nonb 14:2, 3, 26-30 ; 1 Korentyen 10:10). Yo t ap plede plenyen, men èske nou wè ki jan yo te peye sa chè ?

9. Ki sa ki te pase Miryam dèske li te lage kò l nan plenyen ?

9 Nou sot wè sa k te rive nan ka tout yon nasyon ki te lage kò l nan plenyen. Men, e si se yon moun ki tonbe nan plenyen ? Sonje Miryam, sè Moyiz la, ansanm ak frè li, Arawon. Yo te tonbe plenyen, yo te di : “ Èske se ak Moyiz sèlman Bondye sèvi pou l pale ? Èske li pa sèvi ak nou menm tou pou l pale ? ” Apre sa, Bib la di : “ E Jewova t ap koute. ” ​(Nonb 12:1, 2). Ki konsekans sa te genyen ? Kòm sanble se Miryam ki te pi cho devan bann nan, Bondye te imilye l. Ki jan li te fè sa ? Li te lage yon maladi lèp sou manmzèl e li te oblije l pase sèt jou an deyò kan an, jiskaske li pirifye. — Nonb 12:9-15.

10, 11. Si yon moun pa korije tandans li genyen pou l plenyen, ki konsekans sa ka genyen ? Bay yon egzanp.

10 Plenyen n ap pale la a se pa lè nou annik wè yon bagay mal ki fèt epi nou fè yon ti plenyen pou sa. Yon moun ki pran abitid plenyen, se santiman l li bay twòp enpòtans. Se yon moun ki sekwa e ki toujou vle atire atansyon sou tèt li olye pou l atire atansyon sou Bondye. Si l pa korije, li ka lakòz divizyon nan mitan frè yo e li ka dekouraje yo nan efò y ap fè pou yo sèvi Jewova kòtakòt. Sa k fè sa ? Se paske moun sa yo ki toujou ap plenyen an pa kenbe plenyen yo a pou yo, men yo mache plenyen ak lòt moun. Konsa, yo espere moun ap vin pran pati pou yo.

11 Pa egzanp, yon moun ka ap mache denigre yon ansyen poutèt fason ansyen sa a fè patisipasyon li genyen nan reyinyon, oswa pou fason li fè travay li nan kongregasyon an. Si nou rete ap koute yon moun konsa, ou gendwa wè nou kòmanse panse menm jan avè l. Anvan moun k ap plenyen an te vin simen grenn mekontantman an nan lespri nou, petèt nou pa t gen okenn pwoblèm ak ansyen sa a, epi kounye a, nou vin kòmanse gen pwoblèm. Rive yon lè, anyen ansyen sa a fè pa bon nan je nou, e nou menm tou, nou ka kòmanse pale l mal. Yon konpòtman konsa pa gen plas li nan kongregasyon pèp Jewova a.

12. Ki efè plenyen kapab genyen sou relasyon nou ak Bondye ?

12 Lè yon moun plede plenyen kont moun ki gen responsablite pran swen twoupo Bondye a, sa ka fè l tonbe nan joure. Lè yon moun plenyen nan pwen sa a, lè yon moun pale moun mal konsa, sa kapab gen yon move efè sou relasyon moun nan avèk Jewova (Egzòd 22:28). Epitou, si yon moun tonbe nan joure moun, e li pa repanti, li pap eritye Wayòm Bondye a (1 Korentyen 5:11 ; 6:10). Jid, youn nan disip Jezi yo, te pale de kèk moun k ap plede plenyen, li te di yo se moun ki ‘ meprize pozisyon Seyè a e k ap pale moun ki onorab yo mal ’, anpalan de moun ki gen yon responsablite anndan kongregasyon an (Jid 8). Moun sa yo ki t ap plenyen an pa t gen apwobasyon Bondye, e li bon pou nou evite chemen mechanste yo a.

13. Poukisa se pa tout plenyen ki pa bon ?

13 Men sa pa vle di se tout plenyen ki pa bon nan je Bondye. Li pa t bouche zòrèy li lè l te tande “ rèl ” ak “ plent ” ki te genyen kont Sodòm ak Gomò a. Okontrè, li te detwi vil sa yo akoz mechanste ki te gen ladan yo (Jenèz 18:20, 21 ; 19:24, 25). Yon tikras tan apre fèt Pannkòt la, nan ane 33 epòk nou an, te gen yon bougonnen nan vil Jerizalèm. “ Juif ki pale grèk yo t ap plenyen kont Juif ki pale ebre yo, paske yo te neglije vèv Grèk yo nan distribisyon ki te konn fèt chak jou a ”. Lè “ douz apot yo ” wè sa, yo pran dispozisyon pou yo korije sitiyasyon an. Yo ‘ chwazi sèt gason ki gen bon renome ’ e yo mete yo distribye manje a, yon ‘ travay ki te nesesè ’. (Travay 6:1-6.) Jodi a, ansyen yo pa sipoze ‘ bouche zòrèy yo ’ pou yo pa tande plent ki fonde (Pwovèb 21:13). E ansyen yo pa ta dwe kritike moun k ap sèvi Jewova ansanm avèk yo. Olye de sa, yo dwe montre yo se moun ki ankourajan, ki rekonfòtan. — 1 Korentyen 8:1.

14. Si nou pa vle tonbe nan plenyen, ki kalite nou plis bezwen devlope lakay nou ?

14 Se nou tout ki bezwen evite plenyen, paske se yon tandans ki nuizib pou espirityalite nou. Yon mantalite konsa ka kraze tèt ansanm ki gen nan mitan nou an. Olye pou nou ta tonbe nan plenyen, annou kite lespri sen devlope lanmou lakay nou (Galat 5:22). Si nou dakò ak ‘ lwa wa a, lwa sou lanmou an ’, sa ap ede nou kontinye sèvi Jewova kòtakòt. — Jak 2:8 ; 1 Korentyen 13:4-8 ; 1 Pyè 4:8.

Ann evite bay kout lang

15. Ki diferans ou fè ant fè tripotay ak bay kout lang ?

15 Piske plenyen ka fè yon moun tonbe nan pale moun mal, yon kretyen fèt pou l veye pawòl k ap soti nan bouch li. Fè tripotay se pale nan zafè moun san nesesite. Bay kout lang, li menm, se fè manti sou do yon moun, nan objektif pou sal repitasyon moun sa a. Se mechanste sa ye e moun k ap sèvi Bondye pa ka nan sa. Se pou rezon sa a, Bondye te di Izrayelit yo konsa : “ Ou pa dwe mache bay moun ki nan mitan pèp ou a kout lang. ” — Levitik 19:16.

16. Ki sa Pòl te di sou kèk moun ki konn fè tripotay, e ki jan nou ka suiv konsèy li a ?

16 Piske li fasil pou yon moun ki renmen pale nan zafè moun tonbe nan bay kout lang, Pòl te kondane yon seri moun ki te renmen fè tripotay. Li te fè yon ti pale sou vèv ki merite resevwa èd nan men kongregasyon an. Lèfini, li te pale de yon lòt pati vèv ki te “ pran abitid rete kòm aryennafè, kòm moun k ap plede mache kay moun ”. Li te di moun sa yo “ pa sèlman aryennafè, men tou yo renmen fè tripotay, yo mele nan zafè moun, yo pale bagay yo pa ta sipoze pale ”. (1 Timote 5:11-15.) Si yon kretyèn twouve li gen tandans pou l pale nan zafè moun e li santi sa ka fè l tonbe nan bay kout lang, li bon pou l suiv konsèy Pòl bay la, konsèy ki di pou medam yo montre yo se moun ki “ respektab, ki pa nan bay kout lang ”. (1 Timote 3:11.) Natirèlman, se pa medam yo sèlman ki dwe pran prekosyon pou yo pa pale moun mal. — Pwovèb 10:19.

Sispann jije !

17, 18. a) Ki sa Jezi te di sou kesyon jije frè nou ? b) Ki jan nou ka aplike sa Jezi te di a ?

17 Menmsi nou pa bay pyès moun kout lang, nou gendwa bezwen fè efò pou nou evite tandans pou nou toujou ap jije. Jezi te kondane tandans sa a. Men ki sa l di : “ Sispann jije dekwa pou yo pa jije nou. Paske se avèk jijman nou jije lòt moun, yo gen pou yo jije nou, e se nan mezi nou sèvi pou nou mezire pou lòt moun, yo gen pou yo mezire pou nou. Donk, poukisa w ap gade pay ki nan je frè w la, men ou pa egzamine travès ki nan je pa w la ? Oubyen tou, kòman w fè di frè w la ‘ ban m retire pay ki nan je w la ’, alòske, men w gen yon travès nan je pa w ? Ipokrit ! Retire travès ki nan je w la anvan, epi, apre sa, w ap ka wè klè pou w retire pay ki nan je frè w la. ” — Matye 7:1-5.

18 Nou pa ta dwe mande frè yo pou yo kite nou retire yon vyepti pay nan je yo, alòske nou gen yon “ travès ” senbolik ki anpeche nou wè klè nan sitiyasyon an. Anfèt, si reyèlman nou rive konprann nan ki pwen Bondye gen mizèrikòd, n ap evite tout tandans pou nou ta jije frè ak sè nou yo. Kòman pou n ta fè rive konprann yo, menm jan ak Papa nou ki nan syèl la ? Jezi te gen rezon di pou nou “ sispann jije dekwa pou yo pa jije nou ”. Si, onètman, nou pran abitid egzamine pwòp defo pa nou, sa ap anpeche nou fè move jijman nan je Bondye.

Se vre nou frajil, men nou onorab tou

19. Ki jan nou ta dwe konsidere kretyen parèy nou yo ?

19 Si nou byen deside pou nou sèvi Bondye kòtakòt, ansanm ak kretyen parèy nou, nou pap sèlman evite tandans pou nou ap jije yo. N ap pran devan pou nou montre nou onore yo (Women 12:10). Pou byen di, se avantaj yo n ap chèche, nou pap chèche avantaj pa nou. E si se pou nou fè kèk ti travay pou yo, menmsi se yon travay ki degradan, n ap fè l ak kè kontan (Jan 13:12-17 ; 1 Korentyen 10:24). Ki sa nou ka fè pou nou konsève yon mantalite konsa ? Se lè nou pa janm bliye chak kretyen se yon moun ki presye nan je Jewova. N ap reyisi konsève mantalite sa a tou lè nou sonje se nou youn ki bezwen lòt, menm jan chak manm ki nan kò nou depann youn de lòt. — 1 Korentyen 12:14-27.

20, 21. Ki sans pawòl nou jwenn nan 2 Timote 2:20, 21 an genyen pou nou ?

20 Nou dwe admèt sa, kretyen yo tankou yon veso an tè ki frajil, e yo konfye yo yon ministè ki sanble ak yon bèl trezò (2 Korentyen 4:7). Se yon aktivite sakre. E si nou vle reyisi ladann l yon fason pou Jewova jwenn louwanj, nou dwe fè sa nou kapab pou nou konsève yon pozisyon onorab ni devan l ni devan Pitit li a. Se sèlman si nou travay pou nou rete pwòp ni nan domèn moral, ni nan domèn espirityèl, n ap kapab montre nou se veso ki onorab, yon veso ki itil Bondye. Sou pwen sa a, men sa Pòl te ekri : “ Nan yon kay, se pa sèlman veso ki fèt annò oswa ann ajan ki genyen, men genyen tou ki fèt an bwa e an tè. E si genyen ki la pou yon sèvis onorab, gen lòt ki la pou yon sèvis ki pa onorab. Konsa, si yon moun pran distans li ak sa ki pa onorab yo, l ap tounen yon veso ki la pou yon sèvis ki onorab, ki sangtifye, ki itil mèt li, yon veso ki prepare pou tout kalite bon travay. ” — 2 Timote 2:20, 21.

21 Nou ka konpare yon moun ki pa viv ann amoni ak sa Bondye mande ak yon ‘ veso ki pa onorab ’. Sepandan, si se yon moun ki ap fè efò pou l rete nan yon chemen ki dwat devan Bondye, li konparab ak yon ‘ veso ki la pou yon sèvis ki onorab, ki sangtifye, sa vle di yon veso yo met apa, yon veso ki itil mèt li, ki prepare pou tout kalite bon travay. ’ Donk, kesyon ki ta bon pou nou poze tèt nou se : ‘ Èske m se yon “ veso ki onorab ” ? Èske m gen yon bon enfliyans sou kretyen parèy mwen yo ? Èske m se yon manm nan kongregasyon an k ap travay kòtakòt avèk lòt moun k ap adore Jewova yo ? ’

Ann kontinye sèvi Bondye kòtakòt

22. Avèk ki sa nou ka konpare kongregasyon an ?

22 Kongregasyon an fonksyone menm jan ak yon fanmi. Lè tout moun ki nan yon fanmi ap sèvi Jewova, gen yon bèl anbyans, yon anbyans kote youn renmen lòt, kote youn prèt pou ede lòt. Nan yon fanmi, ou jwenn divès kalite moun e yo chak gen tanperaman pa yo, men chak moun gen plas li, yon plas ki onorab. E se menm bagay tou pou kongregasyon an. Kwak nou tout nou diferan, kwak nou enpafè, Bondye atire nou sou li grasa Kris (Jan 6:44 ; 14:6). Jewova ak Jezi renmen nou, e antanke fanmi ki gen tèt ansanm, nou vrèman bezwen montre youn renmen lòt. — 1 Jan 4:7-11.

23. Ki sa nou pa ta dwe bliye, e ki detèminasyon nou ?

23 Menm jan ak yon fanmi, kongregasyon an se yon kote nòmalman nou dwe atann nou n ap jwenn fidelite. Men sa apot Pòl te ekri : “ Mwen vle pou mesye yo priye tout kote, pou yo leve men yo anlè antanke moun ki pa nan foub, san yo pa nan fè kòlè ni nan fè diskisyon. ” ​(1 Timote 2:8). Konsa, Pòl te montre gen yon rapò ant fidelite ak priyè ki fèt “ tout kote ” kretyen yo reyini. Se sèlman frè ki fidèl ki sipoze reprezante kongregasyon an nan lapriyè. Natirèlman, se nou tout Bondye atann ki pou montre nou fidèl devan l. Se nou tout li atann ki pou montre nou fidèl youn ak lòt (Eklezyas 12:13, 14). Annou montre nou se moun ki deside pou nou travay ann amoni youn ak lòt, menm jan ak manm ki nan kò nou. Annou montre tou nou dispoze sèvi nan tèt ansanm ak lòt moun k ap sèvi Jewova yo, antanke manm menm fanmi. E, kòm pwen ki pi enpòtan, annou sonje sa : se nou youn ki bezwen lòt, e n ap jwenn apwobasyon ak benediksyon Bondye si nou kontinye sèvi Jewova kòtakòt.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki sa ki ede pèp Jewova a sèvi l kòtakòt ?

• Poukisa kretyen yo se moun ki evite patipri ?

• Ki mal ou ta di ki genyen nan plenyen ?

• Poukisa nou ta fèt pou nou onore moun ki kretyen parèy nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

Pyè te rann li kont “ Bondye pa gen patipri. ”

[Foto nan paj 15]

Èske nou konnen poukisa Bondye te imilye Miryam ?

[Foto nan paj 17]

Kretyen ki fidèl yo kontan sèvi Jewova kòtakòt.