Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou pran plezi nan etidye Pawòl Bondye pèsonèlman

Annou pran plezi nan etidye Pawòl Bondye pèsonèlman

Annou pran plezi nan etidye Pawòl Bondye pèsonèlman

“ Asireman, m ava medite sou tout travay ou fè, e m ap konsantre atansyon m sou fason ou aji. ” — SÒM 77:12.

1, 2. a) Poukisa nou dwe rezève tan pou nou medite ? b) Ki sa “ medite ” vle di, e ki sa “ reflechi ” vle di ?

ANTANKE disip Jezi Kris, youn nan bagay ki ta dwe enterese nou anpil se relasyon nou avèk Bondye epi rezon ki pouse nou sèvi l. Toutfwa, pifò moun k ap viv jodi a tèlman chaje ak aktivite, yo pa rezève tan pou yo medite. Yo esklav yon seri aktivite tankou kouri dèyè byen materyèl, achte tout kalite bagay epi chèche plezi san reflechi. Ki jan nou ka evite tonbe nan fè mouvman nil sa yo ? Menm jan nou rezève yon tan, chak jou, pou nou fè yon seri bagay ki enpòtan tankou manje ak dòmi, menm jan an tou, nou bezwen rezève tan chak jou pou nou medite sou travay Jewova fè ak fason li aji. — Detewonòm 8:3 ; Matye 4:4.

2 Èske ou konn pran tan pou w medite ? Ki sa medite vle di ? Men ki jan yon diksyonè defini mo sa a : “ Konsantre lespri w sou, konsantre atansyon w sou, oubyen reflechi sou ”. Mo “ reflechi ” a li menm vle di : “ Panse sou, konsantre atansyon w sou [...], panse oubyen konsidere ak tèt poze, konsidere seryezman, konsidere an pwofondè ”. Ki enpòtans sa genyen pou nou ?

3. Fè pwogrè espirityèl gen yon relasyon dirèk ak ki bagay ?

3 Toudabò, sa ta dwe raple nou pawòl sa yo Pòl te di Timote, konpayon travay li : “ Annatandan m vini, kontinye egzèse w nan lekti piblik, nan egzòtasyon, nan ansèyman [...]. Reflechi sou bagay sa yo, plonje ladan yo, defason pou pwogrè w parèt vizib pou tout moun. ” Wi, Pòl te atann li pou Timote avanse, pou li fè pwogrè, e pawòl li yo montre gen yon relasyon dirèk ant reflechi sou bagay espirityèl ak fè pwogrè. Se menm bagay la pou nou jodi a. Si nou vle gen kontantman yon moun jwenn lè l ap pwogrese espirityèlman, nou dwe “ reflechi sou ” tout bagay ki gen rapò ak Pawòl Bondye e nou dwe “ plonje ladan yo ”. — 1 Timote 4:13-15.

4. Ak ki zouti ou ka sèvi pou w reflechi sou Pawòl Jewova regilyèman ?

4 Moman ki pi bon pou w medite depann de ou menm e de pwogram fanmi w genyen. Gen anpil moun ki sèvi ak bwochi Examinons les Écritures chaque jour pou yo reflechi sou yon vèsè biblik chak maten, byen bonè. Pa egzanp, nan kòmansman chak jounen, anviwon 20 000 volontè k ap sèvi nan Betèl nan lemonnantye pase 15 minit ap egzamine tèks biblik pou jounen an. Pandan kèk grenn moun nan fanmi Betèl la ap fè yon kòmantè, rès moun nan fanmi an ap reflechi sou sa y ap tande a. Gen lòt Temwen ki reflechi sou pawòl Jewova pandan yo pral nan travay yo. Yo koute lekti Labib, Toudegad ak Réveillez-vous ! sou kasèt ki disponib nan kèk lang. Gen anpil metrès kay ki pwofite fè sa pandan y ap fè travay nan kay la. Anfèt, lè yo aji konsa, yo imite salmis Azaf ki te ekri : “ M ava sonje fason Ya konn aji, paske m ap sonje mèvèy ou te fè nan tan lontan yo. E asireman, m ava medite sou tout travay ou fè, e m ap konsantre atansyon m sou fason ou aji. ” — Sòm 77:11, 12.

Yon bon etadespri ap pote bon rezilta

5. Poukisa etid pèsonèl ta dwe gen yon plas enpòtan nan lavi nou ?

5 Nan tan modèn nan kote moun gen televizyon, aparèy videyo ak òdinatè, pifò moun prèske pa li ankò. Temwen Jewova yo pa ta dwe janm kite sa rive yo. An reyalite, lekti Bib la tankou yon kòd lonbrit ki konekte nou ak Jewova. Sa gen plizyè milye ane depi Jozye te ranplase Moyiz kòm dirijan pèp Izrayèl. Pou Jozye te jwenn benediksyon Jewova, li te dwe li Pawòl Bondye pèsonèlman (Jozye 1:8 ; Sòm 1:1, 2). Sa toujou yon egzijans nan epòk pa nou an. Toutfwa, anpil moun ki pa rive lwen lekòl ka gen difikilte pou yo fè lekti, yo ka menm wè se yon kòve. Kidonk, ki sa ki ka fè nou anvi li epi anvi etidye Pawòl Bondye ? N ap jwenn repons lan nan pawòl wa Salomon ki nan Pwovèb 2:1-6. Tanpri, ouvri bib ou epi li vèsè sa yo. Apre sa, nou pral egzamine yo ansanm.

6. Ki etadespri nou ta dwe manifeste anrapò ak konesans Bondye ap bay la ?

6 Pou kòmanse, nou jwenn egzòtasyon sa a : “ Pitit gason m, si w resevwa pawòl mwen yo, e si w konsève kòmandman m yo bò kote w tankou yon trezò, dekwa pou w koute sajès ak zòrèy ou, poutèt pou w ka panche kè w sou disènman [...] ”. (Pwovèb 2:1, 2.) Ki sa pawòl sa yo aprann nou ? Yo aprann nou se nou chak ki gen responsablite pou nou etidye Pawòl Bondye. Remake kondisyon yo poze a : “ Si w resevwa pawòl mwen yo ”. “ Si ” sa a gen yon kokenn enpòtans, paske pifò moun sou tè a pa bay Pawòl Bondye regle anyen pou yo. Men nou menm, si nou vle jwenn kè kontan nan etidye Pawòl Bondye, fòk nou dispoze resevwa pawòl ki sot nan bouch Jewova epi konsidere yo kòm yon trezò, yon trezò nou pa ta renmen pèdi. Nou pa dwe janm kite aktivite n ap mennen chak jou fè nou vin twò okipe, oubyen detounen atansyon nou nan yon pwen pou nou kòmanse vag sou Pawòl Bondye a e menm vin gen dout sou li. — Women 3:3, 4.

7. Depi sa posib, poukisa nou ta dwe asiste reyinyon yo e poukisa nou ta dwe suiv avèk atansyon ?

7 Èske vrèman nou “ koute ” e nou suiv avèk atansyon lè y ap esplike Pawòl Bondye nan reyinyon yo (Efezyen 4:20, 21) ? Èske nou ‘ panche kè nou ’ pou nou ka jwenn disènman ? Petèt oratè n ap koute a se pa li menm ki pi konpetan, men li merite pou nou ba li tout atansyon nou pandan l ap esplike Pawòl Bondye a. Natirèlman, pou sajès Jewova ap bay la itil nou, fòk nou la nan reyinyon yo, depi sa posib (Pwovèb 18:1). Pou di ou ka imajine jis nan ki pwen yon kretyen t ap regrèt, si l te rate reyinyon ki te fèt nan yon chanmòt nan Jerizalèm, nan Pannkòt 33 nan epòk nou an ? Se vre, reyinyon nou yo pa estrawòdinè nan menm degre ak reyinyon sa a, men se sou Bib la, liv de baz nou an, yo pale. Donk, tout reyinyon yo kapab yon benediksyon pou nou, depi nou atantif e depi nou suiv vèsè yo site yo nan bib nou. — Travay 2:1-4 ; Ebre 10:24, 25.

8, 9. a) Ki sa ki nesesè pou nou rive fè etid pèsonèl ? b) Konpare valè lò genyen ak valè konpreyansyon sou Pawòl Bondye genyen.

8 Apre sa, men ki sa wa saj la di : “ Si, anplis de sa, ou rele entèlijans e si w leve vwa w byen fò pou w gen disènman [...] ”. (Pwovèb 2:3.) Ki anvi pawòl sa yo mete lakay nou ? Natirèlman, yo fè nou gen gwo anvi pou nou konprann Pawòl Jewova a ! Yo montre nou ta dwe anvi etidye avèk objektif pou nou jwenn disènman e pou nou rive konprann ki sa volonte Jewova ye. Sètènman, sa mande pou nou fè efò e sa mennen nou nan lòt pawòl Salomon yo ansanm ak egzanp li pran apre sa. — Efezyen 5:15-17.

9 Li kontinye ak pawòl sa yo : “ Si w kontinye ap chèche l [konpreyansyon] tankou ajan, e si w kontinye ap chèche l san rete tankou trezò kache [...] ”. (Pwovèb 2:4.) Sa fè nou sonje moun nan syèk pase yo ki te konn travay nan min pou yo chèche ajan ak lò, metal anpil moun konsidere kòm presye. Moun te konn menm touye lòt moun parèy yo pou lò. Gen lòt ki pase tout vi yo ap chèche lò. Men, an reyalite, ki vrè valè lò genyen ? Sipozon ou ta pèdi nan yon dezè e w ap mouri anba yon swaf, ki sa ou t ap pi pito : yon moso lò oubyen yon gode dlo ? Epoutan, se pa ti devouman lèzòm te mete nan chèche lò, malgre li gen yon valè atifisyèl ki toujou ap monte desann ! * Èske nou pa ta dwe devwe plis toujou pou nou chèche sajès, disènman ak konpreyansyon sou Bondye ak sou volonte l ? Men, ki byenfè rechèch sa a ap pote pou nou ? — Sòm 19:7-10 ; Pwovèb 3:13-18.

10. Ki sa n ap rive jwenn si nou etidye Pawòl Bondye ?

10 Diskou Salomon an kontinye ak pawòl sa yo : “ Konsa, w ap rive konprann krent Jewova, e w ap rive jwenn konesans sou Bondye. ” ​(Pwovèb 2:5). Ala etonan sa etonan pou nou menm lèzòm pechè rive jwenn “ konesans sou Bondye ”, Jewova, Souvren Seyè linivè a (Sòm 73:28 ; Travay 4:24) ! Filozòf ak swadizan òm saj ki gen nan monn nan pase plizyè syèk ap chèche konprann mistè ki gen rapò ak lavi e ki gen rapò ak linivè. Toutfwa, yo pa rive jwenn “ konesans sou Bondye ”. Sa k fè sa ? Kwak konesans sa a disponib nan Pawòl Bondye a, Bib la, depi plizyè milye ane, yo rejte l paske yo twouve li twò senp. Konsa, yo rate okazyon yo te genyen pou yo asepte l epi konprann li. — 1 Korentyen 1:18-21.

11. Site kèk byenfè etid pèsonèl ap pote pou nou ?

11 Men yon lòt ankourajman Salomon bay : “ Paske, se Jewova menm ki bay sajès, se nan bouch li konesans ak disènman soti. ” ​(Pwovèb 2:6). Nenpòt moun ki dispoze chèche sajès, konesans ak disènman, Jewova ap ba li yo san grate tèt. Vrèman, nou pa manke rezon pou nou renmen etidye Pawòl Bondye, menmsi sa mande pou nou fè efò, pou nou disipline tèt nou e pou nou fè sakrifis. Omwen, nou gen Bib la tou enprime, e nou pa gen pou nou kopye li alamen, jan kèk moun te oblije fè sa nan tan lontan ! — Detewonòm 17:18, 19.

Pou nou mache yon fason ki konfòm ak sa Jewova mande

12. Ak ki objektif nou ta dwe chèche gen konesans sou Bondye ?

12 Ki sa ki ta dwe pouse nou fè etid pèsonèl ? Èske se pou nou parèt pi bon pase lòt moun ? Èske se pou nou montre nou gen plis konesans pase yo ? Èske se pou nou vin tounen yon ansiklopedi biblik ? Non. Objektif nou se pou nou mache, pou nou pale e pou nou aji kòm kretyen, pou nou toujou pare pou nou ede lòt moun epi reba yo fòs, menm jan Jezi te konn fè (Matye 11:28-30). Men avètisman apot Pòl te bay : “ Konesans fè moun gonfle ak lògèy, men lanmou bati moun. ” ​(1 Korentyen 8:1). Donk, nou ta dwe montre menm imilite ak Moyiz ki te di Jewova : “ Fè mwen konnen chemen w yo souple, pou mwen ka konnen w, dekwa pou mwen jwenn favè nan je w. ” ​(Egzòd 33:13). Wi, nou ta dwe anvi gen konesans pou nou ka fè Bondye plezi, e non pa pou nou enpresyone lòt moun. Dezi nou, se ta dwe pou nou mache yon fason ki konfòm ak sa Jewova mande epi sèvi li avèk imilite. Ki jan nou ka atenn objektif sa a ?

13. Ki sa ki nesesè pou yon moun vin yon sèvitè Bondye ki dwat ?

13 Pòl te konseye Timote sou fason pou li fè Bondye plezi, li te di l : “ Fè tout posib ou pou w prezante tèt ou devan Bondye tankou yon nonm apwouve, yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont, ki manyen pawòl verite a kòrèkteman. ” ​(2 Timote 2:15). Espresyon “ manyen [...] kòrèkteman ” an soti nan yon vèb grèk, yon vèb konpoze, ki vle di “ koupe dwat ”. (Kingdom Interlinear.) Dapre kèk biblis, espresyon sa a bay ide yon tayè k ap suiv yon patwon pou l ka koupe yon twal oswa yon kiltivatè k ap trase siyon nan yon tè. Nan tout sitiyasyon konsa, sa w ap jwenn kòm rezilta final la dwe yon bagay ki dwat. Men ki sa Timote te bezwen konprann : pou Bondye te apwouve li e konsidere li kòm yon sèvitè ki dwat, li te dwe ‘ fè tout posib li ’ pou li asire l ansèyman li ak konduit li konfòm ak pawòl verite a. — 1 Timote 4:16.

14. Montre ki jan etid pèsonèl nou dwe gen yon efè sou sa n ap fè ak sa n ap di.

14 Se menm mesaj la Pòl te vle fè pase lè li te ankouraje kretyen Kolòs yo pou yo ‘ mache yon fason ki konfòm ak sa Jewova mande, nan objektif pou yo fè l plezi konplètman ’. Yo t ap rive fè sa si yo ‘ pote fwi nan tout zèv ki bon, e yo kontinye grandi nan konesans egzak sou Bondye ’. (Kolosyen 1:10.) Nan vèsè sa a, Pòl etabli yon relasyon ant mache yon fason ki konfòm ak sa Jewova mande ak “ pote fwi nan tout zèv ki bon ” epi “ kontinye grandi nan konesans egzak sou Bondye ”. Sa vle di, sa ki enpòtan nan je Jewova, se pa sèlman nan ki degre nou bay konesans valè, men se nan ki degre nou suiv Pawòl Bondye a nan sa n ap fè ak sa n ap di (Women 2:21, 22). Sa siyifi si nou vle fè Bondye plezi, etid pèsonèl nou dwe gen yon efè sou fason nou reflechi ak fason nou aji.

15. Ki jan nou kapab pwoteje lespri nou epi metrize panse nou ?

15 Jodi a, Satan detèmine pou l detwi espirityalite nou. Poutèt sa, li fè yon jan pou gen yon lit nan lespri nou (Women 7:14-25). Donk, si nou vle montre nou dwat devan Jewova, Bondye nou an, nou bezwen pwoteje lespri nou epi metrize panse nou. Zam nou genyen se “ konesans sou Bondye ”, konesans ki kapab ‘ pran nenpòt ki lide, epi fè l kaptif pou l obeyi Kris ’. Nou gen plis rezon toujou pou nou veye pou nou etidye Bib la chak jou, piske nou vle elimine ide egoyis ak ide chanèl nan lespri nou. — 2 Korentyen 10:5.

Zouti k ap ede nou konprann

16. Ki jan nou ka tire pwofi nan ansèyman Jewova ap ban nou an ?

16 Ansèyman Jewova bay la pote benediksyon ni nan domèn espirityèl, ni nan domèn fizik. Ansèyman sa a pa tankou yon teyoloji ki gen bèl pawòl sèlman e ki pa enteresan. Se sa k fè Jewova di pawòl sa yo : “ Mwen menm Jewova, mwen se Bondye w, Sila k ap anseye w pou byen w lan, Sila k ap fè w mache sou wout ou dwe mache a. ” ​(Izayi 48:17). Ak ki mwayen Jewova sèvi pou l fè nou mache sou chemen li trase a, chemen ki pwofitab pou nou an ? Anvan tout lòt bagay, nou gen Pawòl li enspire a, Lasent Bib. Se liv de baz nou e se toujou sou li nou apiye nou. Se poutèt sa li bon, lè nou nan reyinyon, pou nou ouvri bib nou epi suiv sa y ap di a. Istwa enik etyopyen an montre byenfè sa gen ladan l. Nou jwenn istwa sa a nan liv Travay apot yo, chapit 8.

17. Ki sa ki te pase nan ka enik etyopyen an, e ki sa sa montre nou ?

17 Enik etyopyen an se te yon moun ki te konvèti nan relijyon juif yo. Li te kwè nan Bondye toutbonvre e li te konn fouye nan Pawòl Bondye. Pandan li t ap vwayaje nan charyo li, li t ap li nan liv Izayi a, lè Filip kouri vin kote l epi l mande l : “ Èske vrèman ou konprann sa w ap li a ? ” Ki jan enik la te reponn ? Li te di l : “ ‘ An reyalite, ki jan pou m ta ka konprann, si pa gen yon moun ki gide m ? ’ E li sipliye Filip pou l monte vin chita bò kote l. ” Apre sa, grasa lespri sen, Filip te ede enik la konprann pwofesi Izayi a (Travay 8:27-35). Ki sa istwa sa a montre ? Li montre nou sa pa sifi pou nou li Labib poukont nou. Grasa lespri sen, Jewova sèvi ak esklav fidèl ki prevwayan an pou l ede nou konprann Pawòl li nan moman apwopriye. Ki jan li fè sa ? — Matye 24:45-47 ; Lik 12:42.

18. Ki jan esklav fidèl ki prevwayan an ede nou ?

18 Se vre, Jezi te prezante esklav la kòm yon esklav “ fidèl ki prevwayan ”, men li pa t di esklav la pa t ap ka fè erè. Frè wen ki fidèl e ki konpoze gwoup sa a, se kretyen enpafè yo ye. Menmsi yo gen pi bon entansyon yon moun te ka genyen, yo kapab twonpe yo, tankou sa te konn rive kèk mesye nan premye syèk la (Travay 10:9-15 ; Galat 2:8, 11-14). Toutfwa, yo gen bon motivasyon, e Jewova sèvi avèk yo pou l ban nou piblikasyon biblik k ap pèmèt nou gen yon fwa solid nan Pawòl Bondye ak pwomès Bondye yo. Zouti ki pi enpòtan esklav la ban nou pou nou fè etid pèsonèl se Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau. Li disponib kounye a nan 42 lang, swa annantye swa an pati, e yo deja enprime 114 milyon Bib sa a nan plizyè edisyon. Ki jan nou ka sèvi avèk li yon fason ki efikas lè n ap fè etid pèsonèl ? — 2 Timote 3:14-17.

19. Site kèk karakteristik Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau — avec notes et références ki ka itil nou nan etid pèsonèl nou.

19 Annou pran pa egzanp Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau — avec notes et références. Li gen plizyè kolòn ki chaje ak referans, li gen nòt anba paj e li gen yon konkòdans abreje ki gen pati sa yo : “ Index des mots bibliques ”, “ Index des notes ” ak yon “ Appendice ” ki devlope 43 sijè afon e ki gen kat ak tablo ladan l. Anplis de sa, gen yon “ Introduction ” ki pale sou divès dokiman kote yo te fè rechèch pou yo te ka fè tradiksyon biblik san parèy sa a. Si tradiksyon sa a disponib nan yon lang ou ka konprann, fè tout sa ou kapab pou w byen konnen ribrik sa yo e pou w byen sèvi avèk yo. Kèlkeswa pwogram etid biblik nou genyen, se Bib la k ap toujou sèvi kòm liv de baz. E grasa Traduction du Monde Nouveau a nou gen yon Bib ki mete non Bondye an valè kòrèkteman, e anmenmtan ki souliye enpòtans dominasyon Bondye pa mwayen Wayòm li an. — Sòm 149:1-9 ; Danyèl 2:44 ; Matye 6:9, 10.

20. Anrapò ak etid pèsonèl nou, ki kesyon ki merite jwenn repons ?

20 Kounye a, nou ka mande tèt nou : ‘ Ki lòt bagay ki ka ede nou konprann Bib la ? Ki jan nou ka pwograme nou pou nou fè etid pèsonèl ? Ki jan nou kapab fè pou etid pèsonèl nou vin pi efikas ? Ki jan etid sa a ka enfliyanse lòt moun ? ’ Atik ki vin apre a ap reponn kesyon enpòtan sa yo ki konsène pwogrè nou antanke kretyen.

[Nòt anba paj]

^ § 9 Depi 1979, valè lò pa t sispann monte desann. Soti nan 850 dola ameriken pou yon ons an 1980, li te tonbe nan 252,8 dola ameriken pou yon ons an 1999.

Èske nou sonje ?

• Ki sa “ medite ” vle di, e ki sa “ reflechi ” vle di ?

• Ki jan nou ta dwe konsidere etid Pawòl Bondye a ?

• Ki sa ki ta dwe pouse nou fè etid pèsonèl ?

• Ki zouti nou genyen pou nou konprann Bib la ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 21]

Kòmanse chak jounen ak egzamen yon tèks biblik fòtifye manm fanmi Betèl yo espirityèlman.

[Foto nan paj 21]

Nou kapab byen itilize tan nou si nou koute kasèt biblik pandan nou nan machin.

[Foto nan paj 22]

Lèzòm travay di e pandan lontan pou yo ka jwenn lò. E ou menm, ki kantite efò ou fè pou w etidye Pawòl Bondye ?

[Liy kredi]

Grasa otorizasyon Pak nasyonal Kalifòni, 2002

[Foto nan paj 23]

Bib la se yon trezò ki kapab mennen nan lavi etènèl.