Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Antanke kretyen, youn bezwen lòt

Antanke kretyen, youn bezwen lòt

Antanke kretyen, youn bezwen lòt

“ Nou youn se manm lòt. ” — EFEZYEN 4:25.

1. Ki sa yon ansiklopedi di sou kò nou ?

KÒ LÒM se youn nan mèvèy Bondye kreye ! Gen yon ansiklopedi (The World Book Encyclopedia) ki di : “ Gen moun ki konn konpare kò nou avèk yon machin. Yo di se machin ki pi estrawòdinè ki egziste. Se vre, kò nou pa yon machin. Men, li sanble ak yon machin nan plizyè sans. Pa egzanp, menm jan ak yon machin, kò a gen plizyè pati. Chak pati nan kò a, tankou sa fèt nan yon machin, jwe wòl pa l. Men tout pati yo travay ansanm pou fè kò a oswa machin nan mache swa. ”

2. Ki resanblans ki genyen ant kò nou ak kongregasyon an ?

2 Annefè, kò nou gen plizyè pati, li gen plizyè manm, e yo chak yo itil, yo chak yo ranpli wòl pa yo. Pa gen okenn pati nan kò nou ki pa gen enpòtans, li te mèt se yon senp ti venn oswa yon mis. Menm jan an tou, chak manm nan kongregasyon an ka mete yon ti diplis pou kongregasyon an anfòm espirityèlman, pou l ka vin pi bèl (1 Korentyen 12:14-26). Menmsi okenn moun nan kongregasyon an pa ta dwe santi l pi siperyè pase yon lòt, pa gen anyen nonplis ki mande pou yon moun konsidere li pa vo anyen ditou. — Women 12:3.

3. Selon Efezyen 4:25, nan ki sans nou ka di antanke kretyen, youn bezwen lòt ?

3 Menm jan manm nan kò nou depann youn de lòt, se konsa nou youn bezwen lòt antanke kretyen. Men sa apot Pòl te di kretyen wen parèy li yo : “ Piske kounye a nou voye kesyon bay manti a jete, nou chak, se pou nou di pwochen nou laverite, paske nou youn se manm lòt. ” ​(Efezyen 4:25). Piske “ youn se manm lòt ”, youn onèt ak lòt, sa fè gen yon kolaborasyon total nan mitan manm Izrayèl espirityèl la, “ kò Kris la ”. Wi, yo chak yo se manm tout lòt yo (Efezyen 4:11-13). Kretyen ki gen esperans terès yo kontan pou yo kolabore nan tèt ansanm avèk yo ak tout kè yo.

4. Ki fason nou ka ede nouvo yo ?

4 Chak ane, moun ki gen esperans pou yo viv nan paradi terès la batize pa milye. Ak kè kontan, lòt manm kongregasyon an ede yo ‘ travay pou yo gen matirite ’. (Ebre 6:1-3.) Gendwa se reponn yo reponn kesyon biblik yo poze, oswa se ede yo ede yo vin pi efikas nan predikasyon. Nou ede nouvo yo grasa bonjan egzanp nou bay lè nou patisipe regilyèman nan reyinyon yo. Nan move moman, nou ka ankouraje yo, nou ka konsole yo (1 Tesalonisyen 5:14, 15). Anfèt, nou ta dwe chèche fason pou nou ede lòt moun pou yo ‘ kontinye mache nan laverite ’. (3 Jan 4.) Kit nou timoun, kit nou granmoun, kit nou fèk kòmanse ap mache nan laverite, kit nou nan laverite depi lontan, nou ka aji pou byen espirityèl konpayon nou yo. E pa bliye sa : yo vrèman bezwen nou.

Yo te bay èd ki nesesè

5. Ki èd Akila ak Prisil te bay Pòl ?

5 Pami moun ki jwenn satisfaksyon nan ede frè ak sè espirityèl yo, nou jwenn kretyen ki marye yo. Pa egzanp, Akila ak madanm li, Prisil (Priska), te konn ede Pòl. Yo te akeyi l lakay yo, yo te travay avèk li kòm moun k ap fabrike tant, e yo te ede l pou l fòme yon nouvo kongregasyon nan Korent (Travay 18:1-4). Nou pa konn ki jan sa te fèt, men yo te menm riske vi yo pou Pòl. Etan yo te Wòm, Pòl te di kretyen nan vil sa a pawòl sa yo : “ Salye Priska ak Akila pou mwen, yo menm ki konpayon travay mwen nan Kris Jezi, yo menm ki te riske pwòp kou yo pou nanm mwen. Se pa mwen menm sèlman ki di yo mèsi, men se tout kongregasyon ki nan lòt nasyon yo ki di yo mèsi tou. ” ​(Women 16:3, 4). Menm jan ak Akila ak Prisil, gen kèk kretyen jounen jodi a ki gen yon bon efè sou kongregasyon yo e k ap ede konpayon yo plizyè fason. Pafwa yo menm riske pwòp vi yo pou pèsekitè yo pa rive jwenn frè yo pou fè vyolans sou yo oswa pou touye yo.

6. Ki èd Apolòs te resevwa ?

6 Akila ak Prisil te ede Apolòs tou, yon kretyen ki konn pale, ki t ap anseye moun Efèz yo sou Jezi Kris. Nan epòk sa a, sèl batèm Apolòs te konnen, se te batèm Jan an. Yon moun te konn pran batèm sa a pou bay prèv li repanti pou peche l te fè kont alyans Lalwa a. Kòm Akila ak Prisil te rann yo kont Apolòs te bezwen èd, “ yo esplike l pawòl Bondye a avèk plis presizyon toujou ”. Sa sanble yo te ede l konprann, nan batèm kretyen an, non sèlman yo plonje moun nan anba dlo, men tou li resevwa lespri sen. Apre sa, Apolòs te mete sa l te aprann yo an pratik. Pa egzanp ann Akayi, “ li te yon gwo èd pou moun ki te kwè nan bonte Bondye, bonte moun pa merite a, paske, avèk fòs e an piblik, li te pwouve kòrèkteman Juif yo te antò, e li te demontre sou baz Ekriti yo se te Jezi ki Kris la. ” ​(Travay 18:24-28). Se konsa, byen souvan frè nou yo konn fè kèk kòmantè ki ede nou amelyore fason nou konprann Pawòl Bondye a. Nan sans sa a tou, se nou youn ki bezwen lòt.

Annou bay èd materyèl

7. Ki jan Filipyen yo te reyaji lè kretyen ki nan lòt kongregasyon te tonbe nan afè pa bon ?

7 Manm kongregasyon Filip yo te renmen Pòl anpil e yo te voye yon ti èd materyèl ba li pandan li te Tesalonik (Filipyen 4:15, 16). Lè frè ki Jerizalèm yo te tonbe nan afè pa bon, frè Filip yo te pwouve yo menm dispoze kontribye depase sa mwayen yo te pèmèt yo bay. Pòl te tèlman gen rekonesans pou bèl atitid frè ak sè Filip yo, li te site yo kòm egzanp bay lòt kwayan. — 2 Korentyen 8:1-6.

8. Ki jan Epafwodit te dispoze aji ?

8 Etan Pòl te nan prizon, Filipyen yo pa t kontante yo voye èd materyèl ba li sèlman, men tou yo te voye Epafwodit kòm reprezantan yo. Selon sa Pòl te di, “ akoz travay Seyè a, [Epafwodit] pase toupre lanmò. Li riske nanm li pou l te ka konpanse absans nou an kòmsadwa, absans ki anpeche nou rann mwen sèvis anpèsòn. ” ​(Filipyen 2:25-30 ; 4:18). Yo pa di nou si Epafwodit te ansyen oswa asistan ministeryèl. Sepandan, nou konnen li te yon kretyen ki te dispoze fè sakrifis e ki te sèvyab, e Pòl te vrèman bezwen l. Èske gen yon moun ki tankou Epafwodit nan kongregasyon an ?

Yo te tankou yon ‘ èd ki bay moun fòs ’

9. Ki egzanp Aristak kite pou nou ?

9 Se yon benediksyon sa ye lè yon kongregasyon gen frè ak sè ki gen lanmou lakay yo tankou Akila, Prisil ak Epafwodit. Gen kèk nan frè nou yo ki plis sanble ak Aristak, yon kretyen ki t ap viv o premye syèk. Li menm ansanm ak lòt kretyen ankò te vin tounen yon “ èd k ap bay fòs ”. Petèt yo te yon soulajman oswa yo te pote konkou yon fason ki itil frè yo anpil (Kolosyen 4:10, 11). Aristak te ede Pòl. Konsa, li te pwouve li se yon bon zanmi lè gen pwoblèm. Li tankou moun yo mansyone nan Pwovèb 17:17 la. Men sa vèsè sa a di : “ Yon vrè konpayon toujou gen lanmou, e se yon frè ki fèt pou lè gen malè. ” Èske nou chak nou pa ta dwe fè efò pou nou vin yon ‘ èd ki bay konpayon nou yo fòs ’ ? Sitou lè moun anba pwoblèm, nou dwe lonje men ba yo.

10. Ki egzanp Pyè kite pou ansyen yo ?

10 Ansyen yo an patikilye dwe montre yo se yon èd k ap bay frè ak sè yo fòs. Kris te di apot Pyè : “ Bay frè w yo fòs. ” ​(Lik 22:32). Piske Pyè te demontre li se yon moun ki solid, ki gen bèl kalite, sitou apre Jezi fin resisite, li te gen posiblite bay frè l yo fòs. Ansyen, avèk tout kè nou e avèk tandrès, fè efò pou nou fè menm jan an, paske frè nou yo bezwen nou. — Travay 20:28-30 ; 1 Pyè 5:2, 3.

11. Ki pwofi nou jwenn lè nou egzamine dispozisyon Timote te genyen ?

11 Timote, konpayon vwayaj Pòl, se te yon ansyen ki te konn pran ka kretyen parèy li. Aktout Timote te gen pwoblèm sante, li te demontre li gen yon lafwa ki djanm, e ‘ li te travay avèk Pòl tankou yon esklav, pou pèmèt bon nouvèl la pwogrese ’. Se sa k fè, apot la te kapab di Filipyen yo : “ Mwen pa gen pèsonn ki byen dispoze tankou li, pèsonn ki reyèlman gen sousi pou bagay ki konsène nou. ” ​(Filipyen 2:20, 22 ; 1 Timote 5:23 ; 2 Timote 1:5). Si nou demontre nou gen menm dispozisyon ak Timote, nou menm tou, nou ka vin yon benediksyon pou adoratè Jewova parèy nou yo. Se vre, nou kapab ap lite anba pwoblèm sante, oswa anba kèk lòt eprèv ankò, men nou menm tou, nou kapab e nou ta dwe demontre nou gen yon lafwa solid. Nou ta dwe demontre nou renmen frè ak sè nou yo. Nou ta dwe demontre nou gen sousi pou yo. Nou pa ta dwe janm bliye sa : yo bezwen nou.

Yon seri medam ki te konn pran swen lòt moun

12. Ki leson nou ka tire nan egzanp Dòka kite pou nou an ?

12 Dòka se te youn nan medam ki te konn pran swen lòt moun. Apre Dòka fin mouri, disip yo voye chèche Pyè e yo mennen l nan yon chanm aletaj. Lè l monte anlè a, “ tout vèv yo parèt devan l, y ap kriye, y ap montre pakèt rad Dòka te konn fè etan l te ansanm avèk yo. ” Pyè te vin resisite Dòka, e ou mèt sèten li te kontinye “ fè anpil zèv ak anpil don mizerikòd ”. Jounen jodi a, menm jan ak Dòka, gen plizyè medam nan kongregasyon yo ki fè rad pou moun ki nan nesesite, oswa ki rann yo kèk lòt sèvis. Natirèlman, prensipal travay yo se defann enterè Wayòm nan, se patisipe nan travay fè disip la. — Travay 9:36-42 ; Matye 6:33 ; 28:19, 20.

13. Ki jan Lidi te demontre li gen sousi pou konpayon l yo ?

13 Lidi, yon dam ki te gen lakrentif pou Bondye, te konn pran swen lòt moun tou. Antanke natif natal vil Tiyati, se nan vil Filip li t ap viv nan moman Pòl te vin preche nan vil sa a, nan zòn ane 50 epòk nou an. Sanble Lidi se te yon pwozelit juif, men nan Filip, gendwa se yon ti ponyen Juif sèlman ki te genyen, epi siman pa t gen sinagòg. Lidi ak kèk lòt medam ki gen devouman te rasanble bò yon rivyè pou yo adore Jewova. Se nan moman sa a apot la ba yo bon nouvèl la. Dapre sa liv Travay la rapòte, “ Jewova te ouvri kè [Lidi] byen laj, pou l te ka koute bagay Pòl t ap di yo. Lè li menm ansanm ak moun lakay li vin batize, li sipliye [yo], li di : ‘ Si nou wè mwen fidèl devan Jewova, antre lakay mwen e fè yon ti rete. ’ Epi li fòse [yo] vini. ” ​(Travay 16:12-15). Piske Lidi te vle fè byen pou lòt moun, li reyisi fè Pòl ak konpayon l yo rete avèk li. Ala kontan nou kontan lè nou jwenn kretyen jodi a ki demontre avèk amou yo konn resevwa moun menm jan an ! — Women 12:13 ; 1 Pyè 4:9.

Nou bezwen nou tou, nou menm jèn

14. Ki jan Jezi te konn boule ak timoun yo ?

14 Jezi Kris, Pitit Bondye a, li menm ki bon, ki renmen moun, se li ki fonde kongregasyon an. Moun yo te santi yo alèz avèk li paske li te gen lanmou, li te gen konpasyon. Yon lè, kèk moun te vin mennen timoun piti yo te genyen bay Jezi, e disip li yo t ap eseye repouse yo. Men, Jezi di : “ Kite timoun yo vin jwenn mwen, pa eseye bloke yo, paske se pou moun tankou yo Wayòm Bondye a ye. An verite mwen di nou sa, kèlkeswa moun ki pa resevwa Wayòm Bondye a tankou yon timoun, li pap antre ladan l menm. ” ​(Mak 10:13-15). Pou nou resevwa benediksyon Wayòm nan, menm jan ak timoun yo, nou dwe enb e nou dwe dispoze pou nou aprann. Jezi te renmen timoun piti yo. Li te montre sa lè l te pote yo, lè l te beni yo (Mak 10:16). E nou menm, jèn ki la a jodi a ? Pa bliye nou renmen nou. Pa bliye nou bezwen nou nan kongregasyon an.

15. Ki evènman sou lavi Jezi yo rapòte nan Lik 2 : 40-52, e ki egzanp Jezi kite pou timoun yo ?

15 Pandan Jezi te jèn, li te pwouve li renmen Bondye e li renmen Pawòl li a. A douz an, li menm ansanm ak paran l, Jozèf ak Mari, te vwayaje soti Nazarèt, vilaj natif natal yo, ale Jerizalèm pou y al selebre Pak la. Etan paran Jezi yo t ap retounen Nazarèt, yo rann yo kont Jezi pa t la ansanm avèk lòt vwayajè yo. Finalman, yo jwenn li chita nan youn nan pyès ki nan tanp lan, l ap koute anseyan Juif yo, l ap poze yo kesyon. Jezi byen etone dèske Jozèf ak Mari pa t konn kote pou yo jwenn li. Li di : “ Nou pa t konnen fòk se lakay Papa m pou m ye ? ” Apre sa, li retounen lakay li ansanm ak paran l, li soumèt tèt li devan yo, e li kontinye pwogrese nan sajès ak nan devlopman fizik (Lik 2:40-52). Èske se pa yon bèl egzanp Jezi kite pou timoun yo ? Sètènman yo ta dwe obeyi paran yo, e yo ta dwe enterese nan bagay espirityèl. — Detewonòm 5:16 ; Efezyen 6:1-3.

16. a) Ki sa yon seri tigason t ap di lè Jezi t ap preche nan tanp lan ? b) Ki privilèj jèn timoun ki nan kongregasyon yo genyen jodi a ?

16 Antanke jèn, petèt ou gen posiblite preche nan lekòl ou oswa ansanm ak paran w kay an kay (Izayi 43:10-12 ; Travay 20:20, 21). Èske nou sonje sa k te rive lè Jezi t ap preche, lè l t ap geri moun yo nan tanp lan yon ti kras tan anvan l mouri ? Lè sa a, kèk tigason te tonbe rele : “ Delivre nou, tanpri, Pitit David ! ” Prèt an chèf yo ak eskrib yo vin fache e yo di l : “ Ou tande sa y ap di ? ” Jezi di yo : “ Wi. Nou pa janm li sa : ‘ Se nan bouch tibebe ak nan bouch timoun ki nan tete ou fè louwanj soti ’ ? ” ​(Matye 21:15-17). Menm jan ak timoun sa yo, ou menm tou, ou menm ki fè pati jèn nan kongregasyon an, ou gen yon gwo privilèj pou w louwe Bondye ak Pitit li a. Nou renmen pou w bò kote nou, nou bezwen w bò kote nou antanke pwoklamatè Wayòm nan.

Lè malè met pye

17, 18. a) Poukisa Pòl te pran dispozisyon pou yo fè yon kotizasyon pou kretyen Jide yo ? b) Ki efè ofrann volontè yo te ranmase pou frè Jide yo te fè sou kretyen juif yo ak kretyen ki pa t juif yo ?

17 Nan kèlkeswa sitiyasyon nou ye a, lanmou pouse nou ede kretyen parèy nou ki nan nesesite (Jan 13:34, 35 ; Jak 2:14-17). Pa egzanp, se lanmou ki te pouse Pòl pran dispozisyon pou yo fè yon kotizasyon pou frè ak sè Jide yo, ki te nan kongregasyon Akayi, Galasi, Masedwàn ak nan distri Azi. Disip yo te viv pèsekisyon, dezòd ak grangou nan vil Jerizalèm e sanble se de sa Pòl t ap pale lè l te mansyone “ soufrans ”, “ tribilasyon ” ak ‘ piyay moun fè sou sa disip yo te genyen ’. (Ebre 10:32-34 ; Travay 11:27–12:1.) Se poutèt sa, Pòl te òganize yon fon pou kretyen pòv ki te nan Jide yo. — 1 Korentyen 16:1-3 ; 2 Korentyen 8:1-4, 13-15 ; 9:1, 2, 7.

18 Ofrann yo te fè pou kretyen Jide yo pwouve moun ki t ap adore Jewova yo te viv nan tèt ansanm antanke frè, kit yo te Juif, kit yo pa t Juif. Etan kretyen ki pa t Juif yo t ap remèt ofrann yo, yo te tou pwofite demontre frè Jide yo jan yo gen rekonesans pou richès espirityèl yo resevwa nan men yo. Se nan sans sa a youn te bay lòt ni nan domèn materyèl, ni nan domèn espirityèl. (Women 15:26, 27). Menm jan an tou, jodi a, ofrann yo fè pou frè ki nan nesesite yo, se ofrann volontè yo ye, e se lanmou ki pèmèt sa fèt (Mak 12:28-31). Nan sans sa a tou, se nou youn ki bezwen lòt, pou ka gen yon egalizasyon ‘ e pou moun ki pa gen anpil la ka pa gen twò piti. ’ — 2 Korentyen 8:15.

19, 20. Bay yon egzanp pou w montre ki jan sèvitè Jewova yo pote konkou lè malè met pye.

19 Piske nou konnen, antanke kretyen, nou youn bezwen lòt, lè yon frè oswa yon sè nou nan lafwa gen pwoblèm, nou pa ret dòmi sou sa. Pa egzanp, ann pran sa k te pase lè tranblemanntè ak glisman teren te ravaje peyi Salvadò nan kòmansman ane 2001. Men sa yo fè konnen : “ Nan tout peyi Salvadò, frè yo patisipe nan yon operasyon pote sekou. Plizyè gwoup frè ki soti Gwatemala, Etazini ak Kanada vin bay koutmen. [...] Anvan w bat je w, yo te gentan mete plis pase 500 kay ak 3 bèl Sal Wayòm kanpe. Grasa kokenn travay frè sa yo, ki dispoze fè sakrifis, grasa kolaborasyon yo te genyen antre yo, yo te rive bay yon gwo temwayaj. ”

20 Men sa yon rapò ki soti ann Afrik di Sid fè konnen : “ Gwo lavalas dlo sa a ki te ravaje yon bon pati nan Mozanbik te touche frè nou yo tou. Filyal Mozanbik la te pran dispozisyon pou yo fè frè yo jwenn sa yo bezwen. Men, frè nan filyal yo te mande pou nou voye pèpè ki anbonneta bay frè ki tonbe nan nesesite yo. Se konsa nou te rive jwenn kont rad pou nou plen yon kontenè 40 pye voye bay frè ki Mozanbik yo. ” Wi, nan fason sa yo tou, se nou youn ki bezwen lòt.

21. Ki sa yo pral egzamine nan lòt atik la ?

21 Tankou nou te wè sa o kòmansman, chak pati nan kò nou gen enpòtans pa l. Nou ka di egzakteman menm bagay la pou kongregasyon an. Tout frè ak sè ki nan kongregasyon an, youn bezwen lòt. Epitou, yo bezwen kontinye sèvi nan tèt ansanm. Lòt atik la pral egzamine kèk aspè ki rann sa posib.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki resanblans ki genyen ant kò nou ak kongregasyon an ?

• Ki jan premye kretyen yo te reyaji lè frè yo te twouve yo nan nesesite ?

• Bay kèk egzanp biblik ki montre antanke kretyen, youn bezwen lòt, youn ede lòt.

[Kesyon]

[Foto nan paj 9]

Akila ak Prisil te konn pran swen lòt moun.

[Foto nan paj 11]

Lè malè met pye, Temwen Jewova yo ede ni moun ki Temwen, ni moun ki pa Temwen.