Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bay men nou fòs

Bay men nou fòs

Bay men nou fòs

NAN Bib la, mo “ men ” an parèt plis pase 1 800 fwa. Nan lang ebre, yo sèvi ak mo sa a yon pakèt fason. Pa egzanp, yon men ki pwòp, se yon senbòl pou deziyen yon moun ki inosan (2 Samyèl 22:21 ; Sòm 24:3, 4). Louvri men, se yon senbòl pou deziyen yon moun ki renmen bay (Detewonòm 15:11 ; Sòm 145:16). Lè yon moun riske vi l, yo di li mete nanm li nan men l (1 Samyèl 19:5). Lè yo di yon moun bese men l, sa montre moun nan dekouraje (2 Kwonik 15:7). E lè w di ou bay men yon moun fòs, se fòtifye ou fòtifye moun nan, se pouvwa ou ba li pou li aji. — 1 Samyèl 23:16.

Jodi a, gen yon gwo nesesite pou nou bay men nou fòs. N ap viv nan yon ‘ moman ki difisil anpil ’. (2 Timote 3:1.) Pafwa, nou konn dekouraje, e tandans lan se pou nou vag, se pou nou lage sa. Sa pa ra pou nou wè jèn ki kite lekòl, mari ki kite fanmi yo, manman ki abandone pitit yo. Antanke kretyen, nou bezwen bay men nou fòs pou nou ka andire difikilte nou rankontre nan sèvis n ap bay Bondye (Matye 24:13). Lè nou fè sa, nou fè kè Jewova kontan. — Pwovèb 27:11.

Ki jan men nou ka jwenn fòs

Juif ki t ap viv nan epòk Ezra a te bezwen bay men yo fòs pou yo te ka fini ak travay rekonstriksyon tanp Jewova a nan Jerizalèm. Ki jan men yo te fè jwenn fòs ? Men sa Labib rapòte : “ Yo fete fèt gato san ledven an ak kè kontan pandan sèt jou. Paske Jewova te fè kè yo kontan, e li te vire kè wa Asiri a bò kote yo pou l bay men yo fòs nan travay mezon vrè Bondye a, Bondye Izrayèl la. ” ​(Ezra 6:22). Sa klè, Jewova te sèvi ak fòs aktif li pou l fè “ wa Asiri a ” bay pèp Bondye a pèmisyon pou l retounen Jerizalèm, e Jewova te remonte moral pèp la, yon fason pou yo te fini travay yo te gentan kòmanse a.

Apre sa, lè sa te vin nesesè pou yo repare miray Jerizalèm yo, Neyemya te bay men frè li yo fòs pou yo te ka fè travay la. Men sa nou li : “ Mwen pale yo de men Bondye m nan, jan li te bon pou mwen, e mwen fè yo konnen pawòl wa a, sa l te di m nan. Lè sa a, yo di : ‘ Annou leve ! E fò n konstwi ! ’ Kidonk, yo bay men yo fòs pou yo fè yon bon travay. ” Piske men yo te vin gen fòs, Neyemya ak lòt juif ki te ansanm avèk li yo te vin anmezi pou yo rebati miray Jerizalèm yo nan 52 jou sèlman ! — Neyemya 2:18 ; 6:9, 15.

Menm jan an tou, Jewova bay men nou fòs pou nou preche bon nouvèl Wayòm nan (Matye 24:14). Pou li fè sa, li ‘ fè nou jwenn tout bon bagay nou bezwen pou nou fè volonte l ’. (Ebre 13:21.) Li mete nan men nou pi bon kalite zouti ki te ka genyen. Nou gen Labib, e nou gen tout yon seri zouti ki chita sou Bib la tankou liv, jounal, bwochi, feyè, kasèt odyo, kasèt videyo. Yo pèmèt moun toupatou sou tè a rive jwenn mesaj la. Anfèt, piblikasyon nou yo disponib nan plis pase 380 lang. E se pa sa sèlman. Grasa reyinyon yo, grasa asanble yo, Jewova ban nou yon fòmasyon teyokratik ki ede nou sèvi ak bonjan zouti nou genyen aladispozisyon nou, pou n akonpli ministè nou.

Se vre Jewova sèvi ak tout mwayen sa yo pou l bay men nou fòs, men li atann tou aske nou fè efò pa nou. Sonje sa pwofèt Elicha te di wa Yewoach, nan moman Yewoach te vin chèche èd kot Elicha pou l al batay kont anvayisè Siryen yo. Elicha te di wa a pou l pran kèk flèch e pou l frape atè avèk yo. Men ki jan Bib la rakonte sa : “ Li frape twa fwa epi li sispann. Epi, gason vrè Bondye a fache sou li. Donk, li di : ‘ Se pou w te frape senk fwa oswa sis fwa ! Konsa, ou t ap bat Siri jiskaske w fini avè l. Men kounye a, se sèlman twa fwa w ap bat Siri. ’ ” ​(2 Wa 13:18, 19). Piske Yewoach pa t fè efò pou l te fè a, piske li pa t frape ase, se pa nan tout batay yo nèt li t ap pote laviktwa sou Siryen yo.

Menm prensip la valab pou nou menm tou, nou menm ki vle fè travay Jewova ban nou fè. Olye pou nou enkyete nou konsènan anpechman nou ka rankontre, konsènan difikilte nou ka jwenn nan travay n ap fè a, nou ta dwe fè l san pèdi tan, ak tout kè nou. Nou dwe bay men nou fòs, e nou dwe apiye sou Jewova pou nou jwenn èd. — Izayi 35:3, 4.

Jewova ap bay men nou fòs

Jewova pap manke pa ede nou, li pap manke pa bay men nou fòs pou nou fè volonte l. Natirèlman, Bondye pap fè yon mirak, li pap fè tout bagay nan plas nou. Li atann li n ap fè efò pa nou, tankou li Labib chak jou, prepare reyinyon, ale nan reyinyon regilyèman, patisipe nan predikasyon otan n kapab e li atann li pou nou lapriyè l toutan. Si toutotan nou kapab, san nou pa rate yon okazyon, nou fè efò pa nou avèk dilijans, Jewova ap ban nou fòs pou nou fè sa l ap atann de nou an. — Filipyen 4:13.

Gen yon kretyen ki te pèdi ni madanm li, ni manman l nan menm ane a. Li potko menm fin soti anba chagren, epi pou w wè yon bèlfi l, madanm pitit li, vire kite mari l, epi li tou abandone laverite. Men sa frè sa a di : “ Sa aprann mwen nou pa ka chwazi ki eprèv n ap rankontre, ki lè y ap tonbe sou nou, ni ki kantite n ap jwenn. ” Kote l jwenn fòs pou l kenbe ? Men repons li bay : “ Si jis kounye a m ap kenbe, se grasa lapriyè ak etid biblik mwen fè. Mwen konsidere yo tankou yon jilè sovtaj ki pèmèt tèt mwen rete sou dlo pou m pa koule. Anplis de sa, frè ak sè yo soutni m e sa ban m anpil rekonfò. Finalman, mwen reyalize sa ki pi enpòtan, se pa pou nou tann se lè nou tonbe nan sitiyasyon difisil pou nou chèche gen bonjan relasyon avèk Jewova. Se pou nou fè sa anvan. ”

Kèlkeswa eksperyans nou fè nan lavi a, se pou nou detèmine pou nou mete tout konfyans nou nan Jewova e pou nou byen pwofite tout dispozisyon li pran pou l bay men nou fòs. Si nou aji konsa, n ap rive sèvi Jewova pi bon fason nou te kapab, e lè sa a, n ap ka louwe bèl non li a, e n ap ka onore l. — Ebre 13:15.

[Foto nan paj 31]

Piske Yewoach pa t fè efò pou l te fè a, piske li pa t frape ase, se pa nan tout batay yo nèt li t ap pote laviktwa sou Siryen yo.