Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan w ka bay ak kè kontan ?

Ki jan w ka bay ak kè kontan ?

Ki jan w ka bay ak kè kontan ?

GENIVAL rete nan yon ti site nan nò peyi Brezil. Li t ap travay kòm sekirite nan yon lopital. Li t ap touche yon ti monnen e se avè l li t ap okipe madanm li ak pitit li. Malgre li nan afè pa bon, li te toujou fè efò pou l peye dim li. Men ki sa l di : “ Pafwa, menm si m kite fanmi m grangou, [li manyen vant li etan l ap di sa a], mwen te vle bay Bondye pi bon bagay mwen genyen kèlkeswa sa sa koute m. ”

Genival te vin pèdi travay li. Men malgre sa, li te toujou kontinye peye ladim. Pastè legliz li a te konvenk li pou l bay yon bèl kòb nan legliz la yon fason pou l ka teste Bondye. Li garanti l Bondye pap manke pa beni l si l fè sa. Sa fè Genival vin deside vann kay li pou l bay kòb la nan legliz la.

Se pa Genival sèlman ki bay kesyon dim nan tout enpòtans sa a. Gen anpil moun, malgre yo pòv dènye degre, ki santi se yon devwa pou yo toujou bay ladim paske yo panse se Bib la ki mande sa. Men, èske se vre ?

Fason yo te konn bay ladim sou Lalwa

Ladim se yon kòmandman ki fè pati Lwa Bondye te bay 12 tribi Izrayèl yo, sa gen plis pase 3 500 ane. Lalwa te mande pou yo bay yon dizyèm ni nan sereyal, ni nan fwi yo rekòlte, ni nan kantite bèt yo te vin gen anplis. Dapre Lalwa, yo te sipoze bay Levit yo dizyèm sa a pou soutni yo nan sèvis y ap fè nan tabènak la. — Levitik 27:30, 32 ; Nonb 18:21, 24.

Jewova te klè ak Izrayelit yo. Lalwa ‘ pa t ap twò difisil pou yo ’. (Detewonòm 30:11.) Li te pwomèt yo li t ap fè yo fè gwo rekòt, toutotan yo rete fidèl, toutotan yo obsève kòmandman l yo, menm kòmandman ki mande pou yo bay dim nan. Pou yo pa t tonbe nan afè pa bon, yo te konn bay yon dim anplis chak ane. An jeneral, yo te konn sèvi ak dim sa a lè tout nasyon an te konn reyini pou fete. Konsa, ‘ ni rezidan ki etranje a, ni pitit san papa a, ni vèv la ’ te ka manje jis yo rasazye. — Detewonòm 14:28, 29 ; 28:1, 2, 11-14.

Lalwa pa di ki sanksyon pou yo te pran kont yon moun ki pa t peye ladim. Se chak Izrayelit, depreferans, ki te gen obligasyon pou yo soutni vrè adorasyon an selon sa dispozisyon sa a mande. Anfèt, Jewova te repwoche Izrayelit ki te neglije peye dim nan epòk Malaki a. Li te di y ap piye l ‘ nan kesyon ladim ak lòt bagay yo fèt pou yo ofri l yo. ’ ​(Malaki 3:8, Bib la). Si yon kretyen pa bay ladim, èske l merite menm repwòch la ?

Ann fè yon ti reflechi. Nòmalman, yo pa aplike lwa yon peyi anndan yon lòt peyi. Pou bay yon egzanp, ann Angletè, lwa sikilasyon mande pou chofè kondui agoch, men lwa sa a pa aplikab nan kèk peyi tankou Ayiti ak Lafrans. Menm jan an tou, lwa ki te mande pou yo peye dim nan te fè pati kontra Jewova te fè ak nasyon Izrayèl la. (Egzòd 19:3-8 ; Sòm 147:19, 20). Se sèl Izrayelit yo ki te anba lwa sa a.

Men yon lòt pwen : se vre Jewova pa chanje, men pafwa li konn chanje sa l mande (Malaki 3:6). Bib la montre kategorikman, lè Jezi te bay vi l an sakrifis nan ane 33 epòk nou an, se efase li te “ efase ” Lalwa ansanm ak tout ‘ kòmandman pou yo ranmase ladim nan ’. Wi, li te “ elimine ” Lalwa. — Kolosyen 2:13, 14 ; Efezyen 2:13-15 ; Ebre 7:5, 18.

Fason pou kretyen yo bay

Sepandan, yo t ap toujou bezwen kontribisyon pou soutni sèvis Bondye a kote ki gen nesesite. Jezi te bay disip li yo misyon pou yo ‘ sèvi l temwen ni Jerizalèm, ni nan tout Jide ak nan Samari rive jis nan rejyon ki pi lwen sou tè a ’. (Travay 1:8.) Tank t ap vin gen plis kwayan, se tank yo t ap bezwen plis anseyan, plis siveyan ki pou vizite kongregasyon yo e ki pou ankouraje yo. Pafwa, yo t ap bezwen lonje men bay moun ki vèv, moun ki òfelen ak lòt moun ki nan nesesite. Ki jan kretyen premye syèk yo te fè pou yo kouvri depans sa yo ?

Vè zòn ane 55 anvan epòk nou an, yo te lanse yon apèl bay kretyen ki pa Juif ki te ann Ewòp ak ann Azi Minè, pou yo lonje men bay kongregasyon Jide ki te tonbe nan afè pa bon. Apot Pòl te ekri kongregasyon Korent, e li te esplike ki jan pou ‘ kotizasyon y ap voye bay moun ki sen yo ’ fèt. (1 Korentyen 16:1). Pòl te mansyone yon bagay sou fason kretyen dwe bay. E petèt sa ka etone w.

Apot Pòl pa t ap lolo kwayan yo, pou l fè yo bay kòb. An reyalite, se kretyen Masedwàn yo, aktout yo te “ nan mizè ”, aktout yo te “ nan nesesite ” ‘ ki te ensiste anpil pou yo mande Pòl privilèj pou yo bay ak tout kè yo yon fason pou yo patisipe nan èd y ap voye bay moun ki sen yo. ’ — 2 Korentyen 8:1-4.

Se vre, Pòl te ankouraje Korentyen ki te gen plis mwayen yo pou yo imite frè Masedwàn yo nan fason yo donan. Dapre sa yo di nan yon ansiklopedi, ‘ menm lè sa a, apot Pòl te refize bay lòd. Li te pito pwopoze yo, li te pito ankouraje yo, li te pito mete sitiyasyon an devan yo. Korentyen yo pa t ap ka deside bay ak tout kè yo si se fòse yo te fòse yo. ’ Pòl te konnen “ Bondye renmen moun ki bay ak lajwa ”. Li pa renmen moun ki bay “ ak regrè oswa nan fòse ”. — 2 Korentyen 9:7.

Sa ki te pouse Korentyen yo bay, se lafwa yo, se konesans yo te genyen. Si kè yo te pouse yo bay, se paske yo te vrèman renmen lòt frè yo. — 2 Korentyen 8:7, 8.

‘ Jan moun nan deside nan kè l ’

Apot la pa t fikse kantite kòb pou yon moun bay, nitou li pa t di ki pousantaj sa ta dwe ye. Olye de sa, li senpleman di : “ Chak premye jou nan semèn nan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè ”. (Se nou ki mete espresyon an ann italik ; 1 Korentyen 16:2, Bib la.) Sa Korentyen yo t ap gen pou yo fè, yo t ap mete yon ti kòb sou kote chak tan, yon fason pou lè Pòl vini, yo pa santi ni se fòse yo fòse yo bay, ni se jwe yo jwe sou santiman yo. Se chak kretyen ki pou te deside konbyen kòb l ap bay. Se te yon kesyon pèsonèl, yon ‘ desizyon li te dwe pran nan kè l ’. — 2 Korentyen 9:5, 7.

Pou Korentyen yo te ka rekòlte anpil, yo t ap bezwen simen anpil. Yo pa t janm fòse yo pou yo bay depase sa yo genyen. Pòl te fè yo konnen li ‘ pa ta renmen pou sa difisil pou yo. ’ Yon kontribisyon te konn ‘ aseptab, sitou selon sa moun nan genyen, non selon sa l pa genyen. ’ ​(2 Korentyen 8:12, 13 ; 9:6). Men ki sa Pòl te di nan yon lòt lèt : “ Si yon moun pa bay [...] moun ki lakay li sa yo bezwen, li renye lafwa, e li pi mal pase yon moun ki pa gen lafwa. ” ​(1 Timote 5:8). Pòl pa t ankouraje pèsonn bay opwen pou l pase prensip sa a anba pye.

N ap note pwen sa a : se vre Pòl te sipèvize yon ‘ kotizasyon pou moun ki sen yo ’, men se te pou sa yo ki nan nesesite. Nou pa wè okenn kote Bib la di Pòl oubyen lòt apot yo te konn òganize lakòlèt, oswa yo te konn resevwa ladim, pou yo finanse aktivite teyokratik y ap fè (Travay 3:6). Pòl te konn toujou montre rekonesans li lè gen kongregasyon ki voye kichòy pou li. Men, sa pa t konn anpeche li fè tout efò l pou l ‘ pa t mete fado ki koute chè ’ sou do frè yo. — 1 Tesalonisyen 2:9 ; Filipyen 4:15-18.

Ofrann volontè : ki jan sa ye jodi a ?

Klè pase sa se twòp. O premye syèk, disip Kris yo pa t konn bay dim, yo te konn fè ofrann volontè. Sepandan, ou ka ap mande tèt ou si se toujou yon bon mwayen pou finanse predikasyon bon nouvèl Wayòm nan e pou pèmèt yo ede kretyen ki nan nesesite yo.

Ann fè yon analiz. An 1879, editè peryodik ou gen nan men w lan te di sa franchman, yo te di yo “ pap janm al mande moun èd pou yo ka kenbe. ” Èske desizyon sa a anpeche Temwen Jewova yo mache bay verite ki gen nan Bib la ?

Nan moman n ap pale la a, Temwen yo distribye Bib, liv ak lòt piblikasyon ankò nan plis pase 235 peyi. Lè yo t ap derape ak Toudegad, yon jounal ki la pou fòme moun sou Labib, yo te fè 6 000 nan yon sèl lang, e li te parèt chak mwa. Men, pou rive kounye a, yo vin fè 24 000 000 nan 146 lang e, pou pifò nan lang sa yo, li parèt de fwa pa mwa. Pou yo ka fè travay fòmasyon biblik y ap fè sou tout tè a, yo tabli filyal nan 110 peyi antou. Gen de fwa se bati yo bati lokal yo, gen de fwa tou se achte yo achte yo. E se pa sa sèlman. Se pa milye yo konstwi Sal Wayòm ak Sal asanble pou yo ka akeyi moun ki enterese jwenn plis ansèyman biblik.

Sa Temwen Jewova yo bay priyorite, se pran swen moun yo nan domèn espirityèl, men sa pa fè yo fèmen je yo lè frè yo nan afè pa bon. Lè gen lagè, tranblemanntè, sechrès oswa siklòn, yo pa pran tan pou yo voye medikaman, manje, rad ak lòt bagay ankò. Si nou rive akonpli tousa, se grasa ofrann chak Temwen e se grasa ofrann kongregasyon yo.

Lè se moun yo ki bay selon volonte yo, non sèlman sa bay bon rezilta, men sa retire yon chay sou zepòl moun ki pa gen mwayen, tankou Genival, mesye nou te pale de li nan kòmansman atik la. Erezman pou li, anvan l te al vann kay li a, yon Temwen ki rele Mari, k ap preche aplentan, te al preche l. Men ki sa Genival di : “ Grasa konvèsasyon nou te genyen ansanm, sa te sove fanmi m anba tèt chaje ki pa t menm nesesè. ”

Genival te vin wè, se pa bay ladim k ap fè travay Seyè a mache. Pou byen di, Labib pa egzije moun bay ladim jodi a. Genival te vin aprann lè yon kretyen donan san li pa oblije bay depase sa l genyen, se lè sa a li jwenn benediksyon.

Genival vin gen kè kontan piske se ak volonte l li bay. Men ki sa l di pou l montre sa : “ Mwen gen dwa bay 10 pousan, mwen gen dwa pa bay 10 pousan. Men, mwen kontan bay sa m bay la e mwen konnen Jewova kontan tou. ”

[Kare/Foto nan paj 6]

Èske premye teyolojyen Legliz yo te di pou moun bay ladim ?

“ Nan mitan nou, moun ki rich ede moun ki pòv. [...] Moun ki gen mwayen, e ki vle bay, bay sa yo santi ki nesesè. ” — The First Apology, Jisten Mati, anviwon ane 150 epòk nou an.

“ Se vre, Juif yo te konn bay Bondye yon dizyèm nan sa yo genyen, men kretyen yo, yo menm, yo rezève tout byen yo pou sèvis Seyè a [...] menm jan vèv ki pòv la te fè, lè l te mete tout sa l genyen pou l viv nan kès Bondye a. ” — Against Heresies, Irene, anviwon ane 180 epòk nou an.

“ Menmsi gen yon kès, li pa la pou moun vin achte lavi etènèl, kòmsi relijyon ta yon machandiz. Yon fwa pa mwa, si yon moun vle, li kapab mete yon ti kontribisyon. Men, se sèlman si sa fè l plezi e se sèlman si l kapab, paske yo pa fòse pèsonn. Tout sa yon moun bay, se paske l vle. ” — Apology, Tètilyen, anviwon ane 197 epòk nou an.

“ Piske Legliz t ap pran ekstansyon, e yo te mete divès kalite enstitisyon sou pye, yo te vin oblije fè lwa ki pou pèmèt klèje a toujou jwenn kòb pou l ka kenbe. Yo te vin adopte lwa sou ladim ki gen nan Lwa Moyiz la. [...] Premye fwa yo te fè yon lwa definitif sou sa, genlè se nan yon lèt yon seri evèk te ekri an 567 epòk nou an, etan yo te reyini nan yon vil an Frans yo rele Tours. Lwa sa a te parèt tou nan rejis ofisyèl konsèy ki te reyini nan yon lòt vil an Frans ki rele Makon, an 585 epòk nou an. ” — The Catholic Encyclopedia.

[Liy kredi]

Pyès lajan ki anwo agoch la : Pictorial Archive (Near Eastern History) Est.

[Foto nan paj 5]

Lè se ofrann volontè moun fè, sa bay kè kontan.

[Foto nan paj 7]

Se ofrann moun fè ak tout kè yo ki soutni travay predikasyon an, ki finanse konstriksyon Sal Wayòm ak Sal asanble e ki pèmèt yo voye èd bay frè ki sinistre.