Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon etid pèsonèl k ap ekipe nou pou nou anseye lòt moun

Yon etid pèsonèl k ap ekipe nou pou nou anseye lòt moun

Yon etid pèsonèl k ap ekipe nou pou nou anseye lòt moun

“ Reflechi sou bagay sa yo, plonje ladan yo, defason pou pwogrè w parèt vizib pou tout moun. Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay. ” — 1 TIMOTE 4:15, 16.

1. Ki sa nou ka verifye anrapò avèk tan ak etid pèsonèl ?

NAN Eklezyas 3:1 Bib la di : “ Pou tout bagay gen yon tan ki fikse. ” Etid pèsonèl se youn nan domèn nou ka verifye sa. Anpil moun rann yo kont li difisil pou yo reflechi sou bagay espirityèl nan yon move moman oswa nan yon kote ki pa apwopriye. Pa egzanp, apre ou fin pase yon jounen ap travay di epi ou fin manje yon bon plat manje, èske w ap santi w anvi etidye, sitou si w byen kage nan fotèy ou devan televizyon w ? Pa panse sa. Alò, ki sa k solisyon an ? Li klè, si nou vle tire maksimòm pwofi nan efò n ap fè, fòk nou chwazi ki lè pou nou etidye epi ki kote.

2. Byen souvan ki lè ki pi bon pou moun fè etid pèsonèl ?

2 Gen anpil moun ki konstate meyè moman pou yo etidye se bonè nan maten, lè yo plis kapab konsantre. Gen lòt ki pwofite yon poz midi pou yo etidye pandan yon ti moman. Gade ki jan tèks nou pral egzamine yo montre gen yon tan ki rezève pou aktivite espirityèl ki enpòtan. Men sa wa David nan Izrayèl tan lontan an te ekri : “ Lematen, fè m tande bonte w, paske se nan ou mwen mete konfyans mwen. Fè m konnen chemen mwen ta dwe mache a, piske se sou ou nanm mwen konte. ” ​(Sòm 143:8). Pwofèt Izayi te montre li menm tou li rekonèt enpòtans pou li gen yon tan pou l etidye. Li te di : “ Se Jewova menm, Souvren Seyè a, ki ban mwen lang moun ki resevwa ansèyman, yon fason pou m konnen avèk ki pawòl pou m reponn yon moun ki fatige. Chak maten, li reveye, wi, li reveye zòrèy mwen pou m ka tande menm jan ak moun ki resevwa ansèyman. ” Kèlkeswa lè nan jounen an nou chwazi pou nou etidye e pou nou pale ak Jewova, li enpòtan pou nou sonje se ta dwe nan yon moman kote lespri nou byen dispoze. — Izayi 50:4, 5 ; Sòm 5:3 ; 88:13.

3. Ki anviwònman ki ideyal pou moun fè yon etid efikas ?

3 Yon lòt kondisyon pou yon etid efikas se lè nou chwazi pou nou pa chita sou fotèy oswa sou kanape kote n ap twò alèz. Se pa yon bon fason pou nou rete konsantre. Lè n ap etidye, lespri nou fèt pou l prezan, e lè nou twò alèz sanble se lekontrè ki fèt. Epitou, kote ki ideyal pou nou etidye epi medite se kote ki pa gen ni anpil bri k ap fèt, ni anyen k ap detounen atansyon nou. Si n ap eseye etidye pandan radyo, televizyon oswa timoun anpeche nou konsantre, sa pap pote bon rezilta. Lè Jezi te bezwen medite, li te konn ale yon kote ki trankil. Li te pale tou sou enpòtans pou nou jwenn yon kote apa pou nou lapriyè. — Matye 6:6 ; 14:13 ; Mak 6:30-32.

Yon etid pèsonèl k ap ekipe nou pou nou reponn lòt moun

4, 5. Nan ki sans bwochi Sa Bondye vle a se yon gwo èd ?

4 Nou kapab jwenn satisfaksyon nan etid pèsonèl nou lè nou sèvi ak divès piblikasyon biblik pou nou fè plis rechèch sou yon sijè, sitou lè nou pral reponn kesyon yon moun te poze ak tout senserite l (1 Timote 1:4 ; 2 Timote 2:23). Gen anpil moun ki kòmanse etidye nan bwochi Ki sa Bondye vle nou fè ? a. * Li disponib kounye a nan 261 lang. Se yon piblikasyon ki trè senp, men ki egzak e ki baze totalman sou Bib la. Li ede lektè yo konprann byen vit ki sa Bondye mande yo pou yo fè nan vrè adorasyon an. Sepandan, nan bwochi sa a pa gen ase plas pou pèmèt yon etid detaye fèt sou chak sijè. Si etidyan an soulve kesyon ki enpòtan sou kèk sijè biblik n ap egzamine avèk li, ki kote nou ka ale pou nou jwenn plis agiman biblik ki kapab ede l jwenn repons kesyon l yo ?

5 Pou moun ki gen Watchtower Library sou CD-ROM nan lang pa yo, l ap fasil pou yo jwenn yon bann enfòmasyon sou òdinatè. Men, ki sa moun ki pa gen ekipman sa yo kapab fè ? Annou egzamine tit de sijè ki nan bwochi Sa Bondye vle a pou nou wè ki jan nou ka ogmante konesans nou anmenmtan pou nou bay moun ki soulve kesyon yo plis detay, sitou kesyon tankou : kilès Bondye ye e ki jan de moun Jezi te ye ? — Egzòd 5:2 ; Lik 9:18-20 ; 1 Pyè 3:15.

Kilès Bondye ye ?

6, 7. a) Ki kesyon ki soulve konsènan Bondye ? b) Ki pwen esansyèl yon manm klèje a te rate pandan l t ap bay yon diskou ?

6 Nan leson 2 ki nan bwochi Sa Bondye vle a, nou jwenn repons yon kesyon ki trèzenpòtan : Kilès Bondye ye ? Se yon doktrin ki enpòtan, piske yon moun pa ka adore vrè Bondye a si l pa konn kilès li ye oubyen si l pa fin kwè li egziste (Women 1:19, 20 ; Ebre 11:6). Poutan, moun toupatou sou tè a gen yon pakèt konsepsyon sou idantite Bondye (1 Korentyen 8:4-6). Chak relijyon bay yon repons diferan sou kesyon sa a. Nan lakretyente, pifò relijyon yo konsidere Bondye kòm yon Trinite. Yon manm enpòtan nan klèje a Ozetazini t ap fè yon diskou ki gen tit sa a : “ Èske w konnen Bondye ? ” Poutan, pa menm yon sèl fwa li pa t mansyone non Bondye nan diskou a, malgre li te site Ekriti ebrayik yo plizyè fwa. Natirèlman, li te li vèsè yo nan yon tradiksyon biblik ki itilize “ Seyè ”, yon mo moun ka entèprete divès fason e ki pa yon non pwòp, olye pou li itilize Jewova oswa Yawe.

7 Manm klèje sa a te rate yon pwen esansyèl lè l te site Jeremi 31:33, 34 : “ Pesonn p’ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Seyè a [ann Ebre “ konnen Jewova ”], paske yo tout ap konnen m ’, depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Seyè a [ann Ebre, Jewova] ki di sa. M’a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p’ap chonje peche yo ankò. Se mwen menm Seyè a [ann Ebre, Jewova] ki di sa. ” Tradiksyon li te sèvi a pa t mete non Bondye, non ki idantifye l la : Jewova. — Sòm 103:1, 2.

8. Ki sa ki montre li enpòtan pou nou sèvi ak non Bondye ?

8 Sòm 8:9 montre poukisa li enpòtan pou nou sèvi ak non Jewova. Men sa l di : “ O Jewova Seyè nou an, ala gran non ou gran sou tout latè ! ” Konpare tèks sa a avèk sa ki vin apre a : “ Senyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa ! ” ​(Bib la). Poutan, tankou yo te mansyone sa nan atik etid anvan an, nou kapab jwenn “ konesans sou Bondye ” si nou kite Pawòl li ban nou limyè. Men, ki zouti ki reponn fasilman kesyon nou genyen sou enpòtans non Bondye ? — Pwovèb 2:1-6.

9. a) Ki piblikasyon ki kapab ede nou esplike enpòtans sa genyen pou moun sèvi ak non Bondye ? b) Kòman yon bann tradiktè demontre yo pa gen respè pou non Bondye ?

9 Nou kapab pran bwochi Le nom divin qui demeure à jamais a, yon bwochi yo tradui nan 69 lang. * Nan seksyon ki di : “ Le nom divin — sa signification et sa prononciation ” ​(paj 6-11), yo montre byen klè, nan ansyen maniskri ebrayik yo, tetragram nan (an grèk ki vle di “ kat lèt ”) parèt prèske 7 000 fwa. Poutan, ni klèje a, ni tradiktè ki nan Jidayis yo, ni sa k nan lakretyente yo, deside retire l nan pifò tradiksyon Bib yo fè. * Ki jan yo fè pretann yo konn Bondye e yo gen bonjan relasyon avèk li alòske yo refize rele l nan non l ? Se vrè non li ki ouvri chemen pou nou konprann ki sa l genyen kòm pwogram e pou nou konprann kilès li ye. Anplis de sa, nan priyè modèl la, pati kote Jezi di “ Papa nou ki nan syèl la, se pou non w sangtifye ”, ki enpòtans li t ap genyen si moun pa menm sèvi ak non Bondye ? — Matye 6:9 ; Jan 5:43 ; 17:6.

Kilès Jezi Kris ye ?

10. Ki kote nou ka jwenn anpil detay sou lavi Jezi ak sou ministè li ?

10 Leson 3 ki nan bwochi Sa Bondye vle a gen tit sa a : “ Kilès Jezi Kris ye ? ” Nan sis paragraf sèlman, san l pa bay anpil detay sou Jezi, li bay orijin li ak rezon ki fè l te vin sou tè a. Sepandan, si w ta renmen gen tout detay sou lavi li, apa Evanjil yo, pa gen pi bon zouti pase liv Le plus grand homme de tous les temps an. Li disponib nan 111 lang. * Liv sa a rakonte lavi Jezi ak ansèyman l yo dapre kat evanjil yo, nan lòd yo te pase a. Li gen 133 chapit ki pale sou lavi Jezi ak ministè l. Si nou vle fè yon lòt analiz sou lavi li, nou kapab ale nan liv Étude Perspicace la, volim 2, sou ribrik “ Jezi Kris ”.

11. a) Ki sa ki fè Temwen Jewova yo diferan nan sa yo kwè konsènan Jezi ? b) Ki tèks biblik ki demanti defason klè doktrin Trinite a, e ki piblikasyon ki itil nan domèn sa a ?

11 Nan lakretyente, deba y ap fè konsènan Jezi a chita sou kesyon sa a : èske Jezi se “ Pitit Bondye ” e anmenmtan li se “ Bondye antanke Pitit ” ? Se yon deba k ap fèt sou sa Katechis Legliz katolik la (anglè) rele “ pi gwo mistè lafwa a ”, Trinite a. Temwen Jewova yo pa gen menm kwayans ak relijyon lakretyente yo, yo kwè Jezi se yon kreyati Bondye, men se pa li ki Bondye. Nou jwenn yon bèl analiz sou sijè sa a nan bwochi Doit-on croire à la Trinité ?, bwochi yo tradui nan 95 lang. * Pami kantite tèks li itilize pou demanti doktrin Trinite a nou jwenn Mak 13:32 ak 1 Korentyen 15:24, 28.

12. Sou ki lòt kesyon nou bezwen reflechi ?

12 Sa nou sot di pi wo a konsènan Bondye ak Jezi Kris montre nou ki jan nou kapab fè etid pèsonèl nou nan objektif pou nou ede moun ki pa gen anpil konesans sou Bib la pou yo vin gen konesans egzak la (Jan 17:3). E moun ki nan laverite depi plizyè ane yo menm ? Avèk konesans yo deja posede nan Bib la, èske yo bezwen kontinye veye pou yo etidye pawòl Jewova a pèsonèlman ?

Poukisa pou nou “ toujou ap veye ” ?

13. Ki move pwennvi kèk moun ka genyen sou etid pèsonèl ?

13 Gen moun ki nan laverite depi plizyè ane ki ka gen tandans chita sou sa yo te konnen nan Bib la depi lè yo te fèk Temwen Jewova. Li fasil pou yon moun fè rezònman sa a : “ Mwen pa bezwen chita ap etidye anpil menm jan ak yon moun ki fèk vini. Dayè, gade ki kantite tan, ki kantite ane m genyen depi m ap li Labib ak piblikasyon biblik yo. ” Se menm bagay avèk si w ta di : “ Li pa vrèman nesesè pou m veye sou sa m ap manje kounye a, pou valè manje m deja manje. ” Nou konnen kò a bezwen manje ki nourisan, manje ki byen prepare, pou l ka rete anfòm e pou nou ka fè travay nou. Alewè pou sante espirityèl nou ak fòs espirityèl nou ! — Ebre 5:12-14.

14. Pou ki rezon nou bezwen toujou ap veye sou tèt nou ?

14 Pakonsekan, kit nou gen lontan depi n ap etidye, kit nou fèk kòmanse, nou tout bezwen koute konsèy Pòl te bay Timote a, alòske li te deja yon kretyen ki gen matirite e li te yon siveyan responsab. Li te di l : “ Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè w fè sa w ap sove ni ou menm ni moun k ap koute w yo. ” ​(1 Timote 4:15, 16). Poukisa nou ta dwe reflechi seryezman sou konsèy Pòl bay la ? Sonje sa, Pòl te montre tou nou gen pou nou lite kont “ manèv [“ fent ”] Dyab la ” e “ kont fòs espirityèl mechan ki nan zòn selès yo ”. E apot Pyè te bay avètisman, li te di Dyab la “ ap chèche yon moun pou l devore ” e “ yon moun ” sa a kapab nenpòt nan nou. Si nou manke vijilans nou kapab ofri l okazyon l ap chèche a. — Efezyen 6:11, 12 ; 1 Pyè 5:8.

15. Ak ki sa nou ka defann nou espirityèlman e ki jan nou ka antretni l ?

15 Donk, ak ki sa nou ka defann nou ? Men sa apot Pòl fè nou sonje : “ Pran tout ekipman sòlda Bondye bay la yon fason pou n ka reziste anba jou mechanste yo epi, apre nou fin fè tout bagay sa yo nèt, pou n ka kenbe fèm. ” ​(Efezyen 6:13). Si nou vle pou ekipman espirityèl sa a efikas, non sèlman li dwe an bon eta lè nou fèk genyen l, men tou nou dwe toujou ap antretni l. Pakonsekan, ekipman konplè sa a Bondye bay la dwe gen ladan l yon konesans Pawòl Bondye a ki ajou. Sa montre enpòtans pou nou ajou avèk konpreyansyon nou sou verite Jewova revele pa mwayen Pawòl li, e pa mwayen esklav fidèl ki prevwayan an. Etidye Labib ak piblikasyon biblik yo regilyèman se bagay ki esansyèl pou ekipman espirityèl nou an rete an bon eta. — Matye 24:45-47 ; Efezyen 6:14, 15.

16. Ki sa nou kapab fè pou nou ka sèten nou kenbe “ gwo boukliye lafwa ” a an bon eta ?

16 Pòl fè nou wè “ gwo boukliye lafwa a ” kòm yon pati esansyèl nan ekipman pou nou defann tèt nou an. Avèk li nou kapab detounen epi etenn boulèt flanm Satan yo, sa vle di fo akizasyon ak ansèyman aposta yo (Efezyen 6:16). Kidonk, li trèzenpòtan pou nou verifye si boukliye lafwa nou genyen an solid. Verifye tou ki sa nou fè pou nou kenbe l nan bon kondisyon e pou nou fòtifye l. Pa egzanp, ou kapab mande tèt ou : ‘ Ki jan m prepare m pou etid biblik ki fèt chak semèn nan, etid Toudegad la ? Èske m etidye ase pou m kapab pouse lòt moun ‘ gen lanmou, epi pouse yo fè bon zèv ’ lè m bay repons mwen te byen reflechi sou yo pandan etid la ? Èske mwen ouvri Bib mwen pou m li vèsè yo bay san yo pa site sa yo di yo ? Èske m patisipe avèk chalè nan reyinyon yo pou m ankouraje lòt moun ? ’ Manje espirityèl nou resevwa a se manje ki solid, e fòk nou byen dijere l pou nou ka tire yon pwofi total ladan l. — Ebre 5:14 ; 10:24.

17. a) Ak ki pwazon Satan sèvi pou l wè si l a kraze espirityalite nou ? b) Ki antidòt nou genyen pou nou kontrekare pwazon Satan an ?

17 Satan konnen feblès ki lakay lèzòm ki fèt nan peche e li pa fasil pou moun rekonèt manèv li yo. Youn nan fason li pwopaje move enfliyans li, se lè l fè moun jwenn pònografi byen fasil nan televizyon, sou Entènèt, nan kasèt videyo, nan liv, nan jounal. Gen kretyen ki bese vijilans yo e ki kite pwazon sa a antre lakay yo. Sa fè yo pèdi privilèj yo te genyen nan kongregasyon an e sa konn menm gen konsekans ki pi grav toujou (Efezyen 4:17-19). Ki antidòt nou genyen pou nou kontrekare pwazon espirityèl Satan an ? Nou pa dwe ni neglije fè etid pèsonèl nou regilyèman, ni neglije reyinyon nou, ni neglije abiye nou nèt ak ekipman sòlda Bondye bay la. Lè nou mete yo tout ansanm, yo vin ban nou kapasite pou nou distenge sa ki byen ak sa ki mal, e pou nou rayi sa Bondye rayi. — Sòm 97:10 ; Women 12:9.

18. Ki jan “ epe lespri a ” kapab ede nou nan batay espirityèl n ap mennen an ?

18 Si nou pèsevere nan abitid nou genyen pou nou etidye Bib la regilyèman, n ap kapab byen defann tèt nou grasa konesans egzak nou genyen sou Bib la. Men tou n ap kapab atake avèk “ epe lespri a, sa vle di Pawòl Bondye a ”. Pawòl Bondye a “ pi file pase yon epe ki file de bò epi li pèse fon jouk pou l separe nanm nan ak lespri a, pou l separe jwenti ak mwèl, e li kapab disènen lide ak entansyon ki nan kè a. ” ​(Efezyen 6:17 ; Ebre 4:12). Si nou vin abil nan sèvi ak “ epe ” sa a lè nou jwenn tantasyon, n ap kapab idantifye sa ki parèt san danje oubyen menm sa ki parèt atiran. N ap kapab demaske yo kòm yon pyèj mòtèl mechan an tann pou nou. Rezèv konesans ak konpreyansyon nou genyen sou Bib la ap ede nou rejte sa ki pa bon e l ap ede nou fè sa ki bon. Se sa k fè nou tout bezwen mande tèt nou : ‘ Èske epe pa m nan file oubyen li wouye ? Èske m twouve l difisil pou m sonje vèsè ki ka pèmèt mwen atake yon fason ki pi efikas ? ’ Annou kenbe bon abitid fè etid pèsonèl nou e konsa n ap kenbe tèt ak Dyab la. — Efezyen 4:22-24.

19. Ki pwofi nou kapab tire si nou pran etid pèsonèl nou oserye ?

19 Men sa apot Pòl ekri : “ Tout Ekriti se Bondye ki enspire li, e li itil pou anseye, pou reprimande, pou mete bagay yo annòd, pou disipline nan ladwati, pou moun pa Bondye a kalifye nèt, pou l ekipe totalman pou tout zèv ki bon. ” Si nou pran pawòl Pòl te di Timote a oserye, nou kapab fòtifye pwòp espirityalite nou e nou kapab vin pi efikas nan ministè nou. Ansyen ak asistan ministeryèl yo ap vin pi itil pou kongregasyon an, e nou tout ap kapab rete solid nan lafwa. — 2 Timote 3:16, 17 ; Matye 7:24-27.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Nòmalman, yon moun enterese k ap etidye bwochi Sa Bondye vle a ap pase apre sa nan liv Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Toule de piblikasyon sa yo se Temwen Jewova ki pibliye yo. Sijesyon nou bay yo ap ede nou elimine obstak ki ka anpeche moun nan pwogrese.

^ § 9 Se Temwen Jewova ki pibliye bwochi sa a. Moun ki gen Étude perspicace des Écritures, nan lang pa yo, kapab egzamine volim 1 an sou ribrik “ Jéhovah ”.

^ § 9 Gen plizyè tradiksyon espayòl ak katalan ki esepsyonèl nan fason yo tradui tetragram ebre a. Yo mete “ Yavé ”, “ Yahveh ”, “ Jahvè ”, epi “ Jehová ”.

^ § 10 Se Temwen Jewova ki pibliye bwochi sa a.

^ § 11 Se Temwen Jewova ki pibliye bwochi sa a.

Èske nou sonje ?

• Ki sikonstans ki favorize yon etid pèsonèl efikas ?

• Ki erè yon bann tradiktè fè konsènan non Bondye ?

• Ki tèks biblik ou konn sèvi pou w demanti doktrin Trinite a ?

• Ki sa nou dwe fè pou nou pwoteje tèt nou kont manèv Satan yo, menmsi nou se kretyen k ap mache nan laverite depi plizyè ane?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

Pou nou fè yon etid pèsonèl ki efikas, nou bezwen chita yon kote ki apwopriye e ki pezib otank posib.

[Foto nan paj 29]

Èske ‘ epe ’ pa w la file oubyen li wouye ?