Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon seri efò k ap ede moun gen bon prensip moral

Yon seri efò k ap ede moun gen bon prensip moral

Yon seri efò k ap ede moun gen bon prensip moral

Nan fen ane 2001 an, moun ki t ap koute emisyon sou radyo nasyonal Mozanbik te tande anons sa a :

“ Prezidan Repiblik la te vizite biwo filyal Temwen Jewova yo nan Mapouto. Li te ankouraje Temwen yo pou yo kontinye nan efò y ap fè pou yo ede tout fanmi gen bon prensip moral, e nan efò y ap fè pou yo montre granmoun li ak ekri grasa pwogram alfabetizasyon an. Anviwon 10 000 moun deja benefisye pwogram sa a. Dapre Prezidan Chissano, jan de inisyativ sa yo merite pou yo bat bravo pou yo, paske yo se yon bonjan sipò pou rezoud pwoblèm ki genyen nan domèn edikasyon, pwoblèm peyi a ap rankontre jis jounen jodi a. ”

Anons lan te kontinye ak pawòl sa yo ki soti nan diskou prezidan an : “ Sa vrèman ankourajan lè nou wè jan anpil moun enterese nan kesyon alfabetizasyon. Sa montre nou gen sitwayen òdinè ki pral ede nou ogmante pousantaj moun ki konn li nan peyi a. Kidonk, mwen ta renmen ankouraje Temwen Jewova yo pou yo kontinye ranfòse pwogram alfabetizasyon yo a nan kèlkeswa lang nan. Sa ki vrèman enpòtan, sèke alfabetizasyon an ap fèt, moun yo ka kominike pi fasil, e demen y ap ka gen yon pi gwo patisipasyon nan pwogram edikasyon. ”

Temwen Jewova nan Mozanbik òganize klas alfabetizasyon nan 850 lokalite nan tout peyi a, nan objektif pou moun kapab li Pawòl Bondye a poukont yo. Anplis de sa, yo kondui anviwon 50 000 etid biblik gratis chak semèn ak moun yo lakay yo. Tout travay sa yo fè pati yon pwogram mondyal pou anseye Labib, e kounye a pwogram sa a deja sou pye nan 235 peyi (Matye 24:14). Ou menm tou, pwogram sa a ka itil ou. Pa ezite pran kontak ak Temwen Jewova ki nan zòn bò lakay ou.