Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Konsolasyon pou moun k ap soufri

Konsolasyon pou moun k ap soufri

Konsolasyon pou moun k ap soufri

PANDAN plizyè syèk, filozòf ak teyolojyen pa janm ka fin rive konprann poukisa Bondye pèmèt soufrans. Genyen ki di kareman piske Bondye toupisan, se li menm menm ki responsab soufrans. Moun ki te ekri sèmon yo rele Les Homélies clémentines nan, yon liv apokrif ki te fèt nan dezyèm syèk la, pretann Bondye ap dirije lemonn ak de men. “ Men goch ” li se Dyab la k ap pote soufrans ak afliksyon, e “ men dwat ” li se Jezi k ap pote delivrans ak benediksyon.

Gen lòt moun menm ki pa ka ni aksepte Bondye pèmèt soufrans, ni yo pa ka dakò se li ki lakòz li. Yo pito chwazi pou yo pa rekonèt gen soufrans. Men sa Mary Baker Eddy ekri : “ Se nan lespri moun sèlman lemal egziste. Si moun te rive konprann peche, maladi ak lanmò se pa reyalite ditou, bagay sa yo t ap disparèt. ” — Science et Santé avec la clé des Écritures.

Apre tout evènman trajik ki pase nan listwa, sitou depi Premye Gè mondyal la jiska moman n ap pale la a, anpil moun rive kwè Bondye pa ka fè anyen pou mete yon bout nan soufrans. Men sa yon savan juif, ki rele David Wolf Silverman, ekri : “ Mwen panse Olokos la efase lide ki te ka fè kwè Bondye toupisan. ” Anplis de sa, li ajoute : “ Pou yon moun konprann Bondye, se pou l dakò bonte Bondye mache ansanm ak egzistans lemal, e si sa se vre, Li pa toupisan. ”

Sepandan, lè moun pretann Bondye konplis nan zafè lasoufrans, oswa li pap ka fè anyen pou mete yon bout ladan l, oswa soufrans se nan imajinasyon moun sèlman sa ye, sa pa pote konsolasyon toutbonvre pou moun k ap soufri. E sa ki pi enpòtan an, dapre Bib la, kwayans sa yo depaman ak bèl kalite Bondye genyen, yon Bondye ki jis, ki foul ak enèji, e ki konn pran ka moun (Jòb 34:10, 12 ; Jeremi 32:17 ; 1 Jan 4:8). Piske se konsa, ki repons Bib la bay sou rezon ki fè toujou gen soufrans ?

Kòman fè vin gen soufrans

Bondye pa t kreye moun pou yo soufri. Okontrè, Bondye te bay Adan ak Èv, premye mesyedam yo, yon sèvo ak yon kò ki san defo. Li te prepare yon bèl jaden pou sèvi yo bitasyon e li te konfye yo yon travay itil ki t ap ba yo lakontantman (Jenèz 1:27, 28, 31 ; 2:8). Sepandan, gen yon kondisyon ki te fikse pou yo kontinye viv nan yon bèl anbyans konsa : se pou yo te rekonèt Bondye kòm Souvren, epi pou yo te rekonèt li gen dwa pou l deside sa ki byen ak sa ki mal. Se pyebwa yo te rele “ pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal ” la ki te reprezante kòmandman Bondye te bay la (Jenèz 2:17). Adan ak Èv t ap demontre yo rekonèt Bondye gen pouvwa sou yo si yo te obeyi kòmandman pou yo pa manje nan pyebwa a. *

Malerezman, Adan ak Èv pa t kontinye obeyi Bondye. Yon kreyati rebèl, yon lespri yo te vin bay non Satan Ledyab te konvenk Èv, li fè l konprann sa pa nan enterè l ditou pou l obeyi Bondye. Anfèt, se kòmsi Bondye te anpeche Èv jwenn yon bagay ki t ap vrèman nan avantaj li, anpalan de endepandans, sa vle di dwa pou l deside pou tèt li sa ki byen ak sa ki mal. Satan te pretann si l manje nan pyebwa a ‘ je li pap manke pa ouvri, e san mank, l ap vin tankou Bondye, l ap konnen sa ki byen ak sa ki mal. ’ ​(Jenèz 3:1-6 ; Revelasyon 12:9). Piske Èv te kite lide pou l endepandan an pran tèt li, li te pran nan fwi entèdi a, e tousuit apre, Adan fè menm jan an.

Menm jou sa a, Adan ak Èv te kòmanse sibi rezilta dezobeyisans yo a. Piske yo te rejte direksyon Bondye bay la, yo te tou pèdi pwoteksyon ak benediksyon yo t ap jwi anba dominasyon l lan. Bondye mete yo deyò nan paradi a e li di Adan : “ Tè a modi akoz ou menm. Se anba doulè ou pral manje sa tè a pwodui toule jou nan lavi w. Se pou swè koule nan figi w pou w jwenn pen pou w manje jiskaske w retounen nan tè a. ” ​(Jenèz 3:17, 19). Adan ak Èv vin tonbe anba pouvwa maladi, doulè, vyeyès ak lanmò. Se konsa soufrans vin antre nan lavi moun. — Jenèz 5:29.

Jan yo regle kesyon an

Yon moun ta gen dwa mande : ‘ Èske Bondye pa t ka annik vag sou peche Adan ak Èv la ? ’ Repons lan se non, paske sa t apral minen respè moun dwe genyen pou otorite Bondye, e petèt sa t ap ankouraje lòt moun fè rebelyon, e sa t ap menm lakòz plis soufrans toujou (Eklezyas 8:11). Anplis de sa, sitire yon dezobeyisans konsa t ap fè Bondye pase pou konplis nan sa ki mal. Moyiz, yon ekriven biblik fè nou sonje : “ Travay [Bondye] bon nèt, paske tout chemen l se jistis. Se yon Bondye ki fidèl, avèk li pa gen enjistis. Li jis e li dwat. ” ​(Detewonòm 32:4). Pou Bondye montre li menm tou li respekte prensip li fin bay, li te oblije kite Adan ak Èv sibi konsekans dezobeyisans yo a.

Poukisa Bondye pa t tou detwi Adan ak Èv ansanm ak espri yo rele Satan an, ki te pouse yo fè rebelyon an ? Li gen kapasite pou sa. Si l te fè sa, Adan ak Èv pa t ap fè pitit pou yo kite soufrans ak lanmò pou yo. Toutfwa, si Bondye ta sèvi ak fòs li nan fason sa a, sa pa t ap pwouve otorite l genyen ni sou anj ni sou moun se yon otorite ki lejitim. Yon lòt bò, si Adan ak Èv te mouri san yo pa t fè pitit, sa t ap vle di Bondye rate objektif li genyen pou l ranpli tè a ak desandan ki pafè (Jenèz 1:28). Epitou “ Bondye pa tankou lèzòm (...) Kèlkeswa sa l pwomèt la, l ap fè l, li pale, epi sa fèt. ” — Nonb 23:19, Today ’s English Version.

Nan sajès li ki san fay, Jewova Dye te deside pèmèt rebelyon an kontinye pou yon ti bout tan. Rebèl yo t ap gen kont tan yo pou yo wè ki sa sa bay lè moun pran dwa granmoun yo devan Bondye. Listwa t apral bay bonjan prèv ki montre lèzòm pa ka dirije tèt yo san Bondye. Li t apral montre tou, fason Bondye gouvènen an pi bon lontan pase ni fason lòm gouvènen ni fason Satan gouvènen. Anmenmtan, Bondye te pran yon seri dispozisyon pou l asire l pwogram li te genyen depi okòmansman an t ap rive reyalize. Li te pwomèt pou yon “ semans ” oswa yon “ desandan ” vini pou l ‘ krabinen tèt Satan ’, e konsa, yon fason definitif, l ap tou elimine tout dega rebelyon l lan lakòz. — Jenèz 3:15.

Semans yo te pwomèt la se Jezi Kris. Nan 1 Jan 3:8, nou li : “ Pitit Gason Bondye a te parèt [...] pou l kraze travay Dyab la. ” Se sa l fè, lè l bay lavi li ki pafè a an sakrifis e li peye ranson an pou l rachte pitit Adan yo nan peche ak lanmò yo eritye a (Jan 1:29 ; 1 Timote 2:5, 6). Yo pwomèt moun ki demontre lafwa toutbonvre nan sakrifis Jezi a y ap sispann soufri definitivman (Jan 3:16 ; Revelasyon 7:17). Ki lè sa ap fèt ?

Yon pwen final nan soufrans

Rejte yo te rejte otorite Bondye a vin lakòz yon dividal soufrans. Kidonk, li apwopriye pou Bondye t a sèvi ak yon mwayen espesyal pou l demontre otorite l, pou l mete fen nan soufrans lèzòm e pou l reyalize pwogram li genyen pou tè a depi okòmansman an. Jezi te pale de dispozisyon Bondye pran an, lè l te anseye disip li yo priye konsa : “ Papa nou ki nan syèl la, [...] Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a tou, tankou li fèt nan syèl la. ” — Matye 6:9, 10.

Peryòd kote Bondye kite lèzòm fè eksperyans gouvènen tèt yo pou kont yo a rive nan bout li. Dapre reyalizasyon pwofesi ki nan Bib la, Wayòm Bondye a tabli nan syèl la depi 1914 avèk Jezi Kris alatèt kòm Wa. * Talè konsa, Wayòm nan pral kraze gouvènman lèzòm sou tè a e li pral mete yon pwen final nan yo. — Danyèl 2:44.

Pandan ti tan Jezi t ap akonpli ministè l sou tè a, li te bay yon avangou sou tout benediksyon gouvènman Bondye a pral pote pou limanite. Evanjil yo fè nou wè jan Jezi te montre l gen konpasyon pou tout kalite moun ki te nan mizè ak moun ki t ap sibi diskriminasyon. Li te geri malad, li te bay moun ki grangou manje e li te resisite moun ki mouri. Menm fòs natirèl yo te obeyi lè l pale (Matye 11:5 ; Mak 4:37-39 ; Lik 9:11-16). Sakrifis Jezi a gen pouvwa pou l pirifye moun. Imajine ki jan sa ap ye lè Jezi pral sèvi ak pouvwa sa a nan avantaj tout moun ki obeyisan ! Dapre sa Bib la pwomèt, anba kòmandman Wayòm Kris la, Bondye “ pral siye tout dlo nan je [moun] yo, e lanmò pap la ankò, ni dèy, ni rèl, ni doulè pap la ankò. ” — Revelasyon 21:4.

Konsolasyon pou moun k ap soufri

Jewova, Bondye ki renmen nou an e ki toupisan an, gen sousi pou nou, e talè konsa, li pral pote soulajman pou limanite. Ala yon kokenn ankourajman sa ye pou nou dèske nou konn sa ! Nòmalman, yon moun ki malad grav ap dakò pou l resevwa yon tretman k ap geri l, menmsi tretman an ap fè l sibi gwo doulè. Menm jan an tou, si nou konnen fason Bondye ap dirije bagay yo se sa ki pral pote benediksyon k ap la pou toutan, sa rekonfòte nou, kèlkeswa difikilte nou rankontre pandan yon ti bout tan.

Rikado se youn nan moun ki te jwenn konsolasyon nan pwomès ki gen nan Bib la. Men sa l di : “ Lè madanm mwen te mouri, yon sèl lide mwen te genyen, se te mete kò m nan yon kwen. Mwen te vin rann mwen kont sa pa t ap fè madanm mwen reviv ankò. Okontrè, sa t ap plis kraze moral mwen. ” Olye l fè sa, li fè efò pou l toujou la nan reyinyon kongregasyon an, e pou l pataje mesaj Bib la ak lòt moun jan l konn abitye fè. Rikado di : “ Piske m wè se avèk lanmou Jewova soutni m, e mwen wè ki jan li reponn priyè m menm nan bagay ki piti, mwen menm tou, mwen pwoche bò kote l. Se paske m konnen Bondye renmen m ki fè m te kapab andire eprèv sa a. An reyalite, se pi gwo eprèv mwen te ka rankontre nan lavi m. Mwen toujou sonje madanm mwen anpil anpil, men kounye a, mwen kwè avèk sètitid pa gen anyen Jewova kite rive nou k ap janm fè nou soufri nètale. ”

Menm jan ak Rikado ansanm ak plizyè milyon lòt moun, èske w pa anvi viv nan moman kote soufrans lèzòm konnen jodi a, ‘ moun pap sonje yo ankò, ni yo pap monte vin nan kè moun ankò ’ ? (Izayi 65:17.) Ou mèt sèten gen mwayen pou w jwenn benediksyon Wayòm Bondye a, si w suiv konsèy biblik sa a : “ Chèche Jewova, [...] pandan nou ka jwenn li. Rele l pandan li tou pre nou. ” — Izayi 55:6.

Sa k ap ede w fè sa, se pou w li Pawòl Bondye a epi se pou w fè yon etid ladan l ki serye. Fè sa tounen yon priyorite nan lavi w. Aprann konnen Bondye ak Jezi Kris, sila li te voye a. Fè efò pou w viv ann akò ak prensip Bondye bay e konsa w ap demontre ou vle soumèt ou anba otorite l kòm Souvren. Lè w aji konsa, w ap vin gen plis kè kontan depi kounye a kèlkeswa eprèv ou kapab ap andire. E alavni, w ap gen lajwa pou w viv nan yon monn san soufrans. — Jan 17:3.

[Nòt anba paj]

^ § 7 Nan nòt anba paj sou Jenèz 2:17 nan yon tradiksyon Bib an fransè, (Bible de Jérusalem), yo fè konnen “ konesans sa ki byen ak sa ki mal ” la se “ dwa yon moun genyen pou l deside [...] sa ki byen ak sa ki mal e pou l aji an konsekans. Se yon revandikasyon lòm fè pou l pran dwa granmoun li, kote li refize rekonèt pozisyon l kòm kreyati. ” Nòt la ajoute : “ Premye peche a se te yon atanta ki te fèt kont otorite Bondye antanke Souvren. ”

^ § 17 Pou nou ka jwenn plis enfòmasyon sou pwofesi ki gen rapò ak 1914, gade nan chapit 10 ak chapit 11 liv Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Se Temwen Jewova yo ki pibliye liv sa a.

[Kare nan paj 4, 5]

KÒMAN NOU KA KONBAT AK LASOUFRANS ?

“ Lage tout tèt chaje nou sou [Bondye]. ” ​(1 Pyè 5:7). Lè n ap soufri oswa lè nou wè moun nou renmen ap soufri, li toutafè natirèl pou nou santi nou twouble pou nou ankòlè e pou nou santi nou abandone. Nou mèt sèten, Jewova konprann ki sa nou santi (Egzòd 3:7 ; Izayi 63:9). Menm jan ak ansyen patriyach nan tan lontan yo ki t ap sèvi Jewova fidèl, nou ka louvri kè nou ba li pou nou fè l konnen dout ak enkyetid nou genyen (Egzòd 5:22 ; Jòb 10:1-3 ; Jeremi 14:19 ; Abakouk 1:13). Petèt, li pap disparèt eprèv nou yo, men pou l reponn priyè nou fè ak tout kè nou, li ka ban nou sajès ak fòs nou bezwen pou nou sipòte yo. — Jak 1:5, 6.

“ Nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k ’ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estraòdinè k ’ap rive nou la a. ” ​(1 Pyè 4:12, Bib la). Pyè ap pale la a de pèsekisyon, men pawòl li yo tonbe daplon tou pou nenpòt ki soufrans yon kwayan ap andire. Moun soufri anba lamizè, yo soufri anba maladi, yo pèdi fanmi yo te renmen. Bib la di tout moun kapab fè fas ak “ tan ak evènman enprevi ”. (Eklezyas 9:11.) E se bagay konsa moun rankontre nan lavi a jounen jodi a. Piske nou rekonèt sa, sa ede nou sipòte soufrans ak malè ki tonbe sou nou (1 Pyè 5:9). Avantou, lè nou sonje nou gen asirans “ je Jewova sou moun ki jis yo, e zòrèy li nan direksyon moun k ap rele anmwe yo ”, sa se yon bèl konsolasyon li ye pou nou. — Sòm 34:15 ; Pwovèb 15:3 ; 1 Pyè 3:12.

“ Se pou nou rejwi nan lesperans. ” ​(Women 12:12). Olye nou chita ap viv nan nostalji, depreferans nou kapab medite sou pwomès Bondye fè pou l mete yon pwen final nan tout soufrans (Eklezyas 7:10). Yon esperans ki byen chita konsa ap yon pwoteksyon pou nou, menm jan yon kas pwoteje tèt yon moun. Lespwa redui efè pwoblèm nou rankontre nan lavi a, e sa ede nou pou sante mantal nou, sante afektif nou oswa sante espirityèl nou pa depafini. — 1 Tesalonisyen 5:8.

[Foto nan paj 4]

Adan ak Èv te rejte dominasyon Bondye.

[Foto nan paj 5]

Bondye pwomèt yon monn san soufrans.