Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Kontinye veye ” !

“ Kontinye veye ” !

“ Kontinye veye ” !

“ Sa m di nou la a, se tout moun mwen di l : Kontinye veye. ” — MAK 13:37.

1, 2. a) Ki leson yon mesye te pran sou fason pou yon moun pwoteje byen l ? b) Ki sa egzanp Jezi te pran sou vòlè a aprann nou sou nesesite pou nou pa kite dòmi pran nou ?

JAN te kite tout sa li posede ki gen valè lakay li. Li te sere yo anba kabann li, e pou li menm se kote ki te pi asire nan kay la. Sepandan, yon jou swa, alòske li menm ak madanm li t ap dòmi, yon vòlè antre nan chanm nan. Pa gen dout nan sa : vòlè a te konnen egzakteman ki kote pou l al chèche. San l pa fè yon ti bri, li pran tout bagay Jan te genyen anba kabann nan. Li menm pran yon kòb Jan te mete nan tiwa yon tab de nui ki nan chanm nan. Se nan demen maten, lè Jan leve, li rann li kont vòlè te pase. Misye te pran yon bèl leson, e nou mèt si se pa fasil pou l bliye leson sa a : yon moun k ap dòmi pa ka veye sa l posede.

2 Se menm bagay la tou nan domèn espirityèl. Nou pa kapab pwoteje esperans nou ak lafwa nou si nou kite dòmi pran nou. Se sa k fè Pòl te bay egzòtasyon sa a : “ Ann pa kite dòmi pran nou, menm jan ak lòt moun yo, men ann rete je klè e ann konsève bonsans nou. ” ​(1 Tesalonisyen 5:6). Pou Jezi te ka montre nan ki pwen se yon bagay ki enpòtan pou yon moun rete je klè, li te sèvi ak egzanp yon vòlè. Li te pale de yon seri evènman ki t apral debouche sou moman li t ap vini antanke Jij, e apre sa, li di : “ Donk, kontinye veye, paske nou pa konnen ki jou Seyè nou an ap vini. Men, gen yon bagay pou nou konnen : si mèt kay la te konnen nan ki vèy vòlè a t ap vini, li pa t ap kite dòmi pran l e li pa t ap kite yo kase kay li. Se sa k fè, nou menm tou se pou nou mete nou prè, paske se nan lè nou pa panse a Pitit lòm nan ap vini. ” ​(Matye 24:42-44). Yon vòlè pa konn voye avèti moun pou l di ki lè l ap vini. Li toujou espere rive yon lè kote pyès moun pa atann. Menm jan an tou, Jezi te di fen sistèm nan ap rive “ nan lè nou pa panse a ”.

“ Rete je klè, kenbe fèm nan lafwa ”

3. Nan egzanp Jezi te pran pou l pale de esklav ki t ap tann mèt yo sot nan maryaj la, li te montre enpòtans pou yon moun rete je klè. Ki jan li te fè sa ?

3 Selon pawòl nou jwenn nan Evanjil Lik te ekri a, Jezi te konpare kretyen yo ak yon seri esklav k ap tann mèt yo retounen sot nan yon maryaj. Esklav sa yo sipoze fè tout posib yo pou yo rete je klè dekwa pou lè mèt la vini, li pa jwenn yo ap dòmi, men li jwenn yo pare pou yo akeyi l. Se nan sans sa a Jezi di : “ Se nan yon lè nou pa panse Pitit lòm nan ap vini. ” ​(Lik 12:40). Kèk moun k ap sèvi Jewova depi lontan ka gen tandans bliye nan ki tan n ap viv, yo ka pa santi gen yon ijans. Yo ka menm panse lafen an poko prèt pou rive. Men, si nou panse konsa, sa ka fè nou sispann konsantre nou sou aktivite espirityèl pou nou fikse lide nou sou objektif materyalis, objektif ki ka fè nou tonbe kabicha nan domèn espirityèl. — Lik 8:14 ; 21:34, 35.

4. Ki sa, si nou kwè l toutbonvre, k ap motive nou pou nou pa kite dòmi pran nou ? Ki jan Jezi te montre sa ?

4 Gen yon lòt leson ankò nou ka tire nan egzanp Jezi a. Menmsi esklav yo pa t konnen a ki lè mèt yo t ap vini, sanble yo te konnen nan ki nuit. Sa t ap difisil pou yo fè tout nuit la ap veye, si yo te panse li te ka vini nan yon lòt nuit. Men se pa t sa. Yo te konnen nan ki nuit li t ap vini, e sa te motive yo anpil pou yo rete je klè. Se menm bagay la pou kèk pwofesi nou jwenn nan Bib la. Yo montre n ap viv nan tan lafen an, men yo pa di nou nan ki jou ni a ki lè lafen an ap vini (Matye 24:36). Nou konnen lafen an ap vini kanmenm, e sa ede nou rete je klè. Sepandan, si nou kwè toutbonvre jou Jewova a prèske rive, sa ap fè nou pi motive pou nou pa kite dòmi pran nou. — Sefànya 1:14.

5. Pòl egzòte nou pou nou “ rete je klè ”. Ki jan nou ka fè sa ?

5 Nan premye lèt Pòl te ekri Korentyen yo, men ki egzòtasyon li te bay : “ Rete je klè, kenbe fèm nan lafwa. ” ​(1 Korentyen 16:13). Wi, pou yon moun rive rete je klè, li dwe kenbe fèm nan lafwa antanke kretyen. Men, ki jan nou menm nou ka rete je klè ? Se lè nou chèche ogmante konesans nou nan Pawòl Bondye a (2 Timote 3:14, 15). Si nou gen bon abitid pou nou etidye e si nou toujou la nan reyinyon, sa ap fòtifye fwa nou. E youn nan bagay ki montre nou gen lafwa, se lè nou toujou gen jou Jewova a nan espri nou. Donk, si tanzantan nou egzamine prèv ki fè nou kwè fen sistèm sa a prèske rive, sa ap ede nou pou nou pa bliye verite enpòtan ki gen rapò ak lafen k ap vini an. * Li bon tou pou nou suiv sa k ap pase nan monn nan e ki fè nou wè pwofesi ki nan Bib la ap akonpli. Men ki sa yon frè k ap viv ann Almay te ekri : “ Chak fwa m ap fè nouvèl, e m wè y ap pale de lagè, tranblemanntè, vyolans, ak planèt nou an ki fin kontamine, sa fè m wè vrèman lafen an prèske rive. ”

6. Ki jan Jezi te montre moun ka gen tandans sispann veye ofiramezi tan ap pase ?

6 Nan Mak chapit 13, Jezi bay yon lòt egzòtasyon ankò ki montre disip li yo fèt pou yo rete je klè. Nan chapit sa a, Jezi konpare sitiyasyon disip yo ak sitiyasyon yon pòtye k ap ret tann mèt li retounen sot nan peyi etranje. Piske pòtye a pa t konnen a ki lè mèt la t ap retounen, sèl sa li te ka fè, se ret veye. Nuit la te divize an kat peryòd ki te rele vèy. Jezi te pale de vèy sa yo e li te di se diran youn nan yo mèt la t ava vini. Katriyèm vèy la te kòmanse a twazè dimaten e li te fini lè solèy leve. Se pandan moman sa a, nan dènye vèy la, li te pi fasil pou dòmi pran pòtye a. Dapre sa yo di, pi bon moman pou sòlda yo siprann lènmi yo, se avanjou. Menm jan an tou, nan dènye moman sa a, kote monn ki antoure nou an nan fon somèy nan yon sans espirityèl, nou ka oblije goumen ak plis fòs toujou pou nou pa kite dòmi pran nou (Women 13:11, 12). Se sa k fè, nan egzanp Jezi bay la, plizyè fwa li egzòte disip li yo, li di : “ Pa sispann veye, pa kite dòmi pran nou. [...] Poutèt sa, kontinye veye. [...] Sa m di nou la a, se tout moun mwen di l : Kontinye veye. ” — Mak 13:32-37.

7. Ki gwo danje ki egziste e, pou rezon sa a, ki ankourajman ki parèt plizyè fwa nan Bib la ?

7 Jezi te toujou konn ankouraje disip li yo pou yo rete vijilan. Li te fè sa pandan ministè l e menm apre l fin resisite. Anfèt, chak fwa Pawòl Bondye a pale de tan lafen an, nou prèske toujou jwenn egzòtasyon pou nou rete je klè, pou nou kontinye veye (Lik 12:38, 40 ; Revelasyon 3:2 ; 16:14-16). * Wi, tonbe kabicha nan yon sans espirityèl, se yon gwo danje, e se nou tout ki bezwen rapèl nan domèn sa a. — 1 Korentyen 10:12 ; 1 Tesalonisyen 5:2, 6.

Twa apot ki pa t ka anpeche dòmi pran yo

8. Nan jaden Jetsemane a, lè Jezi te mande twa nan disip li yo, pou yo kontinye veye, ki sa ki te pase ?

8 Se pa paske yon moun gen bon entansyon ki fè, otomatikman, l ap ka rete je klè. Nou ka wè sa lè nou egzamine sa ki te rive Pyè, Jak ak Jan. Yo toule twa se te moun fidèl yo te ye. Yo te konn suiv Jezi pazapa e yo te gen anpil afeksyon pou li. Poutan, jou swa 14 nizan 33 epòk nou an, yo pa t rive rete je klè. Twa apot yo te kite chanmòt kote yo t ap fete fèt pak la, e yo te ale nan jaden Jetsemane a ansanm ak Jezi. Lè Jezi rive nan jaden an, li di yo konsa : “ Nanm mwen nan gwo lapenn, nan pwen pou m mouri. Rete la a epi kontinye veye ansanm avè m. ” ​(Matye 26:38). An twa fwa Jezi te priye Papa l ak anpil senserite, e apre chak priyè, li te retounen al jwenn mesye yo, men malerezman li te toujou jwenn yo ap dòmi. — Matye 26:40, 43, 45.

9. Ki sa, petèt, ki te fè apot yo te gen dòmi nan je yo ?

9 Sa k te rive apot fidèl sa yo nan nuit sa a se te yon desepsyon pou Jezi. Poukisa sa te rive yo ? Youn nan koz yo se te fatig. Li te ta, petèt li te minui pase e “ je yo te lou ” ak dòmi (Matye 26:43). Toutfwa, Jezi te di : “ Kontinye veye epi priye nètale, pou nou pa antre nan tantasyon. Annefè, lespri a vijilan, men chè a fèb. ” — Matye 26:41.

10, 11. a) Aktout Jezi te fatige, ki sa ki te anpeche dòmi pran l nan jaden Jetsemane a ? b) Ki leson nou tire nan sa k te rive twa apot yo lè Jezi te di yo pou yo kontinye veye a ?

10 Sètènman, Jezi tou te fatige nan sware istorik sa a. Sepandan, kòm nan yon ti moman li pa t ap lib ankò, olye pou l te lage kò l nan dòmi, li te prefere pase dènye moman sa a ap priye. Kèk jou anvan sa, li te ankouraje disip li yo pou yo priye. Li te di yo : “ Pa kite dòmi pran nou. Se pou nou toujou ap fè siplikasyon poutèt pou nou ka reyisi chape anba tout bagay sa yo ki gen pou rive, e pou nou ka reyisi kanpe debou devan Pitit lòm nan. ” ​(Lik 21:36 ; Efezyen 6:18). Siplikasyon n ap prezante bay Jewova ak tout kè nou ap ede nou nan efò n ap fè pou nou pa kite dòmi pran nou espirityèlman, akondisyon nou koute konsèy Jezi bay la, e akondisyon nou suiv bèl egzanp li kite pou nou nan domèn lapriyè.

11 Natirèlman, Jezi te konnen nan yon ti moman yo t apral arete l e yo t apral kondane l amò. Men, disip li yo pa t reyalize sa nan moman an. Eprèv li t apral sibi yo t apral rive nan dènye limit yo sou poto soufrans lan. Jezi te di apot yo sa k t apral pase, men yo pa t rive konprann anyen nan sa l t ap di yo. Se sa k fè yo te dòmi, alòske li menm li te rete je klè ap lapriyè (Mak 14:27-31 ; Lik 22:15-18). Sa ki te vre nan ka apot yo vre tou nan ka pa nou : nou menm tou nou gen feblès nan chè nou, e nou menm tou nou gen bagay nou poko konnen. Toutfwa, si nou pa pran konsyans nan ki tan n ap viv, si nou pa santi gen yon ijans, sa ka fè nou tonbe dòmi nan yon sans espirityèl. Se sèl si nou rete vijilan n ap ka anpeche dòmi pran nou.

Twa kalite ki esansyèl

12. Pòl pale de twa kalite ki ka ede nou pou nou pa pèdi bonsans nou. Ki kalite sa yo ?

12 Ki jan nou ka montre nou pa bliye nan ki tan n ap viv ? Nou deja wè lapriyè se yon bagay ki enpòtan anpil e nou deja montre nesesite pou nou toujou sonje jou Jewova a. Mete sou sa, Pòl pale de twa kalite chak kretyen fèt pou yo kiltive. Men ki sa li di : “ Kanta pou nou menm ki moun lajounen, ann konsève bonsans nou e ann mete kuiras lafwa ak lanmou an sou nou, e kòm kas, ann mete esperans delivrans lan. ” ​(1 Tesalonisyen 5:8). Kounye a, nou pral fè yon ti pale tou kout sou twa kalite sa yo : lafwa, esperans ak lanmou, e nou pral wè ki wòl yo jwe nan efò n ap fè pou nou pa kite dòmi pran nou.

13. Ki jan lafwa ap ede nou rete vijilan ?

13 Nou bezwen gen yon fwa solid ki fè nou sèten Jewova egziste e “ li tounen sila ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre ”. (Ebre 11:6.) Pwofesi Jezi te bay konsènan tan lafen an te gen yon premye akonplisman o premye syèk e sa kont pou fòtifye fwa nou nan pi gwo akonplisman pwofesi sa a pral genyen nan epòk pa nou an. E se kalite sa a, fwa nou, ki fè nou rete la ap tann, ki fè nou swaf jou Jewova a, tout pandan nou sèten “ [vizyon pwofetik la] ap reyalize kanmenm. Li pap anreta. ” — Abakouk 2:3.

14. Nan ki sans esperans se yon kalite ki enpòtan si nou vle rete je klè ?

14 Esperans nou genyen an tankou “ yon ank pou nanm nou ” ki pèmèt nou andire lè nou jwenn difikilte, menm si nou oblije tann reyalizasyon pwomès Bondye yo ki pap manke pa akonpli. (Ebre 6:18, 19.) Margaret se yon sè ki wen ak lespri sen, ki gen plis pase 90 an e ki batize depi plis pase 70 an. Tande ki sa l te di : “ An 1963, mari m te prèske mouri anba yon kansè. Lè sa a, m te santi meyè bagay la se pou lafen an ta vin tousuit. Men kounye a, mwen rann mwen kont se enterè pa m sèlman m te wè lè sa a. Nan epòk la, nou pa t konnen jis nan ki pwen travay la t apral gaye sou tè a. E jis kounye a, gen anpil kote aktivite predikasyon an fèk ap derape. Donk, mwen byen kontan dèske Jewova te montre li se yon Bondye ki gen pasyans. ” Men ki asirans apot Pòl ban nou : “ Andirans [...] fè yon moun vin nan yon sitiyasyon kote yo apwouve l, e sitiyasyon sa a, bò kote pa l, bay esperans, e esperans pap mennen nan desepsyon. ” — Women 5:3-5

15. Menmsi nou gen enpresyon sa fè lontan depi n ap tann, ki jan lanmou ka motive nou ?

15 Lanmou se yon kalite ki san parèy pou tout kretyen paske se li menm ki alabaz tout sa n ap fè. N ap sèvi Jewova paske nou renmen l, menm si nou pa konnen ki jou li fikse pou l aji. Lanmou nou genyen pou pwochen nou pouse nou preche bon nouvèl Wayòm nan, san nou pa bezwen konnen pandan konbyen tan ankò Bondye ap pèmèt nou fè sa, san nou pa bezwen konnen konbyen fwa ankò nou gen pou nou vizite menm moun yo. Se tankou jan Pòl di a : “ Kounye a se lafwa, esperans ak lanmou ki rete, twa sa yo. Men, sa ki pi gran ladan yo, se lanmou. ” ​(1 Korentyen 13:13). Lanmou fè nou gen andirans, li ede nou rete je klè. “ [Lanmou] espere tout bagay, li andire tout bagay. Lanmou pap janm pase. ” — 1 Korentyen 13:7, 8.

“ Kontinye kenbe sa w genyen an fèm ”

16. Olye pou nou bese lebra, ki etadespri nou ta fèt pou nou kiltive ?

16 N ap viv nan yon epòk espesyal, kote sa k ap pase nan monn nan toujou ap fè nou sonje pa rete anyen ankò pou dènye jou yo fini (2 Timote 3:1-5). Se pa lemoman pou nou bese lebra, men se moman pou nou ‘ kontinye kenbe sa nou genyen an fèm ’. (Revelasyon 3:11.) Si “ nou vijilan nan domèn lapriyè ” e si nou kiltive kalite tankou lafwa, esperans ak lanmou, n ap pare lè moman eprèv la rive (1 Pyè 4:7). Se pa de bagay nou gen pou n fè nan travay Seyè a konfye nou an ! Pou dòmi pa pran nou, nou dwe toujou okipe, nou dwe toujou ap fè aksyon ki montre nou gen atachman pou Bondye. — 2 Pyè 3:11.

17. a) Pou ki rezon ti desepsyon nou jwenn tanzantan pa ta dwe dekouraje nou ? (Sèvi ak kare ki nan paj 31 an.) b) Ki jan nou ka imite Jewova, e ki benediksyon k ap ret tann moun ki aji konsa ?

17 Men ki pawòl Jeremi te ekri : “ Jewova se pòsyon pa m, se poutèt sa m ap rete tann li. Jewova bon pou yon moun ki met espwa l nan li, pou nanm k ap chèche l san rete a. Li bon pou yon moun tann, wi, pou li tann an silans, delivrans Jewova ap bay la. ” ​(Lamantasyon 3:24-26). Gen kèk nan nou ki pa gen anpil tan depi y ap tann. Gen lòt ki gen anpil ane depi y ap tann delivrans Jewova gen pou l bay la. Men, lè nou konpare tan sa a ak tout letènite ki devan nou, èske nou pa wè tan nou pase ap tann nan se yon ti tan ki tou kout (2 Korentyen 4:16-18) ? E silvouplè, pandan n ap ret tann tan Jewova fikse a, gen plizyè bagay nou ka fè : nou ka kiltive kalite ki esansyèl pou yon kretyen e nou ka ede moun ki pap sèvi Jewova yo pwofite de pasyans li pou yo pran pozisyon pou laverite. Men, pou sa fèt, se pou nou tout kontinye veye. Ann montre nou pasyan menm jan ak Jewova, e ann montre nou rekonesan pou espwa li ban nou. E, tout pandan nou rete fidèl e nou rete vijilan, annou kenbe esperans lavi etènèl la fèm. Se lè sa a atò pwofesi sa a, pwomès sa a, pral akonpli nan ka pa nou : “ [Jewova] va leve w pou w vin mèt tè a. Lè y ap derasinen mechan yo, w ap wè sa. ” — Sòm 37:34.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Li ta bon pou nou regade sis prèv solid yo te bay nan Toudegad 15 janvye 2000, paj 12, 13 (fransè), prèv ki montre n ap viv nan “ dènye jou yo ”. — 2 Timote 3:1.

^ § 7 Dapre William Vine, yon leksikograf, espresyon “ rete je klè ” a tradui yon vèb grèk ki vle di mo pou mo ‘ goumen ak dòmi ’, e li “ pa sèlman bay ide yon moun ki pap dòmi, men li bay ide yon moun ki rete veyatif paske li gen yon bagay li vle akonpli ”.

Ki repons ou ta bay ?

• Fen sistèm de choz la prèt pou rive. Ki jan nou ka ogmante konviksyon nou sou sa ?

• Ki leson nou ka tire nan sa ki te rive Pyè Jak ak Jan an ?

• Site twa kalite ki ka ede nou rete vijilan.

• Poukisa se lemoman pou nou ‘ kontinye kenbe sa nou genyen an fèm ’ ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 31]

“ Benediksyon pou moun ki kontinye ret tann. ” — Danyèl 12:12

Sipozon yon santinèl ta sispèk gen yon vòlè ki gen pwojè antre nan yon pwopriyete l ap veye. Lè aswè rive, santinèl sa a ap veye nenpòt ti bri li tande ki ta ka vle di vòlè a nan zòn nan. Pandan tout nuit lan, je l rete la ap gade e zòrèy li rete la ap tande. Li pa difisil ditou pou nou imajine ki jan mwenn ti bri ka twonpe l : gendwa se van an ki souke yon branch bwa, oswa se yon chat ki pase e ki lage yon bagay atè. — Lik 12:39, 40.

Menm bagay la ka rive nan ka tout moun ki “ swaf revelasyon Seyè nou an, Jezi Kris ”. (1 Korentyen 1:7.) Selon sa apot yo te panse, se tousuit apre Jezi te fin resisite li t apral “ retabli wayòm nan pou Izrayèl ”. (Travay 1:6.) Plizyè ane apre sa, yo te oblije fè kretyen Tesalonik yo sonje prezans Jezi se te yon bagay ki pa t ap ko prèt pou l rive (2 Tesalonisyen 2:3, 8). Toutfwa, se pa paske disip Jezi yo te twonpe yo sou jou Jewova a ki fè yo te sispann mache sou wout lavi a pou sa. — Matye 7:13.

Nan epòk nou an, si nou ta kontrarye paske nou santi gen twòp tan ki pase sou sistèm de choz la, se pa yon rezon pou nou sispann veye. Se vre, yon bri ki fèt ka twonpe yon santinèl ki vijilan, men menmsi sa rive, li fèt pou l kontinye veye. Se travay li. E se menm bagay la pou kretyen yo.

[Foto nan paj 28]

Èske w kwè toutbonvre jou Jewova a prèt pou l rive ?

[Foto nan paj 29]

Reyinyon, lapriyè ak yon bon pwogram pou n etidye ap ede nou kontinye veye.

[Foto nan paj 32]

Menm jan ak Margaret, ann montre nou pasyan, ann rete aktif, tout pandan n ap veye.