Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Si gen yon moman pou nou rete je klè, se kounye a !

Si gen yon moman pou nou rete je klè, se kounye a !

Si gen yon moman pou nou rete je klè, se kounye a !

“ Ann pa kite dòmi pran nou, menm jan ak lòt moun yo, men ann rete je klè e ann konsève bonsans nou. ” — 1 TESALONISYEN 5:6.

1, 2. a) Ki kalite vil Ponpeyi ak Èkoulanoum te ye ? b) Ki avètisman moun Ponpeyi ak moun Èkoulanoum te meprize, e ki konsekans sa te genyen pou yo ?

NAN premye syèk epòk nou an, Ponpeyi ak Èkoulanoum se te de vil nan Anpi women an ki te rich anpil. De vil sa yo te toupre yon vòlkan yo rele Veziv. Pou Women ki te rich yo, vil sa yo se te bon ti kote pou al pase vakans. Teyat vil sa yo te gen plas pou resevwa plis pase mil moun, e Ponpeyi li menm te gen yon gwo estad ki te ka resevwa prèske tout moun ki te abite nan vil la. Akewològ k ap fè rechèch nan debri vil Ponpeyi resanse anviwon 118 ba ak obèj ki te gen nan vil sa a e gen kèk nan yo ki te konn sèvi swa kòm kazino swa kòm kafe. Dapre desen yo jwenn sou mi vil sa a e dapre lòt debri ankò ki rete nan konstriksyon ki te fèt, imoralite ak materyalis se de bagay ki te gaye toupatou nan zòn nan.

2 Jou ki te 24 out 79 nan epòk nou an, vòlkan an te kòmanse vomi lafimen. Nan premye eksplozyon an, vòlkan an te vomi wòch pons avèk sann sou de vil yo. E dapre vòlkanològ yo, sa pa t ap anpeche moun nan zòn nan chape poul yo, e sanble gen anpil ki te fè sa. Toutfwa, gen lòt moun ki te rete, swa paske yo te souzestime danje a, swa paske yo te chwazi pa okipe avètisman yo te jwenn nan siy vòlkan an t ap bay. Epi, bò zòn minui konsa, gen yon gwo kantite gaz byen cho, wòch pons ak lòt kalite wòch ki vide sou Èkoulanoum e sa te lakòz tout moun ki te rete nan vil la mouri toufe. Nan demen maten, byen bonè, menm bagay la rive Ponpeyi, e tout moun nan vil sa a tou te mouri. Tout moun sa yo te fini lèd, tout sa, paske yo pa t teni kont de avètisman yo te jwenn nan siy yo te wè yo.

Fen sistèm juif la

3. Ki resanblans ki genyen ant destriksyon Jerizalèm ak destriksyon Ponpeyi ak Èkoulanoum ?

3 Destriksyon Jerizalèm li menm te fèt nevan anvan sa, e se lèzòm ki te fè l. Malgre sa, li te pi rèd lontan pase destriksyon tèrib Ponpeyi ak Èkoulanoum te sibi. Yo prezante destriksyon Jerizalèm kòm “ youn nan envazyon ki pi tèrib listwa rapòte ” e yo di li te lakòz lanmò plis pase yon milyon Juif. Sepandan, menm jan sa te rive nan katastwòf ki te frape Ponpeyi ak Èkoulanoum nan, destriksyon Jerizalèm pa t fèt san moun yo pa t avèti.

4. Ki siy pwofetik Jezi te bay pou l fè disip li yo konnen lafen yon sistèm de choz te prèt pou l rive, e ki jan sa te akonpli nan premye syèk la ?

4 Jezi Kris te predi vil la t ap gen pou l detwi e li te anonse yon seri evènman enkyetan ki t ap rive anvan destriksyon sa a. Li te pale de lagè, grangou, tranblemanntè e li te di t ap gen moun k ap vyole lalwa. Fo pwofèt yo t ap aktif, men t ap gen moun k ap preche bon nouvèl Wayòm Bondye a toupatou sou latè (Matye 24:4-7, 11-14). Se vre, se nan epòk nou an pawòl Jezi yo gen pi gwo akonplisman yo. Men, yo te gen yon ti akonplisman tou nan premye syèk la. Dapre listwa, te gen yon gwo grangou ki te frape tout zòn Jide a (Travay 11:28). Dapre Jozèf, yon istoryen juif, te gen yon tranblemanntè nan zòn Jerizalèm, yon ti kras tan anvan destriksyon vil sa a. Tout pandan destriksyon Jerizalèm t ap pwoche, te toujou gen soulèvman, e te toujou gen gè sivil ant divès gwoupman politik ki te egziste pami Juif yo. Epitou, te toujou gen masak nan vil kote Juif ak Janti t ap viv ansanm. Malgre sa, disip yo te rive preche bon nouvèl Wayòm nan “ nan tout kreyasyon ki anba syèl la ”. — Kolosyen 1:23.

5, 6. a) Ki pawòl pwofetik Jezi te di e ki te akonpli nan ane 66 epòk nou an ? b) Poukisa te gen tout moun sa yo ki te mouri lè Jerizalèm te tonbe nan ane 70 epòk nou an ?

5 Finalman, nan ane 66 epòk nou an, Juif yo te soulve kont Wòm. Lè Sestiyis Galis te vini ak yon ame pou antoure Jerizalèm, disip Jezi yo te sonje pawòl sa yo li te di yo : “ Lè nou va wè lame tabli kan toutotou Jerizalèm, lè sa a nou mèt konnen lè a rive pou yo devaste l. Lè sa a, se pou moun ki nan Jide kòmanse pran mòn pou yo, epi se pou moun ki anndan l wete kò yo, epi se pou moun ki andeyò yo, pa antre anndan l. ” ​(Lik 21:20, 21). Wi, moman an te rive pou yo sove kite Jerizalèm. Men, ki jan yo t ap fè ale ? San pèsonn pa t atann a sa, Galis ansanm ak twoup li yo te repliye, e sa te bay kretyen Jerizalèm ak Jide yo okazyon pou yo obeyi pawòl Jezi yo e pou yo sove al nan mòn. — Matye 24:15, 16.

6 Katran apre sa, nan epòk fèt Pak la, twoup Women yo te retounen. Fwa sa a, se jeneral Titis ki t ap kòmande yo. Li menm, li te byen deside mete yon fren nan rebelyon Juif yo. Ame Titis la te antoure Jerizalèm e li te bati “ yon gwo lantouray avèk pikèt ”. Sa te fè li enposib pou yon moun sove (Lik 19:43, 44). Men anvan sa, malgre menas lagè a, yon dividal Juif te gentan soti toupatou nan Anpi women an e yo te vin Jerizalèm pou fèt Pak la. Ebyen, kounye a, tout Juif sa yo te pyeje. Malerezman, dapre Jozèf, se pami vizitè sa yo envazyon Women an te fè plis viktim. * Lè Jerizalèm te resi tonbe, sou chak sèt Juif ki t ap viv nan Anpi women an, gen omwen youn ki te pèdi lavi l. Destriksyon Jerizalèm ak tout tanp li a te siyifi lafen ni pou nasyon juif la, ni pou sistèm relijye yo a ki te baze sou Lalwa Moyiz la. * — Mak 13:1, 2.

7. Poukisa kretyen fidèl yo te chape vivan nan destriksyon Jerizalèm nan ?

7 Nan ane 70 epòk nou an, kretyen juif yo te kapab pèdi lavi yo, oubyen vin esklav menm jan ak tout lòt moun ki pa t kite Jerizalèm. Men, selon sa listwa rapòte, yo te teni kont de avètisman Jezi te bay 37 an anvan sa. Yo te sove kite vil la e yo pa t retounen.

Konsèy apwopriye apot yo te bay

8. Ki sa Pyè te wè li nesesè pou kretyen yo fè, e ki pawòl Jezi petèt li te gen nan lespri li ?

8 Jodi a, gen yon destriksyon ki pi rèd toujou ki tankou yon malè pandye sou tèt limanite. Destriksyon sa a pral elimine tout sistèm sa a nèt. Sizan anvan destriksyon Jerizalèm, apot Pyè te bay yon konsèy ki ijan e ki apwopriye sitou pou kretyen k ap viv nan epòk nou an. Li te di yo pou yo rete vijilan. Pyè te wè nesesite pou kretyen yo reveye ‘ bonjan kapasite yo genyen pou yo reflechi ’. Sa t ap ede yo pou yo pa meprize “ kòmandman Seyè a ”, Jezi Kris (2 Pyè 3:1, 2). Pandan Pyè t ap ankouraje kretyen yo pou yo rete vijilan, siman l te sonje pawòl sa yo li te tande Jezi di apot li yo, kèk jou anvan l mouri : “ Pa sispann veye, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki lè ki tan fikse a. ” — Mak 13:33.

9. a) Dapre sa Pyè te predi, ki move etadespri kèk moun t ap devlope ? b) Pou ki rezon lè yon moun gen dout li an danje toutbonvre ?

9 Jodi a, gen kèk mokè k ap mande : “ Kote prezans li a li te pwomèt la ? ” ​(2 Pyè 3:3, 4). Natirèlman, moun sa yo santi pa gen anyen ki janm chanje, yo santi tout bagay rete menm jan yo te toujou ye depi lè monn nan te fèk ap kreye. Jan de dout konsa se yon danje. Yo ka diminye zèl nou e yo ka fè nou tonbe nan yon sitiyasyon kote nou wè fòk nou satisfè mwenn ti anvi nou genyen (Lik 21:34). Apa de sa, jan Pyè di l la, mokè sa yo bliye delij ki te fèt nan epòk Noye a e ki te detwi tout yon sistèm de choz. Se pa ti chanje monn nan chanje depi lè sa a ! — Jenèz 6:13, 17 ; 2 Pyè 3:5, 6.

10. Ki sa Pyè di pou l ankouraje moun ki ka gen tandans vin enpasyan ?

10 Pyè te fè moun k ap li lèt li a sonje Bondye pa toujou aji tousuit. Konsa, li te ede yo pou yo kiltive pasyans. Toudabò, li te di : “ Yon jou pou Jewova se tankou mil an e mil an se tankou yon jou. ” ​(2 Pyè 3:8). Etandone Jewova se yon Bondye ki etènèl, li kapab konsidere tout aspè ki gen nan yon kesyon e li ka deside ki moman ki pi bon pou l aji. Apre sa, Pyè di Jewova ta renmen wè tout moun sou tè a repanti. Pasyans Bondye vle di delivrans pou anpil moun ki t ap peri si li te kouri aji (1 Timote 2:3, 4 ; 2 Pyè 3:9). Toutfwa, pasyans Jewova pa vle di li pap janm aji. Annefè, Pyè deklare : “ Jou Jewova a ap vini tankou yon vòlè ”. — 2 Pyè 3:10.

11. Ki sa k ap ede nou rete je klè nan domèn espirityèl, e ki jan, nan yon sans, sa kapab ‘ akselere ’ jou Jewova a ?

11 Pyè fè yon konparezon ki merite atansyon nou. Vòlè pa kite moun kenbe yo fasil. Men, yon santinèl ki rete je klè tout lannuit gen plis chans pou l detekte yon vòlè pase yon lòt santinèl k ap bay kout tèt. Ki sa yon santinèl ka fè pou dòmi pa pran l ? Si li fè yon ti mache tanzantan, l ap plis ka rete je klè pase si l ret chita pandan tout nuit lan. Menm jan an tou, si nou rete aktif espirityèlman, sa ap ede nou rete je klè antanke kretyen. Se sa k fè Pyè ankouraje nou pou nou toujou gen “ yon konduit ki sen ” e pou nou toujou ap akonpli “ aksyon ki montre nou gen atachman pou Bondye ”. (2 Pyè 3:11.) Si nou aji konsa, sa ap ede nou nan efò n ap fè pou nou “ pa janm bliye prezans jou Jewova a. ” Espresyon “ pa janm bliye ” a tradui yon mo grèk ki vle di mo pou mo “ akselere ”. (2 Pyè 3:12 ; nòt anba paj nan Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau — avec notes et références.) Se vre, nou pa kapab modifye kalandriye Jewova. Jou l la ap vini nan lè li fikse a. Men, si nou aktif nan sèvis Bondye, n ap wè tan an pase pi vit, soti jodi a, jis rive nan jou Jewova a. — 1 Korentyen 15:58.

12. Ki jan nou chak pèsonèlman nou kapab pwofite de pasyans Jewova ?

12 Kidonk, nou ankouraje nenpòt moun ki santi jou Jewova a mize twòp pou l suiv konsèy Pyè bay la : tann lè Jewova fikse a san li pa depasyante. Wi, ti pwolongasyon pasyans Bondye pèmèt nou benefisye a, nou kapab itilize l avèk sajès. Pa egzanp, nou kapab kontinye devlope yon seri kalite ki esansyèl pou kretyen, epitou nou kapab fè plis moun konnen bon nouvèl la, yon bagay nou pa t ap ka fè si lafen an te gentan vini. Si nou rete je klè, Jewova ap jwenn nou “ san tach, san defo, nan lapè ” lè lafen sistèm de choz sa a rive (2 Pyè 3:14, 15). Ala yon benediksyon sa pral ye !

13. Ki pawòl Pòl te di kretyen Tesalonik yo ki byen apwopriye pou epòk nou an ?

13 Nan premye lèt Pòl te ekri kretyen Tesalonik yo, li menm tou li te montre nesesite pou nou rete je klè. Men ki konsèy li te bay : “ Ann pa kite dòmi pran nou, menm jan ak lòt moun yo, men ann rete je klè e ann konsève bonsans nou. ” ​(1 Tesalonisyen 5:2, 6). Konsèy sa a, se pa ti enpòtan li enpòtan pou nou menm k ap viv jodi a, kote tout yon sistèm de choz prèske detwi ! Adoratè Jewova yo ap viv nan yon monn kote moun yo pa enterese nan kesyon espirityèl, e sa ka gen yon efè sou yo. Se sa k fè, konsèy Pòl te bay la toutafè apwopriye. Li te di : “ Ann konsève bonsans nou e ann mete kuiras lafwa ak lanmou an sou nou, e kòm kas, ann mete esperans delivrans lan. ” ​(1 Tesalonisyen 5:8). Si nou etidye Pawòl Bondye a regilyèman e si nou frekante frè nou yo regilyèman nan kad reyinyon yo, sa ap ede nou suiv konsèy Pòl la e sa ap ede nou pa bliye nesesite pou nou aji vit. — Matye 16:1-3.

Plizyè milyon moun kontinye ap veye

14. Ki chif ki montre gen anpil moun jodi a k ap suiv konsèy Pyè te bay la, konsèy ki di pou nou rete je klè a ?

14 Jodi a, èske gen anpil moun ki teni kont de ankourajman enspire yo jwenn pou yo rete vijilan ? Wi. Pou ane sèvis 2002 a te gen yon maksimòm 6 304 645 pwoklamatè, e sa reprezante yon akwasman 3,1 pousan sou ane sèvis 2001 an. Pwoklamatè sa yo te pase 1 202 381 302 èdtan ap pale de Wayòm Bondye a ak lòt moun. Konsa, yo te pwouve yo pap dòmi espirityèlman. Moun sa yo pa konsidere aktivite sa a kòm yon senp woutin. Men okontrè, li se yon aspè esansyèl nan vi yo. Egzanp Edouardo ak Noemi, k ap viv nan peyi Salvadò, pral ban nou yon ide sou etadespri anpil nan moun sa yo genyen.

15. Ki egzanp ki soti nan peyi Salvadò ki montre gen anpil moun ki pap dòmi espirityèlman ?

15 Sa gen kèk ane, Edouardo ak Noemi te medite sou deklarasyon sa a Pòl te fè : “ Sèn monn sa a, se chanje l ap chanje. ” ​(1 Korentyen 7:31). Yo te senplifye vi yo e yo te pran sèvis pyonye a plen tan. Ofiramezi tan ap pase, yo te jwenn anpil benediksyon nan plizyè domèn, e frè a te menm gen privilèj pou l sèvi kòm siveyan sikonskripsyon ak siveyan distri. Malgre Edouardo ak Noemi te rankontre gwo pwoblèm, yo sèten se yon bon desizyon yo te pran lè yo te chwazi sèvis a plen tan nan plas yon lavi dous ak anpil byen materyèl. Anpil nan 29 269 pwoklamatè yo, san nou pa bliye 2 454 pyonye, k ap viv o Salvadò demontre menm espri sakrifis sa a. E se youn nan rezon ki fè, nan ane ki sot pase a, te gen yon akwasman 2 pousan nan kantite pwoklamatè ki gen nan peyi sa a.

16. Ki etadespri yon jèn frè nan peyi Kotdivwa te manifeste ?

16 Nan peyi Kotdivwa, gen yon jèn kretyen ki te demontre menm etadespri sa a. Men ki sa li ekri nan yon lèt li te voye nan biwo filyal la : “ M ap sèvi kòm asistan ministeryèl. Men, ki jan pou m fè ankouraje frè yo pou yo pyonye alòske mwen menm mwen pa bay egzanp nan domèn sa a ? Se poutèt sa m te kite yon travay ki byen peye. Kounye a, m ap travay ak tèt mwen e sa ban m plis tan pou m preche. ” Jèn gason sa a te vin youn nan 983 pyonye k ap sèvi an Kotdivwa. Peyi sa a te gen 6 701 pwoklamatè ane pase e li te gen 5 pousan akwasman.

17. Ki jan yon jèn sè nan peyi Bèljik te demontre li pa kite prejije kraponnen l ?

17 Nan peyi Bèljik, gen 24 961 pwoklamatè ki kontinye ap goumen ak pwoblèm entolerans, prejije ak diskriminasyon. Malgre sa, yo zele e yo pa pran nan presyon. Gen yon jèn sè ki gen sèz an ki t ap suiv yon kou yo t ap fè nan lekòl li sou moral. Li te tande yo pale de Temwen Jewova yo kòm yon sèk, e li te mande pèmisyon pou l prezante pwennvi Temwen Jewova yo sou kesyon an. Li te sèvi ak kasèt videyo Les Témoins de Jéhovah : un nom, une organisation ansanm ak bwochi Temwen Jewova : Kilès yo ye ? Nan ki sa yo kwè ? Sa te pèmèt li esplike kiyès Temwen Jewova yo ye toutbonvre. Tout moun te byen kontan prezantasyon sè a te fè a, e nan semèn apre a, yo te bay elèv yo yon tès kote tout kesyon yo te gen rapò ak relijyon Temwen Jewova yo.

18. Pwoblèm ekonomik pa t anpeche pwoklamatè Ajantin ak Mozanbik sèvi Jewova. Ki sa ki pwouve sa ?

18 Nan dènye jou sa yo, pifò kretyen ap rankontre gwo pwoblèm. Malgre sa, yo bat pou yo pa kite anyen detounen atansyon yo. Peyi Ajantin te gen yon maksimòm 126 709 Temwen ane pase, malgre pwoblèm ekonomik tout moun konnen peyi sa a genyen. Lamizè toujou ap vale teren nan peyi Mozanbik, men sa pa t anpeche 37 563 pwoklamatè remèt rapò sou aktivite predikasyon yo. Sa reprezante yon akwasman 4 pousan. Lavi a rèd pou anpil Albanè, men aktout sa, peyi sa a te atenn yon maksimòm 2 708 pwoklamatè, chif ki reprezante yon bèl akwasman : 12 pousan. Nou kapab wè sa klè : sitiyasyon difisil ki egziste yo pa anpeche lespri Jewova aji, lè sèvitè l yo fè avantaj Wayòm nan pase anvan tout lòt bagay. — Matye 6:33.

19. a) Ki sa ki pwouve jis kounye a gen moun ki sanble ak mouton e ki swaf verite ki nan Bib la ? b) Bay kèk lòt chif nan rapò ane ki sot pase a ki montre sèvitè Jewova yo pap dòmi espirityèlman. (Gade tablo ki nan paj 22-25 la.)

19 Ane pase, nan lemonnantye, pwoklamatè yo te kondui 5 309 289 etid biblik an mwayèn chak mwa. Sa montre jis kounye a gen moun ki sanble ak mouton e ki swaf verite ki nan Bib la. Te gen yon nouvo maksimòm 15 597 746 moun ki te asiste Memoryal la e pifò nan moun sa yo poko aktif nan sèvis Jewova. Nou swete pou konesans moun sa yo ansanm ak lanmou yo pou Jewova ak frè ak sè yo kontinye ogmante. Sa ankourajan anpil pou nou wè “ gwo foul ” “ lòt mouton ” yo kontinye pote fwi, tout pandan y ap sèvi Kreyatè a “ lajounen kou lannuit nan tanp li a ” ansanm avèk frè yo ki wen ak lespri sen. — Revelasyon 7:9, 15 ; Jan 10:16.

Leson nou tire nan sa ki te rive Lòt

20. Ki leson nou tire nan sa ki te rive Lòt ak madanm li ?

20 Natirèlman, menm yon sèvitè Bondye ki fidèl ka sispann wè nesesite pou l aji vit, menm si se pou yon ti tan. Sonje sa k te rive Lòt, neve Abraram nan. Gen de zanj ki te vin kote l e ki te fè l konnen Bondye pral detwi Sodòm ak Gomò. Nouvèl sa a pa t etone Lòt, li menm ki “ te toumante anpil akoz fason moun ki t ap meprize lalwa yo te lage kò yo nan konduit deregle ”. (2 Pyè 2:7.) Malgre sa, lè de zanj yo te vini pou fè l kite Sodòm, li “ t ap pèdi tan ”. Se prèske trennen zanj yo te oblije trennen Lòt ak tout fanmi l pou fè yo kite vil la. Apre sa, madan Lòt te meprize avètisman zanj yo te ba li lè yo te di l pa vire gad dèyè. Li te endiferan e li te peye sa chè (Jenèz 19:14-17, 26). Jezi te bay avètisman sa a : “ Sonje madan Lòt. ” — Lik 17:32.

21. Si gen yon moman kote li enpòtan pou nou rete je klè, se kounye a. Poukisa nou di sa ?

21 Katastwòf ki te frape Ponpeyi ak Èkoulanoum, destriksyon Jerizalèm, sa ki te pase lè delij la nan epòk Noye a, sa ki te rive nan epòk Lòt la, tout evènman sa yo montre nesesite pou nou pran avètisman yo ban nou oserye. Antanke sèvitè Jewova, nou rekonèt siy ki montre se nan tan lafen an n ap viv (Matye 24:3). Nou retire kò nou nan mitan fo relijyon yo (Revelasyon 18:4). Menm jan ak premye kretyen yo, fòk nou “ pa janm bliye prezans jou Jewova a ”. (2 Pyè 3:12.) Wi, si gen yon moman kote nou bezwen rete je klè, se kounye a ! Men, ki efò nou kapab fè, e ki kalite nou bezwen devlope pou nou ka rete je klè ? Atik ki vin apre a pral egzamine kesyon sa yo.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Nan premye syèk la, sanble Jerizalèm pa t gen plis pase 120 000 moun ki te abite ladan l. Dapre kalkil yon istoryen yo rele Ezèb te fè, te gen 300 000 moun ki t ap viv nan pwovens Jide e ki te vwayaje al Jerizalèm pou fèt Pak la an 70 nan epòk nou an. Donk, rès viktim yo dwe te soti nan lòt rejyon nan Anpi women an.

^ § 6 Natirèlman, pou Jewova, depi lan 33 epòk nou an, nouvèl alyans lan te gentan ranplase Lalwa Moyiz la. — Efezyen 2:15.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki evènman ki te bay kretyen juif yo okazyon pou yo chape anba destriksyon Jerizalèm ?

• Ki jan konsèy Pyè ak Pòl te bay yo ap ede nou rete je klè ?

• Jodi a, kiyès ki bay prèv yo pap dòmi menm ?

• Ki leson nou tire nan sa ki te rive Lòt ak madanm li ?

[Kesyon]

[Tablo nan paj 22-25]

RAPÒ MONDYAL SOU AKTIVITE TEMWEN JEWOVA YO — ANE SÈVIS 2002

(Gade peryodik la)

[Foto nan paj 19]

Nan ane 66 epòk nou an, kretyen ki t ap viv Jerizalèm yo te suiv avètisman Jezi te ba yo a.

[Foto nan paj 20]

Lè kretyen yo aktif, sa anpeche dòmi pran yo.