Èske ou gen yon fwa ki solid toutbonvre ?
Èske ou gen yon fwa ki solid toutbonvre ?
“ Se fwa nou ki fè nou kanpe. ” — 2 KORENTYEN 1:24.
1, 2. Poukisa li enpòtan pou nou gen lafwa, e ki sa nou ka fè pou kalite sa a vin pi solid ?
SÈVITÈ Jewova yo konnen yo dwe gen lafwa. Anfèt, ‘ san lafwa li enposib pou nou fè Bondye plezi kòmsadwa ’. (Ebre 11:6.) Se sa k fè, avèk sajès, nou priye pou nou resevwa lespri sen e pou nou gen lafwa, yon fasèt nan fwi lespri a, yon fwi ki bon pou nou genyen (Lik 11:13 ; Galat 5:22, 23). Epitou, si nou imite lafwa lòt moun k ap sèvi Bondye, sa ap fè kalite sa a vin pi solid lakay nou. — 2 Timote 1:5 ; Ebre 13:7.
2 Fwa nou ap vin pi solid si nou kontinye suiv wout Pawòl Bondye a mande tout kretyen pou yo mache ladan l lan. Fwa nou ap vin pi solid tou si nou pran abitid li Bib la chak jou e si nou etidye l grasa piblikasyon “ entandan fidèl la ” prepare pou nou (Lik 12:42-44 ; Jozye 1:7, 8). Lè nou asiste reyinyon regilyèman e lè nou al nan kongrè, nou rankontre moun ki manifeste lafwa, e sa ankouraje nou (Women 1:11, 12 ; Ebre 10:24, 25). Yon lòt bagay ankò ki fòtifye fwa nou se lè nou soti nan predikasyon e nou pale ak lòt moun. — Sòm 145:10-13 ; Women 10:11-15.
3. Anrapò ak lafwa, ki èd nou jwenn nan men ansyen yo ?
2 Korentyen 1:23, 24). Men ki jan yon lòt Bib tradui vèsè sa a : “ N ap travay ak nou pou fè kè nou kontan, paske nou gen yon fwa solid. ” (Contemporary English Version). Yon moun ki jis viv grasa lafwa. Natirèlman, pa gen pèsonn ki ka egzèse lafwa nan plas nou oubyen ki ka fè nou rete entèg nètale. Nan domèn sa a se ‘ chak moun ki pou pote pwòp chaj pa yo ’. — Galat 3:11 ; 6:5.
3 Ansyen yo, ki renmen nou, dispoze ede nou fòtifye fwa nou. Yo fè sa grasa konsèy e grasa ankourajman yo ban nou ki soti nan Bib la. Yo gen menm etadespri ak apot Pòl ki te di Korentyen yo konsa : “ Nou se konpayon travay pou jwa nou, paske se fwa nou ki fè nou kanpe. ” (4. Bib la rapòte ka anpil sèvitè Bondye ki te fidèl. Ki jan sa ka fòtifye fwa nou ?
4 Bib la rapòte ka anpil moun ki te gen lafwa. Siman nou okouran anpil bèl aksyon moun sa yo te fè, men èske nou konnen ki kalite fwa yo te genyen ? Petèt pandan lontan, oswa pandan tout vi yo, yo te manifeste fwa sa a. Èske nou konnen ki jan ? Si nou reflechi sou fason yo te montre kalite sa a nan lavi yo, pandan yo te nan sitiyasyon ki sanble ak pa nou, sa ka fòtifye fwa nou.
Lafwa ban nou kouraj
5. Ki prèv nou jwenn nan Bib la ki fòtifye nou pou nou pa pè pale pawòl Bondye a ?
5 Lafwa fòtifye nou tou pou nou pa pè pale pawòl Bondye. Avèk kouraj, Enòk te predi egzekisyon jijman Bondye sou moun ki t ap viv nan epòk li a. Men ki sa li te di : “ Gade ! Jewova vini ak miryad zanj li yo ki sen, pou l egzekite jijman sou tout moun, e pou l deklare tout moun ki pa gen respè pou Bondye yo koupab konsènan tout zak derespektan yo te fè, zak ki derespekte Bondye, e konsènan tout bagay chokan pechè derespektan sa yo te di sou li. ” (Jid 14, 15). Lè ènmi Enòk yo, ki te san respè pou Bondye, te fin tande pawòl sa yo, yo te soti pou yo touye l. Malgre sa, fwa li te pouse l pale avèk kran, e Bondye “ te pran l ”, sa vle di li te tou fè l dòmi nan lanmò. Sanble li pa t menm kite l soufri (Jenèz 5:24 ; Ebre 11:5). Nou pa fè eksperyans konsa nou menm, men Jewova reponn priyè nou yon fason pou nou ka pale pawòl li avèk fwa, avèk kouraj. — Travay 4:24-31.
6. Ki jan lafwa ak kouraj Noye te jwenn nan men Bondye te ede l ?
6 Grasa lafwa, Noye “ te konstwi yon lach pou sove moun lakay li ”. (Ebre 11:7 ; Jenèz 6:13-22.) Men se pa sa sèlman. Noye se yon moun ki te konn “ preche sa ki jis ” e li pa t konn pè lè pou l te pale moun yo de egzekisyon jijman Bondye (2 Pyè 2:5). Ou mèt si yo te pase l nan rizib lè l te pale yo de yon delij ki ta gen pou l vini, menm jan gen moun, jodi a, ki konn pase nou nan rizib lè nou bay prèv biblik ki montre sistèm n ap viv ladan l lan pral detwi talè konsa (2 Pyè 3:3-12). Toutfwa, menm jan ak Enòk ak Noye, si nou rive preche yon mesaj konsa, se grasa lafwa e grasa kouraj nou jwenn nan men Bondye.
Lafwa fè nou gen pasyans
7. Ki jan Abraram ak kèk lòt sèvitè Bondye te montre yo se moun ki gen lafwa ak pasyans ?
7 Nou menm k ap tann fen sistèm mechan sa a, nou bezwen lafwa ak pasyans. Pami moun “ ki, grasa lafwa ak pasyans, ap benefisye pwomès yo ”, nou jwenn Abraram, yon patriyach ki te krenn Bondye (Ebre 6:11, 12). Lafwa li te genyen nan Bondye te pouse l kite vil kote l t ap viv la, yon vil yo te rele Ou, malgre se yon vil ki te ofri anpil avantaj. Li te al viv kòm etranje nan yon peyi Bondye te pwomèt li, yon peyi li pa t menm konnen. Ni Izarak ni Jakòb te vin eritye menm pwomès la. Sepandan, “ tout moun sa yo te mouri ak lafwa, kwak yo pa t jwenn akonplisman pwomès yo ”. Grasa lafwa yo te genyen ‘ yo te chèche jwenn yon pi bon plas, sa vle di yon plas syèl la posede ’. Se poutèt sa, Bondye “ prepare yon vil pou yo ”. (Ebre 11:8-16.) Wi, Abraram, Izarak ak Jakòb, ansanm ak madanm yo ki te krenn Bondye, te montre yo se moun ki gen pasyans, yo te ret ap tann Wayòm Bondye a, Wayòm ki pral pèmèt yo resisite pou yo viv sou tè a.
8. Abraram, Izarak ak Jakòb te montre yo gen pasyans ak lafwa malgre ki sa ?
8 Abraram, Izarak ak Jakòb pa t pèdi lafwa. Yo pa t vin mèt peyi yo te pwomèt yo a, e yo pa t gen chans wè nasyon yo resevwa benediksyon grasa semans Abraram (Jenèz 15:5-7 ; 22:15-18). ‘ Vil Bondye bati a ’ t apral pran plizyè syèk anvan l tounen yon reyalite. Malgre tout sa, mesye sa yo te kontinye montre lafwa ak pasyans pandan tout lavi yo. Èske nou pa ta dwe fè menm bagay la tou jodi a, lè n sonje Wayòm Mesi a se yon reyalite li ye nan syèl la ? — Sòm 42:5, 11 ; 43:5.
Lafwa fè nou gen pi bèl objektif ki te ka genyen
9. Lè nou gen lafwa, ki jan sa enfliyanse objektif nou nan lavi a ?
9 Patriyach fidèl yo pa t janm kite konpòtman avilisan Kananeyen yo detenn sou yo, paske yo te fikse lespri yo sou bagay ki gen plis valè lontan pase sa. Menm jan an tou, lafwa fè nou gen objektif teyokratik k ap ede nou nan efò n ap fè pou nou pa kite monn nan detenn sou nou, wi, monn ki anba pouvwa mechan an, anpalan de Satan Ledyab. — 1 Jan 2:15-17 ; 5:19.
10. Ki jan nou fè konnen Jozèf se yon moun ki t ap pousuiv objektif ki gen plis valè lontan pase prestij monn nan ka ofri ?
10 Bondye te dirije bagay yo yon fason pou Jozèf, youn nan pitit gason Jakòb yo, te vin responsab tout depo manje ki te genyen nan peyi Ejip. Men objektif Jozèf, se pa t pou l te vin yon gwo tèt nan monn nan. Li te gen lafwa nan pwomès Bondye. Se sa k fè, a 110 an, li te di frè l yo pawòl sa yo : “ M santi m pral mouri, men Bondye pap manke pa vire gade nou e, kanmenm, l ap fè nou monte kite peyi sa a pou n al nan peyi li te fè sèman sou li a bay Abraram, Izarak ak Jakòb. ” Jozèf te mande pou yo antere l nan peyi Jewova te pwomèt yo a. Lè l te fin mouri, yo anbome l, yo mete l nan yon sèkèy e yo antere l nan peyi Ejip. Men, kou Izrayelit yo te jwenn liberasyon yo nan esklavaj yo te ye a, Moyiz te fè pote zosman Jozèf al antere nan peyi kote yo t aprale a (Jenèz 50:22-26 ; Egzòd 13:19). Si nou gen menm fwa Jozèf te genyen an, sa ap pouse nou pousuiv objektif ki gen plis valè lontan pase prestij monn nan ka ofri nou. — 1 Korentyen 7:29-31.
11. Ki jan Moyiz te pwouve li se yon moun ki te gen objektif teyokratik ?
11 Lè Moyiz te ann Ejip, li te yon gwo entèlektyèl nan fanmi Farawon, men li ‘ te pito chwazi pou yo maltrete l ansanm ak pèp Bondye a olye Ebre 11:23-26 ; Travay 7:20-22). Sa vle di li te abandone prestij li te ka jwenn nan monn nan, e petèt menm privilèj pou l ta gen yon bèl antèman nan yon tonm ki byen dekore, nan yon zòn ki gen gwo renome lakay Ejipsyen yo. Men, konpare ak tout privilèj Bondye te ba li, ki valè sa t ap genyen ? Annefè, èske li pa t gen privilèj pou yo rele l “ gason vrè Dye a ”, pou l sèvi antanke medyatè alyans Lalwa a, pou l sèvi antanke pwofèt Jewova e pou l ekri plizyè liv nan Bib la (Ezra 3:2) ? Èske, nou menm, objektif nou se jwenn gwo pwomosyon nan travay nou, oubyen èske lafwa fè nou gen objektif ki pi bèl, objektif teyokratik ?
pou l te pran plezi nan peche pou yon ti tan ’. (Lafwa fè lavi nou vin gen sans
12. Ki efè lafwa te genyen sou vi Rahab ?
12 Non sèlman lafwa fè nou gen pi bèl objektif ki te ka egziste, men tou li bay lavi nou yon sans. Pa egzanp, Rahab, ki t ap viv nan vil Jeriko, dwe te wè lavi a pa gen okenn sans pou li antanke pwostitye. Sepandan, lè Rahab te kòmanse egzèse lafwa, vi l te chanje nèt. Yo te “ deklare li jis grasa aksyon li te fè [ki montre li gen lafwa], lè l te fin akeyi mesaje [izrayelit] yo avèk ospitalite e li te fè yo pase nan yon lòt wout pou yo ale ”, jiskaske mesaje sa yo te rive chape anba men Kananeyen ki te dèyè pran yo (Jak 2:24-26). Rahab te rekonèt se Jewova ki vrè Dye a, e sa te pouse l kite vi lib li t ap mennen an. Konsa, li te demontre li gen lafwa (Jozye 2:9-11 ; Ebre 11:30, 31). Li te marye ak yon sèvitè Jewova. Li pa t marye ak yon Kananeyen non kwayan (Detewonòm 7:3, 4 ; 1 Korentyen 7:39). Rahab te jwenn gwo privilèj pou l pami zansèt Mesi a (1 Kwonik 2:3-15 ; Rit 4:20-22 ; Matye 1:5, 6). Rahab pral resevwa yon lòt rekonpans : li pral resisite pou l ka viv nan paradi ki pral genyen sou tè a, menm jan ak anpil lòt moun ki te sispann mennen yon vi lib.
13. Anrapò ak Batcheba, ki peche David te fè ? Ki etadespri li te montre li genyen ?
13 Apre Rahab te fin kite vi lib li t ap mennen an, aparamman li te kontinye mache dwat devan Bondye. Sepandan, gen kèk moun, apre yo fin fè lontan ap sèvi Bondye, yo komèt peche ki grav. Pa egzanp, Wa David te komèt adiltè ak Batcheba, li te fè yon jan pou mari l mouri nan lagè, e apre sa li te tou pran Batcheba pou madanm (2 Samyèl 11:1-27). Annapre, men ki siplikasyon li te fè : “ Lespri sen w, tanpri, pa retire l sou mwen ! ” Siplikasyon sa a montre nan ki degre David te regrèt sa l te fè a. David pa t pèdi lespri Bondye. Li te gen lafwa, Jewova, nan mizerikòd li, pa t ap meprize ‘ yon kè ki brize e ki kraze ’ akoz peche (Sòm 51:11, 17 ; 103:10-14). Grasa lafwa David ak Batcheba te genyen, yo te vin gen gwo privilèj pou yo fè pati zansèt Mesi a. — 1 Kwonik 3:5 ; Matye 1:6, 16 ; Lik 3:23, 31.
Garanti Bondye ban nou fòtifye fwa nou
14. Ki garanti Gideyòn te resevwa ? Ki efè istwa sa a genyen sou fwa nou ?
14 Kwak n ap mache ak lafwa, pafwa nou ka bezwen asirans Bondye ap ede nou. Nou ka verifye sa nan sa ki te rive jij Gideyòn, youn nan moun “ ki, grasa lafwa, te rive pote laviktwa sou yon seri wayòm ”. (Ebre 11:32, 33.) Lè Madyanit yo ak tout akolit yo te anvayi Izrayèl, lespri Bondye te tonbe sou Gideyòn. Piske li te bezwen jwenn asirans Jewova avè l, li te pwopoze l de tès pou l verifye sa. Gideyòn te di l ap kite yon tapi pwal mouton pase tout yon nuit sou yon glasi. Nan premye tès la, te gen lawouze sèlman sou tapi a e tout atè a te rete sèk. Nan dezyèm nan, se lekontrè ki te rive : atè a te gen lawouze e tapi a te rete sèk. Nou ka wè sa : Gideyòn te yon moun pridan, e garanti sa yo te pouse l aji avèk lafwa e li te ranpòte laviktwa sou tout ènmi Izrayelit yo (Jij 6:33-40 ; 7:19-25). Lè nou nan yon sitiyasyon kote nou bezwen pran yon desizyon enpòtan, si nou chèche jwenn garanti sou sa, sa pa vle di nou manke lafwa. Okontrè, lefètke nou konsilte Bib la, nou fè rechèch nan piblikasyon yo e nou priye pou lespri sen gide nou nan desizyon nou gen pou nou pran an, se yon prèv ki montre nou gen lafwa. — Women 8:26, 27.
15. Si nou reflechi sou lafwa Barak te genyen an, ki jan sa ka ede nou ?
15 Lafwa jij Barak te fòtifye grasa garanti Bondye te ba li. Pwofetès Debora te ankouraje l pran inisyativ pou l al delivre Izrayelit yo nan tray yo t ap pase anba men yon wa kananeyen ki te rele Yabin. Kòm Barak te gen lafwa, e kòm Bondye te ba l garanti l ap ede l, li te pran 10 000 gason ki pa t gen gwo zam, li te mennen yo nan lagè e li te ranpòte laviktwa sou lame Yabin nan ki te pi gwo lontan pase pa l la e ki te gen Sisera alatèt li. Debora ak Barak te konpoze yon bèl chante, yon chante ki fè san moun tresayi, pou selebre viktwa sa a (Jij 4:1–5:31). Debora te ankouraje Barak pou l te aji antanke lidè Bondye te etabli alatèt pèp Izrayèl, e li se youn nan sèvitè Jewova ki, grasa lafwa, te “ venk ame etranje ”. (Ebre 11:34.) Si nou reflechi sou fason Bondye te beni Barak poutèt li te aji ak lafwa, sa ka pouse nou aji nou menm tou, si nou yon ti jan ap ezite lè Jewova konfye nou yon misyon ki pa fasil.
Lafwa favorize lapè
16. Abraram te montre li vle viv an pè ak Lòt. Ki egzanp li kite pou nou nan domèn sa a ?
16 Lafwa pa sèlman ede nou lè Bondye konfye nou yon misyon ki pa fasil. Li ede nou tou pou nou viv ak lapè e ak trankilite. Abraram te pi gran pase neve li, Lòt. Men, sa pa t anpeche li kite neve a chwazi zòn ki te gen pi bon patiraj yo, lè pou yo te separe akoz sèvitè de mesye yo ki te tonbe nan joure (Jenèz 13:7-12). Abraram dwe te priye ak lafwa pou l mande Bondye ede l rezoud pwoblèm sa a. Abraram te ka wè pwòp avantaj li nan sitiyasyon sa a. Men, olye pou l te fè sa, li te pito chèche lapè. Si nou ta twouve nou nan sitiyasyon kote nou gen pwoblèm ak yon frè oswa yon sè, ann priye ak lafwa e ann “ chèche lapè ”, jan nou wè sa nan egzanp Abraram, yon nonm ki te gen amou e ki te gen konsiderasyon pou lòt moun. — 1 Pyè 3:10-12.
17. Poukisa nou ka di ti pwoblèm ki te genyen ant Pòl, Banabas ak Mak la te rezoud nan lapè ?
17 Lè nou aplike prensip ki genyen nan Bib la ak lafwa, sa ka favorize lapè nan mitan nou. Ann egzamine ki jan. Lè Pòl t apral kòmanse dezyèm vwayaj li antanke misyonè, Banabas te dakò pou yo al revizite kongregasyon ki te Chip ak sa ki te ann Azi Minè yo. Sepandan, Banabas te vle mennen yon kouzen l ki rele Mak. Men, Pòl pa t dakò, paske nan premye vwayaj la, Mak te kite yo lè yo te rive Panfili. Nan sikonstans sa a, ‘ gen yon sèl lobo ki te pete ’, e lobo sa a te lakòz yo separe youn ak lòt. Banabas te al Chip avèk Mak, tandiske Pòl te chwazi Silas kòm patnè e yo ‘ te pase nan peyi Siri ak peyi Silisi, yo t ap fòtifye kongregasyon yo ’. (Travay 15:36-41.) Sanble yo te sispann kolabore youn ak lòt. Men, rive yon lè, yo te rekòmanse, piske Mak te Wòm ansanm ak Pòl, e apot sa a te pale de li an byen (Kolosyen 4:10 ; Filemon 23, 24). Annefè, nan moman Pòl te prizonye Wòm, nan ane 65 epòk nou an, li te di Timote konsa : “ Pran Mak, vini avèk li, paske li itil mwen pou sèvis la. ” (2 Timote 4:11). Sanble Pòl te priye ak lafwa sou pwoblèm ki te genyen ant li menm ak mesye yo, Banabas ak Mak, e kòm rezilta, sa te bay yon trankilite ki ann amoni ak “ lapè Bondye ”. — Filipyen 4:6, 7.
18. Lojikman, ki sa nou ka di ki te rive nan ka Evodi ak Sentich ?
18 Natirèlman, piske nou enpafè, “ nou tout, nou bite tanzantan ”. (Jak 3:2.) Gen de kretyèn ki te gen pwoblèm youn ak lòt. Se de yo Pòl t ap pale lè l te ekri pawòl sa yo : “ M ankouraje Evodi e m ankouraje Sentich pou yo gen menm lide nan Seyè a. [...] Kontinye ede medam sa yo ki lite kòtakòt avèk mwen nan bon nouvèl la. ” (Filipyen 4:1-3). Li lojik pou nou panse medam sa yo, ki te gen atachman pou Bondye, te aplike prensip tankou sa nou jwenn nan Matye 5:23 ak 24, e sa te pèmèt yo rezoud pwoblèm yo te genyen an nan lapè. Si fwa nou pouse nou aplike prensip ki nan Bib la, sa ap jwe yon gwo wòl nan efò n ap fè jodi a pou nou favorize lapè.
Grasa lafwa nou kapab andire
19. Ki sitiyasyon ki pa t rive kraze fwa Izarak ak Rebeka ?
19 Grasa lafwa nou kapab andire tou lè nou rankontre sitiyasyon ki difisil. Pa egzanp, petèt nou gen yon manm nan fanmi nou ki dezobeyi Bondye, l al marye ak yon non kwayan, e sa ban nou pwoblèm (1 Korentyen 7:39). Se nan yon sitiyasyon konsa Izarak ak Rebeka te ye lè pitit gason yo, Ezayi, te marye ak yon seri medam ki te san respè pou Bondye. Madanm Ezayi yo, ki te sot nan yon nasyon ki rele Hitit, te fè “ Izarak ak Rebeka [..] gen anpil lapenn nan lespri yo ”. Sa te tèlman fè Rebeka mal, li te di : “ M vin rayi lavi m akoz pitit fi Hèt yo. Si se pami pitit fi Hèt yo Jakòb ta chwazi yon madanm, menm jan ak sa yo ki abite nan peyi a, sa m bezwen viv fè ? ” (Jenèz 26:34, 35 ; 27:46). Poutan, aktout se te yon sitiyasyon ki te mete fwa Izarak ak Rebeka aleprèv, sa pa t detwi kalite sa a lakay yo. Ann fè efò pou fwa nou rete entak si nou ta twouve nou nan sitiyasyon ki soti pou pote n ale.
20. Ki egzanp Nawomi ak Rit kite pou nou an rapò ak lafwa ?
20 Nawomi se te yon vèv ki t ap viv nan peyi Jida e ki te gen bon ti kou laj sou tèt li. Li te konnen gen kèk nan medam Jida yo ki te ka fè pitit ki t apral vin zansèt Mesi a. Sepandan, pa t gen anpil chans pou manm fanmi pa l ta fè pati zansèt Mesi a, piske pitit gason l yo te mouri san yo pa t fè pitit e li menm, poukont pa l, li te gentan kite laj kote fi ka fè pitit. Toutfwa, Rit, youn nan bèlfi l yo, ki te vèv li menm tou, te vin madanm Boaz, yon pèsonaj, e li te fè yon pitit gason pou li. Konsa, li te tou vin youn nan zansèt Mesi a, Jezi (Jenèz 49:10, 33 ; Rit 1:3-5 ; 4:13-22 ; Matye 1:1, 5). Pwoblèm Nawomi ak Rit te rankontre yo pa t toufe fwa yo. Okontrè, pwoblèm sa yo te pote jwa pou yo. Se menm bagay la k ap rive pou nou menm tou si nou fè efò pou fwa nou rete entak menm lè nou rankontre pwoblèm.
21. Ki sa lafwa fè pou nou, e ki detèminasyon nou ta fèt pou n genyen ?
21 Se vre, nou gen dwa pa an mezi pou n di ki jan tèl jou ap ye pou nou, men si nou gen lafwa, sa ka ede n fè fas ak nenpòt sitiyasyon difisil. Lafwa ban nou kouraj e li rann nou pasyan. Grasa li nou ka gen pi bèl objektif ki te ka egziste, e li bay lavi nou yon sans. Lafwa gen yon efè pozitif sou relasyon nou ak moun k ap viv bò kote nou, e li rete fèm menm lè nou rankontre gwo difikilte. Pou tout rezon sa yo, annou montre nou se “ moun ki gen lafwa pou fè nanm nan rete vivan ”. (Ebre 10:39.) Grasa fòs Bondye nou an, Jewova, li menm ki renmen nou, e pou glwa li, ann kontinye montre nou se moun ki gen yon fwa solid.
Ki repons nou ta bay ?
• Ki prèv nou jwenn nan Bib la ki montre lafwa se yon kalite ki ban nou kouraj ?
• Poukisa nou ka di lafwa fè vi nou vin gen sans ?
• Ki jan lafwa favorize lapè ?
• Ki jan nou fè konnen lafwa ka ede nou andire lè nou tonbe nan sitiyasyon ki difisil ?
[Kesyon]
[Foto nan paj 10]
Lafwa te bay Noye ak Enòk kouraj pou yo anonse mesaj Jewova ba yo.
[Foto nan paj 11]
Si fwa nou menm jan ak fwa Moyiz, sa ap pouse nou pousuiv objektif teyokratik.
[Foto nan paj 12]
Konfyans Barak, Debora ak Gideyòn te genyen nan Bondye te fòtifye fwa yo.