Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske vrèman ou gen lafwa nan bon nouvèl la ?

Èske vrèman ou gen lafwa nan bon nouvèl la ?

Èske vrèman ou gen lafwa nan bon nouvèl la ?

“ Wayòm Bondye a vin pi pre. Se pou nou repanti e se pou nou gen lafwa nan bon nouvèl la. ” — MAK 1:15.

1, 2. Ki jan ou t ap esplike Mak 1:14, 15 ?

SE TE nan ane 30 nan epòk nou an. Jezi Kris te fèk kòmanse ministè li an Galile. Li t ap preche “ bon nouvèl Bondye a ” e li te fè yon deklarasyon ki te fè anpil Galileyen reflechi. Li te di : “ Tan fikse a akonpli, e wayòm Bondye a vin pi pre. Se pou nou repanti e se pou nou gen fwa nan bon nouvèl la. ” — Mak 1:14, 15.

2 “ Tan fikse a ” te rive pou Jezi kòmanse ministè li e pou moun yo pran desizyon ki t ap fè yo jwenn favè Bondye (Lik 12:54-56). ‘ Wayòm Bondye a te vin pi pre ’ paske Jezi te la antanke Wa Bondye te chwazi. Preche li t ap preche a te pouse moun ki sensè yo repanti. Men, ki jan yo te montre yo gen “ fwa nan bon nouvèl la ” ? E ki jan nou menm jodi a nou ka montre sa ?

3. Ki sa anpil moun fè pou yo montre yo gen lafwa nan bon nouvèl la ?

3 Apot Pyè te imite Jezi, li te ankouraje moun yo pou yo repanti. Etan l t ap pale ak Juif ki te vin Jerizalèm pou Pannkòt ane 33 a, li te di yo : “ Se pou nou repanti, e se pou nou chak batize nan non Jezi Kris pou padon peche nou, e nou va resevwa lespri sen kòm kado. ” Plizyè milye moun te repanti, yo te batize e yo te vin disip Jezi (Travay 2:38, 41 ; 4:4). An lan 36 nan epòk nou an, Janti ki te repanti yo te franchi menm etap sa yo (Travay 10:1-48). Nan epòk pa nou an, se pa ni de ni twa milye moun ki repanti, ki kite peche yo te konn fè, ki vwe vi yo bay Bondye e ki batize. Se fwa moun sa yo genyen nan bon nouvèl la ki pouse yo aji konsa. Yo aksepte bon nouvèl delivrans lan e yo montre yo gen lafwa nan sakrifis Jezi a. Mete sou sa, yo pratike sa ki dwat e yo pran pozisyon pou Wayòm Bondye a.

4. Ki sa lafwa ye ?

4 Men, ki sa lafwa ye ? Apot Pòl te ekri : “ Lafwa se yon esperans ki sèten konsènan bagay w ap tann, se yon demonstrasyon vizib konsènan yon seri reyalite, kwak ou pa wè yo. ” ​(Ebre 11:1). Men ki asirans lafwa ban nou : Tout sa Bondye pwomèt nan Pawòl li ap reyalize kanmenm. Se kòmsi ou te gen yon papye tè ki pwouve tèl tè se pou ou. Anplis de sa, lafwa se “ yon demonstrasyon vizib ”, oubyen yon prèv ki ka konvenk moun konsènan bagay yo pa wè. Entèlijans nou ak rekonesans ki nan kè nou konvenk nou bagay sa yo se bagay ki reyèl, menmsi nou pa janm wè yo. — 2 Korentyen 5:7 ; Efezyen 1:18.

Nou bezwen gen lafwa

5. Poukisa lafwa se yon bagay ki enpòtan anpil ?

5 Nou tou fèt ak anvi pou nou konble bezwen espirityèl nou, men nou pa tou fèt ak lafwa. An reyalite, “ lafwa se pa yon byen tout moun genyen ”. (2 Tesalonisyen 3:2.) Men, fòk kretyen yo gen lafwa pou yo ka eritye pwomès Bondye yo (Ebre 6:12). Apre Pòl te fin site plizyè egzanp moun ki te gen lafwa, li te di : “ Piske nou gen yon gwo nyaj temwen ki antoure nou, annou voye tout pwa lou jete, ansanm ak peche ki jennen nou fasilman an, epi annou kouri kous ki devan nou an avèk andirans, tout pandan n ap fikse je nou sou Jezi, Lidè an chèf fwa nou, Li menm k ap pèfeksyone fwa nou. ” ​(Ebre 12:1, 2). “ Peche ki jennen nou fasilman an ”, se ki sa l ye ? Se lè ou manke lafwa oubyen lè ou pèdi lafwa. Pou nou ka toujou gen yon fwa ki solid, nou bezwen “ fikse je nou sou Jezi ” e nou bezwen suiv egzanp li. Epitou, nou bezwen rejte imoralite e nou dwe goumen ak zèv lachè. Li enpòtan tou pou nou evite materyalis, filozofi lèzòm ak tradisyon ki depaman ak sa ki nan Bib la (Galat 5:19-21 ; Kolosyen 2:8 ; 1 Timote 6:9, 10 ; Jid 3, 4). Ajoute sou tout bagay sa yo, fòk nou kwè Bondye avèk nou e fòk nou kwè konsèy li bay nan Pawòl li se konsèy ki efikas.

6, 7. Poukisa li nòmal pou nou priye pou nou gen lafwa ?

6 Menmsi nou gen bonjan detèminasyon, sa pa sifi pou nou fè lafwa devlope lakay nou. Lafwa se youn nan eleman ki genyen nan fwi lespri sen Bondye, fòs aktif li (Galat 5:22, 23). Men, e si fwa nou bezwen vin pi solid ? Jezi te di : “ Kidonk si nou menm, [...] nou konnen pou nou bay pitit nou bonjan kado, alewè pou Papa a ki nan syèl la ! Tout moun ki mande l lespri sen, l ap ba yo l. ” ​(Lik 11:13). Wi, annou priye pou nou jwenn lespri sen, paske li ka fè nou vin gen lafwa nou bezwen pou nou fè volonte Bondye, menm lè nou anba gwo eprèv. — Efezyen 3:20.

7 Se yon bagay ki toutafè nòmal pou nou priye pou nou gen plis lafwa. Yon lè, Jezi t apral chase yon demon sou yon jèn gason, papa jèn gason an te fè siplikasyon sa a : “ Mwen gen lafwa, ede m kote w wè m bezwen lafwa ! ” ​(Mak 9:24). Disip Jezi yo, bò kote pa yo, te di l : “ Ban nou plis lafwa. ” ​(Lik 17:5). Donk, annou priye pou nou gen lafwa tout pandan nou gen asirans Bondye ap reponn jan de priyè sa yo. — 1 Jan 5:14.

Lafwa nan Pawòl Bondye se yon bagay ki esansyèl

8. Si nou gen lafwa nan Pawòl Bondye a, ki jan sa ka ede nou ?

8 Yon ti kras tan anvan Jezi te bay vi l kòm sakrifis, li te di disip li yo : “ Pa kite chagren anvayi kè nou. Mete lafwa nou nan Bondye, mete lafwa nou nan mwen tou. ” ​(Jan 14:1). Antanke kretyen, nou gen lafwa nan Bondye e nou gen lafwa nan Pitit li a. Men, e Pawòl Bondye a menm ? Li ka egzèse yon gwo enfliyans sou vi nou si nou etidye li, pandan n ap sonje se ladan l nou ka jwenn pi bon konsèy ki te ka egziste e pandan n ap sonje se pi bon gid ki te ka genyen. — Ebre 4:12.

9, 10. Ki jan ou t ap esplike deklarasyon Jak fè sou lafwa nan Jak 1:5-8 ?

9 Akoz enpèfeksyon, lavi nou chaje ak pwoblèm. Men, si nou gen lafwa nan Pawòl Bondye a, sa ka ede nou toutbonvre (Jòb 14:1). Pa egzanp, sa ka rive nou pa konnen ki jan pou nou afwonte yon eprèv. Men ki konsèy Pawòl Bondye a bay sou sa : “ Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, paske li donan avèk tout moun e li pa fè repwòch, e moun sa a ap jwenn sa l mande a. Men se pou l kontinye mande ak lafwa, san li pa doute menm, paske yon moun ki doute tankou yon vag lanmè van ap pouse, yon vag lanmè k ap balanse. Wi, yon moun konsa pa bezwen panse l ap jwenn anyen nan men Jewova, se yon moun ki pa konn sa l vle, ki toujou ap chanje lide nan tout sa l ap fè. ” — Jak 1:5-8.

10 Jewova Dye pap repwoche nou dèske nou manke lafwa epi n ap priye l sou sa. Okontrè, l ap ede nou pou nou gen yon bon pwennvi sou nenpòt eprèv n ap rankontre. Pandan n ap pale ak lòt kretyen oswa pandan n ap fè etid nan Bib la, nou ka jwenn ki vèsè ki apwopriye ak sitiyasyon n ap viv la. Oubyen tou, Jewova ka sèvi ak lespri sen l pou l gide nou nenpòt ki lòt fason. Papa nou ki nan syèl la ap ban nou sajès nou bezwen pou nou afwonte eprèv yo si nou ‘ kontinye mande ak lafwa, san nou pa doute menm ’. Si nou ta tankou yon vag lanmè van ap pouse, nou pa ta dwe atann nou pou nou jwenn anyen nan men Bondye. Poukisa ? Paske sa t ap vle di nou pa konn sa nou vle e n ap chanje lide nan priyè nou oswa nan lòt domèn ankò. Sa t ap vle di tou n ap chanje lide menm nan domèn lafwa nou dwe genyen nan Bondye. Donk, nou bezwen gen yon fwa ki solid ni nan Pawòl Bondye a, ni nan konsèy nou jwenn ladan l. Ann egzamine kèk egzanp ki montre ki jan li ban nou èd ak konsèy nou bezwen.

Lafwa anrapò ak sa nou bezwen pou nou viv

11. Si nou gen lafwa nan Pawòl Bondye a, ki asirans n ap genyen anrapò ak sa nou bezwen pou nou viv ?

11 E si n ap soufri paske nou pòv, nou pa ka jwenn yon bon kote pou nou rete oswa nou pa ka jwenn ase manje pou nou manje ? Lafwa nan Pawòl Bondye a ban nou yon esperans ki sèten : Jewova ap fè nou jwenn sa nou bezwen pou nou viv depi kounye a, e nan monn nouvo a, l ap fè tout moun ki renmen l jwenn sa yo bezwen ann abondans (Sòm 72:16 ; Lik 11:2, 3). Petèt sa ka ban nou kouraj si nou medite sou fason Jewova te fè pou li bay pwofèt Eliya manje, nan yon moman kote te gen grangou. Kèk tan apre sa, Bondye te fè yon ti ponyen farin ak yon ti kras luil pa janm fini e, grasa sa, yon dam, pitit dam nan ak Eliya pa t mouri grangou (1 Wa 17:2-16). Menm jan an tou, lè Babilonyen yo te ansèkle Jerizalèm, Jewova te fè yon jan pou pwofèt Jeremi te ka jwenn sa li bezwen pou l viv (Jeremi 37:21). Se vre, ni Jeremi ni Eliya pa t gen anpil manje, men Jewova pa t lage yo. Li fè menm jan an tou jodi a pou moun ki mete lafwa yo nan li. — Matye 6:11, 25-34.

12. Ki jan lafwa ap ede nou jwenn moso manje pou n manje ?

12 Si nou gen lafwa e, anmenmtan, nou aplike prensip ki genyen nan Bib la, sa pap fè nou rich, men sa ap ede nou jwenn moso manje pou n manje. Annefè, Bib la ankouraje nou pou nou onèt, pou nou fè travay nou byen e pou nou travay di (Pwovèb 22:29 ; Eklezyas 5:18, 19 ; 2 Korentyen 8:21). Nou pa ta dwe janm souzestime enpòtans pou nou gen yon bèl repitasyon nan travay nou. Menm nan zòn kote li pa fasil pou moun jwenn travay ki peye byen, moun ki onèt, ki travay byen e ki pa parese gen plis chans pase lòt moun. Kwak moun sa yo ka pa gen anpil bagay nan domèn materyèl, an jeneral yo gen tout sa yo vrèman bezwen e yo gen kè kontan dèske yo konnen ti moso manje y ap manje a se fòs kouraj yo ki ba yo l. — 2 Tesalonisyen 3:11, 12.

Lafwa ede nou sipòte chagren

13, 14. Ki jan lafwa ka ede nou sipòte chagren ?

13 Ak anpil franchiz, Pawòl Bondye a montre li toutafè nòmal pou yon moun gen chagren lè l pèdi yon moun li te renmen anpil. Abraram, yon patriyach fidèl, te chagren lè Sara, madanm li te renmen anpil la, te mouri (Jenèz 23:2). David te nan gwo lapenn lè l te aprann lanmò pitit li, Absalon (2 Samyèl 18:33). Menm Jezi, ki te yon nonm pafè, te kriye akoz lanmò zanmi li, Laza (Jan 11:35, 36). Lè nou gen yon moun nou te renmen epi nou wè moun sa a mouri, nou ka santi yon gwo chagren, yon chagren ki soti pou pote n ale. Men, lafwa nou genyen nan pwomès ki nan Pawòl Bondye a ka ede nou sipòte chagren sa a.

14 Apot Pòl te di : ‘ Mwen gen espwa sa a nan Bondye : pral gen yon rezirèksyon pou moun ki jis ak moun ki enjis. ’ ​(Travay 24:15). Bondye gen yon dividal moun li pral resisite, e li ta bon pou nou gen lafwa nan dispozisyon li pran pou l resisite moun sa yo (Jan 5:28, 29). Pami yo, ap gen Abraram ak Sara, Izarak ak Rebeka, Jakòb ak Leya, yo tout k ap dòmi nan lanmò kounye a e k ap tann yon rezirèksyon nan monn nouvo Bondye pwomèt la (Jenèz 49:29-32). Ala bèl sa pral bèl, lè moun nou te renmen yo pral sispann dòmi nan lanmò pou yo viv isiba sou latè (Revelasyon 20:11-15) ! Annatandan, lafwa pap elimine chagren nou, men l ap pèmèt nou rete pwòch Bondye, li menm ki la pou ede nou andire soufrans. — Sòm 121:1-3 ; 2 Korentyen 1:3.

Lafwa fòtifye moun ki deprime

15, 16. a) Poukisa nou kapab di se pa premye fwa sa rive pou sèvitè Bondye viktim anba depresyon ? b) Ki sa nou ka fè pou nou konbat depresyon ?

15 Pawòl Bondye a montre tou menm moun ki gen lafwa nan Bondye kapab fè depresyon. Pa egzanp, pandan gwo eprèv Jòb t ap sibi a, li te gen enpresyon Bondye te abandone l (Jòb 29:2-5). Lè Neyemya te wè nan ki eta delabre Jerizalèm ak mi ki antoure l yo te ye, sa te fè kè l sere (Neyemya 2:1-3). Lè Pyè te fin renye Jezi, sa te tèlman toumante l, ‘ li te kriye ak anpil lapenn ’. (Lik 22:62.) E nou pap bliye Pòl te ankouraje konpayon kretyen li yo ki te nan kongregasyon Tesalonik pou yo “ pale yon fason pou konsole nanm ki deprime ”. (1 Tesalonisyen 5:14.) Donk, si jodi a nou jwenn depresyon menm pami moun ki gen lafwa, se pa premye fwa sa rive. Piske se konsa, ki sa nou ka fè pou nou konbat depresyon ?

16 Nou ka deprime paske n ap rankontre divès gwo pwoblèm. Olye pou nou chèche rezoud tout pwoblèm yo yon sèl kou, ann kite prensip Bib la gide nou pou nou ka rezoud yo youn apre lòt. Sa ka diminye fado a pou nou. Yon lòt bagay ki ka ede nou, se si nou ekilibre nan aktivite n ap mennen e si nou rezève tan pou nou pran repo. Men, gen yon bagay ki sèten : Lafwa nou gen nan Bondye ak lafwa nou gen nan Pawòl li ap fè nou an bòn sante espirityèlman, paske yon fwa konsa fè nou plis kwè Bondye vrèman gen sousi pou nou.

17. Ki jan nou fè konnen Jewova gen sousi pou nou ?

17 Men ki asirans rekonfòtan Pyè ban nou : “ Imilye tèt nou anba pisans men Bondye, yon fason pou l ka onore nou nan bon moman, pandan n ap lage tout tèt chaje nou sou li, paske li gen sousi pou nou. ” ​(1 Pyè 5:6, 7). Salmis la te chante pawòl sa yo : “ Jewova ap soutni tout moun k ap tonbe, e l ap redrese tout moun ki pliye an de. ” ​(Sòm 145:14). Nou ta dwe kwè nan pwomès sa yo, paske se nan Pawòl Bondye a nou jwenn yo. Se vre, pwoblèm nou yo ka pa disparèt tousuit. Men, èske sa pa fòtifye fwa nou dèske nou konnen nou ka lage tout enkyetid nou sou Papa nou ki nan syèl la, li menm ki renmen nou ?

Lafwa anrapò ak lòt kalite pwoblèm

18, 19. Ki jan lafwa ap ede nou afwonte maladi, e ki jan l ap ede nou konsole konpayon kretyen nou yo ?

18 Lè nou menm oubyen yon moun pa nou malad grav, sa ka yon gwo eprèv pou fwa nou. Se vre, Bib la pa di Bondye te fè mirak pou l geri yon seri kretyen tankou Epafwodit, Timote ak Twofim, men nou sèten Jewova te ede yo andire pwoblèm yo (Filipyen 2:25-30 ; 1 Timote 5:23 ; 2 Timote 4:20). Mete sou sa, nan yon chante, men ki sa salmis la te di konsènan “ nenpòt moun ki montre li gen konsiderasyon pou moun ki pòv la ” : “ Jewova li menm ap soutni l sou divan doulè a. Asireman, w ap transfòme kabann li nèt, pandan li malad. ” ​(Sòm 41:1-3). Ki jan sa salmis la di la a ka ede nou soulaje konpayon kretyen nou yo lè yo malad ?

19 Youn nan fason nou ka ba yo yon èd espirityèl se lè nou priye pou yo epi nou priye ansanm avèk yo. Se vre, nou pap mande Bondye pou l fè yon mirak pou l geri moun sa yo, men nou ka mande l pou l ba yo kouraj pou yo sipòte maladi yo a, e pou l fè fwa yo vin pi solid pou yo ka andire nan moman difisil sa yo. Jewova ap soutni yo e fwa yo ap fòtifye lè yo reflechi sou epòk k ap vini an, kote “ okenn moun k ap viv sou latè pap di : ‘ mwen malad ’. ” ​(Izayi 33:24). Ala rekonfòtan sa rekonfòtan dèske nou konnen tout moun ki obeyisan pral jwenn yon delivrans total grasa Jezi Kris e grasa Wayòm Bondye a ! Wi, yo pral delivre nèt anba peche, maladi ak lanmò. Nou di Jewova mèsi pou tout bèl pwomès sa yo li fè nou, li menm ‘ ki pral geri tout maladi nou genyen ’. — Sòm 103:1-3 ; Revelasyon 21:1-5.

20. Pou ki rezon nou ka di lafwa ka ede nou andire lè “ jou dezagreyab yo ” rive ?

20 Lafwa ka ede nou tou pou nou andire lè “ jou dezagreyab yo ” rive, sa vle di lè fòs nou ak sante nou kòmanse diminye, paske nou vin granmoun (Eklezyas 12:1-7). Poutèt sa, granmoun ki pami nou yo kapab fè menm priyè sa a salmis la te fè nan moman li te kòmanse vin granmoun : “ Se ou menm ki espwa m, o Souvren Seyè Jewova [...] Pa voye m jete lè m vin granmoun. Lè fòs mwen kòmanse bese, tanpri, pa kite m. ” ​(Sòm 71:5, 9). Salmis la te santi nesesite pou l mande Jewova èd. Anpil nan frè ak sè nou yo ki gen lontan depi y ap sèvi Bondye e ki vin granmoun nan sèvis li fè menm jan an. Etandone yo gen lafwa, yo mèt sèten bra Jewova pap janm sispann soutni yo. — Detewonòm 33:27.

Kontinye mete fwa nou nan Pawòl Bondye a

21, 22. Si nou gen lafwa, ki efè sa ap genyen sou relasyon nou avèk Jewova ?

21 Fwa nou genyen nan bon nouvèl la ak fwa nou genyen nan tout Pawòl Bondye a ap ede nou pou nou toujou pwoche pi plis bò kote Jewova (Jak 4:8). Se vre, li se Souvren Seyè nou, men tou li se Kreyatè nou e li se Papa nou (Izayi 64:8 ; Matye 6:9 ; Travay 4:24). Salmis la te chante pawòl sa yo : “ Ou se Papa m, Bondye m, gwo Wòch delivrans mwen. ” ​(Sòm 89:26). Si nou mete fwa nou nan Jewova e si nou mete fwa nou nan Pawòl li enspire a, nou menm tou n ap ka konsidere l kòm ‘ gwo Wòch delivrans nou ’. Ala yon gwo privilèj !

22 Jewova se Papa kretyen ki wen ak lespri sen yo e li se Papa kretyen ki gen esperans terès yo, yo menm k ap sèvi kòtakòt ak kretyen wen yo (Women 8:15). E, si nou mete fwa nou nan Papa nou ki nan syèl la, nou pap janm regrèt. Annefè, men ki sa David te di : “ Si sa ta rive pou papa m ak manman m kite m, Jewova li menm t ap ranmase m. ” ​(Sòm 27:10). Mete sou sa, men yon lòt asirans nou genyen : “ Jewova pap lage pèp li a poutèt gran non l. ” — 1 Samyèl 12:22.

23. Si nou vle gen yon relasyon dirab avèk Jewova ki sa nou dwe fè ?

23 Natirèlman, pou nou ka gen yon relasyon dirab avèk Jewova, fòk nou gen lafwa nan bon nouvèl la e fòk nou aksepte Ekriti sakre yo pou sa yo ye toutbonvre : Pawòl Bondye (1 Tesalonisyen 2:13). Nou dwe gen yon fwa total nan Jewova e nou dwe kite Pawòl li klere chemen nou (Sòm 119:105 ; Pwovèb 3:5, 6). Fwa nou ap grandi tout pandan nou kontinye priye Jewova e tout pandan nou kontinye kwè li gen konpasyon, li gen mizerikòd e li dispoze ede nou.

24. Ki pawòl konsolasyon nou jwenn nan Women 14:8 ?

24 Lafwa ap pouse nou pou nou konsakre vi nou nan sèvis Bondye pou letènite. Antanke moun ki dedye lavi nou ba li e ki gen yon fwa solid, menmsi nou ta mouri, nou konnen l ap resisite nou. Wi, “ kit nou vivan, kit nou mouri, se byen Jewova nou ye. ” ​(Women 14:8). Annou kenbe pawòl konsolasyon sa yo nan kè nou, tout pandan nou kontinye mete konfyans nou nan Pawòl Bondye e nou kontinye gen lafwa nan bon nouvèl la.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki sa lafwa ye, e poukisa nou bezwen gen kalite sa a ?

• Poukisa li esansyèl pou nou gen lafwa nan bon nouvèl la e pou nou gen lafwa nan tout Pawòl Bondye a ?

• Ki jan lafwa ka ede nou afwonte divès kalite eprèv ?

• Ki sa k ap ede nou pa pèdi lafwa ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 6]

Jewova te soutni Jeremi ak Eliya paske yo te gen lafwa.

[Foto nan paj 7]

Jòb, Pyè ak Neyemya te gen yon fwa ki solid.

[Foto nan paj 9]

Pou nou ka toujou gen relasyon ak Jewova, nou fèt pou nou gen lafwa nan bon nouvèl la.