Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Kontinye pwodui anpil fwi ”

“ Kontinye pwodui anpil fwi ”

“ Kontinye pwodui anpil fwi ”

‘ Kontinye pwodui anpil fwi e montre nou se disip mwen. ’ — JAN 15:8.

1. a) Ki sa Jezi te di apot li yo pou yon moun fè pou l rete yon disip ? b) Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou ?

JOU swa anvan Jezi mouri a, li te pase anpil tan ap ankouraje apot li yo, li te gen yon konvèsasyon fran avèk yo. Li dwe depase minui kounye a, men, lanmou Jezi genyen pou zanmi entim li yo pouse l kontinye pale avèk yo. Apre sa, pandan l t ap pale avèk yo, li raple yo yon lòt bagay yo bezwen fè pou yo kontinye rete disip li. Li di yo : “ Men nan ki sa Papa m jwenn glwa, se lè nou kontinye pwodui anpil fwi e nou montre nou se disip mwen. ” ​(Jan 15:8). Jodi a, antanke disip, èske nou ranpli kondisyon sa a ? Ki sa sa vle di “ pwodui anpil fwi ” ? Pou nou rive konprann, annou konsidere konvèsasyon yo te genyen jou swa sa a.

2. Ki egzanp ki gen rapò ak fwi Jezi te pran jou swa anvan l mouri a ?

2 Konsèy pou pwodui fwi a se yon pati nan egzanp Jezi te pran nan yon konvèsasyon li te gen ak apot li yo. Li di yo : “ Mwen se vrè pye rezen an, e Papa m se kiltivatè a. Tout branch nan mwen ki pa pwodui fwi, li retire yo, e tout sa ki pwodui fwi, li netwaye yo pou yo ka pwodui plis fwi. Nou deja pwòp akoz pawòl mwen di nou yo. Rete ann inyon avèk mwen e mwen menm m ap rete ann inyon avèk nou. Menm jan branch yo pa kapab pwodui fwi pou kont yo si yo pa rete nan pye rezen an, se menm jan an tou pou nou, amwenske nou rete ann inyon avèk mwen. Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. [...] Men nan ki sa Papa m jwenn glwa, se lè nou kontinye pwodui anpil fwi e nou montre nou se disip mwen. Menm jan Papa a renmen m nan e mwen renmen nou an, rete nan lanmou mwen. Si nou obsève kòmandman m yo, n ap rete nan lanmou mwen. ” — Jan 15:1-10.

3. Ki sa disip Jezi yo dwe fè pou yo ka pwodui fwi ?

3 Nan egzanp nou sot wè la a, Jewova se kiltivatè a, Jezi se pye rezen an, e apot Jezi t ap pale avèk yo a se branch yo. Toutotan apot yo t ap fè efò pou yo rete ann inyon avèk Jezi, yo t ap pwodui fwi. Apre sa, Jezi te esplike ki jan apot yo t ap ka reyisi kenbe inite sa a, yon inite ki enpòtan anpil. Men sa l te di : “ Si nou obsève kòmandman m yo, n ap rete nan lanmou mwen ”. Yon lòt lè apre sa, apot Jan te ekri konpayon kretyen l yo yon pawòl ki sanble ak sa Jezi te di a : “ Yon moun ki obsève kòmandman l yo ap rete ann inyon avèk li. ” * (1 Jan 2:24 ; 3:24). Konsa, disip Kris yo rete ann inyon avèk li lè yo obsève kòmandman l yo, e yon lòt bò, inite sa a ap pèmèt yo pwodui fwi. Fwi nou bezwen pwodui a, ki sa l gen ladan l ?

Gen mwayen pou nou fè pwogrè

4. Piske Jewova retire tout branch ki pa pwodui fwi, ki sa sa aprann nou ?

4 Nan egzanp pye rezen an Jewova retire oswa li koupe yon branch lè l pa pwodui fwi. Ki sa sa vle di pou nou ? Sa vle di non sèlman yo mande pou tout disip yo pwodui fwi, men, sa montre tou, yo tout yo kapab fè sa kèlkeswa nan sitiyasyon yo ye oubyen kèlkeswa anpechman yo genyen. An reyalite, sa pa t ap mache ak lanmou Jewova abitye demontre, pou l ta “ retire ” oswa pou l ta diskalifye yon disip Kris paske disip sa a pa t reyisi fè yon bagay ki depase kapasite l. — Sòm 103:14 ; Kolosyen 3:23 ; 1 Jan 5:3.

5. a) Kòman egzanp Jezi a montre nou kapab pwogrese nan pwodui fwi ? b) Ki de kategori fwi nou pral konsidere ?

5 Egzanp Jezi te bay sou pye rezen an montre nou tou, menm lè nou nan sitiyasyon ki pa favorab, nou dwe chèche fè pwogrè nan aktivite nou antanke disip. Gade ki jan Jezi te di sa : “ Tout branch nan mwen ki pa pwodui fwi, li retire yo, e tout sa ki pwodui fwi, li netwaye yo pou yo ka pwodui plis fwi” ​(Jan 15:2). Nan fen egzanp lan, Jezi te ankouraje disip li yo pou yo pwodui “ anpil fwi ”. (Vèsè 8.) Ki sa sa vle di ? Antanke disip, nou pa ta dwe janm panse nou fin rive e nou pa bezwen fè efò ankò (Revelasyon 3:14, 15, 19). Okontrè, nou ta dwe chèche mwayen pou nou fè pwogrè nan pwodui fwi. Ki kalite fwi nou ta dwe fè efò pou nou pwodui plis ? Gen de kalite : 1) “ fwi lespri a ” e 2) fwi Wayòm nan. — Galat 5:22, 23 ; Matye 24:14.

Fwi ki gen rapò ak kalite kretyen yo genyen

6. Kòman Jezi te ensiste sou enpòtans premye non nou jwenn nan lis fwi lespri a ?

6 Premye non nou jwenn nan lis “ fwi lespri a ” se lanmou. Lespri sen Bondye fè l donnen lakay kretyen yo paske yo obeyi kòmandman Jezi te bay yon tikras tan anvan l te pran egzanp pye rezen k ap pwodui fwi a. Men sa Jezi te di apot li yo : “ Mwen ban nou yon kòmandman nouvo : se pou nou youn renmen lòt. ” ​(Jan 13:34). Anfèt, tout pandan l ap pale avèk yo nan dènye nuit li t ap pase sou tè a, plizyè fwa Jezi raple apot li yo nesesite pou yo montre yo gen lanmou. — Jan 14:15, 21, 23, 24 ; 15:12, 13, 17.

7. Kòman apot Pyè te montre pwodui fwi mande pou nou demontre nou gen menm kalite ak Kris ?

7 Pyè, ki te la jou swa sa a, te byen konprann lanmou sa a ki sanble ak lanmou Kris la. Li te pale de yon seri kalite ki ta dwe parèt pami vrè disip Kris yo. Kèk ane apre, Pyè te ankouraje kretyen yo pou yo devlope yon seri kalite tankou metriz, afeksyon fratènèl ak lanmou. Li te kontinye pou l di, si nou fè sa, sa ap anpeche nou “ vin swa inaktif, swa esteril ”. (2 Pyè 1:5-8.) Kèlkeswa sitiyasyon nou, nou kapab demontre nou gen fwi lespri a lakay nou. Kidonk, annou fè efò pi plis toujou pou nou montre nou gen lanmou, byenveyans, dousè ak lòt kalite Kris te konn montre l genyen, paske ‘ pa gen okenn lwa, ni anpechman ki kont bagay sa yo ’. (Galat 5:23.) Wi, annou pwodui “ plis fwi ”.

Annou pwodui fwi Wayòm nan

8. a) Ki rapò ki genyen ant fwi Wayòm nan ak fwi lespri a ? b) Ki kesyon ki merite pou nou reflechi sou li ?

8 Bon fwi ki gen bèl koulè konn fè plant vin pi bèl. Sepandan, valè fwi sa yo pa rete sèlman nan fè bèbèl. Grenn ki gen nan fwi sa yo trèzenpòtan pou plant yo miltipliye. Menm jan an tou, antanke kretyen, fwi lespri a fè plis pase anbeli pèsonalite nou. Yon seri kalite tankou lanmou ak lafwa kapab ankouraje nou simaye mesaj Wayòm nan nou jwenn nan Pawòl Bondye a e mesaj sa a tankou yon semans. Gade kòman apot Pòl ensiste sou enpòtans kalite sa yo genyen parapò ak mesaj n ap preche a. Men sa l di : “ Nou menm tou, nou montre nou gen lafwa [yon pati nan fwi lespri a] se poutèt sa nou pale. ” ​(2 Korentyen 4:13). Nan menm sans lan, Pòl kontinye esplike : nou “ ofri Bondye yon sakrifis louwanj, sa vle di fwi ki sot nan bouch nou ”. Sa se dezyèm kategori fwi nou bezwen demontre (Ebre 13:15). Èske ou ka òganize vi w yon fason pou w bay plis rannman, wi, pou w pwodui “ plis fwi ” antanke pwoklamatè Wayòm Bondye a ?

9. Èske pwodui fwi egal fè disip ? Bay yon esplikasyon.

9 Pou nou reponn pi byen, toudabò nou bezwen konprann ki sa ki gen nan fwi Wayòm nan. Èske sa nòmal pou nou di pwodui fwi Wayòm nan vle di fè disip (Matye 28:19) ? Èske fwi nou ta dwe pwodui a gen rapò premyèman ak moun nou ede vin adoratè Jewova ki batize ? Non. Si se ta sa, sitiyasyon an ta dekourajan anpil pou tout Temwen sa yo nou apresye e ki gen plizyè ane depi y ap preche mesaj Wayòm nan avèk fidelite nan tèritwa ki difisil. Wi, si fwi Wayòm nan nou pwodui a ta gen rapò ak nouvo disip sèlman, Temwen sa yo k ap travay di a t ap sanble ak branch ki pa pwodui nou jwenn nan egzanp Jezi a ! Nou sèten se pa sa. Nan ka sa a, ki prensipal fwi Wayòm nou pwodui nan ministè nou ?”

Nou pwodui fwi lè nou simen semans Wayòm nan

10. Kòman egzanp Jezi te bay sou moun k ap simen an ak egzanp divès kalite tè a montre ki sa semans Wayòm nan ye e ki sa li pa ye ?

10 Egzanp Jezi te bay sou moun k ap simen an ak divès kalite tè a reponn kesyon an, e repons lan ankourajan pou moun k ap preche nan tèritwa ki pa bay rannman yo. Jezi fè konnen semans lan se mesaj Wayòm nan ki gen nan Pawòl Bondye a, e tè a reprezante kè senbolik moun yo. Gen kèk grenn “ ki tonbe sou bon tè a, e apre l fin jèmen, li pwodui fwi ”. (Lik 8:8.) Ki kalite fwi li pwodui ? Ebyen, apre yon pye mayi fin jèmen e li fin devlope, se pa lòt ti pye mayi li pwodui kòm fwi, men li donnen lòt grenn mayi. Menm jan an tou, yon kretyen k ap pwodui fwi pa oblije fè nouvo disip, men li kapab pwodui nouvo semans pou Wayòm nan.

11. Kòman w ta ka esplike ki sa fwi Wayòm nan ye ?

11 Sepandan, fwi a nan ka sa a se pa ni nouvo disip ni nonplis bèl kalite ki lakay kretyen yo. Piske semans yo simen an se pawòl Wayòm nan, fwi l bay la ta dwe semans lan ki repwodui plizyè fwa. Pwodui fwi nan ka sa a gen rapò ak pale sou zafè Wayòm nan (Matye 24:14). Èske nou anmezi pou nou pwodui fwi, tankou pwoklame bon nouvèl la, kèlkeswa sitiyasyon nou ye ? Wi ! Nan menm egzanp lan Jezi esplike poukisa.

Annou fè sa nou kapab pou n glorifye Bondye

12. Èske tout kretyen gen posiblite pou yo pwodui fwi Wayòm nan ? Bay yon esplikasyon.

12 Jezi te di : “ Kanta sa yo simen sou bon tè a, sa a pwodui san pou youn, sa a swasant, lòt la trant. ” ​(Matye 13:23). Grenn yo simen nan yon jaden gendwa pa donnen menm jan selon sikonstans yo. Menm jan an tou, sa nou ka fè nan travay preche bon nouvèl la gendwa diferan selon sitiyasyon chak moun, e Jezi te montre li rekonèt sa. Gen moun ki kapab gen plis posiblite pase yon lòt, gen lòt ki kapab pi an sante oswa gen plis fòs. Donk, sa nou gen posiblite fè gendwa plis oswa mwens pase sa yon lòt moun gen posiblite fè. Men depi nou fè tout sa nou kapab, Jewova kontan (Galat 6:4). Menmsi nou vin granmoun oswa nou gen pwoblèm sante, e sa limite sa nou ta dwe fè nan travay predikasyon an, Jewova, Papa nou ki gen kè sansib la, ap toujou konsidere nou kòm moun ki “ kontinye pwodui anpil fwi ”. Poukisa ? Paske nou ba li ‘ tout sa nou genyen ’, nou mete tout nou menm nan sèvis li. * — Mak 12:43, 44 ; Lik 10:27.

13. a) Ki prensipal rezon nou genyen pou nou “ ale ” e pou nou pwodui fwi Wayòm nan ? b) Ki sa k ap ede nou kontinye pwodui fwi nan tèritwa ki difisil yo ? (Gade kare ki nan paj 29 la.)

13 Kèlkeswa nan nivo nou kapab pwodui fwi Wayòm nan, n ap jwenn ankourajman pou nou “ ale e pou nou kontinye pwodui fwi ” lè nou sonje rezon ki fè n ap fè travay sa a (Jan 15:16). Men rezon prensipal Jezi bay : “ Papa m jwenn glwa, se lè nou kontinye pwodui anpil fwi. ” ​(Jan 15:8). Wi, aktivite predikasyon n ap fè a sangtifye non Jewova devan limanite (Sòm 109:30). Honor se yon Temwen Jewova fidèl ki gen anviwon 75 an. Men ki sa li di : “ Menm nan tèritwa ki difisil se yon privilèj pou nou reprezante Trèwo a. ” Claudio se yon kretyen zele k ap preche depi 1974. Lè yo te mande l poukisa li kontinye preche malgre pa gen anpil moun nan tèritwa l la ki aksepte mesaj la, li te site Jan 4:34 kote Jezi te di : “ Manje pa m se fè volonte sila a ki te voye m nan e pou m fin fè travay li nèt. ” Men yon lòt bagay Claudio di : “ Menm jan ak Jezi, mwen pa vle kontante m pou m kòmanse, men tou mwen vle fini travay mwen antanke pwoklamatè Wayòm nan. ” ​(Jan 17:4). Nan lemonnantye Temwen Jewova yo wè bagay yo menm jan ak Claudio. — Gade kare “ Ki jan pou nou ‘ pwodui fwi avèk andirans ’ ”, nan paj 29 la.

N ap preche e n ap anseye

14. a) Travay Jan Batis ak Jezi te konn fè a te gen de objektif. Ki objektif sa yo ? b) Ki jan w ta esplike aktivite kretyen yo jodi a ?

14 Jan Batis se premye pwoklamatè Wayòm Evanjil yo pale de li (Matye 3:1, 2 ; Lik 3:18). Prensipal objektif li se te “ temwaye ”, e li te fè sa ak yon lafwa solid, avèk espwa “ tout kalite moun kapab kwè ”. (Jan 1:6, 7.) Anfèt, gen kèk moun Jan te preche ki te vin disip Kris (Jan 1:35-37). Donk, non sèlman Jan te konn preche, men tou li te konn fè disip. Menm jan an tou, Jezi te konn preche e li te konn anseye (Matye 4:23 ; 11:1). Se sa k fè, nou pa bezwen etone poutèt Jezi te kòmande disip li yo non sèlman pou yo preche mesaj Wayòm nan, men tou pou yo ede lòt moun ki resevwa mesaj la pou yo vin disip li (Matye 28:19, 20). Se pou rezon sa a, travay n ap fè jodi a se preche ak anseye.

15. Ki resanblans ki genyen ant fason moun yo te konn akeyi travay predikasyon ki te konn fèt nan premye syèk la ak fason yo akeyi travay predikasyon k ap fèt jodi a ?

15 Pami moun nan premye syèk la ki te tande Pòl ki t ap preche e ki t ap anseye, “ genyen ki te vin kwè bagay yo te di yo, gen lòt ki pa t kwè. ” ​(Travay 28:24). Malerezman, se menm bagay la tou ki fèt jodi a. Pifò semans Wayòm nan tonbe nan tè ki pa pwodui. Malgre sa, gen kèk semans ki tonbe nan bon tè, ki fè rasin, e ki jèmen, jan Jezi te predi a. Anfèt, nan lemonnantye, nan yon ane, 5 000 moun an mwayèn vin vrè disip Jezi chak semèn ! Nouvo disip sa yo “ kwè bagay yo te di yo ”, menmsi pifò lòt moun pa fè sa. Ki sa ki ede yo pou yo resevwa mesaj Wayòm nan ak tout kè yo ? Byen souvan, se paske Temwen yo konn pran ka moun, kòmkwa yo wouze semans ki fèk simen an, se sa ki fè yo jwenn bon rezilta sa a (1 Korentyen 3:6). Gen anpil egzanp ki montre sa. Annou pran de ladan yo.

Lè nou pran ka moun sa bay bon rezilta

16, 17. Poukisa li enpòtan pou nou pran ka moun nou rankontre lè n al preche ?

16 Kawolèn se yon jèn Temwen k ap viv nan peyi Bèljik. Yon jou, l al vizite yon dam ki granmoun e ki pa t enterese tande mesaj Wayòm nan. Piske men madanm nan te vlope ak yon bandaj, Kawolèn ansanm ak sè ki te akonpaye l la te ofri l pou yo ede l, sepandan li te refize. De jou apre, yo retounen lakay dam nan e yo mande l kòman l ye. Kawolèn di : “ Sa te bay bon rezilta. Dam nan te etone wè nou te vle pran ka l toutbonvre e nou te ba l enpòtans. Li te envite nou antre lakay li, e nou te tou kòmanse yon etid biblik avèk li. ”

17 Sandi, yon Temwen k ap viv Ozetazini, te montre li menm tou li konn pran ka moun l ap bay mesaj la. Li konn suiv anons yo bay nan yon jounal lokal sou timoun ki fèk fèt, e apre sa li konn vizite paran yo. Li konn tou mache ak liv Recueil d’histoires bibliques la. * Piske, an jeneral, manman an lakay li e li byen kontan montre vizitè yo ti bebe a, sa konn debouche sou yon konvèsasyon. Men sa Sandi esplike : “ Mwen pale ak paran yo sou enpòtans pou yo fè lekti pou tibebe a yon fason pou yo ka mare yon lyen solid avè l. Apre sa, mwen pale sou difikilte ki genyen pou elve timoun nan sosyete n ap viv jodi a. ” Sa pa gen twò lontan, grasa yon vizit konsa, yon manman ak sis pitit li te vin kòmanse ap sèvi Jewova. Si nou demontre nou gen inisyativ, e nou konn pran ka moun, nou ka jwenn menm rezilta a tou nan predikasyon, e sa ap ban nou kè kontan.

18. a) Poukisa nou ka di tout moun gen posiblite pou yo ‘ pwodui anpil fwi ’ ? b) Ki twa kondisyon Evanjil Jan an bay pou yon moun vin disip, ou menm ou deside ranpli ?

18 Sa vrèman rekonfòtan pou nou konnen li posib pou nou “ kontinye pwodui anpil fwi ” ! Kit nou jèn, kit nou granmoun, kit nou an sante, kit sante nou pa anfòm, kit n ap preche nan tèritwa ki fasil oswa nan tèritwa ki difisil, nou tout nou kapab pwodui anpil fwi. Ki jan ? Se lè nou pwodui fwi lespri a pi plis toujou, e lè nou mete tout kapasite nou deyò pou nou simaye mesaj Wayòm Bondye a. Anmenmtan, n ap fè efò pou nou ‘ kenbe nan pawòl Jezi ’ te di a e pou nou “ gen lanmou nan mitan nou ”. Wi, lè nou ranpli twa kondisyon enpòtan sa yo ki gen nan Evanjil Jan an, nou pwouve “ nou se disip [Kris] toutbonvre ”. — Jan 8:31 ; 13:35.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Se vre, branch rezen ki nan egzanp lan gen rapò ak apot Jezi yo ak lòt kretyen ki gen esperans pou yo eritye Wayòm selès Bondye a, men, egzanp sa a gen ladan l yon seri verite ki pwofitab pou tout disip Kris jodi a. — Jan 3:16 ; 10:16.

^ § 12 Moun ki oblije ret lakay paske yo granmoun oswa paske yo malad gendwa gen posiblite ekri lèt pou yo bay temwayaj. Kote sa posib, yo kapab itilize telefòn, san konte posiblite yo genyen pou yo bay moun ki vin vizite yo bon nouvèl la.

^ § 17 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Kesyon revizyon

• Ki kalite fwi nou bezwen pwodui pi plis toujou ?

• Poukisa “ pwodui anpil fwi ” se yon objektif nou tout ka reyalize ?

• Èske nou sonje twa kondisyon enpòtan nou sot egzamine nan Evanjil Jan an ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 29]

KI JAN POU NOU “ PWODUI FWI AVÈK ANDIRANS ”

KI SA ki ka ede w kontinye preche mesaj Wayòm nan nan tèritwa ki pa bay anpil rannman ? Men repons kèk pwoklamatè bay ki ka itil ou.

“ Lè nou konnen nou gen Jezi k ap soutni nou nètale, sa motive nou e sa ede nou pèsevere kèlkeswa jan moun yo reyaji nan tèritwa a. ” — Harry, 72 an, batize an 1946.

“ 2 Korentyen 2:17 se yon vèsè ki toujou ankouraje m. Selon sa l di, n ap preche ‘ devan je Bondye, an konpayi Kris ’. Lè m ap preche, mwen pwofite pou m ansanm ak meyè zanmi m yo. ” — Claudio, 43 an, batize an 1974.

“ Franchman, pou mwen menm, predikasyon an se yon lit li ye. Men, nan ka pa m, mwen verifye pawòl sa yo nou jwenn nan Sòm 18:29 la : ‘ Grasa Bondye m nan mwen kapab grenpe yon miray. ’ — Gerard, 79 an, batize an 1955.

“ Si m reyisi li, menm yon sèl vèsè nan predikasyon, sa fè m kontan dèske Bib la te ka egzamine kè yon moun. ” — Eleanor, 26 an, batize an 1989.

“ Mwen toujou ap eseye plizyè fason pou m abòde moun. Tèlman genyen, tout rès vi m, mwen pap janm ka fin sèvi avèk yo. ” — Paul, 79 an, batize an 1940.

“ Mwen pa fache lè moun yo pa byen reyaji. Mwen fè efò pou m toujou amikal, mwen pale ak moun yo e mwen tande pwennvi yo. ” — Daniel, 75 an, batize an 1946.

“ Mwen rankontre moun ki fèk batize ki fè m konnen travay predikasyon m nan te ede yo pou yo vin Temwen Jewova. San m pa t konn sa, kèk tan apre, yon lòt moun te etidye Labib avèk yo e li te ede yo pwogrese. Sa fè m kontan dèske m konnen predikasyon an se yon travay nou fè nan tètansanm. — Joan, 66 an, batize an 1954.

Ki sa ki ede w pou w “ pwodui fwi avèk andirans ” ? — Lik 8:15.

[Foto nan paj 28]

Lè nou demontre nou gen fwi lespri a e lè nou pwoklame mesaj Wayòm nan, nou pwodui anpil fwi.

[Foto nan paj 31]

Ki sa Jezi te vle fè konprann lè l te di apot li yo : “ Kontinye pwodui anpil fwi ” ?