Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Senserite : Yon kalite ki bon pou nou genyen, men èske sa sifi ?

Senserite : Yon kalite ki bon pou nou genyen, men èske sa sifi ?

Senserite : Yon kalite ki bon pou nou genyen, men èske sa sifi ?

ÈSKE vrèman senserite se yon kalite ki bon pou nou manifeste nan lavi nou ? Yon moun ki sensè se yon moun ki pa nan mètdam, ki pa nan foub e ki pa ipokrit, men ki onèt e ki fran. Vrèman, kalite sa a ka ede nou vin gen pi bon relasyon youn ak lòt. Apot Pòl te ban nou egzòtasyon sa a : “ Se pou nou obeyi mèt nou selon lachè nan tout bagay. Nou pap fè sa paske moun ap gade nou, jis pou nou fè moun plezi, men n ap fè sa avèk senserite nan kè nou, avèk krent pou Jewova. ” ​(Kolosyen 3:22). Ki moun ki pa ta renmen gen moun ki sensè konsa kòm anplwaye l ? Jodi a, moun ki onèt, ki sensè, gen plis chans pou yo jwenn travay epi pou yo kenbe yo nan travay sa a.

Sepandan, ki pi gwo rezon ki fè li bon pou nou gen senserite ? Se paske kalite sa a ka enfliyanse relasyon nou ak Bondye. Izrayelit yo nan tan lontan te jwenn benediksyon nan men Bondye lè yo te obsève Lalwa e lè yo te fete fèt ki te genyen nan Lalwa. Pandan Pòl t ap pale de pwòpte nan kongregasyon an, li te fè kretyen yo envitasyon sa a : “ Annou fete fèt la, non pa avèk ansyen ledven, ni ak ledven ki gen malveyans ak mechanste, men avèk gato ki pa gen ledven, gato ki gen senserite ak verite. ” ​(1 Korentyen 5:8). Pou Bondye aksepte adorasyon n ap ba li a non sèlman senserite se yon kalite ki bon pou nou genyen, men tou se yon kalite ki esansyèl. Toutfwa, li enpòtan pou nou remake senserite poukont li pa sifi. Nou bezwen akonpaye l ak laverite.

Te gen yon gwo gwo bato ki te rele Titanic. Ni moun ki te konstwi bato sa a, ni moun ki t ap vwayaje ladan l yo, yo tout te kwè li pa t ap janm ka koule, e moun sa yo te sensè. Poutan, an 1912, nan premye vwayaj bato a, li te frape nan yon iceberg, yon gwo blòk glas k ap flote nan lanmè, e sa te lakòz 1 517 moun pèdi lavi yo. Kèk nan Juif ki t ap viv nan premye syèk epòk nou an te sensè nan fason yo t ap adore Bondye, men zèl yo te genyen an “ pa t ann amoni ak konesans egzak la ”. (Women 10:2.) Pou Bondye aksepte adorasyon n ap ba li a, menmsi nou sensè, kwayans nou yo bezwen baze sou enfòmasyon ki egzak. Temwen Jewova ki nan zòn bò lakay ou ap byen kontan ede w konprann ki sa sa vle di sèvi Bondye avèk senserite e avèk laverite.