Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou mete konfyans nou nan Jewova ak tout kè nou

Annou mete konfyans nou nan Jewova ak tout kè nou

Annou mete konfyans nou nan Jewova ak tout kè nou

“ Moun ki konnen non w pral mete konfyans yo nan ou. ” — SÒM 9:10.

1, 2. Site kèk bagay moun yo konn mete konfyans yo ladan yo pou granmesi.

JODI a, alòske gen anpil bagay ki anpeche nou viv byen, se nòmal pou nou chèche yon moun oswa yon bagay pou nou apiye nou. Gen moun ki panse y ap ka gen yon demen miyò si yo vin gen plis lajan. Men an reyalite, lajan se asire pa sèten. Men sa Bib la di : “ Yon moun ki mete konfyans li nan richès li genyen, li menm li gen pou l tonbe. ” ​(Pwovèb 11:28). Gen lòt moun ki mete espwa yo nan dirijan. Men, menm pi bon dirijan ki egziste konn fè fot, e wè pa wè, yon lè, yo tout ap mouri. Bib la di yon pawòl ki gen sajès ladan l. Men sa l di : “ Pa plase konfyans nou nan potanta, ni nan pitit lòm ki fèt ak pousyè tè, e ki pa kapab sove pèsonn. ” ​(Sòm 146:3). Pawòl enspire sa yo mete nou an gad tou kont tandans pou nou fè tèt nou konfyans. Nou menm tou, nou se senpleman “ pitit lòm ki fèt ak pousyè tè ”.

2 Pwofèt Izayi te kritike dirijan ki te gen ann Izrayèl nan epòk li a paske yo te mete konfyans yo “ kote manti kache ”. (Izayi 28:15-17.) Etan yo t ap chèche vin gen plis asirans, yo te fè alyans politik avèk nasyon ki te antoure yo. Alyans sa yo pa t merite pou moun fè yo konfyans. Se te yon manti. Menm jan an tou, jodi a anpil moun ki alatèt nan relijyon yo gen relasyon sere kole avèk chèf politik. Yo pral wè alyans sa yo se “ manti ” yo ye tou (Revelasyon 17:16, 17). Alyans sa yo pap ka ba yo yon asirans k ap dire.

Bèl egzanp Jozye ak Kalèb kite

3, 4. Ki diferans ki genyen ant rapò Jozye ak Kalèb te bay ak rapò dis lòt espyon yo te bay ?

3 Nan ka sa a, ki kote pou n al chèche mete konfyans nou ? Ebyen, se menm kote ak Jozye ak Kalèb ki t ap viv nan epòk Moyiz la. Yon tikras tan apre pèp Izrayèl la te jwenn liberasyon l anba men peyi Ejip, nasyon an te tou pare pou l antre Kanaran, nan Latè pwomiz la. Yo te voye douz gason al espyone peyi a, e apre 40 jou, yo retounen vin bay rapò. Se sèlman de ladan yo, Jozye ak Kalèb, ki te pale an byen konsènan posiblite pou Izrayèl pote laviktwa sou Kanaran. Lòt yo te dakò se vre peyi a te bèl, men yo te di : “ Sa a se verite, pèp ki abite peyi a pisan, e vil fòtifye yo gran anpil [...]. Nou pa kapab monte al atake pèp sa a, paske yo pi fò pase nou. ” — Nonb 13:27, 28, 31.

4 Izrayelit yo te koute konsèy dis espyon yo e yo te vin tèlman pè, yo tonbe plenyen kont Moyiz. Finalman, Jozye ak Kalèb fè yon deklarasyon ki gen anpil santiman ladan l. Yo di : “ Peyi nou sot espyone etan n ap pase ladan l lan se yon peyi ki bon anpil. Si Jewova pran plezi nan nou, sètènman l ap mennen nou nan peyi sa a e l ap ban nou li, wi, yon peyi kote lèt ak myèl ap koule. Sèlman, pa rebele kont Jewova, e nou menm, pinga nou pè moun ki abite nan peyi sa a. ” ​(Nonb 14:6-9). Malgre ankourajman sa a, Izrayelit yo te refize koute, e kòm rezilta, yo pa t jwenn pèmisyon pou yo antre nan Latè pwomiz la nan moman sa a.

5. Poukisa Jozye ak Kalèb te bay yon bon rapò ?

5 Poukisa Jozye ak Kalèb te bay yon bon rapò, alòske dis espyon yo te bay yon move rapò ? Toule douz te wè menm vil solid yo, yo te wè menm nasyon ki byen tabli yo. Gwoup dis espyon yo te di laverite lè yo te di Izrayèl pa t gen ase fòs pou l al kraze peyi a. Jozye ak Kalèb te konn sa tou. Sepandan, dis espyon yo te wè bagay yo selon pwennvi lèzòm. Yon lòt bò, Jozye ak Kalèb te mete konfyans yo nan Jewova. Yo te wè kokenn aksyon Jewova te fè ann Ejip, nan lanmè Wouj la ak nan pye montay Sinayi a. Sou baz sa a, plizyè dizèn lane apre, Rahab, ki t ap viv nan Jeriko, te riske lavi l pou pèp Jewova a alòske se sèlman tande l te tande pale de aksyon sa yo (Jozye 2:1-24 ; 6:22-25). Jozye ak Kalèb, yo menm ki te temwen aksyon Jewova te fè yo, yo te gen yon konfyans totalkapital Bondye t ap kontinye batay pou pèp li a. Karant an apre, anba direksyon Jozye, yon lòt jenerasyon Izrayelit te mache sou Kanaran e yo te venk peyi a. Sa montre Jozye ak Kalèb te gen rezon fè Jewova konfyans.

Rezon ki fè nou dwe mete konfyans nou nan Jewova je fèmen

6. Ki sa k fè kretyen yo rankontre eprèv jodi a, e ki kote yo dwe mete konfyans yo ?

6 Nan tan n ap viv la a, yon “ tan ki di e ki difisil pou moun sipòte ”, menm jan ak Izrayelit yo, n ap fè fas ak yon seri advèsè ki pi fò pase nou (2 Timote 3:1). Nou rankontre eprèv ni nan domèn moral, ni nan domèn espirityèl, e menm nan domèn fizik nan kèk ka. Nou pa ka fè fas ak eprèv sa yo poukont nou, piske yo soti nan yon sous ki depase pouvwa lèzòm. Sous sa a, se Satan Ledyab (Efezyen 6:12 ; 1 Jan 5:19). Ki bò nou ka ale pou nou jwenn sekou ? Yon nonm fidèl, ki t ap viv nan epòk yo te ekri Bib la te priye Jewova. Men sa l te di : “ Moun ki konnen non w pral mete konfyans yo nan ou. ” ​(Sòm 9:10). Si nou konnen Jewova toutbon, e si nou konprann ki sa non l vle di, n ap fè l konfyans menm jan Jozye ak Kalèb te fè sa. — Jan 17:3.

7, 8. a) Sa k fè nou ka di lakreyasyon ban nou rezon pou nou fè Jewova konfyans ? b) Dapre Labib, ki rezon nou genyen pou nou fè Jewova konfyans ?

7 Poukisa nou dwe fè Jewova konfyans ? Youn nan rezon ki fè Jozye ak Kalèb te fè Jewova konfyans, se paske yo te wè prèv ki montre Jewova gen pisans. Se menm bagay la pou nou menm tou. Ann pran pa egzanp kreyasyon Jewova a, tankou linivè a ki gen plizyè milya galaksi ladan l. Kokenn fòs fizik Jewova ap jere a pwouve se li menm toutbonvre ki Toupisan an. Etan n ap admire mèvèy ki genyen nan kreyasyon an, nou dwe dakò ak yon deklarasyon Jòb te fè anpalan de Jewova. Men sa l di : “ Kiyès ki ka kenbe tèt avè l ? Kiyès ki pral di l : ‘ Sa w ap fè la a ? ’ ” ​(Jòb 9:12). Vrèmanvre, si Jewova bò kote nou, si l ap pwoteje nou, nou pa gen pèsonn pou n pè nan tout linivè a. — Women 8:31.

8 Kounye la a, ann konsidere Labib, Pawòl Bondye a. Se ladan l nou jwenn sajès ki soti nan Bondye, yon sajès ki san limit, yon sajès ki gen fòs pou ede nou venk yon seri move abitid e pou ede nou konfòme vi nou selon volonte Jewova (Ebre 4:12). Se grasa Bib la nou rive konnen non Jewova e nou vin konprann sans non sa a (Egzòd 3:14). Nou vin konprann Jewova kapab tounen sa l chwazi pou l tounen. Gendwa se yon Papa ki gen lanmou, yon Jij ki jis, yon Gèrye k ap pote laviktwa. Li fè sa yon fason pou l reyalize pwogram li. E nou wè pawòl li toujou reyalize. Tank n ap etidye Pawòl Bondye, nou vin santi nou anvi di menm pawòl ak Salmis la ki te di : “ Mwen mete konfyans mwen nan pawòl ou. ” — Sòm 119:42 ; Izayi 40:8.

9. Nan ki sans ni ranson an ni rezirèksyon Jezi a fè nou gen plis konfyans toujou nan Jewova ?

9 Ranson an se yon lòt rezon ki fè nou dwe mete konfyans nou nan Jewova (Matye 20:28). Ala yon bèl dispozisyon dèske Bondye voye pwòp Pitit Gason l lan vin mouri kòm ranson pou nou ! E ranson an vrèman efikas. Li kouvri peche tout moun ki repanti e ki vire bò kote Jewova ak tout kè yo (Jan 3:16 ; Ebre 6:10 ; 1 Jan 4:16, 19). Li te nesesè pou Jezi resisite yon fason pou l te kapab peye ranson an. Gen plizyè santèn moun ki te temwen mirak sa a ak je yo, anpalan de rezirèksyon Jezi a, e yo te pale de sa. Sa ban nou yon lòt rezon ankò pou nou mete konfyans nou nan Jewova, e se yon garanti ki montre espwa nou pa pou granmesi. — Travay 17:31 ; Women 5:5 ; 1 Korentyen 15:3-8.

10. Ki rezon pèsonèl nou genyen pou nou mete konfyans nou nan Jewova ?

10 Sa nou sot wè la a, se sèlman kèk nan rezon ki fè nou kapab gen yon konfyans totalkapital nan Jewova, e nou dwe chèche gen yon konfyans konsa. Gen anpil lòt rezon ankò, e kèk ladan yo se rezon pèsonèl. Pa egzanp, nou tout nou konn ap fè fas ak yon seri sitiyasyon difisil nan lavi a. Etan n ap chèche direksyon Jewova bay pou ede nou jere sitiyasyon sa yo, nou rann nou kont nan ki pwen sa bon pou nou (Jak 1:5-8). Plis nou lage konfyans nou nan Jewova chak jou nan lavi nou, plis nou wè bon rezilta sa bay, se plis konfyans nou genyen nan li menm nan ap vin pi solid.

David te mete konfyans li nan Jewova

11. Malgre ki sitiyasyon David te mete konfyans li nan Jewova ?

11 David, ki t ap viv ann Izrayèl, se youn nan moun ki te konn mete konfyans li nan Jewova. Wa Sayil t ap chèche touye David, e David te anba presyon kokenn ame filisten an ki t ap chèche venk Izrayèl. Men, li te chape e li te menm pote laviktwa. Sa k fè sa ? Men ki repons David bay : “ Jewova se limyè mwen e li se delivrans mwen. Kiyès moun m ap pè ? Jewova se fòtrès lavi mwen. Devan ki moun m ap tranble ? ” ​(Sòm 27:1). Nou menm tou nou kapab pote laviktwa, si nou gen menm konfyans sa a nan Jewova.

12, 13. Ki jan David te montre nou dwe fè Jewova konfyans, menmsi gen opozan ki sèvi ak lang yo kòm zam pou lite kont nou ?

12 Yon lè, men ki sa David te di nan yon priyè : “ O Bondye, tande vwa m nan enkyetid mwen. Tanpri, pwoteje vi m anba lènmi an k ap fè m pè. Tanpri, kache m lwen konvèsasyon prive malfektè yo, lwen bourara moun k ap pratike sa k pa bon, ki file lang yo tankou epe, ki ranje flèch yo, wi, pawòl anmè y ap di, pou yo tire, depi kote yo kache yo, sou yon moun ki san repwòch. Yo tire sanzatann sou li e yo pa pè. ” ​(Sòm 64:1-4). Nou pa konnen ofon sa k te pouse David ekri pawòl sa yo, men nou konnen jodi a, gen advèsè menm jan an k ap “ file lang yo ”, yo sèvi avèk pawòl tankou zam. Yo “ tire ” sou kretyen ki inosan, e yo sèvi ak pawòl oswa ak sa yo ekri, kòm “ flèch ”, yon fason pou fè kretyen yo pase pou sa yo pa ye. Si nou gen yon konfyans san fay nan Jewova, ki rezilta n ap jwenn ?

13 David kontinye pou l di : “ Sanzatann Bondye ap tire sou yo avèk yon flèch. Yo vin blese, e yo fè yon moun kilbite. Men, lang yo kont pwòp tèt yo. [...] Moun ki jis la pral rejwi nan Jewova e l ap pran refij nan li. ” ​(Sòm 64:7-10). Wi, menmsi ènmi yo file lang yo kont nou, finalman, ‘ lang yo vin kont pwòp tèt yo, ’ e Jewova fè bagay yo vire yon fason ki bon, yon fason pou moun ki mete konfyans yo nan li menm kapab rejwi nan li.

Izkiya te gen rezon fè Jewova konfyans

14. a) Nan ki sitiyasyon grav Izkiya te mete konfyans li nan Jewova ? b) Ki jan Izkiya te montre li pa t kwè nan manti Asiryen an t ap fè ?

14 Wa Izkiya se te yon lòt moun ki te gen rezon fè Jewova konfyans. Pandan Izkiya t ap reye, lame Asiri a, yon lame pisan, t ap menase Jerizalèm. Lame sa a te gentan pote laviktwa sou yon pakèt lòt nasyon. Li te menm venk vil Jida yo, jiskaske rive yon lè tout vil sa yo te tonbe anba men l, sof Jerizalèm. E Senakerib te pretann li t apral venk vil sa a tou. Li voye Rabchake di yon bagay, e sa l te di a se te vre, li fè konnen si yo ta mete konfyans yo nan Ejip pou jwenn èd, se t ap lave men siye atè. Sepandan, li te vin di pawòl sa yo tou : “ Pa kite Bondye nou kwè nan li a twonpe nou, pou n ap di : ‘ Jerizalèm pap tonbe anba men wa Asiri a. ’ ” ​(Izayi 37:10). Men, Izkiya te konnen Jewova pa t ap fè l wont. Se sa k fè, li lapriyè, li di : “ O Jewova Bondye nou an, sove nou anba men [Asiri], pou tout wayòm ki sou tè a ka konnen ou menm, o Jewova, se ou menm sèl ki Bondye. ” ​(Izayi 37:20). Jewova te koute priyè Izkiya a. Nan yon sèl nuit, yon zanj touye 185 000 sòlda asiryen. Jerizalèm te chape, e Senakerib te kite peyi Jida. Tout moun ki te tande pale de evènman sa a te aprann ki jan Jewova gran.

15. Ki sèl bagay k ap ede nou prepare pou kèlkeswa sitiyasyon difisil nou ta ka rankontre nan monn frajil sa a ?

15 Jodi a, menm jan ak Izkiya, nou nan yon gè. Nan ka pa nou, gè sa a se yon gè espirityèl. Sepandan, antanke sòlda espirityèl, nou bezwen devlope ladrès k ap pèmèt nou soti vivan. Nou bezwen prevwa atak yo e nou bezwen prepare tèt nou yon fason pou nou kapab defann nou kont yo (Efezyen 6:11, 12, 17). Nan monn frajil n ap viv la a, sitiyasyon an ka chanje bridsoukou. Lagè sivil ka met pye sanzatann. Peyi ki abitye kite relijyon yo fonksyone lib e libè gendwa pa fè sa ankò. Menm jan ak Izkiya, se sèlman si nou prepare tèt nou lè nou travay pou nou gen yon konfyans solid nan Jewova, n ap kapab pare pou nenpòt sa k ta ka vini an.

Mete konfyans nou nan Jewova : Sa sa vle di ?

16, 17. Ki jan nou ka demontre nou fè Jewova konfyans ?

16 Mete konfyans nou nan Jewova, se pa pawòl nan bouch sèlman. Kè a ladan l tou, e nou ka demontre konfyans sa a selon aksyon nou. Si nou fè Jewova konfyans, n ap fè Labib, Pawòl li a, konfyans nètale. N ap li l chak jou, n ap medite sou li e n ap kite l gide nou nan lavi a (Sòm 119:105). Mete konfyans nou nan Jewova gen ladan l tou mete konfyans nou nan pouvwa lespri sen. Avèk èd lespri sen, nou kapab devlope fwi ki fè Jewova plezi, e nou kapab venk yon seri move abitid ki chita fon lakay nou (1 Korentyen 6:11 ; Galat 5:22-24). Konsa, grasa lespri sen, yon pakèt moun rive kite fimen, yo rive sispann pran dwòg. Gen lòt ki kite lavi imoral yo t ap mennen an. Wi, si nou mete konfyans nou nan Jewova, n ap aji avèk fòs li ban nou. Nou pap aji ak fòs pa nou. — Efezyen 3:14-18.

17 Anplis de sa, fè Jewova konfyans siyifi fè moun li fè konfyans yo konfyans. Pa egzanp, Jewova pran dispozisyon pou “ esklav fidèl ki prevwayan ” an pran swen enterè Wayòm nan sou tè a (Matye 24:45-47). Nou pap chèche aji poukont nou, epi nou pap vag sou nominasyon esklav sa a, piske nou fè dispozisyon Jewova a konfyans. Mete sou sa, gen ansyen k ap sèvi nan kongregasyon yo, e selon sa apot Pòl di, se pa mwayen lespri sen yo jwenn nominasyon yo (Travay 20:28). Si nou kolabore avèk dispozisyon ki pran pou gen ansyen nan kongregasyon an, nou montre nou fè Jewova konfyans. — Ebre 13:17.

Annou suiv egzanp Pòl

18. Jodi a, ki jan kretyen yo fè pou yo suiv egzanp Pòl, men, nan ki sa yo pa mete konfyans yo ?

18 Menm jan avèk nou, apot Pòl te fè fas ak yon pakèt eprèv nan ministè li. Nan epòk Pòl la, yo te konn fè kretyen yo pase pou sa yo pa ye devan otorite yo. Pafwa, Pòl te fè efò pou l korije sitiyasyon sa yo e pou l tabli travay predikasyon an legalman (Travay 28:19-22 ; Filipyen 1:7). Jodi a, kretyen yo suiv egzanp li a. Kote sa posib, nou ede lòt moun pou yo pi byen konprann travay nou an, e nou sèvi ak tout mwayen ki disponib pou nou fè sa. Nou travay pou nou defann bon nouvèl la e pou nou etabli l legalman. Sepandan, nou pa mete tout konfyans nou nan efò sa yo, sa vle di nou pa kwè viktwa nou oswa echèk nou depann de genyen n ap genyen batay nan tribinal oswa de piblisite ki an favè nou. Okontrè, nou mete konfyans nou nan Jewova. Nou sonje Jewova te ankouraje pèp Izrayèl la nan tan lontan. Men sa l te di l : “ Men kote fòs nou ap chita : se lè nou rete trankil e nou kenbe konfyans nou. ” — Izayi 30:15.

19. Lè frè nou yo sibi pèsekisyon, ki jan nou fè wè yo gen rezon mete konfyans yo nan Jewova ?

19 Detanzantan, nan istwa nou nan epòk modèn nan, swa yo entèdi travay nou, swa yo limite l nan zòn tankou Ewòp de Lès, Ewòp de Lwès, nan kèk kote ann Azi, ann Afrik, e nan kèk peyi ann Amerik di Sid ak Amerik di Nò. Èske sa siyifi nou mal fè lè n mete konfyans nou nan Jewova ? Non. Toutpandan Jewova gen rezon pa l ki fè li konn pèmèt sèvitè l yo jwenn gwo pèsekisyon, avèk amou, li fòtifye moun ki viktim anba pèsekisyon sa yo. Dayè, se anba pèsekisyon konsa yon pakèt kretyen vin genyen bèl repitasyon moun ki gen lafwa e ki mete konfyans yo nan Bondye.

20. Menmsi yo rekonèt nou legalman, nan ki sans nou pap janm fè konpwomi ?

20 Yon lòt bò, nan pifò peyi, yo rekonèt nou legalman, e detanzantan laprès bay kèk rapò ki an favè nou. Nou rekonesan pou sa, epi nou rekonèt sa ede tou pou pwogram Jewova a byen mache. Grasa benediksyon Jewova, n ap sèvi avèk pi gwo libète nou genyen an, pa pou nou amelyore lavi pa nou, men pou nou sèvi Jewova nètale, san nou pa nan kache. Toutfwa, se pa paske nou ta renmen otorite yo respekte nou, pou nou ta fè konpwomi ak netralite nou. Ni nonplis, nou pap diminye aktivite predikasyon nou e nou pap bese kalite sèvis n ap bay Jewova kèlkeswa fason an. Nou anba dominasyon Wayòm mesyanik la e nou kanpe djanm bò kote souvrènte Jewova. Espwa nou pa chita nan sistèm de choz kounye la a, men se nan monn nouvo a li chita. E lè sa a, sèl gouvènman ki pral domine sou tè a se Wayòm mesyanik selès la. Kit se bonm, kit se misil, li te mèt se zam nikleyè, yo youn pa ka brannen gouvènman sa a, yo youn pa ka vide l atè kote l ye nan syèl la. Li pa ka pèdi okenn batay, e li gen pou l reyalize pwogram Jewova gen pou li a. — Danyèl 2:44 ; Ebre 12:28 ; Revelasyon 6:2.

21. Ki sa nou detèmine pou nou kontinye fè ?

21 Pòl te di : “ Nou pa moun k ap fè bak pou destriksyon, men nou se moun ki gen lafwa pou fè nanm nan rete vivan. ” ​(Ebre 10:39). Donk, nou swete pou nou tout kontinye sèvi Jewova fidèl jiska lafen. Nou gen tout rezon pou nou mete tout konfyans nou nan Jewova depi kounye a e pou tout tan. — Sòm 37:3 ; 125:1.

Ki sa nou sot aprann ?

• Poukisa Jozye ak Kalèb te tounen ak yon bon rapò ?

• Bay kèk rezon ki fè nou dwe mete konfyans nou nan Jewova je fèmen.

• Sa sa siyifi mete konfyans nou nan Jewova ?

• Piske nou fè Jewova konfyans, ki detèminasyon nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 26]

Poukisa Jozye ak Kalèb te bay yon bon rapò ?

[Foto nan paj 27]

Lakreyasyon ban nou bonjan rezon pou nou mete konfyans nou nan Jewova.

[Liy kredi]

Toule twa imaj yo, nou jwenn yo grasa otorizasyon Anglo-Australian Observatory. Se David Malin ki fè foto sa yo.

[Foto nan paj 29]

Mete konfyans nou nan Jewova siyifi mete konfyans nou nan moun li fè konfyans.