Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki siyifikasyon Soupe Seyè a genyen pou ou ?

Ki siyifikasyon Soupe Seyè a genyen pou ou ?

Ki siyifikasyon Soupe Seyè a genyen pou ou ?

“ Nenpòt moun ki manje pen an oswa ki bwè koup Seyè a san l pa diy, moun sa a ap koupab anrapò ak kò Seyè a e anrapò ak san l. ” — 1 KORENTYEN 11:27.

1. Ki evènman k ap pi enpòtan nan ane 2003 a ? Ki kote evènman sa a soti ?

PI GWO evènman k ap gen nan ane 2003 a, y ap selebre l 16 avril, apre solèy fin kouche. Jou sa a, Temwen Jewova yo ap rasanble pou yo selebre Memoryal lanmò Jezi Kris. Jan nou te wè sa nan premye atik la, Jezi te mete selebrasyon sa a sou pye apre li te fin fete Pak la avèk apot li yo, jou ki te 14 Nizan 33 nan epòk nou an. Se menm selebrasyon sa a yo rele Soupe Seyè a. Pen san ledven ak diven wouj yo itilize kòm anblèm pou Memoryal la senbolize kò Jezi ki te san peche ak san li ki te koule pou nou. Se sèl sakrifis sa a ki ka rachte lèzòm anba peche ak lanmò. — Women 5:12 ; 6:23.

2. Ki avètisman nou jwenn nan 1 Korentyen 11:27 ?

2 Moun ki pran nan anblèm yo lè Memoryal la ap fèt dwe moun ki diy. Apot Pòl te byen montre sa nan lèt li te ekri kretyen Korent yo ki pa t konn selebre Soupe Seyè a kòrèkteman (1 Korentyen 11:20-22). Men sa l te ekri : “ Nenpòt moun ki manje pen an oswa ki bwè koup Seyè a san l pa diy, moun sa a ap koupab anrapò ak kò Seyè a e anrapò ak san l. ” ​(1 Korentyen 11:27). Ki sa pawòl sa yo vle di ?

Gen moun ki te konn selebre l san yo pa diy

3. Ki konpòtman anpil kretyen Korent te genyen anrapò ak Soupe Seyè a ?

3 Anpil nan kretyen Korent yo te konn patisipe nan Memoryal la san yo pa diy. Te gen divizyon nan mitan yo e, pandan yon tan, yo te konn vini ak soupe pa yo e yo te konn manje li swa anvan, swa pandan reyinyon an. Pafwa, yo te menm konn manje twòp e yo te konn bwè twòp. Yo pa t vijilan ni mantalman, ni espirityèlman. Sa te rann yo “ koupab anrapò ak kò Seyè a e anrapò ak san l ”. Moun ki pa t gen tan soupe te grangou e yo pa t ka konsantre. Wi, anpil kretyen te patisipe nan evènman sa a san yo pa t gen respè pou li e san yo pa t byen konsyan de enpòtans li. Vrèman, se yon kondanasyon yo te rale met sou tèt yo ! — 1 Korentyen 11:27-34.

4, 5. Li enpòtan pou moun ki abitye pran nan anblèm yo lè Memoryal la ap fèt byen egzamine tèt yo. Poukisa ?

4 Chak ane, nan epòk Memoryal la, li enpòtan pou moun ki abitye pran nan anblèm yo byen egzamine tèt yo. Pou yo patisipe kòmsadwa nan repa an kominyon sa a, fòk yo an bòn sante nan domèn espirityèl. Nenpòt moun ki montre li pa gen respè pou sakrifis Jezi a oubyen ki meprize sakrifis sa a riske wè yo ‘ derasinen l nan mitan pèp Bondye a ’. Se sa yo te konn fè nenpòt Izrayelit ki te patisipe nan yon repa konsa alòske li pa nan yon eta ki pwòp espirityèlman. — Levitik 7:20 ; Ebre 10:28-31.

5 Pòl te konpare Memoryal la ak repa an kominyon ki te konn genyen nan tan lontan, nan peyi Izrayèl. Apre li te fin pale de moun ki patisipe ansanm avèk Kris nan repa sa a, li te di : “ Nou pa ka ap bwè koup Jewova a epi pou n ap bwè koup demon yo. Nou pa ka ap manje sou ‘ tab Jewova ’ epi pou n ap manje sou tab demon yo. ” ​(1 Korentyen 10:16-21). Si yon moun ki abitye pran nan anblèm yo lè Memoryal la ap fèt ta vin komèt yon peche grav, li ta dwe konfese peche a bay Jewova e li ta dwe chèche èd nan men ansyen ki nan kongregasyon an (Pwovèb 28:13 ; Jak 5:13-16). Si moun sa a repanti toutbonvre, e si li pwodui fwi ki montre li repanti, l ap diy pou li patisipe nan repa a. — Lik 3:8.

Yo suiv avèk respè

6. Pou kiyès Bondye rezève privilèj patisipe nan Soupe Seyè a ?

6 Jodi a, èske moun ki fè byen pou rès 144 000 frè Kris yo ta dwe patisipe nan Soupe Seyè a (Matye 25:31-40 ; Revelasyon 14:1) ? Non. Bondye rezève privilèj sa a pou moun li wen ak lespri sen pou yo ka vin gen “ menm eritaj ak Kris ”. (Women 8:14-18 ; 1 Jan 2:20.) E lòt moun ki gen esperans pou yo viv pou toutan nan yon paradi anba dominasyon Wayòm nan, ki wòl pa yo (Lik 23:43 ; Revelasyon 21:3, 4) ? Piske yo pa gen menm eritaj ak Jezi e yo pa gen esperans selès, yo asiste Memoryal la e yo suiv avèk respè. — Women 6:3-5.

7. Ki jan premye kretyen yo te fè konnen yo dwe pran nan anblèm yo lè Memoryal la ap fèt ?

7 Nan premye syèk la, tout vrè kretyen yo te wen ak lespri sen. Anpil nan yo te gen pouvwa pou yo itilize don yo te resevwa grasa lespri sen, tankou don pou yo pale an lang. Kidonk, li pa t ap difisil pou yo konnen yo wen e pou yo konnen yo dwe pran nan anblèm yo lè Memoryal la ap fèt. Toutfwa, nan epòk pa nou an, yon moun ka konnen si li wen sou baz yon seri vèsè ki nan Pawòl Bondye a, tankou sa yo : “ Tout moun lespri Bondye ap gide, moun sa yo se pitit Bondye yo ye. Paske, nou pa t resevwa yon espri ki pou fè nou esklav, yon espri k ap fè nou pè ankò, men nou te resevwa yon espri adopsyon antanke pitit, yon espri ki fè nou di : ‘ Abba, Papa ! ’ ” — Women 8:14, 15.

8. Matye chapit 13 pale de “ ble ” ak “ move zèb ”. Kiyès “ ble ” a reprezante, e kiyès “ move zèb ” la reprezante ?

8 Pandan plizyè syèk, vrè kretyen wen yo te vin tankou “ ble ” k ap grandi nan mitan “ move zèb ”, ki reprezante fo kretyen yo (Matye 13:24-30, 36-43). Depi ane 1870 yo konsa, “ ble ” a vin fasil pou rekonèt. E kèk ane apre sa, men ki sa yo te di siveyan yo, ki te wen ak lespri sen : “ Ansyen yo [...] ta dwe mete kondisyon sa yo devan moun ki rasanble [pou Memoryal la] : 1) moun yo dwe gen lafwa nan san [Kris] e 2) yo dwe konsakre lavi yo pou yo fè sèvis Seyè a, menmsi yo ta oblije mouri. Ansuit, [ansyen] yo ta dwe envite tout moun ki ranpli kondisyon sa yo pou yo selebre lanmò Seyè a. ” — Études des Écritures, tòm VI, La Nouvelle Création, paj 128 *.

Yo kòmanse rasanble “ lòt mouton yo ”

9. An 1935, sa k fè idantite “ gwo foul moun ” nan te vin pi klè, e ki efè sa te genyen sou kèk moun ki te abitye pran nan anblèm yo lè Memoryal la ap fèt ?

9 Rive yon lè, òganizasyon Jewova a te kòmanse konsantre atansyon l sou lòt moun ki ta gen pou vini apre disip wen Kris yo fin rasanble. Gen yon chanjman enpòtan ki te fèt nan sans sa a bò 1935. Anvan sa, pèp Bondye a te konsidere “ gwo foul moun ” ki nan Revelasyon 7:9 la kòm yon lòt klas moun ki te gen pou al nan syèl la ansanm ak 144 000 kretyen wen yo. Yo te konsidere yo tankou fi d onè nan maryaj Kris la, oswa konpay lamarye a (Sòm 45:14, 15 ; Revelasyon 7:4 ; 21:2, 9). Men, jou ki te 31 me 1935 la, nan yon diskou yo te bay nan kongrè Temwen Jewova yo te fè Washington, D.C., Ozetazini, yo te fè konnen, dapre Bib la, espresyon “ gwo foul moun ” nan (“ latriye moun ” King James Version) konsène “ lòt mouton ” yo, k ap viv nan epòk lafen an (Jan 10:16). Apre kongrè sa a, gen moun ki te sispann pran nan anblèm yo lè Memoryal la ap fèt. Yo te vin rann yo kont se esperans terès yo genyen, se pa esperans selès.

10. Pale de esperans lòt mouton yo, e pale de responsablite yo genyen jodi a.

10 Se sitou an 1935, yo te kòmanse fè efò pou yo rasanble “ lòt mouton ” yo. Moun sa yo gen lafwa nan ranson an, yo vwe lavi yo bay Bondye e yo patisipe nan predikasyon ansanm ak “ ti twoupo ” a, ki wen ak lespri sen (Lik 12:32). Lòt mouton sa yo gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a, men, nan tout lòt domèn, yo sanble ak rès kretyen wen yo, eritye Wayòm nan, k ap viv jodi a. Nan tan lontan, ann Izrayèl, rezidan etranje ki t ap adore Jewova yo te soumèt yo anba Lalwa. Menm jan an tou, jodi a, lòt mouton yo aksepte pran responsablite yo antanke kretyen. Youn nan fason yo montre sa, se lè yo preche bon nouvèl la ansanm avèk lòt kretyen ki fè pati Izrayèl espirityèl la (Galat 6:16). Ann Izrayèl, okenn rezidan etranje pa t ka vin wa oubyen prèt. Menm jan an tou, pa gen okenn nan lòt mouton yo ki ka sèvi kòm wa nan Wayòm selès la, e pa gen okenn nan yo ki ka sèvi kòm prèt. — Detewonòm 17:15.

11. Poukisa dat batèm yon moun ka detèmine ki esperans li genyen ?

11 Ant 1930 ak 1940, tikras pa tikras, gen yon bagay ki te vin byen klè : klas selès la te fin rasanble. Kounye a, sa fè plis pase 70 an depi y ap rasanble lòt mouton yo ki, yo menm, gen yon esperans terès. Si yon kretyen wen ta vin enfidèl, Jewova ap chwazi yon lòt moun pou konble twou vid sa a k ap genyen nan klas 144 000 la. Li toutafè lojik pou nou panse Bondye ap chwazi yon moun, pami lòt mouton yo, ki gen lontan depi l ap sèvi l fidèlman.

Rezon ki fè kèk moun twonpe yo

12. Ki sa ki ka fè yon moun sispann pran nan anblèm yo lè Memoryal la ap fèt, e sa k fè li bon pou moun nan aji konsa ?

12 Kretyen wen yo gen konviksyon yo resevwa apèl selès. Men, e si gen moun ki pa resevwa apèl sa a e ki abitye pran nan anblèm yo lè Memoryal la ap fèt ? Lè moun sa yo vin rann yo kont yo pa t janm gen esperans selès, konsyans yo ta dwe pouse yo sispann pran nan anblèm yo. Bondye pap apwouve pèsonn moun ki prezante tèt li kòm yon moun ki resevwa apèl pou l al sèvi kòm wa e kòm prèt nan syèl la, alòske moun sa a byen konnen se pa vre (Women 9:16 ; Revelasyon 20:6). Jewova te detwi Kora, levit la, paske li te gen anbisyon pou l vin manm pretriz Arawon an (Egzòd 28:1 ; Nonb 16:4-11, 31-35). Si yon kretyen vin pran konsyans li te konn pran nan anblèm yo san li pa t gen dwa fè sa, li dwe sispann e li dwe priye Jewova ak imilite pou l mande l padon. — Sòm 19:13.

13, 14. Sa k fè yon moun ka panse li resevwa apèl selès alòske se pa vre ?

13 Ki sa k ka fè yon moun panse li resevwa apèl selès la alòske se pa vre ? Lè yon moun pèdi mari l oswa madanm li, oubyen tou li gen nenpòt lòt malè ki rive l, sa ka fè moun sa a pa anvi viv sou tè a ankò. Oubyen tou, yon moun ka gen yon zanmi l ki di li se yon kretyen wen, e moun sa a ka anvi gen menm esperans ak zanmi an. Toutfwa, li bon pou nou sonje sa : Bondye pa mandate pèsonn pou fè rekritman oswa pou rasanble lòt moun pou privilèj sa a. Mete sou sa, Bondye pap fè okenn moun tande vwa, pou l fè l konnen li wenn li pou l vin youn nan eritye Wayòm nan.

14 Genyen nan fo relijyon yo ki fè konprann tout moun ki bon pral nan syèl. Manti sa a ka fè yon moun panse li resevwa apèl selès. Se poutèt sa nou bezwen veye pou fo espwa nou te genyen lontan yo oswa lòt bagay ankò pa enfliyanse nou. Pa egzanp yon moun ka poze tèt li kesyon sa yo : ‘ Èske m gen medikaman m ap pran ki jwe sou emosyon m ? Èske m gen tandans kite emosyon aji sou bonsans mwen ? ’

15, 16. Ki sa k ka fè kèk moun konvenk tèt yo yo wen alòske se pa vre ?

15 Men lòt kesyon li ta bon pou yon moun poze tèt li : ‘ Èske m gen tandans pou m toujou fè moun wè m ? Èske m ap kouri dèyè pouvwa, swa pou kounye a, swa pou lavni antanke moun ki pral reye ak Kris ? ’ Nan premye syèk la, kote yo t ap rasanble eritye Wayòm nan, se pa yo tout ki te gen gwo responsablite nan kongregasyon an. Epitou, moun ki gen esperans selès yo se pa moun ki toujou ap chèche fè moun wè yo, nitou se pa moun k ap vante tèt yo dèske yo wen. Moun ki gen “ lespri Kris ” sipoze aji avèk imilite, e se sa kretyen wen yo fè. — 1 Korentyen 2:16.

16 Gen moun ki ka vin panse yo resevwa apèl selès paske yo konn anpil bagay nan Bib la. Men, lefètke yon moun wen, sa pa vle di li dwe gen yon konpreyansyon ki estrawòdinè. Annefè, Pòl te oblije enstwi kèk kretyen wen e li te oblije konseye yo (1 Korentyen 3:1-3 ; Ebre 5:11-14). Bondye pran dispozisyon pou l bay tout moun ki fè pati pèp li a manje espirityèl (Matye 24:45-47). Donk, pèsonn pa ta dwe panse yon kretyen wen gen pi plis sajès pase yon moun ki gen esperans terès. Yon moun gendwa wè li maton nan reponn kesyon biblik, li preche byen oswa li bay bèl diskou, sa pa vle di li wen poutèt sa. Pami kretyen ki gen esperans terès yo genyen tou ki anfòm nan domèn sa yo.

17. Pou yon moun wen, sa depann de ki sa, e sa depann de kiyès ?

17 Si yon kretyen gen kesyon anrapò ak apèl selès la, yon ansyen oubyen yon lòt kretyen ki gen matirite ka pale sou sa avèk li. Men, se pa yon desizyon yon moun ka pran nan plas yon lòt. An reyalite, yon moun ki resevwa apèl selès la toutbonvre pa bezwen mande lòt moun si li gen esperans sa a. Kretyen wen yo “ resevwa yon lòt nesans, se pa grasa yon semans ki ka gate yo resevwa l, men se grasa yon semans ki pa ka gate, grasa Pawòl Bondye vivan an, Bondye k ap toujou la a ”. (1 Pyè 1:23.) Bondye sèvi ak lespri l e ak Pawòl li pou l plante yon “ semans ” ki fè moun nan vin “ yon lòt kreyasyon ”, yon “ kreyasyon ” ki gen yon esperans selès (2 Korentyen 5:17). E se Jewova ki fè chwa a. Pou yon moun wen, “ sa pa depann de moun ki vle a ni de moun k ap kouri a, men sa depann de Bondye ”. (Women 9:16.) Donk, ki sa k ka bay yon moun konviksyon li resevwa apèl selès la ?

Rezon ki fè yo pa gen dout

18. Lè Bib la di lespri Bondye bay lespri kretyen wen yo yon asirans, ki sa sa vle di ?

18 Lespri Bondye bay kretyen wen yo yon asirans, li fè yo konnen yo gen esperans selès. Men sa Pòl ekri : “ Nou te resevwa yon espri adopsyon antanke pitit, yon espri ki fè nou di : ‘ Abba, Papa ! ’ Lespri a menm bay lespri pa nou asirans nou se pitit Bondye. Donk, si nou se pitit, nou se eritye tou : wi, nou se eritye Bondye, e nou gen menm eritaj ak Kris, depi nou soufri avèk li, pou Bondye ka glorifye nou tou avèk li. ” ​(Women 8:15-17). Se grasa enfliyans lespri sen ki fè lespri kretyen wen yo, sa vle di bon etadespri yo genyen, pouse yo aplike sou yo menm tout sa Bib la di konsènan pitit espirityèl Jewova yo (1 Jan 3:2). Lespri Bondye fè yo santi yo se pitit Bondye, e lespri a mete yon esperans san parèy lakay yo (Galat 4:6, 7). Wi, yo konsyan se t ap yon bèl bagay pou yo viv sou tè a pou toutan nan lapèfeksyon, ansanm ak manm fanmi yo e ansanm ak zanmi yo. Men se pa esperans sa a Bondye ba yo. Esperans selès Bondye ba yo grasa lespri sen l lan sitèlman solid, li fè yo dispoze sakrifye tout sa k te ka fè yo anvi ret sou tè a ansanm ak tout pwojè yo te ka gen sou tè a. — 2 Korentyen 5:1-5, 8 ; 2 Pyè 1:13, 14.

19. Ki wòl alyans tounèf la jwe nan vi yon kretyen wen ?

19 Kretyen wen yo pa gen dout sou esperans selès yo genyen an, yo pa gen dout yo fè pati alyans tounèf la. Jezi te pale de alyans sa a lè l t ap selebre Memoryal la pou premye fwa. Li te di : “ Koup sa a reprezante alyans tounèf la grasa san mwen ki pral koule pou nou. ” ​(Lik 22:20). Alyans tounèf la te fèt ant Bondye ak kretyen wen yo (Jeremi 31:31-34 ; Ebre 12:22-24). Se Jezi ki medyatè a. Alyans sa a te antre an vigè grasa san Jezi ki te koule. Li te pèmèt ni moun ki Juif, ni moun lòt nasyon vin fòme yon pèp pou non Jewova e li te pèmèt yo vin fè pati “ semans ” Abraram nan (Galat 3:26-29 ; Travay 15:14). Grasa “ alyans etènèl ” sa a tout Izrayelit espirityèl yo ap ka resisite pou lavi imòtèl nan syèl la. — Ebre 13:20.

20. Ki alyans Jezi fè ak kretyen wen yo ?

20 Kretyen wen yo pa gen dout sou esperans yo. Yo fè pati yon lòt alyans ankò : alyans pou Wayòm nan. Men ki sa Jezi te di konsènan asosyasyon yo avèk li : “ Se nou menm ki te toujou la avè m nan eprèv mwen yo. E mwen menm, mwen fè yon alyans avèk nou, menm jan Papa m fè yon alyans avèk mwen, pou yon wayòm. ” ​(Lik 22:28-30). Alyans sa a Kris te fè ak wa ki pral reye avèk li yo ap toujou an vigè. — Revelasyon 22:5.

Peryòd Memoryal la : yon peryòd kè kontan

21. Ki gwo benediksyon peryòd Memoryal la ka pote pou nou ?

21 Se pa ni de ni twa benediksyon peryòd Memoryal la ka pote pou nou. Nou ka jwenn byenfè nan lekti Labib yo prevwa pou peryòd sa a. Anplis de sa, se yon trè bon moman pou nou priye, pou nou medite sou lavi Jezi te mennen sou tè a e pou nou medite sou lanmò li. Se yon trè bon moman tou pou nou patisipe nan predikasyon (Sòm 77:12 ; Filipyen 4:6, 7). Seremoni an poukont pa l sifi pou fè nou sonje ki jan sakrifis Jezi a montre amou Bondye ak Kris gen pou nou (Matye 20:28 ; Jan 3:16). Dispozisyon sa a ban nou espwa, li konsole nou e li ta dwe ranfòse detèminasyon nou genyen pou nou kontinye viv menm jan Jezi te viv la (Egzòd 34:6 ; Ebre 12:3). Mete sou sa, Memoryal la ban nou fòs nou bezwen pou nou respekte angajman nou te pran pou nou sèvi Bondye e pou nou suiv Pitit li a nètale.

22. Ki pi gwo kado Bondye bay lèzòm ? Bay youn nan fason nou ka montre nou apresye kado sa a.

22 Jewova ban nou anpil bon kado, pa vre (Jak 1:17) ? Nou gen Pawòl li k ap dirije nou, nou gen lespri sen k ap ede nou, e nou gen esperans lavi etènèl. Pi gwo kado Bondye ban nou se sakrifis Jezi ki te fèt ni pou peche kretyen wen yo, ni pou peche lòt moun ki montre yo gen lafwa nan Jezi (1 Jan 2:1, 2). Kidonk, jis nan ki pwen ou santi lanmò Jezi gen yon siyifikasyon pou ou ? Jou k ap 16 avril 2003 a, gen yon pakèt moun k ap rasanble, apre solèy fin kouche, pou selebre Soupe Seyè a, yon fason pou yo montre rekonesans yo pou lanmò li. Èske w ap la ?

[Nòt anba paj]

^ § 8 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a, men yo pa enprime l ankò.

Ki jan nou ta reponn ?

• Kiyès ki ta dwe pran nan anblèm yo lè Memoryal la ap fèt ?

• Pou ki rezon “ lòt mouton ” yo suiv Soupe Seyè a avèk respè ?

• Ki jan kretyen wen yo fè konnen yo dwe manje nan pen an e yo dwe bwè nan diven an lè y ap selebre Memoryal lanmò Kris la ?

• Peryòd Memoryal la se yon bon moman pou ki bagay ?

[Kesyon]

[Grafik/Foto nan paj 14]

(Gade piblikasyon an)

Asistans Memoryal

PA MILYON

2002

15 597 746

1995

13 147 201

1975

4 925 643

1955

878 303

1935

63 146

[Foto nan paj 14]

Ane sa a, èske w ap la lè y ap selebre Soupe Seyè a ?

[Foto nan paj 17]

Peryòd Memoryal la se bon lè pou nou li Bib la plis e pou nou preche plis.