Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Mwen pa t konn anpil bagay sou Bondye ”

“ Mwen pa t konn anpil bagay sou Bondye ”

“ Mwen pa t konn anpil bagay sou Bondye ”

“ PANDAN ane ki sot pase a, Temwen Jewova yo te vizite m e yo te anonse m bon nouvèl Wayòm Bondye a, yon bon nouvèl ki estrawòdinè. Mwen te fè uit an katolik, men mwen pa t konn anpil bagay sou Bondye. Nan yon sèl ane sèlman, mwen aprann anpil bagay. Mwen byen kontan aprann Toudegad se yon jounal yo pibliye nan 139 lang [kounye a 146]. Se yon gwo zafè pou moun tout kalite lang rive konnen mesaj konsènan Bondye a. ” Se yon mesye k ap viv yon kote ki rele Kerala nan peyi Lenn ki ekri pawòl sa yo.

Menmsi gen anpil filozòf ki pretann li enposib pou yon moun konn Bondye, apot Pòl li menm te montre byen klè li posib. Etan apot Pòl t ap pale devan yon gwoup Atenyen, e gen ladan yo ki konn adore devan yon otèl yo te dedye ‘ pou yon Dye yo pa konnen ’, men sa l te di yo : “ Sa n ap bay yon devosyon san nou pa konnen l lan, se de li m ap pale nou. Bondye ki fè monn nan ak tout sa ki ladan l [...] bay tout moun lavi ak souf ak tout bagay. Li fè tout nasyon moun soti nan yon sèl moun, pou yo abite sou tout kò tè a. ” — Travay 17:23-26.

Pòl te ankouraje moun li t ap pale avèk yo a pou yo chèche konn Kreyatè a, paske “ li pa lwen okenn nan nou ”. (Travay 17:27.) Temwen Jewova yo ap byen kontan ede w konn vrè Bondye a ansanm ak bèl kalite li genyen.