Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pou di nou ta kwè nan yon Bondye nou pa menm konnen ?

Pou di nou ta kwè nan yon Bondye nou pa menm konnen ?

Pou di nou ta kwè nan yon Bondye nou pa menm konnen ?

NAN peyi Almay, sou chak twa moun, gen de nan yo ki kwè nan Bondye. Poutan, lè yo te mande plizyè santèn nan yo pou yo dekri Bondye yo kwè nan li a, prèske chak moun te bay yon repons diferan. Men sa jounal ki rele FOCUS la rapòte : “ Ann Almay, chak moun gen konsepsyon pa l sou Bondye, e plis moun yo diferan se plis konsepsyon sa yo diferan. ” Se vre, se yon bon bagay pou nou kwè nan Bondye, men èske sa pa fè lapenn pou nou wè gen moun ki kwè nan li san yo pa menm byen konnen l ?

Se pa sèlman ann Almay nou jwenn konfizyon sa a konsènan ki jan de moun Bondye ye, nou jwenn li tou lòt kote ann Ewòp. Gen yon sondaj ki te fèt nan peyi Otrich, Grann Bretay ak Peyiba. Dapre sondaj sa a, gen anpil moun ki kwè Bondye se “ yon pisans estrawòdinè oswa yon mistè ”. Bondye se yon mistè sitou pami jèn yo e menm pami jèn ki kwè nan li.

Èske w konnen ki jan de moun Bondye ye ?

Gen yon kokenn diferans ant tande pale de yon moun ak konnen ki jan de moun li ye. Tande pale de yon moun se jis konnen moun sa a egziste. Gendwa se yon chèf d eta ou pa menm ka rankontre, gendwa se yon gwo atlèt, oubyen tou yon aktè sinema. Sepandan, konnen ki jan de moun yon moun ye vle di plis pase sa. Sa mande pou w byen konnen tanperaman moun sa a, konduit li, santiman l. Sa mande pou w byen konnen ki sa li renmen ak sa li pa renmen e sa mande tou pou w konnen pwojè li genyen pou lavni. Lè w byen konnen yon moun sa tou ouvè wout pou w vin gen bon relasyon ak moun sa a.

Se pa ni de ni twa moun ki rive rann yo kont yon senp konesans sou Bondye, oubyen annik kwè Bondye egziste, pa sifi. Moun sa yo aksepte fè anpil efò pou yo konnen l pi byen. Èske sa pwofitab pou yo ? Gen yon mesye ki rele Pòl k ap viv nan nò peyi Almay. Mesye sa a te gen yon konesans vag sou Bondye. Yon jou li te deside pou l chèche konnen Bondye pi byen. Men sa l te esplike : “ Aprann konnen Bondye pi byen mande tan ak efò, men rezilta a vo lapèn, paske lè yon moun gen bon relasyon avèk Kreyatè a, sa fè chak jou nan lavi l vin pi bèl ”.

Pou nou chèche konnen Bondye pi byen, sa mande tan ak efò. Men, èske sa vo lapèn vre ? Pou w jwenn repons kesyon sa a, nou envite w li atik ki vin apre a.

[Antrefilè nan paj 3]

Gen yon kokenn diferans ant tande pale de yon moun ak konnen ki jan de moun li ye.