Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa nou dwe selebre Soupe Seyè a ?

Poukisa nou dwe selebre Soupe Seyè a ?

Poukisa nou dwe selebre Soupe Seyè a ?

“ Menm sa m te resevwa nan men Seyè a se sa tou mwen transmèt nou. ” — 1 KORENTYEN 11:23.

1, 2. Ki sa Jezi te fè nan nuit li te fete Pak la ak disip li yo an lan 33 nan epòk nou an ?

SÈL Pitit gason Jewova fè a te la. Onz mesye ki ‘ te toujou la avèk li nan eprèv li yo ’ te la tou (Lik 22:28). Se te yon jedi swa, jou ki te 31 mas 33 nan epòk nou an e te gen yon bèl plèn lin ki t ap klere nan syèl Jerizalèm. Jezi Kris ak apot li yo te fèk fin fete Pak la. Jezi te gentan mande Jida Iskaryòt, trèt la, pou l ale, men se pa t lemoman pou lòt apot yo ale. Poukisa ? Se paske Jezi t apral fè yon bagay ki gen yon kokenn enpòtans. Se ki sa l te ye ?

2 Etandone evanjelis Matye te la, ann kite l di nou jan sa te pase. Men sa l ekri : “ Jezi pran yon pen, e apre l fin di yon benediksyon, li kase l, e etan l ap bay disip li yo l, li di : ‘ Pran, manje. Sa a reprezante kò mwen. ’ Li pran yon koup tou e, apre l fin di Bondye mèsi, li ba yo l, li di : ‘ Bwè ladan l, nou tout. Paske sa a reprezante san mwen, “ san alyans lan ”, ki gen pou koule pou anpil moun, pou padon peche yo. ’ ” ​(Matye 26:26-28). Evènman sa a, èske se yon sèl fwa yo te dwe selebre l ? Ki sans li te genyen, e ki sans li genyen pou nou menm k ap viv jodi a ?

“ Kontinye fè sa ”

3. Sa Jezi te fè nan nuit 14 Nizan 33 a gen anpil enpòtans. Sa k fè nou di sa ?

3 Sa Jezi Kris te fè apre sa, nan nuit 14 Nizan 33 a, se pa t yon senp evènman san enpòtans nan lavi l. Ventan apre sa, apot Pòl te pale de evènman sa a lè l t ap ekri kretyen wen ki t ap viv nan vil Korent, yo menm ki te kontinye obsève selebrasyon Jezi te mete sou pye a. Se vre, Pòl pa t pami 11 apot ki te la an lan 33 yo, men siman kèk nan yo te esplike Pòl sa k te pase nan okazyon sa a. Anplis de sa, siman Pòl te gen yon revelasyon enspire ki te fè l byen konnen kèk aspè nan evènman sa. Men sa Pòl di : “ Menm sa m te resevwa nan men Seyè a se sa tou mwen transmèt nou : Seyè a, Jezi, nan nuit yo t apral livre l la, te pran yon pen e, apre l fin di Bondye mèsi, li kase l, e li di : ‘ Sa a reprezante kò mwen ki pou nou. Kontinye fè sa, pou nou montre nou sonje m. ’ Li te fè menm bagay la tou ak koup la, apre l te fin soupe. Li te di : ‘ Koup sa a reprezante alyans tounèf la grasa san mwen. Kontinye fè sa, chak fwa n ap bwè li, pou nou montre nou sonje m. ’ ” — 1 Korentyen 11:23-25.

4. Poukisa kretyen yo dwe selebre Soupe Seyè a ?

4 Lik, yon lòt evanjelis, konfime lòd sa a Jezi te bay la. Men sa l rapòte : “ Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m. ” ​(Lik 22:19). Men ki lòt fason yo tradui pawòl sa yo : “ Fè sa an souvni mwen. ” ​(Nouvo Testaman, Ford Porter), “ Fè sa kòm yon memoryal pou mwen. ” ​(Bible de Jérusalem). An reyalite, yo konn rele selebrasyon sa a Memoryal lanmò Kris la. Pòl rele l tou Soupe Seyè a, yon non ki apwopriye, piske lè yo t ap fè l pou premye fwa a se te nan nuit (1 Korentyen 11:20). Kretyen yo resevwa lòd pou yo obsève Soupe Seyè a. Men, pou ki rezon Jezi te vini ak selebrasyon sa a ?

Rezon ki fè Jezi te vini ak selebrasyon sa a

5, 6. a) Bay youn nan rezon ki fè Jezi te vini ak selebrasyon Memoryal la. b) Bay yon lòt rezon ki fè Jezi te vini ak Soupe Seyè a.

5 Youn nan rezon ki fè Jezi te vini ak selebrasyon Memoryal la gen rapò ak youn nan rezon ki fè li te mouri. Li te mouri antanke moun k ap defann souvrènte Papa l ki nan syèl la. Konsa, li te pwouve Satan se yon mantè, li menm ki te lage yon fo akizasyon sou do lèzòm lè l te di se pou pwòp enterè yo y ap sèvi Bondye (Jòb 2:1-5). Jezi te mouri fidèl. Sa te pwouve deklarasyon Satan an se te yon fo akizasyon e sa te fè kè Jewova kontan. — Pwovèb 27:11.

6 Yon lòt rezon ki fè Jezi te mete selebrasyon sa a sou pye, se pou l te ka fè nou sonje ‘ li te bay nanm li kòm ranson pou anpil moun ’ grasa lanmò li antanke moun ki pafè e ki san peche (Matye 20:28). Lè Adan te peche, li te pèdi yon vi san defo ak tout avantaj sa t apral pote. Men, Jezi te di : “ Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li fè a, poutèt pou nenpòt moun ki mete lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi etènèl. ” ​(Jan 3:16). Wi, “ salè peche se lanmò, men kado Bondye bay se lavi etènèl pa mwayen Kris Jezi, Seyè nou an ”. (Women 6:23.) Lè nou selebre Soupe Seyè a, sa fè nou sonje ki jan sakrifis Jezi a montre amou Jewova ak Pitit li a gen pou nou. Èske nou pa ta dwe montre nou rekonesan pou amou sa a ?

Ki lè pou nou selebre l ?

7. Chak fwa kretyen wen yo patisipe nan Memoryal la, yo kontinye anonse lanmò Seyè a. Nan ki sans ?

7 Men ki sa Pòl te di anrapò ak Soupe Seyè a : “ Chak fwa nou manje pen sa a e nou bwè koup sa a, se kontinye n ap kontinye anonse lanmò Seyè a jiskaske l vini. ” ​(1 Korentyen 11:26). Chak kretyen wen t ap gen pou l pran nan anblèm yo, jiskaske l mouri. Konsa, devan Jewova e devan monn nan, yo t ap kontinye fè konnen yo gen lafwa nan dispozisyon Bondye pran pou l bay ranson an.

8. Antanke gwoup, pandan konbyen tan kretyen wen yo t ap gen pou yo selebre Memoryal lanmò Kris la ?

8 Antanke gwoup, pandan konbyen tan kretyen wen yo t ap gen pou yo selebre Memoryal lanmò Kris la ? Pòl reponn : “ Jiskaske l vini ”. Li te vle di yo t ap kontinye selebre Memoryal la jiskaske Jezi vini pou l resisite disip li yo pandan “ prezans ” li e pou l fè y al viv nan syèl la (1 Tesalonisyen 4:14-17). Sa nou di la a konfòm ak pawòl sa yo Jezi te di 11 apot fidèl li yo : “ Si m ale e mwen prepare yon plas pou nou, m ap vini ankò e m ap resevwa nou lakay mwen, dekwa pou, kote m ye a, se la nou ye tou. ” — Jan 14:3.

9. Pawòl Jezi te di nan Mak 14:25 lan, ki siyifikasyon yo genyen ?

9 Lè Jezi t ap derape ak Memoryal la, men sa li te di apot fidèl li yo anpalan de koup diven an : “ Mwen pa gen dwa bwè pwodui ki soti nan rezen ankò, jiskaske jou a rive kote mwen pral bwè yon diven ki fèk fèt, nan wayòm Bondye a. ” ​(Mak 14:25). Nan Bib la, diven konn senbolize lajwa, e sanble se sa Jezi te gen nan tèt li, piske li pa t apral bwè diven toutbonvre nan syèl la (Sòm 104:15 ; Eklezyas 10:19). Se pa ti tann Jezi ak disip li yo t ap tann bèl moman sa a, moman kote yo t ap ansanm nan Wayòm nan ! — Women 8:23 ; 2 Korentyen 5:2.

10. Chak ki lè nou dwe selebre Memoryal la ?

10 Chak ki lè nou ta dwe komemore lanmò Jezi ? Chak mwa, chak semèn oubyen chak jou ? Ni youn ni lòt. Jezi te kòmanse ak selebrasyon Soupe Seyè a menm jou yo te touye l la, jou yo te konn fete Pak la, yon fèt yo te konn selebre “ kòm yon memoryal ” pou delivrans pèp Izrayèl la anba esklavaj ann Ejip, an 1513 anvan epòk nou an (Egzòd 12:14). Yo te konn fete Pak la yon fwa pa ane, nan 14yèm jou mwa ki rele Nizan nan kalandriye Juif yo (Egzòd 12:1-6 ; Levitik 23:5). Sa montre se pa chak mwa, ni chak semèn, ni chak jou nou dwe komemore lanmò Jezi. Men se chak ane, menm jan ak Pak la.

11, 12. Dapre listwa, ki lè premye kretyen yo te konn selebre Memoryal la ?

11 Kidonk, li apwopriye pou nou selebre Memoryal la chak ane, nan jou 14 Nizan an. Men ki sa yon ansiklopedi deklare : “ Yo te rele kretyen ki t ap viv ann Azi Minè yo Quartodecimani [yon mo laten ki vle di katòzyèm] poutèt se te toujou 14 Nizan yo te selebre pascha [Soupe Seyè a] [...]. Dat sa a te ka tonbe yon vandredi oswa nenpòt lòt jou nan semèn nan. ” — The New Schaff-Herzog Encyclopedia of Religious Knowledge, tòm IV, paj 44.

12 Konsènan koutim premye kretyen yo te konn suiv nan dezyèm syèk epòk nou an, istoryen J. L. von Mosheim di Quartodecimani yo te konn selebre Memoryal la 14 Nizan, paske “ yo te konsidere modèl Jezi te bay la gen menm fòs ak yon kòmandman ”. Gen yon lòt istoryen ki di : “ Legliz Quartodecimani ki te ann Azi yo te konsève menm abitid ki te genyen nan legliz Jerizalèm nan. Nan dezyèm syèk la, legliz sa yo te konn fete Paska chak 14 Nizan. Se nan dat sa a yo te fete redanmsyon ki t apral posib grasa lanmò Jezi a. ” — Studia Patristica, tòm V, 1962, paj 8.

Sa pen an reprezante

13. Ak ki kalite pen Jezi te sèvi lè l t ap selebre Memoryal la pou premye fwa ?

13 Lè Jezi t ap selebre Memoryal la pou premye fwa, ‘ li te pran yon pen, li di yon benediksyon, li kase l bay apot li yo ’. (Mak 14:22.) Pen yo te genyen nan moman sa a, se menm kalite pen yo te fèk itilize pou Pak la (Egzòd 13:6-10). Etandone yo te fè l san ledven, li te plat, li te sèk e yo te oblije kase l pou yo bay chak moun yon moso. Lè Jezi te miltipliye pen pou plizyè milye moun, pen sa a tou te sèk, paske Jezi te kase l pou l te ka bay moun yo li (Matye 14:19 ; 15:36). Donk, sanble afè kase pen an, pa t gen okenn siyifikasyon espirityèl.

14. a) Poukisa li apwopriye pou pen Memoryal la pa gen ledven ? b) Ki kalite pen nou ka achte oubyen nou ka fè pou nou selebre Memoryal la ?

14 Lè Jezi t ap pale de pen li te itilize lè l t ap selebre Memoryal la pou premye fwa a, li te di : “ Sa a reprezante kò mwen ki pou nou. ” ​(1 Korentyen 11:24 ; Mak 14:22). Li te apwopriye pou pen an pa gen ledven. Poukisa ? Se paske ledven konn senbolize malveyans, mechanste oswa peche (1 Korentyen 5:6-8). Pen an te reprezante kò Jezi, yon kò pafè, yon kò san peche, yon kò li te ka ofri san pwoblèm kòm sakrifis pou rachte moun (Ebre 7:26 ; 10:5-10). Temwen Jewova yo pa bliye sa e yo suiv egzanp Jezi lè yo sèvi ak pen san ledven pou yo selebre Memoryal la. Pafwa, yo sèvi ak azim, yon pen Juif yo konn itilize lè y ap fete Pak. Se yon pen ki san epis e ki pa gen okenn lòt engredyan tankou zonyon ak ze. Men yon lòt posiblite : pen an ka fèt ak yon ti kantite farin (farin frans si posib) ki melanje ak enpe dlo. Pat la ta dwe mens. Yo ka kuit li nan yon kaswòl ki gen yon tikras luil pase ladan l, e yo ta dwe kite l jiskaske pen an vin sèk.

Sa diven an reprezante

15. Ki sa k te gen nan koup Jezi te itilize lè l t ap selebre Memoryal la pou premye fwa ?

15 Apre Jezi te fin pase pen an, li te pran yon koup, “ li di Bondye mèsi, li pase l [bay apot yo] e yo tout bwè ladan l ”. Men ki esplikasyon Jezi te bay : “ Sa a reprezante san mwen, ‘ san alyans lan ’, ki gen pou koule pou anpil moun. ” ​(Mak 14:23, 24). Ki sa ki te genyen nan koup la ? Se te diven ki fèmante, se pa t ji rezen ki, li menm, pa fèmante. Lè Bib la pale de diven, li pap pale de ji rezen, ki pa fèmante. Pa egzanp, selon sa Jezi te di, se diven ki fèmante ki t ap eklate “ bidon ize ki fèt ak po bèt ”. Se pa ji rezen ki t ap fè sa. Anplis de sa, ènmi Kris la te akize l, kòmkwa li te “ yon moun ki lage kò l nan bwè diven ”. Akizasyon sa a pa t ap gen okenn sans si diven an se te yon senp ji rezen (Matye 9:17 ; 11:19). Juif yo te konn bwè diven lè y ap fete Pak, e Jezi te sèvi ak diven sa a lè l t ap selebre Memoryal lanmò li pou premye fwa.

16, 17. Ki kalite diven ki apwopriye pou nou selebre Memoryal la ? Poukisa ou reponn konsa ?

16 Sa ki te nan koup la te reprezante san Jezi ki te koule pou nou an. E se diven wouj sèlman ki ka sèvi kòm yon senbòl ki apwopriye pou sa. Jezi te di : “ Sa a reprezante san mwen, ‘ san alyans lan ’, ki gen pou koule pou anpil moun. ” E apot Pyè bò kote pa l te ekri : “ Nou [kretyen wen yo] konnen se pa t avèk bagay ki ka depafini, avèk ajan oswa lò, yo te delivre nou anba konduit esteril nou eritye nan men zansèt nou yo. Men, se te avèk yon san presye, tankou san yon ti mouton ki san tach e ki san defo, wi avèk san Kris. ” — 1 Pyè 1:18, 19.

17 Wi, se diven wouj Jezi te itilize lè l t ap selebre Memoryal la pou premye fwa. Nou pa gen dout sou sa. Toutfwa, gen yon seri diven wouj ki egziste jodi a ki pa apwopriye paske, pou yo fè yo pi fò, yo ajoute alkòl ladan yo oubyen lòt engredyan tankou likè oswa epis dous. San Jezi te konplè, li pa t bezwen yo ajoute anyen ladan l. Donk, gen yon seri diven, tankou porto, xerès ak vermouth, ki pa apwopriye. Diven wouj ki nan koup Memoryal la pa dwe dous e li pa dwe melanje ak anyen. Nou ka sèvi ak diven nou fè lakay nou, ak diven wouj ki pa dous oubyen ak lòt diven, tankou bourgogne oswa bordeaux.

18. Sa k fè nou ka di se pa yon mirak Jezi te fè anrapò ak pen e anrapò ak diven yo te itilize nan Memoryal la ?

18 Lè Jezi t ap selebre Memoryal la pou premye fwa, li pa t fè yon mirak, kòmkwa pou l ta fè anblèm yo tounen chè li oswa san li toutbonvre. Manje vyann moun epi bwè san se aksyon kanibal, e lwa Bondye kondane sa (Jenèz 9:3, 4 ; Levitik 17:10). Jou swa sa a, Jezi te toujou gen menm kò li te genyen an, san manke moso, e li pa t manke yon gout san. Apre sa, li te ofri kò l kòm yon sakrifis pafè, e san l te koule nan demen aprèmidi (dapre kalandriye Juif yo, se te menm jou a, 14 Nizan). Donk, pen ak diven yo itilize nan Memoryal la se senbòl yo ye, yo reprezante kò Kris la ak san li. *

Memoryal la : yon repa an kominyon

19. Sa k fè li ka nesesè pou nou sèvi ak plis pase yon asyèt e pou nou sèvi ak plis pase yon koup lè n ap selebre Soupe Seyè a ?

19 Lè Jezi t ap selebre Memoryal la pou premye fwa, li te mande apot fidèl li yo pou yo tout bwè nan menm koup la. Men sa nou jwenn nan Evanjil Matye te ekri a : ‘ [Jezi] pran yon koup e, apre l fin di Bondye mèsi, li ba yo l, li di : “ Bwè ladan l, nou tout. ” ’ ​(Matye 26:27). Sa pa t poze okenn pwoblèm pou Jezi sèvi ak “ yon koup ” olye pou l sèvi ak plizyè koup, paske nan sikonstans sa a, te gen sèlman 11 moun ki te arebò yon sèl tab, e youn te ka fasilman pase koup la bay lòt. Ane sa a, gen plizyè milyon moun ki pral rasanble pou yo selebre Soupe Seyè a nan plis pase 94 000 kongregasyon Temwen Jewova nan lemonnantye. Yon grenn koup pa t ap janm sifi pou tout kantite moun sa yo k ap rasanble pou selebre evènman sa a nan menm jou swa a. Se sa k fè, nan kongregasyon ki gen anpil moun, yo suiv menm prensip Jezi te tabli a, yo sèvi ak plizyè koup yon fason pou diven an pa pran twòp tan anvan l fin pase nan men tout moun ki la yo. Menm jan an tou, yo ka sèvi ak plis pase yon asyèt pou yo pase pen an. Anplis de sa, pa gen anyen nan Bib la ki montre koup la, oubyen vè ki gen diven an, se tèl fòm pou l genyen. Toutfwa, ni vè a ni asyèt la ta dwe apwopriye pou diyite evènman an. Li pa ta bon pou nou plen vè diven an twòp. Sa ka lakòz li tonbe sou moun pandan y ap pase li.

20, 21. Poukisa nou kapab di Memoryal la se yon repa an kominyon ?

20 Memoryal la se yon repa moun pran an kominyon, menm si yo sèvi ak plis pase yon asyèt pen e yo sèvi ak plis pase yon koup diven lè y ap selebre l. Nan tan lontan, ann Izrayèl, pou yon moun te ofri yon repa an kominyon, li te mennen bèt l ap ofri a nan tanp lan, e se la yo te touye bèt la. Yo te pran yon moso ladan l, yo boule l sou lotèl la. Yon lòt moso t al jwenn prèt ki te an fonksyon an, e yo te separe dènye moso a ant pitit Arawon yo, moun k ap ofri repa a, ansanm ak moun lakay li (Levitik 3:1-16 ; 7:28-36). Memoryal la tou se yon repa an kominyon paske plizyè moun patisipe ladan l.

21 Se Jewova ki te pran dispozisyon pou repa sa a fèt e li se youn nan moun ki patisipe ladan l. Jezi se sakrifis la e kretyen wen yo patisipe nan anblèm yo. Lè yon moun ap manje sou tab Jewova, sa vle di moun sa a an pè avèk li. Nan sans sa a, men ki sa Pòl te ekri : “ Lè nou beni koup benediksyon an, èske se pa patisipe nou patisipe nan san Kris la ? Lè nou kase pen an, èske se pa patisipe nou patisipe nan kò Kris la ? Piske gen yon sèl pen, nou menm, menmsi nou anpil, nou se yon sèl kò, paske nou tout, n ap manje nan sèl pen sa a. ” — 1 Korentyen 10:16, 17.

22. Ki kesyon ki konsène Memoryal la e ki merite nou reflechi sou yo ?

22 Soupe Seyè a se sèl evènman relijye Temwen Jewova yo selebre chak ane. Sa toutafè apwopriye, paske Jezi te bay disip li yo lòd sa a : “ Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m. ” Lè nou selebre Memoryal la, nou komemore lanmò Jezi, yon lanmò ki defann souvrènte Jewova. Jan nou te wè sa, nan repa sa a, pen an reprezante kò Jezi, kò li te sakrifye pou nou an, e diven an reprezante san l ki te koule pou nou. Men, se yon tikras moun ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an. Poukisa se konsa sa fèt ? Èske Memoryal la vrèman enpòtan pou plizyè milyon lòt moun ki pa pran nan anblèm yo ? Wi, ki siyifikasyon Soupe Seyè a dwe genyen pou ou ?

[Nòt anba paj]

^ § 18 Gade nan Étude perspicace des Écritures, tòm 2, paj 764. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Ki jan nou ta reponn ?

• Poukisa Jezi te vini ak selebrasyon Soupe Seyè a ?

• Chak ki lè nou dwe selebre Memoryal la ?

• Pen san ledven yo itilize nan Memoryal la, se ki sa li reprezante ?

• Ki sa diven yo itilize nan Memoryal la reprezante ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 11]

Se Jezi ki te derape ak selebrasyon Soupe Seyè a.