Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘ Se pou nou mete kouraj sou nou, se pou nou djanm ! ’

‘ Se pou nou mete kouraj sou nou, se pou nou djanm ! ’

‘ Se pou nou mete kouraj sou nou, se pou nou djanm ! ’

“ Pran kouraj ! Mwen venk monn nan. ” — JAN 16:33.

1. Devan sa k t ap tann Izrayelit yo an Kanaran, ki ankourajman yo te jwenn ?

JIS anvan Izrayelit yo te travèse rivyè Jouden an pou yo antre nan Latè pwomiz, Moyiz te di yo pawòl sa yo : “ Se pou nou mete kouraj sou nou, se pou nou djanm. Nou pa bezwen pè ni nou pa bezwen tranble devan yo, paske se Jewova Bondye w la k ap mache avèk ou ”. Lèfini, Moyiz rele Jozye, li menm yo te chwazi pou mennen Izrayelit yo an Kanaran, e li reba li menm konsèy la dirèkteman : li di l pou l mete kouraj sou li (Detewonòm 31:6, 7). Apre sa, Jewova li menm bay Jozye ankourajman pa l. Li di l : “ Se pou w mete kouraj sou ou, se pou w djanm, [...] Sèl bagay, se pou w mete kouraj sou ou e se pou w djanm anpil. ” ​(Jozye 1:6, 7, 9). Pawòl sa yo te byen tonbe. Izrayelit yo t ap bezwen mete kouraj sou yo pou y al kontre ak lènmi pisan ki t ap tann yo pa lòt bò Jouden an.

2. Nan ki sitiyasyon nou twouve nou jodi a, e ki sa nou bezwen fè ?

2 Jodi a, vrè kretyen yo nan papòt pou yo janbe al nan monn nouvo a, e menm jan ak Jozye, yo bezwen mete kouraj sou yo (2 Pyè 3:13 ; Revelasyon 7:14). Men, nou pa nan menm sitiyasyon ak Jozye. Alòske Jozye te pran epe ak lans pou l al batay, nou menm, n ap mennen yon batay espirityèl, e nou pa janm pran zam toutbon pou n al goumen (Izayi 2:2-4 ; Efezyen 6:11-17). Anplis de sa, plizyè fwa, Jozye te gen pou l batay rèd menm apre l fin antre nan Latè pwomiz. Men nou menm, pi gwo lit n ap mennen, se kounye a, anvan nou janbe al nan monn nouvo a. Annou egzamine kèk sitiyasyon ki mande pou nou mete kouraj sou nou.

Poukisa nou oblije lite ?

3. Ki sa Bib la revele konsènan pi gwo advèsè nou an ?

3 Men sa apot Jan te ekri : “ Nou konnen se nan Bondye nou soti, men lemonnantye anba pouvwa mechan an. ” ​(1 Jan 5:19). Pawòl sa yo bay prensipal rezon ki fè kretyen yo oblije lite pou yo kenbe lafwa yo. Lè yon kretyen kenbe entegrite l, se kòmsi se yon echèk Satan Ledyab sibi. Se pou rezon sa a Satan ap aji tankou “ yon lyon k ap gwonde ”, e l ap chèche entimide kretyen ki fidèl yo, l ap chèche devore yo (1 Pyè 5:8). Pa gen dout nan sa, Satan ap fè lagè ak kretyen wen yo e ak konpayon kretyen wen sa yo (Revelasyon 12:17). Nan lagè sa a, li sèvi ak moun pou reyalize objektif li yo, kit yo rann yo kont, kit yo pa rann yo kont. Sa mande pou nou mete kouraj sou nou pou nou kanpe fèm kont Satan ak akolit li yo.

4. Ki avètisman Jezi te bay, men, ki kalite vrè kretyen yo demontre ?

4 Piske Jezi te konnen Satan ak akolit li yo t ap bay bon nouvèl la baryè ak tout fòs yo, li te avèti disip li yo ‘ Y ap lage yo nan tribilasyon, y ap touye yo, tout nasyon ap rayi yo akoz non l. ’ ​(Matye 24:9). Pawòl sa yo reyalize ni o premye syèk, ni jodi a. Anfèt, kèlkeswa pèsekisyon sovaj moun viktim nan istwa lèzòm, w ap jwenn Temwen Jewova nan epòk nou an ki sibi menm pèsekisyon sa a. Sepandan, antanke vrè kretyen, yo mete kouraj sou yo lè yo jwenn pèsekisyon konsa. Yo konnen si yon moun ‘ tranble devan moun, sa ka fè moun nan pran nan pyèj ’ e yo pa vle pou sa rive yo. — Pwovèb 29:25.

5, 6. a) Ki sitiyasyon ki mande pou nou gen kouraj ? b) Ki jan kretyen ki fidèl yo aji lè yo jwenn eprèv ki mande pou yo gen kouraj ?

5 Apa pèsekisyon, gen lòt eprèv nou konn rankontre ki mande pou nou mete kouraj sou nou pou nou ka fè fas ak yo. Pou kèk moun, se yon eprèv sa ye pou yo pale de bon nouvèl la ak moun yo pa abitye. Gen elèv lekòl ki konn rankontre eprèv lè yo mande yo pou yo resite yon sèman oubyen pou yo chante yon chante ki demontre fidelite yo pou peyi a oswa pou drapo a. Anfèt, piske yon sèman konsa se yon adorasyon li ye, timoun ki Temwen yo pran rezolisyon avèk kran pou yo aji yon fason pou yo fè Bondye plezi, e fason yo aji a bay kè kontan.

6 Nou bezwen gen kouraj tou lè gen advèsè k ap enfliyanse laprès pou yo fè move pwopagann sou do sèvitè Bondye yo oswa lè y ap eseye ‘ mete dekrè pou yo bay mechanste jarèt, ’ yon fason pou yo mete restriksyon sou vrè adorasyon an (Sòm 94:20). Pa egzanp, ki jan nou ta dwe santi nou lè jounal, radyo oswa televizyon ap bay yon seri enfòmasyon yo defòme, oswa y ap fè manti kri sou do Temwen Jewova yo ? Èske sa ta dwe etone nou ? Non, nou atann nou sa ka rive (Sòm 109:2). Epi, nou pa sezi wè gen moun ki kwè nan manti sa yo ak nan enfòmasyon defòme sa yo, piske “ yon moun ki nayif kwè nan tout pawòl ”. (Pwovèb 14:15.) Antouka, kretyen ki fidèl pap annik kwè nenpòt pawòl moun ap di sou frè yo, e yo pap kite move pwopagann moun ap fè anpeche yo asiste reyinyon, oswa fè yo preche mwens oubyen febli lafwa yo. Okontrè, yo “ rekòmande tèt [yo] kòm minis Bondye, [...] nan glwa ak nan dezonè, nan move repitasyon ak nan bon repitasyon, nan pase [opozan yo fè yo] pase pou mantè, alòske [an reyalite] se verite [y] ap di. ” — 2 Korentyen 6:4, 8.

7. Ki kesyon ki mande refleksyon nou ta ka poze tèt nou ?

7 Men sa Pòl te di lè l t ap ekri Timote : “ Bondye pa t ban nou yon lespri lachte men li te ban nou yon lespri ki bay pisans, [...]. Kidonk, ou pa bezwen wont akoz temwayaj ki gen rapò ak Seyè nou an .” ​(2 Timote 1:7, 8 ; Mak 8:38). Piske nou fin li pawòl sa yo, nou ka mande tèt nou : ‘ Èske m wont akoz kwayans mwen, oswa èske mwen mete kouraj sou mwen ? Nan travay mwen (oswa nan lekòl mwen), èske m fè konnen mwen se Temwen Jewova, oubyen èske m eseye kache sa ? Èske mwen wont dèske mwen pa menm ak lòt moun yo, oubyen èske sa fè m santi m fyè pou yo wè mwen se yon moun ki apa akoz relasyon mwen genyen avèk Jewova ? ’ Si yon moun ta yon ti jan renka pou l preche bon nouvèl la oswa si l ta pè montre konviksyon pa l pa menm ak pa tout moun, li ta bon pou l sonje konsèy Jewova te bay Jozye lè l te di l : “ Se pou w mete kouraj sou ou, se pou w djanm. ” Pa janm bliye sa : se pa opinyon kòlèg travay nou oswa kamarad lekòl nou ki konte, men sa k konte, se pwennvi Jewova ak Jezi Kris. — Galat 1:10.

Fason pou n vin gen plis kouraj

8, 9. a) Sa k te pase yon lè, ki fè li te difisil pou premye kretyen yo kontinye mete kouraj sou yo ? b) Ki jan Pyè ak Jan te aji devan menas yo te fè yo, e ki eksperyans yo menm ak frè yo te fè ?

8 Ki jan nou ka vin gen plis kouraj pou nou kenbe entegrite nou nan tan difisil sa yo ? E premye kretyen yo menm, ki jan yo te fè vin gen plis kouraj ? Gade sa k te rive lè prèt an chèf yo ak ansyen ki te Jerizalèm yo te di Pyè ak Jan pou yo sispann preche nan non Jezi. Disip yo te refize. Yo te fè yo menas epi yo te kite yo ale. Lè sa a, y al jwenn frè yo, e yo tout, yo pran priye, yo di : “ Jewova, tande menas yo fè nou, epi bay esklav ou yo posiblite pou yo kontinye pale pawòl ou avèk anpil kran. ” ​(Travay 4:13-29). Kòm repons, Jewova te sèvi ak lespri sen pou ba yo fòs, e tankou chèf juif yo te vin temwaye sa annapre, yo “ benyen Jerizalèm ” ak ansèyman yo a. — Travay 5:28.

9 Annou analize sa k te pase nan okazyon sa a. Lè chèf juif yo te menase disip yo, disip sa yo pa t menm reflechi sou posiblite pou pèsekisyon ta fè yo sispann preche. Okontrè, yo te lapriyè pou yo ka gen kouraj pou yo kontinye preche. Apre sa, yo aji ann amoni ak priyè yo a, e Jewova te sèvi ak lespri li pou l ba yo fòs. Eksperyans yo te fè a vin kore sa Pòl te ekri kèk ane apre nan yon lòt kontèks. E sa l te ekri a ka aplike pou kretyen ki jwenn pèsekisyon. Men sa Pòl di : “ Mwen gen fòs pou tout bagay grasa moun ki ban m pisans lan. ” — Filipyen 4:13.

10. Ki jan eksperyans Jeremi te fè a ka ede moun ki timid ?

10 Men, sipozon yon moun timid. Ou kwè, malgre sa, li ka sèvi Jewova avèk kran menm si l devan opozisyon ? Sètènman ! Sonje ki jan Jeremi te reyaji lè Jewova te nonmen l pwofèt. Men repons jennonm nan te bay : “ Se yon timoun mwen ye. ” Repons sa a te montre li pa t santi l alawotè. Men, Jewova te kontinye ankouraje l. Li te di l : “ Pinga w di : ‘ Se yon timoun mwen ye .’ Men se pou w ale bò kote tout moun m ap voye w, e tout sa m ap ba w lòd pou w di se pou w di yo. Ou pa bezwen pè figi yo, paske ‘ m ap avè w pou mwen delivre w ’. ” ​(Jeremi 1:6-10). Jeremi te fè Jewova konfyans, e kòm rezilta, grasa fòs Jewova ba li, li te venk timidite l te genyen pou l preche a e li te vin tounen yon temwen ki gen kran ann Izrayèl.

11. Ki sa ki ede kretyen yo jodi a pou yo mete kouraj sou yo menm jan ak Jeremi ?

11 Jodi a, kretyen wen yo gen yon misyon ki sanble ak pa Jeremi a, e ansanm ak “ gwo foul ” “ lòt mouton ” yo k ap ba yo jarèt, yo kontinye ap fè konnen pwogram Jewova genyen, menm lè moun yo vag, menm lè yo pase yo nan rizib, menm lè yo pèsekite yo (Revelasyon 7:9 ; Jan 10:16). Yo jwenn ankourajman nan pawòl sa yo Jewova te di Jeremi : “ Ou pa bezwen pè ”. Yo pa janm bliye se Jewova ki voye yo e yo pa janm bliye se mesaj li y ap preche. — 2 Korentyen 2:17.

Egzanp moun ki gen kouraj nou ta dwe imite

12. Ki bèl egzanp Jezi te bay kòm moun ki gen kouraj, e ki ankourajman li te bay disip li yo ?

12 Nou ka jwenn èd nan efò n ap fè pou nou gen plis kouraj si nou medite sou egzanp lòt moun ki te aji avèk kran tankou Jeremi (Sòm 77:12). Pa egzanp, etan n ap egzamine ministè Jezi a, sa touche nou pou wè jan li te gen kran lè Satan t ap tante l e lè l t ap afwonte opozisyon tenas nan men chèf juif yo (Lik 4:1-13 ; 20:19-47). Grasa fòs Jewova te bay Jezi, li te tèlman solid, anyen pa t ka fè l chanje konviksyon, e yon ti kras tan anvan l mouri, li di disip li yo : “ Nou gen tribilasyon nan monn nan, men pran kouraj ! Mwen venk monn nan. ” ​(Jan 16:33 ; 17:16). Si disip Jezi yo suiv egzanp li, yo menm tou, y ap pote laviktwa (1 Jan 2:6 ; Revelasyon 2:7, 11, 17, 26). Men, li t ap nesesè pou yo “ pran kouraj ”.

13. Ki ankourajman Pòl te bay Filipyen yo ?

13 Kèk ane apre Jezi te mouri, yo te fèmen Pòl ak Silas nan prizon nan vil Filip. Kèk tan apre, Pòl te ankouraje kretyen ki nan kongregasyon Filip yo pou yo ‘ kenbe fèm nan yon menm espri, pou yo lite kòtakòt nan yon menm nanm pou lafwa bon nouvèl la, san yo pa kite lènmi yo kraponnen yo ditou. ’ Nan menm sans lan, li di yo : “ Sa a [pèsekisyon kretyen yo t ap jwenn nan] se yon prèv ki fè konnen yo menm [pèsekitè yo] y ap detwi, men se yon prèv ki fè konnen nou menm n ap sove. E se Bondye ki bay siy sa a, paske se nou menm yo bay privilèj sa a pou Kris, privilèj non sèlman pou nou mete lafwa nan li, men tou pou nou soufri pou li. ” — Filipyen 1:27-29.

14. Piske Pòl te montre li gen kran, ki efè sa te genyen sou frè ki te abite Wòm yo ?

14 Lè Pòl te ekri kongregasyon Filip la, se nan prizon l te ye ankò, men fwa sa a, se Wòm li te ye. Malgre sa, li te kontinye preche avèk kran. Ki rezilta sa te bay ? Men sa l ekri : “ Sa parèt klè pou tout Gad pretoryen yo ak tout rès moun yo, yo rann yo kont chenn mwen yo gen rapò avèk Kris. E pifò nan frè yo, frè ki ann inyon avèk Seyè a, piske yo vin gen konfyans dèske m nan prizon, yo montre yo gen plis kouraj toujou pou yo bay pawòl Bondye a san yo pa pè. ” — Filipyen 1:13, 14.

15. Ki kote n ap jwenn bèl egzanp lafwa k ap ban nou jarèt pou nou kenbe detèminasyon nou pou nou mete kouraj sou nou ?

15 Egzanp Pòl la ankouraje nou. Menm jan an tou, nou jwenn ankourajman lè nou egzamine egzanp kretyen jounen jodi a ki andire pèsekisyon nan peyi ki anba men diktatè oswa kote se dirijan legliz k ap gouvène. Nou jwenn istwa anpil nan moun sa yo nan Toudegad, nan Réveillez-vous ! ak nan Annuaire des Témoins de Jéhovah. Etan n ap li istwa sa yo, raple nou moun sa yo y ap pale de yo a, se moun ki tankou nenpòt nan nou menm, men lè yo te nan sitiyasyon ki difisil anpil, Jewova te ba yo pisans ki depase pisans ki nòmal la, e sa te pèmèt yo andire. Nou mèt sèten l ap fè menm jan an pou nou, si nou ta nan yon sitiyasyon ki mande sa.

Lè nou montre nou gen kouraj, sa fè Jewova plezi, e sa onore l

16, 17. Ki jan nou ka vin gen yon etadespri ki ede nou mete kouraj sou nou ?

16 Yon kretyen k ap defann laverite, k ap defann sa ki jis avèk kran, se yon moun ki gen kouraj. Si anplis, li oblije mete laperèz li genyen an sou kote pou l rive fè sa, moun sa a gen plis kouraj toujou. Anfèt, nenpòt kretyen kapab gen kouraj si li vle fè volonte Jewova toutbonvre, si li gen detèminasyon pou l rete fidèl, si li toujou konte sou Jewova, e si li pa janm bliye pwen sa a : Jewova deja fòtifye yon pil ak yon pakèt moun ki menm jan avèk li. Mete sou sa, lè nou rann nou kont Jewova kontan e li jwenn onè lè nou montre nou gen kouraj, nou vin gen plis detèminasyon pou nou pa fè bak. Piske nou renmen Jewova anpil, sa prepare nou pou nou sipòte moun k ap pase nou anba rizib oswa lòt sitiyasyon ki pi mal toujou. — 1 Jan 2:5 ; 4:18.

17 Pinga nou janm bliye sa : soufri n ap soufri pou lafwa nou an pa vle di se yon bagay mal nou fè (1 Pyè 3:17). Si n ap soufri, se paske n ap soutni souvrènte Jewova, oswa paske n ap fè sa ki byen, oswa paske nou pa fè pati monn nan. Se nan sans sa a apot Pyè te di : “ Si lè nou fè byen epi nou soufri, nou sipòte, sa a se yon bagay ki agreyab nan je Bondye. ” Men sa Pyè te di ankò : “ Se pou moun k ap soufri annakò avèk volonte Bondye yo kontinye konfye nanm yo nan men yon Kreyatè ki fidèl toutpandan y ap fè sa ki byen. ” ​(1 Pyè 2:20 ; 4:19). Wi, lafwa nou fè Bondye ki renmen nou an plezi, e sa onore l. Sa a se yon kokenn rezon pou nou mete kouraj sou nou !

Lè n ap pale devan otorite yo

18, 19. Lè nou devan yon jij, e nou montre nou gen kouraj, an reyalite, ki mesaj n ap transmèt ?

18 Lè Jezi te di disip li yo yo t ap jwenn pèsekisyon, li te di yo tou : “ Yo gen pou yo trennen nou nan tribinal, e yo gen pou yo bat nou ak kout fwèt nan sinagòg pa yo. Wi, y ap trennen nou devan gouvènè yo e devan wa yo akoz mwen. Sa ap sèvi temwayaj pou yo e pou nasyon yo. ” ​(Matye 10:17, 18). Parèt devan yon jij oswa yon dirijan poutèt yo lage fo akizasyon sou do nou, sa mande kouraj. Men lè nou itilize moman sa yo pou nou bay moun sa yo temwayaj, se sèvi nou sèvi ak yon sitiyasyon ki difisil, nou fè l tounen yon bèl okazyon pou nou reyalize yon bagay ki enpòtan. Annefè, se transmèt n ap transmèt moun sa yo k ap jije nou yo pawòl Jewova ki nan 2yèm Sòm nan. Men sa l di : “ E kounye la a, o wa, montre nou gen bon sans. Kite yo korije nou, o nou menm ki jij sou tè a. Se pou nou sèvi Jewova ak lakrentif. ” ​(Sòm 2:10, 11). Byen souvan, lè yo lage fo akizasyon sou do Temwen Jewova yo nan tribinal, jij yo konn soutni libète yon moun genyen pou l pratike relijyon l e nou gen rekonesans pou sa. Sepandan, gen kèk jij ki konn kite opozan enfliyanse yo. Men sa Bib la di jij sa yo : “ Kite yo korije nou. ”

19 Jij yo ta dwe rekonèt pi gwo lwa ki egziste se lwa Jewova Dye bay. Yo pa ta dwe bliye sa : tout moun, san wete jij yo, gen kont pou yo rann Jewova Dye ak Jezi Kris (Women 14:10). Kanta nou menm, kit nou jwenn jistis nan men yon jij, kit nou pa jwenn jistis, nou gen tout rezon pou nou montre nou gen kouraj, paske Jewova ap soutni nou. Bib la di : “ Byennere tout moun ki pran refij nan li. ” — Sòm 2:12.

20. Poukisa nou mèt kontan menmsi nou dwe sipòte pèsekisyon ak medizans ?

20 Nan Sèmon sou montay la, Jezi te di : “ Nou byennere lè moun ap joure nou, lè y ap pèsekite nou e lè y ap di tout kalite move bagay sou nou akoz mwen. Nou mèt rejwi, nou mèt vole anlè ak kè kontan, piske rekonpans nou gran nan syèl la. Paske se konsa yo te konn pèsekite pwofèt ki te la anvan nou yo. ” ​(Matye 5:11, 12). Natirèlman, pèsekisyon pa dous, men kenbe nou kenbe fèm malgre pèsekisyon, pa egzanp malgre manti kri yo konn fè sou nou nan laprès, se yon rezon pou nou rejwi. Sa siyifi nou fè kè Jewova kontan e n ap resevwa yon rekonpans. Piske nou montre nou gen kouraj, se yon prèv nou gen bonjan lafwa e se yon garanti Bondye dakò avèk nou. An reyalite, sa montre nou mete tout konfyans nou nan Jewova. Yon konfyans konsa trèzenpòtan pou yon kretyen genyen, tankou nou pral wè sa nan atik ki vini apre a.

Ki sa nou te aprann ?

• Ki sitiyasyon nou rankontre jodi a ki mande pou nou gen kouraj ?

• Ki jan nou ka vin gen plis kouraj ?

• Site kèk bèl egzanp moun ki gen kouraj ?

• Poukisa nou vle mete kouraj sou nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 20]

Ni Simone Arnold (ki siyen Liebster kounye a) ann Almay, ni Widdas Madona o Malawi, ni Lydia ak Oleksii Kurdas ann Ikrèn, yo tout yo te demontre yo gen kouraj e yo te reziste devan mechan an.

[Foto nan paj 21]

Nou pa wont bon nouvèl la.

[Foto nan paj 22]

Kouraj Pòl te genyen lè l te nan prizon te pèmèt li fè anpil bagay pou bon nouvèl la.

[Foto nan paj 23]

Si, lè nou devan yon jij, nou sèvi ak Bib la pou nou esplike pozisyon nou avèk kouraj, se transmèt n ap transmèt yon mesaj enpòtan.