Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann bat pou n wè lòt moun menm jan Jewova wè yo

Ann bat pou n wè lòt moun menm jan Jewova wè yo

Ann bat pou n wè lòt moun menm jan Jewova wè yo

“ Bondye pa wè jan lòm wè. ” — 1 SAMYÈL 16:7.

1, 2. Jewova ak Samyèl pa t wè Elyab menm jan. Nan ki sans, e ki leson nou tire nan sa ?

NAN onzyèm syèk anvan epòk nou an, Jewova te voye pwofèt Samyèl nan yon misyon sekrè. Li te bay pwofèt la lòd pou l al lakay yon Izrayelit yo rele Jese pou l wenn youn nan pitit gason Jese yo kòm nouvo wa ki t apral gen pou reye ann Izrayèl. Kou je Samyèl tonbe sou Elyab, premye pitit Jese a, li pa t gen okenn dout nan lespri l se li menm Bondye te chwazi. Men, tande ki sa Jewova te di l : “ Pa gade aparans li e pa gade bèl wotè l, paske mwen mete l sou kote. Paske Bondye pa wè jan lòm wè. Wi, lòm wè sa je l ba li, men Jewova, li menm, li wè sa kè a vo. ” ​(1 Samyèl 16:6, 7). Samyèl pa t wè Elyab jan Jewova te wè l. *

2 Li fasil anpil pou moun fè fo jijman sou lòt moun. Yon bò, nou te ka panse tèl moun gen bèl kalite, epi apre sa, nou vin rann nou kont, ofon, se yon moun ki san moralite. Yon lòt bò, nou ka montre nou strik oswa nou rijid lè n ap analize yon moun nou pa renmen tanperaman l, menmsi se yon bon moun.

3, 4. a) Si de kretyen gen pwoblèm youn ak lòt, ki sa yo chak ta dwe dispoze fè ? b) Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou si nou gen yon gwo pwoblèm ak yon konpayon kretyen ?

3 Si nou se moun ki toujou prèt pou nou jije lòt moun, menm lè se moun nou konnen depi lontan, sa ka bay pwoblèm. Èske sa rive ou te fè yon gwo kont ak yon frè oswa yon sè ki te bon zanmi w ? Si se sa, èske w ta renmen rezoud pwoblèm nan ? Ki sa ki ka ede w fè sa ?

4 Poukisa ou pa pran tan pou w byen egzamine frè sa a oswa sè sa a ki te zanmi w oparavan ? E pandan w ap fè sa, reflechi sou pawòl sa yo Jezi te di : “ Pèsonn pa ka vin jwenn mwen, si Papa a ki voye m nan pa atire l. ” ​(Jan 6:44). Apre sa, poze tèt ou kesyon sa yo : ‘ Poukisa Jewova atire moun sa a sou Pitit li a ? Ki bèl kalite moun sa a gen lakay li ? Èske se wè m pa wè kalite sa yo oubyen se souzestime m souzestime yo ? Ki sa k te fè nou zanmi anvan sa ? Ki kalite li gen lakay li ki te atire m ? ’ Nan yon premye tan, ou ka twouve li difisil pou w sonje kalite moun sa a gen lakay li, sitou si w te kenbe l nan kè pandan yon bon ti tan. Toutfwa, se yon etap ki enpòtan si w vle ranje sitiyasyon an. Pou nou wè ki jan sa ka rive fèt, ann chèche kèk bèl kalite lakay de moun yo abitye jije mal. Nou vle pale de pwofèt Yona ak apot Pyè.

Ki jan de moun Yona te ye toutbonvre ?

5. Ki misyon Bondye te konfye Yona, e ki jan l te reyaji ?

5 Yona te sèvi kòm pwofèt nan wayòm Nò Izrayèl la nan epòk wa Yawobam II, pitit Yewoach (2 Wa 14:23-25). Yon jou, Jewova te bay Yona lòd pou l kite Izrayèl pou l al Niniv, kapital Anpi asiryen an. Nan ki bi ? Se te pou pwofèt la te ka fè moun ki t ap viv Niniv yo konnen gwo vil yo a t apral detwi (Yona 1:1, 2). Olye pou Yona te suiv lòd Bondye te ba li a, li te prefere sove. Li te monte nan yon bato ki t apral yon kote ki rele Tasis, yon vil ki pa t pre ditou ak Niniv. — Yona 1:3.

6. Sa k fè Jewova te chwazi Yona pou l al preche Niniv ?

6 Ki sa k vin nan lespri w, lè lide w frape sou Yona ? Èske w panse a yon pwofèt dezobeyisan ? Ou ka panse konsa si ou pa byen reflechi. Men, èske w panse se paske Yona te dezobeyisan ki fè Bondye te chwazi l kòm pwofèt ? Nou pa panse sa ! Ou mèt si Yona te gen yon seri bèl kalite lakay li. Ann egzamine aktivite l antanke pwofèt.

7. Nan ki sikonstans Yona t ap sèvi Jewova nan peyi Izrayèl, e ki jan, lefètke nou konn sa, sa ka ede n gen yon bon pwennvi sou ki jan de moun li te ye ?

7 Lè w byen gade, Yona te yon pwofèt fidèl ki te travay san rete nan yon tèritwa kote moun yo pa t enterese tande l ditou. Amòs, yon pwofèt ki t ap viv apeprè nan menm epòk ak Yona, te dekri Izrayelit yo kòm yon pèp ki te materyalis e ki te renmen plezi. * Toupatou nan peyi a se te zak malonèt sou zak malonèt, e sa pa t di Izrayelit yo anyen (Amòs 3:13-15 ; 4:4 ; 6:4-6). Poutan, Yona te fè travay li : chak jou Bondye mete, li te preche yo san rete. Si w se pwoklamatè, ou konnen nan ki pwen li pa fasil pou w pale ak moun ki panse yo rive oswa ki pa ba w regle anyen pou yo. Donk, se vre nou rekonèt feblès Yona, men nou pap bliye tou se te yon moun fidèl ki te preche Izrayelit enfidèl yo avèk andirans.

8. Ki defi yon pwofèt Izrayelit t ap gen pou l leve si l ta resevwa misyon pou l al preche Niniv ?

8 Misyon Yona te resevwa pou l al Niniv la te gen yon pi gwo defi ladan l toujou. Pou Yona te rive nan vil sa a, li t ap gen pou l fè anviwon 800 kilomèt ap mache sou de pye l. Se te yon vwayaj difisil ki t ap dire yon mwa konsa. Yon fwa Yona rive la, li t ap gen pou l preche Asiryen yo, yon pèp tout moun te konnen kòm yon pèp ki sadik, yon pèp ki te konn matirize kaptif li pran nan lagè. Yo te menm konn vante tèt yo pou jan yo se yon pèp ki sovaj. Nou vin konprann pou ki rezon yo te rele Niniv “ vil k ap fè san koule a ”. — Nawoum 3:1, 7.

9. Lè te gen yon gwo tanpèt ki menase lavi maren yo, ki kalite Yona te montre li genyen ?

9 Piske Yona pa t dispoze obeyi Jewova, li te monte nan yon bato ki te mennen l byen lwen kote l te sipoze ale a. Toutfwa, Jewova pa t santi pwofèt la se yon ka pèdi, nitou li pa t pran dispozisyon pou yon lòt pwofèt ranplase Yona. Olye de sa, Jewova te fè yon jan pou l fè pwofèt la wè tout enpòtans misyon an te genyen. Bondye te fè yon gwo tanpèt leve sou lanmè a. Vag lanmè a te kòmanse sekwe bato Yona te ladan l lan seryezman. Yon bann inosan t apral pèdi lavi yo akoz Yona (Yona 1:4) ! Ki sa Yona t apral fè ? Etandone li pa t vle matlo yo pèdi lavi yo sou konsyans li, li di yo konsa : “ Pran m, lage m nan lanmè a, e lanmè a va kalme pou nou. ” ​(Yona 1:12). Li pa t gen okenn rezon pou l kwè, lè yo ta fin lage l nan lanmè a, Jewova t apral sove l (Yona 1:15). Men malgre sa, Yona te dispoze pèdi lavi l, yon fason pou matlo yo pa t peri. Dapre istwa sa a, èske nou pa wè Yona se yon moun ki te gen kouraj, imilite ak lanmou ?

10. Ki sa k te pase lè Jewova te repete misyon an pou Yona ?

10 Finalman, Jewova te sove Yona. Èske sa Yona te fè a te diskalifye l nèt antanke reprezantan Bondye ? Non. Avèk mizerikòd e avèk amou, Jewova te repete misyon an pou pwofèt la : li te gen pou l al preche Ninivit yo. Lè Yona rive Niniv, li met gason sou li e li di moun ki t ap viv nan vil la tout mechanste yo te konn ap fè yo te rive devan Bondye. E li di yo tou vil la pral detwi nan 40 jou (Yona 1:2 ; 3:4). Se te yon mesaj dirèk, e lè Ninivit yo te fin tande mesaj sa a, yo te repanti e vil la pa t detwi ankò.

11. Ki sa k montre Yona te tire yon bèl leson nan sa k te rive l la ?

11 Aktout sa, Yona pa t rive wè bagay yo jan l ta sipoze wè yo. Se poutèt sa, avèk pasyans, Jewova te ede l konprann se pa aparans ki enterese l, men se kè li egzamine. Li te pran yon egzanp vivan pou l fè sa (Yona 4:5-11). Yona te rakonte istwa a avèk anpil franchiz. Sa montre li te tire yon bèl leson. Piske li te dispoze rakonte mankman l yo an detay, detay ki pa fin fasil pou mansyone, se yon lòt prèv ankò ki montre se yon moun ki te gen imilite. Sa mande kouraj pou yon moun rive admèt sa l fè ki mal !

12. a) Ki sa ki montre Jezi wè moun menm jan ak Papa l ? b) Ki jan nou ta dwe toujou wè moun n ap preche yo (gade kare ki nan paj 9 la) ?

12 Plizyè syèk apre sa, Jezi te di yon bagay pozitif sou sa ki te rive Yona a. Men ki sa l te di : “ Menm jan Yona te fè twa jou, twa nuit anndan vant gwo pwason an, se konsa Pitit lòm nan ap fè twa jou, twa nuit anndan vant tè a. ” ​(Matye 12:40). Lè Yona resisite, li pral aprann Jezi te konpare tan Li te pase nan tonm nan ak move moman sa a pwofèt la te pase a. Èske nou pa kontan dèske n ap sèvi yon Bondye ki pa lage sèvitè l yo lè yo fè erè ? Gade ki sa salmis la te ekri : “ Menm jan yon papa fè pitit li mizerikòd, Jewova fè moun ki krenn li mizerikòd. Paske li konnen byen ak ki sa nou fèt, li pa bliye nou se pousyè. ” ​(Sòm 103:13, 14). Wi, “ pousyè ” sa a, ki gen ladann tout moun enpafè k ap viv jodi a, ka rive akonpli anpil bagay grasa lespri sen Bondye !

Ann montre nou ekilibre nan fason nou wè Pyè

13. Ki aspè nan tanperaman Pyè ki ka vin nan lide yon moun, men poukisa Jezi te chwazi l kòm apot ?

13 Kounye a, ann fè yon ti pale sou yon lòt egzanp, sou egzanp apot Pyè. Si yo ta mande w sa w panse de Pyè, ki sa ki t ap vin nan tèt ou ? Èske, otomatikman, ou t ap panse a yon apot ki te konn aji san reflechi, yon apot ki te menm konn pran dwa ki pa pou li ? Se vre, nan kèk okazyon Pyè te montre li gen sa nan tanperaman l. Sepandan, èske w panse Jezi t ap chwazi l kòm youn nan 12 apot li yo si reyèlman se yon moun ki te konn aji san reflechi, oubyen ki te konn pran dwa ki pa pou li (Lik 6:12-14) ? Nou pa panse sa ! Jezi pa t rete sou defo Pyè te genyen. Li te pito wè sa ki bon lakay li.

14. a) Aparamman, Pyè te renmen pran lapawòl. Ki sa ki esplike sa ? b) Poukisa nou ta dwe rekonesan dèske Pyè te renmen poze kesyon ?

14 Pafwa, Pyè te konn aji kòm pòtpawòl lòt apot yo. Gen moun ki ka panse se manke l te manke modesti. Men, èske se vre ? Selon sa kèk moun panse, siman Pyè te pi gran pase lòt apot yo e petèt li te menm pi gran pase Jezi. Si se vre, sa kapab esplike poukisa, souvan, se li menm ki te konn pran lapawòl an premye (Matye 16:22). Sepandan, gen yon lòt aspè nan kesyon an li bon pou nou pa bliye. Pyè se te yon moun espirityèl. Se yon moun ki te swaf konesans e sa te pouse l poze kesyon. Jodi a nou tire pwofi nan kesyon li te poze yo. Se pa ni de ni twa bèl deklarasyon kesyon Pyè yo te pouse Jezi fè, e yo konsève deklarasyon sa yo nan Labib. Pa egzanp, se yon kesyon Pyè te poze ki fè Jezi te pale de “ entandan fidèl la ”. (Lik 12:41-44.) Epitou, sonje kesyon sa a Pyè te poze : “ Nou kite tout bagay e nou suiv ou. Ki sa menm k ap genyen pou nou ? ” Sa te pouse Jezi fè pwomès rekonfòtan sa a : “ Nenpòt moun ki kite kay, oswa frè, oswa papa, oswa manman, oswa pitit, oswa jaden, akoz non mwen, ap jwenn plizyè fwa plis pase sa, e l ap eritye lavi etènèl. ” — Matye 15:15 ; 18:21, 22 ; 19:27-29.

15. Poukisa nou ka di Pyè te vrèman fidèl ?

15 Pyè te gen yon lòt kalite : se te yon moun fidèl. Lè anpil disip te sispann suiv Jezi poutèt yo pa t rive konprann yon pawòl li te di pandan l t ap preche, se Pyè ki te pran lapawòl pou 12 apot yo. Li te di : “ Seyè, kiyès pou nou ta al jwenn ? Se ou menm ki gen pawòl lavi etènèl. ” ​(Jan 6:66-68). Nou pa bezwen mande ki jan pawòl sa a te fè kè Jezi kontan ! Kèk tan apre sa, lè yon foul moun te vin arete Mèt la, pifò nan apot yo te chape poul yo. Sepandan, Pyè te suiv foul la a distans e li te tou antre nan lakou gran prèt la. Pyè te brav, li pa t kapon. E se sa k te fè l antre kote sa a. Pandan yo t ap entèwoje Jezi, Pyè te fofile kò l nan mitan yon gwoup Juif ki te frèt e ki t ap chofe dife. Gen youn nan esklav gran prèt la ki te rekonèt li e li te pwofite akize misye kòmkwa li te konn ak Jezi. Se vre Pyè te nye Mèt li, men fò n pa bliye se fidelite ak enkyetid li te genyen pou Jezi, ki fè li te twouve l nan yon sitiyasyon kote malè te ka rive l, yon sitiyasyon pifò nan apot yo pa t oze brave. — Jan 18:15-27.

16. Pou ki rezon nou sot egzamine bèl kalite Yona ak Pyè te genyen ?

16 Defo Pyè yo pa parèt anyen menm devan bèl kalite li te genyen. E nou ka di menm bagay la pou Yona. Menm jan analiz nou sot fè sou de mesye sa yo pèmèt nou wè bèl kalite yo te genyen, kalite petèt nou pa t wè anvan, menm jan an tou, jodi a, nou fèt pou nou pran abitid chèche bèl kalite lakay frè ak sè nou yo. Si nou fè sa, n ap gen pi bon relasyon avèk yo. Poukisa li enpòtan pou nou fè sa ?

Ki leson nou tire ?

17, 18. a) Sa k fè ka vin gen ti pwoblèm ant kretyen ? b) Ki konsèy biblik ki ka ede nou rezoud pwoblèm nou genyen ak lòt kretyen parèy nou ?

17 Jodi a, gen tout kalite moun k ap sèvi Jewova nan tèt ansanm. Ou jwenn gason, fi ak timoun ki pa gen menm nivo ekonomik, ki pa gen menm fòmasyon e ki pa sot nan menm ras (Revelasyon 7:9, 10). Anndan kongregasyon an, ou jwenn moun ki gen tout kalite tanperaman. Etandone, n ap sèvi Bondye ansanm, nou an kontak youn ak lòt, pafwa n ap jwenn ti pwoblèm. Se pa yon sitiyasyon nou ka evite. — Women 12:10 ; Filipyen 2:3.

18 Se vre nou pa avèg, nou wè defo frè ak sè nou yo, men nou pa rete sou sa. Nou fè sa n kapab pou n imite Jewova. Salmis la di : “ Si se te fot ou t ap chèche, o Ya, o Jewova, kiyès ki t ap ka kanpe ? ” ​(Sòm 130:3). Olye pou nou rete sou sa nou pa renmen lakay yon moun, nou prefere “ pousuiv bagay ki favorize lapè ak bagay ki ankourajan ni pou youn ni pou lòt ”. (Women 14:19.) Nou fè tout efò nou pou nou wè moun menm jan Jewova wè yo, nou pase sou defo yo e nou konsantre nou sou bèl kalite yo genyen lakay yo. Lè nou aji konsa, sa ede nou “ kontinye sipòte nou youn lòt ”. — Kolosyen 3:13.

19. Site kèk metòd efikas yon kretyen ka suiv nan efò l ap fè pou l regle yon gwo pwoblèm li genyen ak yon frè oswa yon sè.

19 E si gen mezantant nou santi nou pa ka annik pase sou yo (Sòm 4:4) ? Èske gen yon bagay konsa ki te rive ant ou menm ak yon frè oswa yon sè ? Poukisa ou pa eseye wè si w a ranje sitiyasyon an (Jenèz 32:13-15) ? Premye bagay pou w fè, se priye Jewova sou sa pou w mande l direksyon. Ansuit, avèk bèl kalite moun nan nan tèt ou, abòde l avèk “ yon dousè ki mache ak sajès ”. (Jak 3:13.) Di l ou vle fè lapè. Pa bliye konsèy Bib la bay lè l di : “ Tout moun dwe toujou prese pou yo tande, pèsonn pa dwe prese pale, pèsonn pa dwe prese fè kòlè. ” ​(Jak 1:19). Lè Bib la di nou “ pa dwe prese fè kòlè ”, sa vle di moun nou gen pwoblèm avè l la ka di w oswa fè w yon bagay ki fè w fache. Si sa rive, mande Jewova pou l ede w pa pèdi metriz ou (Galat 5:22, 23). Kite frè a oswa sè a di sa k nan kè l epi koute l avèk atansyon. Pa koupe l lapawòl, menmsi ou pa fin twò dakò ak tout sa li di. Li kapab di yon bagay ki pa sa, men se opinyon l, e ou bezwen respekte sa. Eseye mete w nan plas li. Petèt sa ka mande pou w wè tèt ou menm jan lòt frè a wè w. — Pwovèb 18:17.

20. Lè de moun ap eseye fè lapè, ki lòt bagay yo ka fè ki ka pèmèt yo rekonsilye ?

20 Kounye a, lè se tou pa w pou w pale, fè sa avèk jantiyès (Kolosyen 4:6). Di frè a ki sa ou apresye lakay li. Rekonèt tò w epi mande eskiz. Si, avèk imilite, ou fè efò pou w rezoud pwoblèm nan epi sa mache, di Jewova mèsi. Si pwoblèm nan pa rezoud, kontinye pale de sa ak Jewova pou l ka gide w, annatandan ou jwenn lòt okazyon pou w fè lapè. — Women 12:18.

21. Ki jan egzamen nou sot fè la a ede w wè lòt moun menm jan Jewova wè yo ?

21 Jewova renmen tout sèvitè l yo. Se yon plezi pou li sèvi avèk nou chak, aktout nou enpafè. Plis nou konprann fason li wè lòt moun, se plis n ap vin renmen frè ak sè nou yo. Menmsi amou nou genyen pou yon konpayon kretyen ta vin refwadi, amou sa a ka retounen vini menm jan l te ye anvan. Se pa ti benediksyon k ap tann nou si nou fè tout efò nou pou nou gen yon pwennvi pozitif sou lòt moun, wi, si nou wè yo menm jan Jewova wè yo !

[Nòt anba paj]

^ § 1 Apre sa, li te vin klè pou anpil moun Elyab pa t ranpli kondisyon pou l te ka wa ann Izrayèl, menmsi l te bèl gason. Lè Golyat, yon jeyan, te bay Izrayelit yo defi pou yo te vin goumen avè l, Elyab ansanm ak kèk lòt Izrayelit te tèlman pè, yo rale kò yo dèyè. — 1 Samyèl 17:11, 28-30.

^ § 7 Sanble Yawobam II te travay anpil pou wayòm Nò a te ka vin pi rich. Li te rive fè sa grasa gwo konkèt li te fè, grasa ansyen tèritwa li te repran e grasa byen li ka te ranmase nan konkèt sa yo. — 2 Samyèl 8:6 ; 2 Wa 14:23-28 ; 2 Kwonik 8:3, 4 ; Amòs 6:2.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan Jewova wè defo sèvitè l yo ki fidèl ?

• Site kèk bèl kalite Yona ak Pyè te genyen.

• Ki opinyon ou pral fè efò pou w toujou genyen sou kretyen parèy ou yo ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 9]

Reflechi sou fason Bondye li menm li wè lòt moun

Pandan w ap medite sou istwa Bib la rakonte sou Yona a, èske w santi nesesite pou w wè moun w ap preche yo yon lòt jan ? Menm jan ak Izrayelit yo, yo kapab aji tankou moun ki panse yo rive oubyen ki pa ba w regle anyen pou yo, oswa yo ka tou senpleman opoze ak mesaj w ap preche a. Men, kesyon pou nou poze se : Ki jan Jewova Dye wè yo ? Menm moun ki gwo zotobre nan sistèm sa a ka vin sèvi Jewova yon jou, menm jan wa Niniv la te fè apre Yona te fin preche l. — Yona 3:6, 7.

[Foto nan paj 8]

Èske w wè lòt moun yo menm jan Jewova wè yo ?

[Foto nan paj 10, 11]

Jezi te jwenn yon bagay enteresan pou l di sou sa k te rive Yona a.