Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Anvan sa, apre sa : Lavi l chanje nèt

Anvan sa, apre sa : Lavi l chanje nèt

“ Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou ”

Anvan sa, apre sa : Lavi l chanje nèt

LAVI a te dezagreyab e li te vin pa gen okenn sans pou Matsepang, yon jèn fi ki t ap viv nan vil Lesoto, nan sant Afrik di Sid. Matsepang te grandi nan relijyon katolik, men pèsonn pa t ede l pwoche bò kote Bondye. Annefè, pandan plizyè ane, gen yon ekip mamè ki te abize l : yo te konn ofri l lajan pou yo fòse l kouche avèk yo.

Akoz de sa, Matsepang te vin pèdi konfyans nan relijyon e li pa t ka rive kwè gen yon Kreyatè ki renmen lèzòm e ki sansib pou yo toutbonvre. Move tretman li te sibi ak abi yo te fè l te make l anpil e li te vin santi li pa vo anyen menm. Li te vin vyolan anpil e li te toujou sou goumen. Sa te fè l vin yon delenkan.

Finalman, Matsepang te vin antre nan yon gang ki te konn vòlè moun k ap vwayaje nan tren. Yo te arete l e yo te mete l nan prizon ann Afrik di Sid. Apre sa, yo te voye l tounen Lesoto, kote l te fèt la. Lè l rive la, li kontinye viv kòm delenkan. Li kontinye bwè tafya, li kontinye fè vyolans e li kontinye viv nan imoralite.

Rive yon moman nan vi l, moral li te ba anpil. Nan moman sa a, li sipliye Bondye pou l mande l èd li e li fè l pwomès sa a : “ Bondye, si m pa mouri, m ap fè sa m kapab pou m sèvi w. ”

Yon tikras tan apre sa, te gen misyonè Temwen Jewova ki te abòde Matsepang. Yo te ofri l pou yo etidye Labib avèk li. Grasa etid la, li te vin reyalize Bondye pa endiferan e li pa ensousyan nonplis. Gen yon lòt bagay ankò li te vin dekouvri : Satan, “ papa manti ”, sèvi ak taktik ki gen riz, taktik ki gen twonpri, pou l fè kèk moun santi yo pa vo anyen e pou l fè yo kwè Jewova pa t ap janm wè yo merite pou li renmen yo. — Jan 8:44 ; Efezyen 6:11.

Yon lòt bò, sa te konsole Matsepang anpil lè l te aprann yon moun ka vin gen bonjan estim pou tèt li si li repanti pou peche li te konn fè, si l chèche jwenn padon nan men Bondye e si l fè efò pou l fè l plezi. Yo te ede l konprann verite sa a : “ Bondye pi gran pase kè nou ” e fason li wè nou ka toutafè diferan de fason nou wè pwòp tèt nou. — 1 Jan 3:19, 20.

Sa te touche Matsepang anpil lè li te li pawòl sa yo salmis David te ekri : “ Jewova toupre moun ki santi yo kraze nan kè yo. E moun ki santi yo kraze nan lespri yo, l ap sove yo. ” ​(Sòm 34:18). Etandone li te ‘ kraze nan lespri l ’, li te vin rann li kont Jewova pa abandone sèvitè l yo, menmsi gen nan yo ki deprime oubyen ki santi yo pa gen valè. Lè li te aprann Bondye sansib pou tout ti mouton l yo e li soutni yo nan moman difisil, sa te rekonfòte l (Sòm 55:22 ; 1 Pyè 5:6, 7). Se pawòl sa yo ki te plis touche l : “ Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. ” — Jak 4:8.

Pawòl Bondye a, Bib la, gen anpil pouvwa. Moun pa t pran tan pou yo konstate sa nan vi Matsepang. Li te kòmanse asiste reyinyon regilyèman e li te sispann fè tout sa ki kontrè ak sa ki nan Bib la. Rezilta ? Li te sispann santi li pa diy pou Bondye renmen l, pou Bondye apwouve l. Depi lè Matsepang fin batize kòm Temwen Jewova, li pase plizyè milye èdtan ap preche bon nouvèl Wayòm Bondye a. Malgre move tretman li te sibi ki te make l anpil, li viv ak kè kontan e vi l gen yon sans kounye a. Ala yon bèl egzanp ki montre ki jan Bib la gen pouvwa pou l chanje lavi moun ! — Ebre 4:12.

[Antrefilè nan paj 31]

“ Bondye, si m pa mouri, m ap fè sa m kapab pou m sèvi w. ”

[Kare nan paj 31]

Prensip biblik yo bay bon rezilta

Men kèk prensip biblik ki konsole moun ki sibi move tretman :

“ Lè enkyetid mwen yo te vin anpil nan tèt mwen, konsolasyon w yo te kòmanse karese nanm mwen. ” ​(Sòm 94:19). “ Konsolasyon ” Jewova ban nou grasa Pawòl li ka rekonfòte nou anpil. Si nou reflechi sou yo lè n ap medite e lè n ap priye, sa ap fè enkyetid nou yo toumante nou mwens e sa ap fè nou vin gen konfyans nan Bondye tout pandan n ap konsidere l kòm yon zanmi ki konprann nou.

“ Li [Jewova] geri moun ki gen kè kraze, e li bande tout kote k ap fè yo mal. ” ​(Sòm 147:3). Si nou gen rekonesans pou mizèrikòd Jewova ansanm ak dispozisyon li pran pou l kouvri peche nou grasa sakrifis Jezi te bay kòm ranson an, n ap kapab pwoche bò kote l avèk konfyans, san nou pa santi nou koupab. Sa ka ban nou yon konsolasyon ak yon kè poze ki san parèy.

“ Pèsonn pa ka vin jwenn mwen [Jezi Kris], si Papa a ki voye m nan pa atire l. E m ap resisite l nan dènye jou a. ” ​(Jan 6:44). Grasa lespri sen e grasa aktivite predikasyon an, Jewova atire nou pou nou vin jwenn Pitit li a e li ban nou esperans lavi etènèl.