Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Dousè : yon kalite ki esansyèl pou tout kretyen

Dousè : yon kalite ki esansyèl pou tout kretyen

Dousè : yon kalite ki esansyèl pou tout kretyen

“ Abiye nou avèk [...] dousè. ” — KOLOSYEN 3:12.

1. Ki sa k fè dousè se yon bèl kalite ?

LÈ YON moun dou, oubyen li dosil, se tout yon plezi pou lòt moun rete bò kote l. Poutan, Salomon, yon wa ki saj, te di “ yon lang ki dou ka kase yon zo ”. (Pwovèb 25:15.) Dousè se yon bèl kalite. Lè yon moun genyen l, li gen yon tanperaman ki agreyab, men sa pa anpeche li fèm.

2, 3. Ki relasyon ki genyen ant dousè ak lespri sen, e ki sa nou pral egzamine nan atik sa a ?

2 Lè apot Pòl t ap dekri “ fwi lespri a ” nan Galat 5:22, 23, li te site dousè ladan l. Mo grèk Traduction du monde nouveau tradui nan vèsè 23 a ki vle di “ dousè ” a, gen yon tradiksyon Labib ki mete “ imilite ” lè l rive sou mo sa a. Fò nou di, nan anpil lang, li pa fasil pou jwenn yon mo ki vle di egzakteman menm bagay ak mo grèk yo te itilize a, paske mo sa a pa gen sans imilite oubyen jantiyès moun demontre ann aparans. Se yon kalite ki pi pwofon, yon kalite ki fè moun gen konsiderasyon pou lòt moun. Kalite sa a, se pa fason yon moun konpòte l, men se jan li ye nan fon kè l.

3 Annou egzamine kat egzanp biblik k ap ede nou pi byen konprann ki sa dousè vle di e ki enpòtans li genyen (Women 15:4). Pandan n ap konsidere egzanp sa yo, non sèlman n ap aprann sa kalite sa a ye, men tou, n ap rive konnen ki jan nou kapab vin posede kalite sa a, e ki jan nou kapab manifeste l nan tout aspè nan lavi nou.

Yon kalite ki “ gen anpil valè nan je Bondye ”

4. Ki jan nou fè konnen dousè se yon kalite ki gen anpil valè nan je Jewova ?

4 Piske dousè se yon eleman nan fwi lespri Bondye a, li nòmal pou kalite sa a mache ansanm ak bèl pèsonalite Bondye genyen. Annefè, dapre apot Pyè, “ yon espri ki dou e ki pezib ” gen “ anpil valè nan je Bondye ”. (1 Pyè 3:4.) Wi, dousè se yon kalite Jewova li menm demontre, yon kalite ki gen anpil valè nan je l. Rezon sa a sèlman sifi pou tout moun k ap sèvi Bondye kiltive dousè lakay yo. Toutfwa, ki jan Bondye Toupisan an, pi gwo Otorite nan linivè a, demontre li gen dousè ?

5. Piske Jewova gen dousè lakay li, ki espwa sa ban nou ?

5 Bondye te bay Adan ak Èv, de premye moun yo, yon kòmandman klè. Li te di yo pou yo pa manje fwi ki nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la. Men, yo te dezobeyi l, yo te manje fwi a ak pwòp volonte yo (Jenèz 2:16, 17). Kòm rezilta, dezobeyisans sa a mennen peche ak lanmò, e sa vin fè ni Adan ni Èv ansanm ak tout desandan yo vin separe ak Bondye (Women 5:12). Kwak Jewova te gen tout rezon l pou l pwononse santans sa a sou yo, li pa t twò di avèk yo, li pa t konsidere limanite kòm ka pèdi oswa kòm moun yo pa ka rachte (Sòm 130:3). Okontrè, Jewova te aji avèk dousè. Ki jan l te fè sa ? Ebyen, menm apre premye paran nou yo te fin lage lèzòm nan peche, konpasyon Jewova gen nan kè l ansanm ak volonte li genyen pou l pa montre li rijid te pouse l pran dispozisyon pou l bay limanite mwayen pou l pwoche kote l e pou l jwenn favè li. Wi, grasa ranson Jewova te bay kòm kado a, sakrifis lavi Pitit li a, Jezi Kris, li fè l vin posib pou nou pwoche bò kote twòn li san nou pa pè, san nou pa tranble. — Women 6:23 ; Ebre 4:14-16 ; 1 Jan 4:9, 10, 18.

6. Ki jan dousè Bondye gen lakay li te parèt klè nan fason l te aji ak Kayen ?

6 Byen lontan anvan Jezi te vin sou tè a, Jewova te demontre li gen dousè lè de premye pitit Adan yo, Kayen ak Abèl, te fin ofri sakrifis ba li. Piske Jewova te wè sa k ap pase nan kè yo toule de, li te rejte sakrifis Kayen an, men li te “ apwouve ” Abèl ak tout sakrifis pa l la. Lefètke Jewova te konsidere Abèl, ki te fidèl, ak sakrifis li a avèk byenveyans, sa te pouse Kayen reyaji mal nan sikonstans lan. Dapre sa Bib la di, lè sa a, “ Kayen te gen yon sèl kòlè ki monte l, e li te fè figi l byen long ”. E Jewova menm, ki jan l te reyaji ? Èske l te kite move atitid Kayen an ofanse l ? Non. Avèk dousè, li te mande Kayen pou ki rezon l fache konsa. Jewova te menm esplike l ki sa l te ka fè pou l jwenn “ lwanj ”. (Jenèz 4:3-7.) Se vre, nou ka wè sa, dousè se lakay Jewova l chita. — Egzòd 34:6.

Yon kalite ki atiran e ki bay fòs

7, 8. a) Ki pi bon fason nou ka rive konprann dousè Jewova gen lakay li ? b) Ki sa pawòl nou jwenn nan Matye 11:27-29 la aprann nou sou Jewova ak sou Jezi ?

7 Youn nan pi bon fason pou nou konprann kalite san parèy Jewova gen lakay li yo se lè nou analize lavi Jezi ansanm ak ministè l (Jan 1:18 ; 14:6-9). Pandan Jezi te Galile, nan dezyèm ane kanpay predikasyon l lan, li te akonpli anpil zèv estrawòdinè nan Korazin, nan Kapènawoum ak nan lòt lokalite ki nan zòn nan. Malgre sa, pifò moun yo te gen ògèy, yo pa t enterese nan sa l t ap di yo, yo pa t vle kwè. Men, ki jan Jezi te reyaji ? Avèk anpil fèmte, li te fè moun sa yo sonje konsekans sa ap genyen pou yo paske yo manke lafwa, men anmenmtan, kè l te fè l mal lè l te wè nan ki kondisyon espirityèl deplorab ʽam haʼarèts yo te ye, anpalan de moun ki nan mas pèp la, moun òdinè ki nan mitan moun ògeye sa yo. — Matye 9:35, 36 ; 11:20-24.

8 Aksyon Jezi te fè kèk tan apre yo montre li “ konn papa l byen ” e yo montre li imite l. Men bèl envitasyon li te fè pèp la : “ Vin jwenn mwen, nou tout k ap travay di e ki anba chay, epi m ap reban nou fòs. Mete jouk mwen an sou zepòl nou e aprann nan men m, paske mwen gen karaktè dou e mwen gen imilite nan kè m, e n ap jwenn fòs pou nanm nou. ” Nou pa bezwen mande jan pawòl sa yo te bay moun yo t ap eksplwate yo, moun yo t ap maltrete yo, fòs ak konsolasyon. Menm nou menm k ap viv jodi a, nou jwenn fòs ak kouraj nan pawòl sa yo. Si nou abiye nou toutbonvre ak dousè, n ap pami moun “ Pitit la dakò pou l revele ” kiyès Papa a ye. — Matye 11:27-29.

9. Ki kalite ki mache ansanm ak dousè ? Ki bèl egzanp Jezi kite pou nou nan domèn sa a ?

9 Dousè se yon kalite ki fè moun ‘ gen imilite nan kè l ’, tandiske ògèy fè moun pran tèt yo pou yon pakèt afè. Souvan, li fè moun nan trete lòt moun ak britalite, li fè l pa sansib pou yo (Pwovèb 16:18, 19). Pandan tout tan Jezi te fè ap preche sou tè a, li te toujou montre li se yon moun ki gen imilite. Sis jou anvan l te mouri, apre l te fin mache nan tout Jerizalèm, yo t ap aplodi l kòm Wa Juif yo. Nan sikonstans lan, li te montre li totalman diferan ak chèf ki nan monn nan. Li te akonpli sa pwofesi Zekarya a te di konsènan Mesi a : “ Gade ! Men Wa w la ap vin jwenn ou, li gen karaktè dou, e li monte sou yon bourik, wi sou yon ti bourik, pitit yon bèt ki konn pot chay. ” ​(Matye 21:5 ; Zekarya 9:9). Nan yon vizyon, Danyèl, yon pwofèt fidèl, te wè Jewova k ap bay Pitit li a pouvwa a. Yon lòt pwofesi ki te ekri anvan sa te pale de Jezi kòm “ moun ki pi enb pami lèzòm ”. Wi, pa gen dout nan sa, dousè ak imilite mache ansanm. — Danyèl 4:17 ; 7:13, 14.

10. Poukisa dousè kretyen yo demontre a pa vle di feblès ?

10 Bonjan dousè Jewova ak Jezi demontre a ede nou vin pi pwòch yo (Jak 4:8). Natirèlman, dousè pa vle di feblès. Yo pa menm bagay ditou ! Pa egzanp, Jewova, Bondye toupisan an, gen yon abondans enèji e li chaje ak pisans. Li pa dakò ditou ak enjistis k ap fèt (Izayi 30:27 ; 40:26). Menm jan an tou, Jezi te montre yon fèm detèminasyon pou l pa t fè konpwomi menm lè li te anba gwo atak Satan Ledyab. Li pa t tolere komès ilegal chèf relijye yo t ap fè nan epòk li a (Matye 4:1-11 ; 21:12, 13 ; Jan 2:13-17). Nan relasyon l avèk disip li yo, menm lè yo te gen defo, sa pa t fè li pèdi dousè l pou sa. Avèk pasyans li te sipòte feblès yo (Matye 20:20-28). Gen yon biblis ki dekri dousè yon fason ki byen apwopriye, li di : “ Gen yon fòs ann asye ki kache dèyè [kalite sa a]. ” Annou fè efò pou nou demontre nou gen dousè lakay nou, yon kalite kretyen dwe genyen.

Li te pi dou pase tout moun nan epòk li a

11, 12. Lè nou konsidere fason Moyiz te leve a, ki sa k fè dousè li te gen lakay li a remakab ?

11 Twazyèm egzanp nou pral konsidere se egzanp Moyiz. Bib la pale de li kòm “ moun ki te pi dou pase tout moun ki te sou tout kò tè a ”. (Nonb 12:3, nòt anba paj.) Moun ki te ekri pawòl sa yo te fè sa anba enspirasyon Bondye. Lefètke Moyiz te gen yon dousè ki remakab, sa te fè l dispoze kite Jewova gide l.

12 Fason Moyiz te leve a te eksepsyonèl. Jewova te pran tout dispozisyon pou ti gason sa a, ki te gen paran fidèl, te rete vivan nan yon moman kote te gen anpil trayizon ak anpil masak ki te konn ap fèt. Se manman Moyiz ki te pran swen l lè l te tou piti. E manman l te pran san l pou l te anseye l laverite sou vrè Bondye a, Jewova. Apre sa, yo te pran Moyiz nan men fanmi li pou l al viv nan yon anviwònman ki te totalman diferan ak kote l t ap viv la. Men sa Etyèn, premye mati kretyen an, te rakonte : “ Moyiz te jwenn enstriksyon nan tout sajès Ejipsyen yo. Wi, li te pale e li te aji avèk fòs. ” ​(Travay 7:22). Lafwa li te vin pi remakab lè l t ap gade enjistis frè l yo t ap sibi anba men moun Farawon te tabli chèf sou esklav yo. Poutèt li te touye yon Ejipsyen li te wè ki t ap maltrete yon Ebre, li te oblije sove kite Ejip e li t ale yon peyi ki rele Madyàn. — Egzòd 1:15, 16 ; 2:1-15 ; Ebre 11:24, 25.

13. Ki efè 40 an Moyiz te fè ap viv Madyàn nan te genyen sou li ?

13 Lè Moyiz te gen 40 an, li te oblije debouye l pou pran swen tèt li nan yon dezè. Lè l rive Madyàn, li te rankontre sèt pitit fi yon mesye ki rele Rewouyèl e li te ede yo tire dlo pou gwo twoupo papa yo a. Lè medam yo tounen lakay yo, avèk anpil kè kontan, yo rakonte papa yo te gen “ yon Ejipsyen ” ki te delivre yo anba men bèje ki t ap ba yo pwoblèm. Rewouyèl te envite Moyiz pou l vin ret lakay li, e li te aksepte. Li te pase mizè, men sa pa t fè l pèdi jwa l pou sa, okontrè sa te prepare l pou l aprann adapte l ak kote l vin ap viv la. Dezi l te genyen pou l fè volonte Jewova pa t janm diminye. Moyiz te pase yon pakèt tan, 40 ane, ap okipe bèt Rewouyèl l yo. Pandan peryòd sa a li te marye ak Zipora, li te fè edikasyon pitit li yo, e li te pwofite devlope dousè lakay li pi plis toujou. E se kalite sa a ki t apral plis parèt nan tanperaman l. Wi, piske Moyiz te andire anba tout kalite eprèv, sa te aprann li devlope dousè lakay li. — Egzòd 2:16-22 ; Travay 7:29, 30.

14. Bay yon sitiyasyon ki te prezante pandan Moyiz t ap dirije nasyon Izrayèl la ki montre li se yon moun ki gen dousè.

14 Apre Jewova te fin wenn Moyiz kòm chèf sou nasyon Izrayèl la, li te toujou kontinye demontre li gen dousè. Te gen yon jèn gason ki te vin rakonte l jan Eldad ak Medad t ap aji antanke pwofèt nan kan an, alòske yo pa t menm la lè Jewova te lage lespri l sou 70 ansyen ki t apral ede Moyiz yo. Jozye te di : “ Moyiz, Seyè m, fè yo sispann non. ” Avèk dousè Moyiz te reponn : “ Èske w jalou pou mwen ? Non, m ta byen kontan si tout pèp Jewova a te pwofèt, paske Jewova t ap mete lespri li sou yo. ” ​(Nonb 11:26-29). Grasa dousè Moyiz te demontre, sitiyasyon an te vin kalme.

15. Malgre Moyiz te enpafè, poukisa li se yon bon egzanp pou nou imite ?

15 Gen yon okazyon ki te rive kote Moyiz genlè te manke dousè. Se te Meriba, tou pre yon zòn ki rele Kadèch. Lè sa a, Moyiz pa t bay Jewova glwa kòm Moun ki konn fè mirak (Nonb 20:1, 9-13). Se vre Moyiz te enpafè, men li te gen yon fwa solid e sa te soutni l pandan tout vi l. Mete sou sa, bonjan dousè li te demontre lakay li atire nou, nou menm tou k ap viv jis jounen jodi a. — Ebre 11:23-28.

Awogans ak dousè se de bagay diferan

16, 17. Ki leson nou aprann nan istwa Nabal ak Abigayil la ?

16 Gen yon evènman ki te rive nan epòk David, apre lanmò Samyèl, yon pwofèt Bondye, se yon evènman nou ka tire yon leson ladan l. Sa te konsène Nabal ak madanm li Abigayil. Te gen yon gwo diferans ant de moun sa yo. Alòske Abigayil te yon moun ki “ gen anpil pridans ”, mari li te yon moun “ awogan e li te konn aji mal ”. Mesye David yo te vin mande Nabal yon ti kichòy. Li tèlman yon moun ki di, li kite yo ale blanch. Poutan, mesye yo te pami moun ki t ap veye yon gwo twoupo bèt li te genyen. Sa te fè David vekse anpil, e li te gen rezon. Se poutèt sa, li te pran yon gwoup nan mesye l yo ansanm ak li, ak tout epe yo, e yo te pati pou y al koresponn ak Nabal. — 1 Samyèl 25:2-13.

17 Lè pawòl la tonbe nan zòrèy Abigayil, li prese pran pen, diven, vyann, gato rezen, ak gato fig frans epi li kouri al rankontre David. Li sipliye David, li di l : “ O, seyè m nan, se sou mwen fot la tonbe, e souple, kite esklav ou a pale avèk ou nan zòrèy ou epi koute pawòl esklav ou a. ” David te kalme pou jan Abigayil te pale ak li avèk dousè. Men sa David te di apre l te fin tande esplikasyon Abigayil la : “ Benediksyon pou Jewova, Bondye Izrayèl la, li menm ki voye w vin rankontre m jodi a. E benediksyon pou bon sans ou, e benediksyon pou ou ki te anpeche m fè san koule nan jounen sa a e ki fè pwòp men m vin delivre m. ” ​(1 Samyèl 25:18, 24, 32, 33). Finalman, awogans Nabal te mennen l anba tè. Tandiske bèl kalite Abigayil te gen lakay li te pote yon gwo benediksyon pou li : li te vin madanm David. Fason Abigayil te montre li gen dousè a se yon bèl egzanp pou tout moun k ap sèvi Jewova jodi a. — 1 Samyèl 25:36-42.

Ann pousuiv dousè

18, 19. a) Si nou abiye nou ak kalite ki rele dousè a, ki chanjman k ap parèt klè lakay nou ? b) Ki sa ki ka ede nou fè yon bonjan egzamen sou tèt nou ?

18 Pa gen diskisyon sou sa, dousè se yon kalite ki endispansab. Li plis pase yon senp jantiyès yon moun gen lakay li. Se yon kalite yon moun gen nan tanperaman l ki atire lòt moun e ki ba yo fòs. Sa ka rive, lontan, nou te konn pale di ak moun, nou te konn montre nou dezagreyab nan fason n ap aji avèk yo. Sepandan, apre nou fin etidye verite ki nan Bib la, nou vin chanje, nou vin yon moun ki abòdab, yon moun ki agreyab. Pòl te pale de chanjman sa a nan ankourajman li t ap bay kretyen parèy li yo. Men sa l te di yo : “ Se pou nou abiye nou avèk tandrès, afeksyon, konpasyon ansanm ak bonte, imilite, abiye nou ak yon karaktè ki dou e ak pasyans .” ​(Kolosyen 3:12). Bib la konpare transfòmasyon sa a avèk chanjman ki fèt lakay yon seri bèt sovaj tankou, lou, leyopa, lyon, ous ak kobra, ki vin pezib menm jan ak zannimo domestik, tankou mouton, ti kabrit, jèn ti bèf ak vach (Izayi 11:6-9 ; 65:25). Chanjman sa yo ki fèt nan pèsonalite moun tèlman remakab, yo fè moun k ap obsève yo sezi. Sepandan, nou menm, nou konnen bèl transfòmasyon sa yo rive posib grasa èd lespri Bondye, piske dousè se yon eleman nan fwi lespri Bondye a, yon fwi ki vrèman remakab.

19 Men, èske sa vle di, yon fwa nou fin fè chanjman ki nesesè nan lavi nou, nou vwe tèt nou bay Jewova, nou pa bezwen fè efò ankò pou nou gen dousè lakay nou ? Pa janm kwè sa. Pa egzanp, menmsi yon rad tounèf, nou toujou bezwen pran swen l pou l rete pwòp e pou l rete prezantab. Si nou egzamine Pawòl Bondye a, e si nou pran tan pou nou medite sou egzanp nou jwenn ladan l, sa ap ede nou gade tèt nou yon lòt fason e avèk lòt objektif. Lè nou gade nan Pawòl Bondye a ki tankou yon glas, ki sa li aprann nou sou tèt nou ? — Jak 1:23-25.

20. Si nou demontre nou gen dousè, ki bon rezilta n ap jwenn ?

20 Ofon, tout moun pa gen menm tanperaman. Gen nan sèvitè Bondye yo ki pi fasil pou yo demontre dousè pase yon lòt. Sepandan, se tout kretyen ki bezwen demontre fwi lespri sen Bondye a lakay li, e ladan l nou jwenn dousè. Avèk amou, men ki ankourajman Pòl te bay Timote : “ Se pou w pousuiv sa ki jis, sa ki gen rapò ak atachman pou Bondye, se pou w pousuiv lafwa, andirans, se pou w kontinye montre ou gen yon karaktè ki dou. ” ​(1Timote 6:11). Mo “ pousuiv ” la fè konprann se yon bagay ki mande efò. Gen yon tradiksyon biblik ki mete “ chache ”. (Bib la.) Si w fè efò pou w medite sou bèl egzanp ki gen nan Pawòl Bondye a, y ap rete grave nan lespri w, y ap vin tounen yon pati nan ou menm tankou se yon grèf yo fè sou ou. Y ap fòme w, y ap gide w. — Jak 1:21.

21. a) Poukisa nou bezwen pousuiv dousè ? b) Sou ki sa nou pral pale nan atik ki vin apre a ?

21 Fason nou konpòte nou ak lòt moun ap montre nan ki degre nou gen dousè lakay nou. Disip Jak te poze kesyon sa a : “ Kiyès ki saj e ki entèlijan pami nou ? ” Men repons li te bay : “ Se pou li montre travay li nan bèl konduit li ak yon dousè ki mache ak sajès. ” ​(Jak 3:13). Men, ki jan nou ka demontre nou gen kalite sa a nan fanmi nou, nan predikasyon ak nan kongregasyon an ? Nan atik ki vin apre a n ap jwenn kèk bon konsèy k ap byen itil nou.

Revizyon

• Ki sa nou aprann sou dousè lè nou egzamine egzanp :

• Jewova ?

• Jezi ?

• Moyiz ?

• Abigayil ?

• Poukisa nou bezwen pousuiv dousè ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 20]

Poukisa Jewova te apwouve ofrann Abèl la ?

[Foto nan paj 21]

Jezi te montre dousè ak imilite mache ansanm.

[Foto nan paj 22]

Moyiz kite yon bèl egzanp kòm moun ki te gen dousè lakay li.