Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Montre nou gen “ dousè toutbon avèk tout kalite moun ”

Montre nou gen “ dousè toutbon avèk tout kalite moun ”

Montre nou gen “ dousè toutbon avèk tout kalite moun ”

“ Kontinye fè yo sonje [...] pou yo rezonab, pou yo montre yo se moun ki gen dousè toutbon avèk tout kalite moun. ” — TIT 3:1, 2.

1. Poukisa li pa toujou fasil pou nou demontre nou gen dousè ?

“ SE POU nou imite m, menm jan mwen menm mwen imite Kris. ” Se apot Pòl ki bay konsèy sa a (1 Korentyen 11:1). Jodi a, se tout sèvitè Bondye k ap fè gwo efò pou yo suiv li. Sepandan, nou dwe admèt se pa yon bagay ki fasil, paske sa nou eritye nan men premye paran nou yo se anvi egoyis ak tanperaman ki pa ann akò ak egzanp Kris kite pou nou (Women 3:23 ; 7:21-25). Toutfwa, lè pou nou demontre nou gen dousè, nou tout nou ka reyisi si nou fè efò pou sa. Men, nou pa ka konte sou pwòp detèminasyon nou sèlman. Ki lòt bagay nou bezwen ?

2. Ki jan nou kapab montre nou gen “ dousè toutbon avèk tout kalite moun ” ?

2 Dousè Bondye gen lakay li a se yon eleman nan fwi lespri sen an. Plis nou kite fòs aktif Bondye a dirije nou, se plis moun ap remake fwi lespri sen an lakay nou. Se lè sa a, e sèlman lè sa a, n ap kapab montre nou se moun ki gen “ dousè toutbon ” avèk tout kalite moun (Tit 3:2). Annou egzamine ki jan nou ka imite egzanp Jezi e ki jan nou kapab fè moun k ap frekante nou yo “ jwenn fòs ”. — Matye 11:29 ; Galat 5:22, 23.

Anndan fanmi nou

3. Ki sitiyasyon ki reflete lespri monn nan nou wè anndan fanmi yo jodi a ?

3 Youn nan kote dousè jwe yon gwo wòl se nan fanmi nou. Dapre Òganizasyon mondyal lasante, vyolans k ap fèt anndan fanmi plis mete sante fi an danje pase aksidan machin ak malarya konbine ansanm. Pa egzanp, 25 pousan nan vyolans yo rapòte ki fèt Lonn, ann Angletè, se vyolans ki fèt anndan fanmi. Souvan lapolis annafè ak yon seri de moun, pou yo di sa k nan kè yo, se fò pou yo pale, se “ joure ” pou yo joure. Sa ki pi mal la, gen mari ak madanm ki kite “ rankin ” menase relasyon yo. Tout bagay sa yo se reflè “ lespri monn nan ” e sa pa gen plas li nan yon fanmi kretyen. — Efezyen 4:31 ; 1 Korentyen 2:12.

4. Lè nan yon fanmi, moun yo gen yon tanperaman ki dou, ki efè sa ka fè ?

4 Nou bezwen lespri Bondye pou nou kapab frennen tandans ki sot nan monn nan. E “ kote lespri Jewova ye, se la libète a ye ”. (2 Korentyen 3:17.) Lanmou, bonte, metriz, pasyans, se kalite ki fè tèt ansanm ki genyen ant yon mari ak yon madanm vin pi solid, kwak yo enpafè (Efezyen 5:33). Lè nan yon fanmi, tout moun gen yon tanperaman ki dou, sa kalme tansyon ki genyen nan fanmi an, e sa montre diferans ki genyen ant fanmi sa a ak anpil lòt fanmi kote tout tan gen chirepit. Menmsi sa yon moun ap di gen enpòtans, se jan l di l la k ap montre ki sa li gen nan tèt li. Lè yon moun ap esplike enkyetid li oswa yon pwoblèm li genyen, si l fè sa ak dousè, sa ap kalme tansyon. Men ki sa wa Salomon di : “ Lè yon repons dous, sa detounen kòlè, men yon pawòl ki fè mal fè kòlè monte. ” — Pwovèb 15:1.

5. Lè yon kretyen gen dousè, ki enpòtans sa genyen anndan fanmi kote tout moun pa Temwen Jewova ?

5 Dousè se yon kalite ki enpòtan sitou nan kay kote tout moun pa Temwen Jewova. Si, mete sou dousè nou, nou fè aksyon ki montre nou gen bonte lakay nou, sa kapab fè moun ki byen dispoze yo vin sèvi Jewova. Men ki konsèy Pyè bay kretyèn ki marye yo : “ Se pou nou soumèt nou devan pwòp mari nou, yon fason pou, si genyen ki pa obeyi pawòl la, konduit madanm yo ka ramne yo san pawòl, paske yo temwen ak je yo jan madanm yo gen yon konduit dwat ki mache ansanm ak yon gwo respè. E se pa pou sa ki fè kò nou bèl la se bagay moun ka wè sèlman, tankou trese cheve, met bijou oubyen met rad, men sa ki pou fè nou bèl se kalite moun nou ye nan fon kè nou, kote nou abiye ak yon lespri ki dou e ki pezib, yon abiman ki pa ka vin ize, e ki gen anpil valè nan je Bondye. ”—1 Pyè 3:1-4.

6. Lè ni paran ni pitit demontre yo gen dousè, ki jan sa fè yo vin gen pi bon relasyon youn ak lòt ?

6 Ka gen tansyon ant paran ak timoun sitou si moun nan kay la pa renmen Jewova jan pou yo renmen l. Men, nan yon fanmi kretyen, se yon nesesite tout moun genyen pou yo montre yo gen dousè. Men ki sa Pòl di papa pitit yo : “ Se pa pou nou irite pitit nou yo, se pou nou kontinye leve yo nan disiplin ak nan avètisman Jewova. ” ​(Efezyen 6:4). Lè nan yon fanmi, moun yo montre yo gen dousè, sa ranfòse bonjan relasyon ki genyen ant paran ak timoun. Men ki sa yon mesye ki rele Dean di sou papa l, ki te gen senk pitit : “ Papa m se yon moun ki te gen dousè. Mwen pa sonje nou te janm nan diskisyon, menm lè mwen te adolesan. Li te toujou dou, menm lè l fache. Gen de lè li te konn ban m kèk pinisyon. Seswa li te konn fè m rete nan chanm mwen, oswa li pa t konn kite m patisipe nan kèk distraksyon ki te konn fèt nan kay la. Men, nou pa t janm fè diskisyon. Pou mwen menm ak frè m yo, se pa t sèlman yon papa, se te yon zanmi tou. Nou pa t janm vle desevwa l. ” Wi, dousè se yon kalite ki ede paran ak timoun vin gen relasyon ki pi sere.

Nan predikasyon

7, 8. Poukisa li enpòtan pou nou montre nou dou lè nou nan predikasyon ?

7 Yon lòt kote li enpòtan pou nou montre nou dou, se lè nou nan predikasyon. Lè n ap preche bon nouvèl Wayòm nan, se pa tout moun nou rankontre ki gen menm dispozisyon. Genyen ki byen kontan tande mesaj espwa nou pote a. Tandiske gen lòt, pou tout kalite rezon, ki gendwa pa byen reyaji. Se nan sitiyasyon sa yo menm nou bezwen dousè, paske se kalite sa a ki ka ede nou ranpli misyon nou genyen pou nou preche sou tout tè a. — Travay 1:8 ; 2 Timote 4:5.

8 Apot Pyè di : “ Sangtifye Kris nan kè nou kòm Seyè. Se pou nou toujou pare pou n defann nou chak fwa yon moun mande nou rezon ki fè nou gen espwa ki nan nou an. Men, se pou nou fè sa ak dousè e ak anpil respè. ” ​(1 Pyè 3:15). Piske, nan kè nou, se Kris n ap suiv kòm egzanp, lè n ap preche moun ki pale di avèk nou, nou veye pou nou fè sa avèk dousè e avèk respè. Lè nou aji konsa, sa toujou bay bon rezilta.

9, 10. Bay yon eksperyans ki montre li enpòtan pou nou montre nou dou lè nou nan predikasyon.

9 Gen yon frè ki te frape pòt kay yon mesye ki rele Keith. Madanm li al reponn, men li menm, li te ret pa dèyè. Lè frè a idantifye l kòm Temwen Jewova, se pa ti fache madan Keith fache. Li tonbe di Temwen Jewova se moun ki rayi pitit yo. Frè a rete byen trankil, epi l di : “ Sa fè m mal pou m wè se konsa w panse. Men, èske w pèmèt mwen montre w nan ki sa Temwen Jewova yo kwè ? ” Keith, ki t ap tande konvèsasyon an, pran lapawòl e li fè frè a ale.

10 Annapre, mesye dam yo santi yo regrèt pou jan yo te brital ak frè a. Dousè frè a te genyen te touche kè yo. Apre yon semèn, yo te sezi wè l retounen lakay yo, e, fwa sa a, yo te kite l esplike yo fondman biblik kwayans Temwen Jewova yo. Men ki sa mesye dam yo te vin di : “ Apre sa, nou te fè dezan ap resevwa Temwen Jewova lakay nou. ” Yo te vin aksepte etidye Labib e finalman, yo toule de vwe vi yo bay Jewova e yo batize. Èske se pa yon bon rezilta premye Temwen ki te al lakay Keith la jwenn ? Apre sa, Temwen sa a te vin rankontre mesye dam yo e li wè se frè ak sè l nan lafwa yo ye kounye a. Se dousè ki ranpòte laviktwa la a.

11. Ki jan dousè yon frè te montre te fè yon moun vin aksepte laverite pi fasil ?

11 Harold se yon mesye ki te sòlda. Eksperyans li te fè nan lame te ba l degoutans e sa te fè l vin gen dout sou egzistans Bondye. Mete sou sa, li te vin fè yon aksidan machin ak yon chofè ki te sou, sa ki te tou fè l vin andikape. Te gen Temwen Jewova ki te vin vizite l, li te mande yo pou yo pa retounen ankò. Yon jou, yon Temwen ki rele Bill t apral fè yon vizit nan dezyèm kay ki vin apre kay Harold la. Men, Bill te twonpe, li te al frape nan pòt Harold . Harold mache sou de baton, li vin ouvri pòt la. Lè Bill wè sa, menm kote a li prezante l eskiz, e li di l se twonpe l twonpe, se lakay yon vwazen li t apral frape. Ki sa Harold fè ? Anvan sa, Harold te wè yo t ap montre nan televizyon jan Temwen Jewova yo bati yon Sal Wayòm ansanm nan yon tikras tan. Sa te fè gwo enpresyon sou li, e depi lè sa a, li te vin wè Temwen Jewova yo yon lòt jan, vin jwenn kounye a, li wè Bill prezante l eskiz, li wè jan l gen bon tanperaman, jan l se yon moun ki dou. Tout sa frape l. Tout sa fè l vin deside resevwa Temwen lakay li. Li etidye Labib, li fè pwogrè, e li vin yon sèvitè Jewova ki batize.

Anndan kongregasyon an

12. Ki tandans ki gen nan monn nan frè nan kongregasyon yo dwe repouse ?

12 Yon twazyèm kote li enpòtan pou nou demontre nou gen dousè se nan kongregasyon an. Deyò a, se tout lajounen moun yo nan fè polemik. Moun ki wè lavi a menm jan ak monn nan, yo nan fè diskisyon, yo nan fè eskandal, yo nan joure. Pafwa, ou gen dwa wè yon tandans konsa ta vle fofile anndan kongregasyon an, sa ki ka fè gen frè ki nan kont, ki nan pale anpil. Se yon bagay ki fè frè ki gen responsablite yo tris lè yo oblije jere sitiyasyon konsa. Toutfwa, lanmou yo gen pou Jewova ak pou frè yo fè y al ede moun ki sou move pant yo san pèdi tan. — Galat 5:25, 26.

13, 14. Lè yo ‘ anseye moun ki pa byen dispoze avèk dousè ’, ki rezilta sa ka bay ?

13 Nan premye syèk la, gen moun nan òganizasyon an ki te bay Pòl ak Timote pwoblèm. Pòl te avèti Timote pou l te fè atansyon ak frè sa yo ki sanble ak resipyan “ ki la pou yon sèvis ki pa onorab ”. Pòl te di : “ Yon esklav Seyè a pa fèt pou l nan goumen, men se pou l montre li dou ak tout moun, se pou l montre li ka anseye, se pou l metrize tèt li lè l devan sa ki mal, e, avèk dousè, se pou l anseye tout moun ki pa byen dispoze. ” Lè nou toujou montre nou dou devan moun k ap pwovoke nou, souvan sa konn fè moun sa yo dispoze pou yo rekonsidere kritik yo te fè yo. Lè konsa, tankou jan Pòl montre sa, Jewova ka “ ba yo repantans ki mennen nan yon konesans egzak sou laverite ”. (2 Timote 2:20, 21, 24, 25.) Pòl te montre dousè ak metriz mache ansanm.

14 Pòl te konn viv ann amoni ak mesaj li t ap preche a. Pòl te annafè ak yon seri de frè nan kongregasyon Korent lan ki te pran pòz “ gwo apot yo ”. Nan sans sa a, men ki sa l te di frè yo : “ Kounye a, mwen menm Pòl, mwen sipliye nou, grasa dousè ak bonte Kris gen lakay li, mwen menm ki tèlman montre m piti lè m nan mitan nou, alòske lè m absan, mwen montre mwen fèm avèk nou. ” ​(2 Korentyen 10:1 ; 11:5). Se toutbon Pòl te imite Kris. Remake se “ grasa dousè ” Kris gen lakay li Pòl te sipliye frè yo. Konsa, li te evite montre l awogan, li te evite konpòte l an diktatè. San dout, mesaj li t ap bay la te atire moun ki te gen kè byen dispoze nan kongregasyon an. Lè gen moun ki te konn frèt ak Pòl, li te konn fè yon jan pou l gen bon relasyon avèk yo, sa te pèmèt gen lapè ak tèt ansanm nan òganizasyon an. Èske se pa yon egzanp nou tout ta dwe fè efò pou nou imite ? Ansyen yo espesyalman bezwen imite Kris ak Pòl nan fason y ap aji.

15. Lè yon frè ap bay konsèy, poukisa li enpòtan pou l gen dousè ?

15 Se pa lè gen sitiyasyon ki mete lapè ak tèt ansanm ki gen nan kongregasyon an an danje sèlman nou gen responsablite pou nou ede moun. Se depi anvan frè yo ta vin frèt youn ak lòt nou bezwen ede yo ak tout kè nou. Men ki rekòmandasyon Pòl te fè : “ Frè m yo, menm si yon moun fè yon fo pa san l pa rann li kont, nou menm ki kalifye espirityèlman, se pou nou bat pou nou redrese moun sa a. ” Ki jan y ap fè sa ? Li reponn : “ Avèk dousè, tout pandan w ap veye sou tèt ou, yon fason pou ou menm tou ou pa sibi tantasyon. ” ​(Galat 6:1). Li pa toujou fasil pou yon moun montre li gen dousè. Pou ki rezon ? Paske, prensipalman, tout kretyen anba enfliyans peche, menm frè ki nome yo. Toutfwa, se kalite ki rele dousè a k ap fè li pi fasil pou yo redrese yon moun ki sou move pant.

16, 17. Lè yon kretyen ap bay konsèy, ki kalite li bezwen genyen pou yo ka aksepte konsèy li pi fasil ?

16 Nan grèk orijinal la, mo “ redrese ” tradui a, yo ka sèvi avèk li tou pou yo pale de yon zo ki kase y ap remete nan plas li. E se yon operasyon ki fè mal. Men, yon òtopedis k ap fè yon operasyon konsa, si l vle fè pasyan an pran konfyans, l ap di l bon ti pawòl. Si li montre li gen dousè, sa ap retire sousi lakay pasyan an. Kèlkeswa krent pasyan an genyen, yon ti pale òtopedis la fè avè l anvan operasyon an ap fè l plis santi l alèz. Menm jan an tou, lè y ap redrese moun espirityèlman, sa ka fè mal. Men, si moun k ap bay konsèy la montre li gen dousè, sa ap fè li pi fasil pou yo koute konsèy li, sa ap pèmèt moun ki te gen pwoblèm yo reprann bon relasyon yo e sa prepare chemen pou moun ki sou move pant yo chanje. Menm lè moun y ap bay konsèy yo t ap fè ti retisans, si moun k ap bay konsèy la gen dousè, sa kapab kraze retisans yo genyen pou yo suiv konsèy ki nan Bib la. — Pwovèb 25:15.

17 Lè y ap redrese yon moun, toujou gen posiblite pou l pran konsèy y ap ba li a pou yon kritik. Se sa yon ekriven te vle eksprime lè l te di : “ Pa gen yon lè nou gen plis tandans montre nou twò kategorik pase lè n ap reprimande yon moun, alòske se lè sa a nou plis bezwen dousè. ” Sa k ap ede yon kretyen evite tandans sa a lè l ap bay konsèy, se si li montre li dou.

“ Avèk tout kalite moun ”

18, 19. a) Sa k fè yon kretyen ka twouve li difisil pou l montre l dou devan otorite yo ? b) Ki sa k ap ede l montre l dou, e ki rezilta sa konn bay ?

18 Yon domèn kote anpil moun twouve li difisil pou yo montre yo dou se lè yo annafè ak otorite yo. Fò nou admèt, fason anpil moun sèvi ak otorite yo genyen montre yo se moun ki di, moun ki pa gen konsiderasyon pou lòt moun (Eklezyas 4:1 ; 8:9). Sepandan, lanmou nou gen pou Jewova ap ede nou rekonèt otorite siprèm li genyen e sa ap fè nou soumèt kote nou dwe soumèt devan otorite yo (Women 13:1, 4 ; 1 Timote 2:1, 2). Menm lè kèk moun ki nan gwo pozisyon ap chèche ban nou baryè pou nou pa adore Jewova piblikman, nou pa kite sa anpeche nou prezante sakrifis louwanj nou ba li. Nou kontinye eksplwate tout posiblite ki egziste pou nou louwe Bondye nou an. — Ebre 13:15.

19 Nan kèlkeswa sitiyasyon nou ta twouve nou, pa gen anyen ki oblije nou agresif. Nou fè tout sa nou kapab pou nou montre nou rezonab pandan n ap veye pou nou pa janm fè konpwomi ak prensip biblik yo. Se sa k fè frè nou yo reyisi kontinye ministè yo nan 234 peyi. Nou koute konsèy Pòl te bay la, ‘ nou soumèt devan gouvènman yo ak otorite yo, nou obeyi yo kòm chèf, nou pa pale pyès moun mal, nou pa agresif, nou rezonab, e nou montre nou se moun ki gen dousè toutbon avèk tout kalite moun. ’ — Tit 3:1, 2.

20. Ki rekonpans moun ki montre yo dou yo ap jwenn ?

20 Gen anpil benediksyon ki sere pou moun ki dou yo. Jezi di : “ Byennere moun ki gen karaktè dou yo, piske yo gen pou yo eritye tè a. ” ​(Matye 5:5). Dousè frè Kris yo demontre, anpalan de kretyen wen yo, pèmèt yo toujou gen kè kontan e sa ap fè yo jwenn privilèj pou yo dirije tè a kòm tèritwa Wayòm nan. Kanta pou ‘ gwo foul lòt mouton yo ’, yo kontinye ap montre yo se moun dou e sa fè y ap tann pou yo viv nan Paradi ki pral gen sou tè a (Revelasyon 7:9 ; Jan 10:16 ; Sòm 37:11). Èske se pa yon bèl posiblite nou gen devan nou ? Piske se sa, annou pa janm neglije yon rapèl Pòl te fè kretyen Efèz yo. Li te di yo : “ Se poutèt sa, antanke prizonye pou Seyè a, mwen sipliye nou pou nou mache yon fason ki kòrèk, ann amoni ak apèl nou resevwa a, avèk imilite e avèk yon dousè ki konplè. ” — Efezyen 4:1, 2.

Revizyon

• Ki benediksyon sa bay, lè nou montre nou dou

• anndan fanmi nou ?

• nan predikasyon ?

• anndan kongregasyon an ?

• Ki rekonpans moun ki dou yo ap jwenn ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

Dousè se yon kalite ki enpòtan sitou nan kay kote tout moun pa Temwen Jewova.

[Foto nan paj 25]

Dousè fè relasyon ki gen nan yon fanmi vin pi sere.

[Foto nan paj 27]

Lè n ap defann tèt nou, se pou nou fè sa avèk dousè e avèk anpil respè.

[Foto nan paj 28]

Lè yon moun bay konsèy avèk dousè, sa ka ede moun ki sou move pant.